Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Liv Ezekyèl

Chapit

Sa k ladan l

  • 1

    • Bondye fè Ezekyèl wè yon seri vizyon detan l Babilòn (1-3)

    • Vizyon cha selès Jewova a (4-28)

      • Gwo van, nyaj ak dife (4)

      • Kat kreyati vivan (5-14)

      • Kat wou (15-21)

      • Yon platfòm an kristal (22-24)

      • Twòn Jewova a (25-28)

  • 2

    • Ezekyèl jwenn misyon antanke pwofèt (1-10)

      • “Kit yo koute, kit yo pa koute” (5)

      • Yo montre l yon woulo ki gen chante ki tris ladan l (9, 10)

  • 3

    • Ezekyèl dwe manje woulo Bondye ba l la (1-15)

    • Yo chwazi Ezekyèl pou l sèvi kòm moun k ap veye (16-27)

      • Neglijans fè moun koupab (18-21)

  • 4

    • Li montre jan y ap ansèkle Jerizalèm (1-17)

      • Li pote peche yo pandan 390 jou e pandan 40 jou (4-7)

  • 5

    • Bondye montre ki jan Jerizalèm ap tonbe (1-17)

      • Pwofèt la koupe cheve l e li fè yo fè twa pòsyon (1-4)

      • Jerizalèm pi mal pase nasyon yo (7-9)

      • Y ap regle rebèl yo twa fason (12)

  • 6

    • Mesaj kont mòn Izrayèl yo (1-14)

      • Bondye ap detwi zidòl ki bay degoutans yo (4-6)

      • “N ap konnen mwen se Jewova” (7)

  • 7

    • Lafen an rive (1-27)

      • Yon sèl malè (5)

      • Y ap voye lajan nan lari (19)

      • Y ap derespekte tanp lan (22)

  • 8

    • Yo mennen Ezekyèl Jerizalèm nan yon vizyon (1-4)

    • Li wè bagay ki bay degoutans nan tanp lan (5-18)

      • Medam k ap kriye pou Tamouz (14)

      • Gason k ap adore solèy la (16)

  • 9

    • Sis mesye ak zam nan men yo ak mesye ki gen veso ki gen lank lan (1-11)

      • Jijman an dwe kòmanse nan tanp lan (6)

  • 10

    • Yo pran dife nan mitan wou yo (1-8)

    • Cheriben yo ak wou yo (9-17)

    • Glwa Bondye deplase kite tanp lan (18-22)

  • 11

    • Yo kondane chèf ki mechan yo (1-13)

      • Yo konpare vil la ak yon chodyè (3-12)

    • Bondye pwomèt pèp la ap retounen nan peyi a (14-21)

      • Bondye ap fè yo “panse yon lòt jan” (19)

    • Glwa Bondye deplase kite Jerizalèm (22, 23)

    • Ezekyèl retounen nan peyi Kalde nan yon vizyon (24, 25)

  • 12

    • Aksyon ki montre fason pèp la pral ann egzil (1-20)

      • Li fè pakèt li pou l al ann egzil (1-7)

      • Chèf yo ap kite vil la nan fènwa (8-16)

      • Manje toutpandan w ap tranble epi bwè dlo ak kè sote (17-20)

    • Yon pawòl pou twonpe moun ki pa reyalize (21-28)

      • “Pa gen okenn nan pawòl mwen yo k ap pran tan pou l reyalize” (28)

  • 13

    • Mesaj kont fo pwofèt yo (1-16)

      • Miray yo badijonnen ak lacho yo ap tonbe (10-12)

    • Mesaj kont medam ki fo pwofèt yo (17-23)

  • 14

    • Yo kondane moun k ap sèvi zidòl yo (1-11)

    • Bondye ap pini Jerizalèm kanmenm (12-23)

      • Noye, Dànyèl ak Jòb, twa moun ki jis (14, 20)

  • 15

    • Jerizalèm, yon pye rezen ki pa itil anyen (1-8)

  • 16

    • Lanmou Bondye gen pou Jerizalèm (1-63)

      • Bondye jwenn li tankou yon timoun ki abandone (1-7)

      • Bondye fè l bèl e li fè yon alyans avè l (8-14)

      • Li vin pa fidèl (15-34)

      • Bondye pini l poutèt li fè adiltè (35-43)

      • Bondye konpare l ak Samari ak Sodòm (44-58)

      • Bondye sonje alyans li te fè a (59-63)

  • 17

    • Parabòl konsènan de èg yo ak pye rezen an (1-21)

    • Yon ti boujon ap vin tounen yon gwo pye sèd (22-24)

  • 18

    • Chak moun responsab pou peche l fè (1-32)

      • Nanm ki peche a ap mouri (4)

      • Yon pitit gason pap peye pou peche papa l fè (19, 20)

      • Bondye pa pran plezi nan lanmò mechan an (23)

      • Repantans bay lavi (27, 28)

  • 19

    • Yon chante tris pou chèf ann Izrayèl yo (1-14)

  • 20

    • Istwa rebelyon pèp Izrayèl la (1-32)

    • Bondye pwomèt pèp Izrayèl la ap retounen nan peyi l (33-44)

    • Pwofesi kont direksyon sid la (45-49)

  • 21

    • Bondye rale epe jijman l lan (1-17)

    • Wa Babilòn nan ap atake Jerizalèm (18-24)

    • Y ap retire chèf mechan ki ann Izrayèl yo (25-27)

      • “Retire kouwòn nan” (26)

      • “Jiskaske moun ki gen dwa legal la vini” (27)

    • Epe kont desandan Amon yo (28-32)

  • 22

    • Jerizalèm, vil ki koupab pou san li fè koule a (1-16)

    • Pèp Izrayèl la tankou rejè (17-22)

    • Bondye kondane chèf yo ansanm ak pèp Izrayèl la (23-31)

  • 23

    • De sè ki pa fidèl (1-49)

      • Owola ansanm ak Asiri (5-10)

      • Owoliba ansanm ak Babilòn ak Ejip (11-35)

      • Pinisyon pou de sè yo (36-49)

  • 24

    • Jerizalèm tankou yon vye chodyè (1-14)

    • Lanmò madanm Ezekyèl se yon siy (15-27)

  • 25

    • Pwofesi kont desandan Amon yo (1-7)

    • Pwofesi kont Mowab (8-11)

    • Pwofesi kont Edòm (12-14)

    • Pwofesi kont Filisti (15-17)

  • 26

    • Pwofesi kont vil Ti (1-21)

      • “Yon lakou kote yo met filè pou fè lapèch seche” (5, 14)

      • Y ap voye wòch ak tè vil la jete nan dlo (12)

  • 27

    • Yon chante ki tris pou Ti ki tankou yon bato k ap koule (1-36)

  • 28

    • Pwofesi kont wa Ti a (1-10)

      • “Mwen se yon dye” (2, 9)

    • Yon chante ki tris sou wa Ti a (11-19)

      • “Ou te nan Edenn” (13)

      • “Cheriben mwen chwazi pou bay pwoteksyon an” (14)

      • “Te vin gen bagay ki pa bon nan ou” (15)

    • Pwofesi kont Sidon (20-24)

    • Moun Izrayèl yo ap tounen nan peyi yo (25, 26)

  • 29

    • Pwofesi kont Farawon (1-16)

    • Bondye ap bay Babilòn Ejip kòm rekonpans (17-21)

  • 30

    • Pwofesi kont Ejip (1-19)

      • Nebikadneza gen pou l atake Ejip (10)

    • Bondye kraze fòs Farawon (20-26)

  • 31

    • Ejip, gwo pye sèd la, tonbe (1-18)

  • 32

    • Yon chante ki tris sou Farawon ak Ejip (1-16)

    • Ejip antere ak moun ki pa sikonsi (17-32)

  • 33

    • Responsablite moun k ap veye a (1-20)

    • Nouvèl konsènan Jerizalèm ki tonbe (21, 22)

    • Mesaj pou moun ki abite nan mazi Jerizalèm yo (23-29)

    • Moun yo pa obeyi mesaj la (30-33)

      • Ezekyèl ‘tankou yon chante ki pale sou lanmou’ (32)

      • “Te gen yon pwofèt nan mitan yo” (33)

  • 34

    • Pwofesi kont bèje Izrayèl yo (1-10)

    • Jewova gen sousi pou timouton l yo (11-31)

      • “David, sèvitè m nan,” ap pran swen yo (23)

      • “Yon alyans avèk yo pou yo ka viv anpè” (25)

  • 35

    • Pwofesi kont mòn Seyi yo (1-15)

  • 36

    • Pwofesi konsènan mòn Izrayèl yo (1-15)

    • Moun Izrayèl yo ap retounen nan peyi yo (16-38)

      • ‘M ap fè yo rekonèt non estrawòdinè mwen genyen an se yon non ki sen’ (23)

      • “Tankou jaden Edenn” (35)

  • 37

    • Vizyon vale ki chaje ak zosman ki sèch yo (1-14)

    • De bout bwa y ap kole ansanm (15-28)

      • Yon sèl nasyon k ap gen yon sèl wa (22)

      • Yon alyans pou yo viv anpè k ap la pou toutan (26)

  • 38

    • Atak Gòg pral fè kont Izrayèl la (1-16)

    • Jewova fache kont Gòg (17-23)

      • ‘Nasyon yo ap konnen mwen se Jewova’ (23)

  • 39

    • Destriksyon Gòg ak moun ki avè l yo (1-10)

    • Y ap antere l nan Vale Amongòg (11-20)

    • Moun Izrayèl yo ap retounen nan peyi yo (21-29)

      • Bondye vide lespri l sou Izrayèl (29)

  • 40

    • Yo mennen Ezekyèl ann Izrayèl nan yon vizyon (1, 2)

    • Ezekyèl wè yon tanp nan yon vizyon (3, 4)

    • Lakou yo ak pòtay yo (5-47)

      • Pòtay ki sou deyò nan direksyon lès la (6-16)

      • Lakou ki deyò a; lòt pòtay yo (17-26)

      • Lakou ki anndan an ak pòtay yo (27-37)

      • Salamanje pou yo fè sèvis nan tanp lan (38-46)

      • Lotèl la (47)

    • Galri tanp lan (48, 49)

  • 41

    • Chanm ki sen an (1-4)

    • Mi tanp lan ak chanm ki sou kote yo (5-11)

    • Gwo kay ki nan direksyon lès la (12)

    • Yo mezire tout kay yo (13-15a)

    • Anndan chanm ki sen an (15b-26)

  • 42

    • Lokal kote salamanje yo ye a (1-14)

    • Yo mezire toule kat fasad tanp lan (15-20)

  • 43

    • Glwa Jewova ranpli tanp lan (1-12)

    • Lotèl la (13-27)

  • 44

    • Pòtay ki bay nan direksyon lès la dwe ret fèmen (1-3)

    • Lwa konsènan etranje yo (4-9)

    • Lwa pou Levit yo ak prèt yo (10-31)

  • 45

    • Yon pòsyon tè ki sakre ak pòsyon tè pou vil la (1-6)

    • Pòsyon tè chèf la (7, 8)

    • Chèf yo dwe aji yon fason ki onèt (9-12)

    • Kontribisyon pèp la; kontribisyon chèf la (13-25)

  • 46

    • Ofrann pou yo fè nan kèk sikonstans (1-15)

    • Enstriksyon konsènan eritaj chèf la (16-18)

    • Kote pou yo bouyi vyann sakrifis yo (19-24)

  • 47

    • Yon dlo k ap koule sot nan tanp lan (1-12)

      • Dlo a ap vin pi fon tikras pa tikras (2-5)

      • Dlo Lanmè Mòt la geri (8-10)

      • Marekaj yo ak lagon yo pa geri (11)

      • Pyebwa k ap bay manje e k ap sèvi kòm remèd (12)

    • Fwontyè peyi a (13-23)

  • 48

    • Fason yo separe peyi a (1-29)

    • Douz pòtay vil la (30-35)

      • Y ap rele vil la “Jewova la” (35)