Egzòd 23​:​1-33

  • Lwa pou pèp Izrayèl la (1-19)

    • Sou onètete ak konduit ki jis (1-9)

    • Sou saba ak fèt (10-19)

  • Bondye voye zanj pou gide pèp Izrayèl la (20-26)

  • Acha tè ak limit tèritwa (27-33)

23  “Nou pa dwe gaye yon enfòmasyon ki pa verite+. Pinga nou met ansanm ak yon moun ki mechan pou n vin yon temwen k ap di move bagay sou moun+.  Nou pa dwe fè sa ki mal akoz n ap suiv pifò moun. Nou pa dwe fè yon moun pa jwenn jistis akoz nou bay fo temwayaj poutèt nou vle fè pifò moun plezi*.  Nou pa dwe gen patipri lè yon moun pòv nan diskisyon ak yon lòt moun+.  “Si nou rankontre towo bèf yon ènmi nou oswa nou rankontre yon bourik li ki pèdi, se pou nou mennen l tounen bay moun nan+.  Si nou wè bourik yon moun ki rayi nou kouche anba yon chay, nou pa dwe fè kòmsi nou pa wè l epi n kite l kote l ye a. Se pou n ede moun nan retire chay la sou bèt la+.  “Lè n ap jije ka yon pòv ki nan mitan nou, nou pa dwe mal jije ka a+.  “Pinga n patisipe nan yon fo akizasyon* e pinga n touye yon inosan oswa yon moun ki dwat, paske mwen pap konsidere mechan an kòm yon moun ki dwat*+.  “Nou pa dwe aksepte moun ban nou anyen anba anba, paske sa ka anpeche nou fè sa ki dwat e sa ka fè moun ki dwat di sa k pa sa+.  “Nou pa dwe toupizi yon etranje k ap viv nan mitan nou. Nou konnen byen jan sa ye lè yon moun se yon etranje* k ap viv nan yon lòt peyi paske nou menm tou nou te etranje ki t ap viv nan peyi Ejip+. 10  “Nou dwe plante jaden nou e nou dwe rekòlte sa li bay pandan sizan+. 11  Men, nan setyèm ane a, nou pa dwe travay tè a. Se pou n kite l rete konsa pou pòv yo ka jwenn sa yo bezwen pou yo manje. Sa pòv yo kite yo, bèt nan bwa yo a manje yo. Se sa pou n fè ak jaden rezen nou yo e ak jaden oliv nou yo. 12  “Nou dwe travay pandan sis jou, men nan setyèm jou a, nou dwe sispann travay, yon fason pou towo bèf nou ak bourik nou ka repoze e pou pitit esklav nou yo ak etranje k ap viv nan mitan nou yo ka pran yon ti souf+. 13  “Nou dwe fè tout sa m di nou+, e nou pa dwe site non okenn lòt dye. Moun pa dwe tande non yo nan bouch nou+. 14  “Pandan twa fwa nan ane a, nou dwe selebre yon fèt pou mwen+. 15  N ap selebre fèt Pen san ledven an+. N ap manje pen san ledven pandan sèt jou, jan m te ban nou lòd fè sa, nan tan ki fikse pou sa a nan mwa Abib*+, paske se lè sa a nou te kite peyi Ejip. Pèsonn pa dwe parèt devan m de men vid+. 16  Epitou, n ap selebre fèt Rekòt* pou premye danre ki soti nan jaden nou te travay di ladan yo+, e n ap selebre fèt Rekòt* nan fen ane a, lè n ap fin rekòlte jaden nou te travay di ladan yo+. 17  Pandan twa fwa nan ane a, tout gason ki nan pèp la, dwe parèt devan Jewova, vrè Seyè a+. 18  “Nou pa dwe ofri san yon bèt nou bay kòm sakrifis pou mwen ak yon bagay ki gen ledven ladan l. Lè nou ofri grès bèt nan fèt mwen yo kòm sakrifis, yo pa dwe rete pandan tout nuit lan rive jis demen maten. 19  “Nou dwe pote sa k pi bon nan premye danre nou rekòlte nan jaden n yo lakay Jewova, Bondye nou an+. “Nou pa dwe bouyi yon ti kabrit nan lèt manman l+. 20  “M ap voye yon zanj devan nou+ pou l pwoteje nou sou wout nou e pou l mennen nou kote mwen prepare pou nou an+. 21  Nou dwe fè sa l di n fè. Pinga n fè rebèl ak li paske li pap padone fot nou+. L ap aji nan non m. 22  Men, si nou byen koute tout sa l di nou, si nou fè tout sa m di nou, m ap koresponn ak ènmi nou yo pou nou e m ap konbat moun ki kont nou yo. 23  Paske zanj mwen an ap mache devan nou, l ap mennen nou nan tèritwa Amorit yo, desandan Èt yo, Perizit yo, moun Kanaran yo, Ivit yo ak moun Jebis yo, e san mank m ap detwi yo+. 24  Nou pa dwe pwostène devan dye moun sa yo ni nou pa dwe kite yo fè n sèvi dye sa yo. Epitou, nou pa dwe fè sa y ap fè+. Se pou n detwi dye sa yo e se pou n kraze poto sakre yo genyen ki fèt an wòch yo+. 25  Se pou nou sèvi Jewova, Bondye nou an+, e l ap beni nou lè l ban nou manje ak dlo+. Mwen pap kite maladi tonbe sou nou+. 26  Fi ki nan peyi nou an pap fè foskouch, yo pap rete san yo pa ka fè pitit+. M ap fè nou viv lontan*. 27  “M ap fè moun ki abite nan peyi nou gen pou n ale yo pè m menm anvan yo wè nou+, m ap lage latwoublay nan mitan tout pèp nou rankontre yo, m ap fè nou bat tout ènmi n yo e y ap kouri pou nou*+. 28  M ap fè moun yo dekouraje* depi anvan nou vini+ e sa ap fè Ivit yo, moun peyi Kanaran yo ak desandan Èt yo kouri pou nou+. 29  Mwen pap chase yo nan yon sèl ane, yon fason pou peyi a pa rete san moun ladan l e pou bèt nan bwa pa anvayi nou+. 30  M ap chase yo tikras pa tikras jiskaske nou vin anpil e nou pran tout peyi a+. 31  “M ap fè fwontyè n yo soti depi Lanmè Wouj rive nan lanmè moun Filisti yo e depi nan dezè a rive nan Rivyè a*+, paske m ap lage moun ki abite nan peyi a nan men nou e n ap chase yo+. 32  Nou pa dwe fè alyans ansanm avèk yo ni avèk dye y ap sèvi yo+. 33  Yo pa dwe abite nan peyi nou an, yon fason pou yo pa fè n peche kont mwen. Si n sèvi dye y ap sèvi yo, se sèten sa ap tounen yon pyèj pou nou+.”

Nòt anba paj

Oswa: “bay temwayaj pifò moun dakò a”.
Lit.: “pawòl”.
Oswa: “pap deklare moun mechan an pa koupab”.
Oswa: “konnen lavi (nanm) yon etranje”.
Yo rele fèt sa a tou fèt Semèn yo oswa Pannkòt.
Yo rele fèt sa a fèt Tonèl (Tabènak) tou.
Oswa: “M ap fè kantite jou nou yo konplè”.
Oswa: “m ap fè nou wè do ènmi nou yo”.
Se kapab tou: “panike; pè”.
Anpalan de Rivyè Efrat.