Jenèz 17​:​1-27

  • Abraram ap vin papa anpil nasyon (1-8)

    • Abram vin rele Abraram (5)

  • Alyans sikonsizyon an (9-14)

  • Sarayi vin rele Sara (15-17)

  • Bondye pwomèt yo yon pitit gason, Izarak (18-27)

17  Lè Abram te gen 99 an, Jewova te parèt devan Abram, li di l: “Mwen se Bondye Toupisan an. Mache dwat devan m, epi montre w san defo*.  M ap fè yon alyans avè w+, e m ap fè w vin gen anpil anpil desandan+.”  Lè sa a, Abram lage kò l fas atè e Bondye te kontinye pale avè l, li te di l:  “Gade! Mwen fè yon alyans avè w+, e vrèmanvre, w ap vin papa anpil nasyon+.  Yo pap rele w Abram* ankò, y ap rele w Abraram*, paske m ap fè w vin papa anpil nasyon.  M ap fè w vin gen anpil anpil pitit, m ap fè anpil nasyon sot nan ou, e anpil wa ap soti nan ou+.  “Epi m ap toujou kenbe alyans mwen fè avè w la+ e avèk desandans* w ap vin genyen an, jenerasyon apre jenerasyon. Se yon alyans ki la pou toutan, kote m ap Bondye w e m ap Bondye desandans ou an* tou.  M ap bay ni ou menm ni desandan w yo* peyi kote w abite kòm etranje a+, tout peyi Kanaran, kòm byen nou nètale, epitou m ap vin Bondye yo+.”  Annapre, Bondye di Abraram: “Men ou menm, ou dwe toujou kenbe alyans mwen an, ni ou menm ni desandan w yo*, jenerasyon apre jenerasyon. 10  Men alyans mwen fè avè w, pou ou menm ak desandan w yo* toujou kenbe: Tout gason ki pami nou dwe sikonsi+. 11  Nou dwe sikonsi, e sa ap sèvi kòm siy pou alyans mwen fè avèk nou an+. 12  Jenerasyon apre jenerasyon, tout tigason lakay ou ki gen uit jou depi l fèt dwe sikonsi+. Tout gason ki fèt lakay ou, tout gason ki pa youn nan desandan w yo* e w te achte nan men yon etranje dwe sikonsi. 13  Tout gason ki fèt lakay ou ak tout gason w achte pou lajan w dwe sikonsi+. Siy ki nan chè nou an dwe montre mwen fè yon alyans avèk nou, yon alyans ki la pou toutan. 14  Si yon gason ki pa sikonsi pa fè yo sikonsi l, yo dwe retire* gason sa a* nan mitan moun li yo. Li vyole alyans mwen an.” 15  Apre sa, Bondye di Abraram: “Kanta pou Sarayi*, madanm ou+, ou pa dwe rele l Sarayi, paske se Sara* k ap non l. 16  M ap beni li e m ap fè l fè yon pitit gason pou ou+. M ap beni li e m ap fè anpil pèp ak anpil wa sot nan li.” 17  Lè sa a, Abraram lage kò l fas atè. Epi li tonbe ri e li di nan kè l+: “Èske yon nonm ki gen 100 an ap vin gen pitit e èske Sara, yon fi ki gen 90 an, ap fè pitit+?” 18  Se sa k fè Abraram di vrè Dye a: “Tanpri! Beni Izmayèl+!” 19  Lè sa a, Bondye di: “Sara, madanm ou, pral fè yon pitit gason pou ou kanmenm e ou dwe rele l Izarak*+. M ap fè alyans mwen an avè l. Se yon alyans k ap la pou toutan pou desandans* l ap vin genyen an+. 20  Men, kanta pou Izmayèl, mwen tande sa w di. Gade! M ap beni l, m ap fè l gen anpil pitit e m ap fè l peple anpil anpil. Gen 12 chèf k ap soti nan li, e m ap fè l vin yon gwo nasyon+. 21  Men, se ak Izarak+, pitit Sara pral fè pou ou nan ane k ap vini an nan menm epòk sa a+, m ap fè alyans mwen an.” 22  Epi, lè Bondye fin pale ak Abraram, li kite Abraram li ale. 23  Apre sa, Abraram pran Izmayèl, pitit gason l lan, ak tout gason ki fèt lakay li yo ansanm ak tout gason li te achte pou lajan l yo, tout gason li gen lakay li nèt, e li sikonsi yo menm jou sa a, jan Bondye te di l la+. 24  Abraram te gen 99 an lè l te sikonsi+, 25  e Izmayèl, pitit gason l lan, te gen 13 an lè l te sikonsi+. 26  Nan menm jou sa a, ni Abraram, ni Izmayèl, pitit gason l lan, te sikonsi. 27  Epitou, tout gason ki te lakay li nèt, sètadi tout gason ki te fèt lakay li ak tout gason li te achte nan men yon etranje, te sikonsi ansanm avè l.

Nòt anba paj

Oswa: “san repwòch”.
Sa vle di: “Papa ki gran”.
Sa vle di: “Papa yon foul moun; Papa yon bann moun”.
Lit.: “semans ou”.
Lit.: “semans”.
Lit.: “semans ou”.
Lit.: “semans ou”.
Lit.: “semans ou”.
Lit.: “semans ou”.
Oswa: “touye”.
Oswa: “nanm sa a”.
Petèt, sa vle di: “Ki renmen fè kont”.
Sa vle di: “Prensès”.
Sa vle di: “Ri”.
Lit.: “semans”.