Al gade sa k anndan l

Ki sa batèm ye?

Ki sa batèm ye?

Repons Bib la bay

 Batèm se lè yon moun plonje nèt nan dlo. a Yo pale de anpil batèm nan Bib la (Travay 2:41). Pami batèm sa yo, gen batèm Jezi a, ki te plonje nèt nan rivyè Jouden an (Matye 3:13, 16). Plizyè ane apre sa, gen yon Etyopyen ki te batize nan “yon dlo” toupre wout kote l t ap vwayaje a. — Travay 8:36-40.

 Jezi te fè konnen tout disip li yo dwe batize (Matye 28:19, 20). Apot Pyè te di sa tou byen klè. — 1 Pyè 3:21.

Nan atik sa a

 Ki sa batèm vle di?

 Batèm nan se yon senbòl, oswa aksyon ki fèt an piblik, ki montre moun k ap batize a repanti pou peche l fè e li fè Bondye pwomès pou l fè volonte l san kondisyon. Sa vle di pou l obeyi Bondye ak Jezi pandan tout vi l. Moun ki batize yo kòmanse mache sou chemen k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an.

 Lè yon moun batize nan dlo se yon bon fason pou l montre li fè chanjman nan lavi l. Nan ki sans? Bib la konpare lè yon moun batize ak lè yo antere yon moun (Women 6:4; Kolosyen 2:12). Lè moun nan antre anba dlo a, li montre li mouri anrapò ak vi li t ap mennen anvan an. Lè l sot anba dlo a, li kòmanse yon nouvo vi antanke kretyen ki vwe lavi l bay Bondye.

 Ki sa Bib la di sou batèm tibebe?

 Nan Bib la, yo pa pale de batèm tibebe b. Bib la pa fè konnen nou dwe batize tibebe.

 Batèm tibebe pa ann amoni ak sa Bib la di. Men, Bib la fè konnen yon moun ki vle batize dwe ranpli kèk kondisyon. Pa egzanp, moun nan dwe konprann ansèyman fondamantal ki nan Pawòl Bondye a e l dwe viv ann amoni avèk yo. Li dwe repanti pou peche l. E li dwe fè yon priyè pou l vwe lavi l bay Bondye (Travay 2:38, 41; 8:12). Tibebe pa kapab fè bagay sa yo.

 Ki sa sa vle di pou yon moun batize nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an?

 Men ki lòd Jezi te bay disip li yo: “Fè disip […]. Batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an. Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo.” (Matye 28:19, 20). Ekspresyon “nan non” an vle di moun ki batize a rekonèt otorite ak pozisyon Papa a ak Pitit la, ansanm ak wòl lespri sen Bondye jwe. Men yon egzanp: Apot Pyè te di yon mesye ki te domaje nan pye depi l fèt: “Nan non Jezi Kris, moun Nazarèt la, leve mache!” (Travay 3:6). Mesaj la klè: Pyè te rekonèt otorite Kris genyen e l te rekonèt se Kris ki te fè mirak pou geri mesye a.

  •   Lè yo di “Papa a”, y ap pale de Jewova c Dye. Antanke Kreyatè, Sila a ki bay tout moun lavi e antanke Bondye Toupisan, se Jewova ki gen pi gwo otorite. — Jenèz 17:1; Revelasyon 4:11.

  •   “Pitit la” se Jezi Kris ki te bay lavi l pou nou (Women 6:23). Nou pa kapab sove si nou pa rekonèt wòl Jezi jwe nan objektif Bondye pou lèzòm e si nou pa aksepte wòl sa a. — Jan 14:6; 20:31; Travay 4:8-12.

  •   “Lespri sen” se fòs Bondye sèvi pou l aji oswa fòs li k ap aji. d Bondye te sèvi ak lespri sen l pou l kreye, pou l bay lavi, pou l bay pwofèt li yo ak lòt moun mesaj e pou l ba yo fòs pou fè volonte l (Jenèz 1:2; Jòb 33:4; Women 15:18, 19). Epitou, Bondye te sèvi ak lespri sen l pou l enspire moun ki t ap ekri Bib la, pou l te fè yo konn panse l. — 2 Pyè 1:21.

 Èske si yon moun rebatize se peche?

 Gen anpil moun ki chwazi chanje relijyon. Si yo te deja batize nan relijyon yo te ye a, èske se yon peche si yo batize ankò? Gen moun k ap di wi, petèt paske y ap panse ak Efezyen 4:5 ki di: “Gen yon sèl Seyè, yon sèl lafwa, yon sèl batèm.” Men, vèsè sa a pa vle di yon moun pa kapab rebatize. Sa k fè n di sa?

 Kontèks. Kontèks Efezyen 4:5 lan ede nou konprann apot Pòl t ap montre enpòtans pou vrè kretyen yo gen menm kwayans (Efezyen 4:1-3, 16). Sèl fason pou yo ini konsa se si y ap adore menm Bondye, yo gen menm lafwa, sa vle di yo gen menm konpreyansyon sou sa Bib la di, e pou yo ranpli menm kondisyon pou yo batize.

 Apot Pòl te ankouraje kèk moun ki te deja batize pou yo rebatize. Rezon an se paske lè yo te batize a, yo pa t byen konprann ansèyman Kris te bay yo. — Travay 19:1-5.

 Ann amoni ak ki sa yon moun dwe batize. Pou Bondye aksepte batèm yon moun, moun sa a dwe gen yon konesans egzak sou verite ki nan Bib la (1 Timote 2:3, 4). Si yon moun batize sou baz yon ansèyman ki pa ann amoni ak Bib la, Bondye pap rekonèt batèm li an (Jan 4:23, 24). Menmsi moun nan fè l ak tout kè l, li pa t aji “ann amoni ak konesans egzak la”. (Women 10:2.) Pou Bondye aksepte batèm li an, li dwe aprann verite ki nan Bib la, li dwe aplike sa l aprann yo nan lavi l, vwe lavi l bay Bondye epi batize ankò. Nan ka sa a, si moun nan rebatize se pa yon peche. Anfèt, se sa menm pou l fè.

 Lòt kalite batèm Bib la pale de yo

 Apa batèm kote kretyen yo dwe plonje nèt dlo, Bib la pale de lòt kalite batèm e chak batèm sa yo gen sans pa yo. Men kèk egzanp:

 Batèm Jan ki te konn batize moun nan te konn fè yo. e Jan te batize Juif yo ak moun ki te vin fè pati relijyon juif la kòm senbòl ki montre yo repanti pou peche yo te fè anrapò ak Lwa Bondye te bay Izrayelit yo pa mwayen Moyiz la. Batèm Jan an te prepare moun yo pou yo idantifye Jezi, moun Nazarèt la, kòm Mesi a e pou yo te aksepte l. — Lik 1:13-17; 3:2, 3; Travay 19:4.

 Batèm Jezi a. Jan te batize Jezi e pa gen okenn lòt batèm ki te gen sans batèm sa a te genyen an. Jezi te pafè, sa vle di li pa t fè okenn peche (1 Pyè 2:21, 22). Donk, Jezi pa t batize l pou l montre li repanti pou peche l te fè. Batèm li an pa t vle di tou se “yon demann [li t ap] fè Bondye pou l gen yon konsyans ki klè”. (1 Pyè 3:21.) Men, li te batize pou l prezante tèt li bay Bondye pou l fè volonte l antanke Mesi, oswa Kris, ki te gen pou vini an. Volonte sa a te gen ladan l pou l bay lavi l pou nou. — Ebre 10:7-10.

 Batize nan lespri sen. Ni Jan ki te konn batize moun nan ni Jezi te pale de batize nan lespri sen (Matye 3:11; Lik 3:16; Travay 1:1-5). Batèm sa a se pa menm bagay ak batèm ki fèt nan non lespri sen an (Matye 28:19). Sa k fè sa?

 Kantite disip Jezi ki batize nan lespri sen an piti. Disip sa yo se moun ki resevwa lespri sen paske Bondye rele yo pou y al viv nan syèl la ak Kris, e yo pral dirije tè a avè l antanke wa e antanke prèt f (1 Pyè 1:3, 4; Revelasyon 5:9, 10). Yo pral dirije plizyè milyon disip Jezi ki gen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a k ap vin yon paradi. — Matye 5:5; Lik 23:43.

 Batize nan Kris Jezi e batize nan lanmò l. Moun ki batize nan lespri sen yo “batize nan Kris Jezi” tou (Women 6:3). Kidonk, batèm sa a se sèlman pou disip Jezi ki pral dirije avè l nan syèl la. Lè yo batize nan Jezi, yo vin manm kongregasyon l lan. Li se tèt kongregasyon an e yo se kò a. — 1 Korentyen 12:12, 13, 27; Kolosyen 1:18.

 Kretyen ki pral nan syèl la “batize nan lanmò [Jezi]” tou (Women 6:3, 4). Menm jan ak Jezi, yo obeyi Bondye pandan tout vi yo olye yo fè tèt yo plezi, e yo konnen tou yo pap viv pou toutan sou tè a. Nan yon sans, yo fin batize nan lanmò Jezi lè yo mouri e yo resisite nan syèl la kòm espri. — Women 6:5; 1 Korentyen 15:42-44.

 Batize nan dife. Jan ki te konn batize moun nan te di moun ki t ap koute l yo: “Moun sa a ap batize nou nan lespri sen ak nan dife. Pèl pou l vannen an nan men l. L ap netwaye kote l konn bat manje angren an byen netwaye, e l ap ranmase ble l met nan depo, men, l ap boule pay la nan yon dife ki pa ka etenn.” (Matye 3:11, 12). N ap remake gen diferans ant batize nan lespri sen ak batize nan dife. Ki sa egzanp Jan an vle di?

 Ble a reprezante moun k ap koute Jezi e k ap obeyi l. Yo gen posiblite pou yo batize nan lespri sen. Pay la reprezante moun ki pap koute Jezi yo. Y ap batize nan dife, sa vle di y ap detwi pou toutan. — Matye 3:7-12; Lik 3:16, 17.

a Selon yon ansiklopedi, mo grèk yo mete “batèm” pou li a gen sans “antre, plonje nèt epi soti”. (Vine’s Complete Expository Dictionary of Old and New Testament Words.)

b Batize tibebe se yon seremoni kèk legliz fè kote yo bay timoun nan yon non epi yo souke dlo sou tèt li oswa yo wouze tèt li ak dlo pou yo batize l.

c Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik “Kiyès Jewova ye?

d Gade atik “Ki sa lespri sen an ye?

g Bib la sèvi ak mo “batèm” nan tou pou l pale sou kèk seremoni pou pirifye moun tankou lè yo te konn vide dlo sou veso yo (Mak 7:4; Ebre 9:10). Nou konprann byen, batèm sa yo se pa menm bagay ditou ak batèm Jezi ak disip li yo kote yo te plonje nèt nan dlo.