1 Pyè 4​:​1-19

  • Se pou nou viv pou n fè volonte Bondye, menm jan ak Kris (1-6)

  • Lafen tout bagay vin pi pre (7-11)

  • Lè n ap soufri paske nou se kretyen (12-19)

4  Piske Kris te soufri nan lachè+, nou menm tou, se pou nou gen menm mantalite* sa a, paske yon moun ki soufri nan lachè fini ak peche+,  yon fason pou l pa viv pou dezi lèzòm ankò pandan rès tan l ap viv nan lachè a+, men pou l fè volonte Bondye+.  Paske, tan nou te pase ap fè volonte nasyon yo sifi+. Lè sa a, nou te lage kò nou nan konduit derespektan*, nan pasyon, nan bwè twòp bwason ki gen alkòl, nan banbòch, nan gagòt bwason ak nan idolatri, yon bagay ki repiyan*+.  Etandone nou pa kontinye kouri avèk yo nan chemen ki mennen nan menm ma labou debòch la, sa boulvèse yo, e yo pale nou mal+.  Men, moun sa yo pral rann kont devan sila a ki pare pou l jije ni moun ki vivan ni moun ki mouri+.  Anfèt, se pou rezon sa a yo te anonse moun ki mouri yo bon nouvèl la tou+, yon fason pou byenke yo jije yo anrapò ak lachè selon lèzòm, yo ka viv ann amoni ak lespri, selon Bondye.  Men, lafen tout bagay vin pi pre. Donk, se pou nou gen bonsans+, e se pou nou veye* pou nou pa neglije lapriyè+.  Anvan tout bagay, se pou nou gen anpil lanmou youn pou lòt+, paske lanmou kouvri yon pakèt peche+.  Se pou youn kontan akeyi lòt, san bougonnen+. 10  Se pou chak moun itilize don l resevwa a pou l sèvi lòt moun. Konsa, l ap sanble ak moun k ap byen jere favè san parèy Bondye a, yon favè li demontre divès fason+. 11  Si yon moun ap pale, se pou l pale kòmsi se deklarasyon sakre Bondye l ap bay. Si yon moun ap sèvi, se pou l sèvi antanke moun ki depann de fòs Bondye bay+, dekwa pou Bondye ka jwenn glwa nan tout bagay+ pa mwayen Jezi Kris. Glwa ak pisans se pou li pou tout tan gen tan. Amèn. 12  Byenneme, nou pa bezwen sezi poutèt gwo eprèv n ap rankontre+ e ki vin sou nou tankou dife, kòmsi se yon bagay etranj ki rive nou. 13  Okontrè, se pou nou toujou kontan anpil+ poutèt n ap patisipe nan soufrans Kris yo+, dekwa pou nou ka nan lajwa e pou nou ka kontan anpil tou lè glwa li va parèt+. 14  Si yo pale nou mal* poutèt non Kris, nou mèt kontan+, paske lespri ki gen glwa a, wi, lespri Bondye, poze sou nou. 15  Sepandan, pinga okenn nan nou soufri paske l se asasen, oswa paske l se vòlè, oswa paske l ap fè sa ki mal, oswa paske l se moun k ap antre nan zafè lòt moun+. 16  Men, si yon moun soufri paske l se kretyen, li pa bezwen wont+. Okontrè, se pou l kontinye bay Bondye glwa dèske l pote non sa a. 17  Paske, tan ki fikse pou jijman an rive, e l ap kòmanse nan kay Bondye a+. Bon, si l kòmanse sou nou an premye+, kòman sa va fini pou moun ki pa obeyi bon nouvèl Bondye a+? 18  “Si moun ki jis la se ak difikilte l ap sove, e moun ki pa gen respè pou Bondye yo ak moun k ap fè peche yo, ki kote y ap pase+?” 19  Donk, se pou moun k ap soufri ann akò ak volonte Bondye yo kontinye remèt tèt yo* bay yon Kreyatè ki fidèl, toutpandan y ap fè sa ki byen+.

Nòt anba paj

Oswa: “se pou nou gen menm detèminasyon”.
Oswa: “konduit ki montre yon moun pa konn wont.” Se fòm pliryèl mo grèk aseljeya yo itilize la a. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “yon bagay ki kont lalwa”.
Oswa: “se pou nou vijilan”.
Oswa: “Si yo joure nou”.
Oswa: “kontinye konfye nanm yo”.