Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT DOUZ

Annou viv yon fason ki fè Bondye plezi

Annou viv yon fason ki fè Bondye plezi
  • Ki jan w ka vin zanmi Bondye?

  • Nan ki sans defi Satan an konsène w?

  • Ki konduit ki pa fè Jewova plezi?

  • Ki jan w ka viv yon fason ki fè Bondye plezi?

1, 2. Bay egzanp kèk moun Jewova te konsidere kòm bon zanmi l.

KI KALITE moun ou ta chwazi kòm zanmi? Sandout, ou renmen konpayi moun ki gen menm pwennvi avè w, ki enterese nan menm bagay avè w e ki suiv menm prensip avè w. Epitou, yon moun ki gen bèl kalite, tankou onètete ak bonte, atire w.

2 Pandan tout istwa lèzòm, Bondye chwazi kèk moun pou yo vin bon zanmi l. Pa egzanp, Jewova te rele Abraram zanmi l (Izayi 41:8; Jak 2:23). Bondye te rele David “yon nonm selon kè mwen”, paske se jan de moun konsa Jewova renmen (Travay 13:22). E Jewova te konsidere pwofèt Danyèl kòm “yon moun ki apresyab anpil”. — Danyèl 9:23.

3. Poukisa Jewova chwazi kèk moun pou yo vin zanmi l?

3 Poukisa Jewova te konsidere Abraram, David ak Danyèl kòm zanmi l? Ebyen, men sa l te di Abraram: ‘Ou te koute vwa mwen.’ ​(Jenèz 22:18). Donk, Jewova pwoche bò kote moun ki fè sa l mande avèk imilite. Li te di Izrayelit yo: “Obeyi vwa mwen, e m ap vin Bondye nou, e nou menm, n ap vin pèp mwen.” ​(Jeremi 7:23). Si w obeyi Jewova, ou menm tou, ou ka vin zanmi l!

JEWOVA FÒTIFYE ZANMI L YO

4, 5. Ki jan Jewova montre fòs li an favè pèp li a?

4 Reflechi sou sa sa vle di pou yon moun zanmi Bondye. Bib la di Jewova ap chèche okazyon pou l “montre fòs li an favè moun kè yo konplè pou li”. (2 Kwonik 16:9.) Kòman Jewova ka montre fòs li an favè w? Nou jwenn yon fason li ka fè sa nan Sòm 32:8, kote Jewova di: “M ap fè w vin gen klèvwayans e m ap enstwi w nan chemen ou dwe suiv la. M ap ba w konsèy toutpandan je m sou ou.”

5 Ala yon bèl fason ki eksprime jan Jewova konn pran swen moun! L ap ba w konsèy ou bezwen e l ap veye sou ou etan w ap mete sa l di w yo an pratik. Bondye vle ede w travèse eprèv ou rankontre yo (Sòm 55:22). Donk, si w ap sèvi Jewova ak yon kè ki konplè, ou ka gen menm konfyans ak salmis la ki te di: “Mwen mete Jewova devan m toutan. Piske li adwat mwen, mwen pap kilbite.” ​(Sòm 16:8; 63:8). Wi, Jewova ka ede w viv yon fason ki fè l plezi. Men, jan w konn sa, gen yon ènmi Bondye ki ta renmen anpeche w fè sa.

DEFI SATAN AN

6. Ki akizasyon Satan te lanse kont lèzòm?

6 Chapit 11 lan te esplike ki jan Satan Ledyab te defye souvrènte Bondye. Satan te akize Bondye kòmkwa Bondye bay manti, e li lese konprann Jewova te enjis lè l pa t kite Adan ak Èv deside sou sa ki byen ak sa ki mal poukont yo. Apre Adan ak Èv fin peche, epi ofiramezi tè a vin kòmanse ranpli ak desandan yo, Satan te konteste mobil tout moun. Men akizasyon Satan te lanse: “Moun yo pa sèvi Bondye paske yo renmen l.” Se kòmsi l te di tou: “Ban m posiblite a, epi m ap fè nenpòt moun vire kont Bondye.” Istwa yon nonm ki te rele Jòb montre se sa Satan te kwè. Kiyès Jòb te ye, e nan ki sans defi Satan an te konsène l?

7, 8. a) Ki sa k fè Jòb se te yon moun espesyal nan epòk li a? b) Ki jan Satan te mete an dout vrè rezon ki te pouse Jòb sèvi Bondye?

7 Jòb t ap viv sa gen anviwon 3 600 an. Se te yon bon moun, paske Jewova te di: “Pa gen pèsonn tankou l sou tè a, se yon nonm ki san repwòch e ki dwat, ki gen lakrentif pou Bondye e ki vire do bay sa ki mal.” ​(Jòb 1:8). Jòb t ap fè Bondye plezi.

8 Satan te mete an dout vrè rezon ki te pouse Jòb sèvi Bondye. Dyab la di Jewova konsa: “Èske ou menm ou pa mete yon lantouray toutotou [Jòb], toutotou kay li, toutotou tout bagay li posede nèt? Sa l fè ak men l, ou beni l, e tout bèt li posede gaye sou tè a. Men pou chanje, lonje men w souple epi frape tout sa l genyen pou w wè si l pap rete nan figi w li modi w.” — Jòb 1:10, 11.

9. Ki jan Jewova te reyaji devan defi Satan an, e poukisa?

9 Kidonk, Satan te pretann Jòb t ap sèvi Bondye senpleman pou sa l te ka jwenn anretou. Yon lòt bò, Dyab la te fè konnen si yo ta pase Jòb anba eprèv, li t ap vire kont Bondye. Kòman Jewova te reponn defi Satan an? Piske kesyon an te konsène vrè rezon ki te pouse Jòb sèvi Bondye, Jewova te pèmèt Satan pase Jòb anba eprèv. Konsa, lanmou Jòb pou Bondye, oswa mank lanmou l pou Bondye, t ap parèt klè.

YO PASE JÒB ANBA EPRÈV

10. Ki eprèv Jòb te sibi, e ki jan li te reyaji?

10 San pèdi tan, Satan pase Jòb anba eprèv divès fason. Gen kèk nan bèt Jòb yo yo vòlè, gen lòt yo touye. Yo asasinen pifò sèvitè l yo. Konsa, Jòb vin gen gwo pwoblèm ekonomik. Lòt kalamite vin met pye lè dis pitit Jòb yo mouri nan yon tanpèt. Men, malgre evènman terib sa yo, “Jòb pa t peche ni li pa t bay Bondye responsab anyen ki pa kòrèk”. — Jòb 1:22.

11. a) Ki dezyèm akizasyon Satan te lage sou do Jòb, e ki jan Jewova te reyaji? b) Kòman Jòb te reyaji devan yon maladi ki t ap fè l soufri?

11 Satan pa t kite sa. Li dwe te met nan tèt li menmsi Jòb te ka aksepte pèdi byen l, sèvitè l ansanm ak pitit li, li t ap vire kont Bondye si l ta tonbe malad. Jewova kite Satan frape Jòb ak yon maladi repiyan ki fè l soufri. Men, malgre sa, Jòb pa pèdi lafwa nan Bondye. Okontrè, li di yon fason fèm: “Jiskaske souf mwen koupe, mwen pap lage entegrite m!” — Jòb 27:5.

Yo te rekonpanse Jòb poutèt li rete fidèl.

12. Ki jan Jòb te leve defi Dyab la?

12 Jòb pa t okouran se Satan ki te lakòz pwoblèm li yo. Piske Jòb pa t konn tout detay nan defi Dyab la te lanse anrapò ak souvrènte Jewova, li te krenn pou se pa Bondye ki sous pwoblèm li yo (Jòb 6:4; 16:11-14). Malgre sa, li kenbe entegrite l devan Jewova. Konsa, lefètke Jòb rete fidèl, sa pwouve Satan pa t gen rezon lè li te fè kwè se pou rezon egoyis Jòb t ap sèvi Bondye.

13. Ki sa ki te rive poutèt Jòb te fidèl anvè Bondye?

13 Fidelite Jòb la bay Jewova yon repons solid devan defi derespektan Satan an. An verite, Jòb te montre li se zanmi Jewova, e Bondye te rekonpanse l poutèt li te rete fidèl. — Jòb 42:12-17.

FASON SA KONSÈNE W

14, 15. Poukisa nou ka di tout moun konsène nan defi Satan te lanse anrapò ak Jòb la?

14 Kesyon Satan te soulve a ki konsène entegrite moun devan Bondye pa t konsène Jòb sèlman. Ou menm tou, sa konsène w. Sa parèt klè nan Pwovèb 27:11, kote Pawòl Jewova a di: “Montre w saj, pitit gason m, e fè kè m kontan dekwa pou m kapab reponn moun k ap pwovoke m nan.” Pawòl sa yo, yo te ekri plizyè santèn ane apre lanmò Jòb, montre Satan te toujou ap pwovoke Bondye e li te toujou ap akize sèvitè Li yo. Lè n ap viv yon fason ki fè Jewova plezi, anfèt, se patisipe n ap patisipe nan reponn fo akizasyon Satan yo, e nan sans sa a, nou fè kè Bondye kontan. Kòman sa fè w santi w? Èske se pa bèl bagay pou nou patisipe nan reponn akizasyon manti Dyab la fè, menm lè sa mande pou nou fè kèk chanjman nan lavi nou?

15 N ap remake Satan te di: “Tout sa yon moun posede, l ap bay li pou nanm li.” ​(Jòb 2:4). Lè Satan di “yon moun” nan, li montre aklè akizasyon li te lanse a pa t konsène Jòb sèlman, men li konsène tout moun. Se yon pwen ki trèzenpòtan. Satan konteste entegrite pa w devan Bondye. Dyab la ta renmen wè w dezobeyi Bondye e li ta renmen w kite chemen ki dwat la kou pwoblèm met pye. Ki jan Satan ka eseye atenn objektif sa a?

16. a) Ki teknik Satan itilize pou l fè moun vire do bay Bondye? b) Ki jan Dyab la ta ka sèvi ak teknik sa yo kont ou menm?

16 Jan nou te wè sa nan chapit 10 la, Satan sèvi ak divès teknik pou l eseye fè moun vire do bay Bondye. Yon bò, li atake “tankou yon lyon k ap gwonde, l ap chèche devore yon moun”. (1 Pyè 5:8.) Konsa, nou ka wè enfliyans Satan lè zanmi, paran, oswa lòt moun ap opoze ak efò n ap fè pou nou etidye Bib la e pou nou mete sa n ap aprann yo an pratik * (Jan 15:19, 20). Yon lòt bò, Satan “toujou ap transfòme tèt li an zanj limyè”. (2 Korentyen 11:14.) Dyab la ka itilize kèk fason anba anba pou l twonpe w e pou l anpeche w viv yon fason ki fè Bondye plezi. Li ka sèvi tou ak dekourajman, tankou li ka fè w santi w pa bon ase pou w fè Bondye plezi (Pwovèb 24:10). Kit Satan aji tankou “yon lyon k ap gwonde”, kit li aji kòm yon “zanj limyè”, li toujou lanse menm defi a: li pretann lè w devan eprèv oswa lè w devan tantasyon, w ap sispann sèvi Bondye. Ki jan w ka reponn defi sa a, e ki jan w ka pwouve entegrite w devan Bondye menm jan Jòb te fè sa?

ANNOU OBEYI KÒMANDMAN JEWOVA YO

17. Ki pi gwo rezon nou genyen pou nou obeyi kòmandman Jewova yo?

17 Ou ka reponn defi Satan an lè w viv yon fason ki fè Bondye plezi. Ki sa sa mande? Bib la reponn: “Ou dwe renmen Jewova Bondye w la ak tout kè w, ak tout nanm ou e ak tout fòs lavi w.” ​(Detewonòm 6:5). Tank lanmou w pou Bondye ap ogmante, se tank w ap ranpli ak dezi pou w fè sa l mande w. Apot Jan te ekri: “Men sa lanmou pou Bondye vle di: se pou nou obsève kòmandman l yo.” Si w renmen Jewova ak tout kè w, w ap wè “kòmandman l yo pa lou”. — 1 Jan 5:3.

18, 19. a) Site kèk kòmandman Jewova bay. (Gade  kare ki nan paj 122 a.) b) Kòman nou fè konnen Bondye pa mande nou sa nou pa ka fè?

18 Ki kòmandman Jewova bay? Kèk ladan yo konsène konduit nou dwe evite. Pa egzanp, gade kare ki nan paj 122 a, ki gen tit “  Evite sa Jewova rayi”. Ladan l, w ap jwenn yon lis konduit Labib kondane aklè. Lè w fèk gade, gen bagay nan lis la ki pa tèlman parèt mal. Men, apre w fin medite sou vèsè yo site yo, sandout, w ap vin wè sajès ki genyen nan lwa Jewova yo. Fè chanjman nan konduit ou gendwa se pi gwo defi w jwenn. Toutfwa, lè yon moun viv yon fason ki fè Bondye plezi, sa bay gwo satisfaksyon ak kè kontan (Izayi 48:17, 18). E se yon bagay ou ka rive fè. Kòman nou fè konn sa?

19 Jewova pa janm mande nou plis pase sa nou ka fè (Detewonòm 30:11-14). Li konnen posiblite nou ak limit nou pi byen pase nou (Sòm 103:14). Anplis de sa, Jewova ka ban nou fòs pou nou obeyi l. Apot Pòl te ekri: “Bondye fidèl, e li pap kite nou tante depase sa nou ka sipòte, men ansanm ak tantasyon an l ap ouvri yon chemen tou dekwa pou nou ka andire l.” ​(1 Korentyen 10:13). Pou Jewova ede w andire, li ka menm ba ou “pisans ki depase sa ki nòmal la”. (2 Korentyen 4:7.) Apre Pòl te fin andire anpil eprèv, li te ka di: “Mwen gen fòs pou tout bagay grasa moun ki ban m pisans lan.” — Filipyen 4:13.

ANNOU DEVLOPE KALITE KI FÈ BONDYE PLEZI

20. Ki kalite ki fè Bondye plezi ou dwe devlope, e ki enpòtans yo genyen?

20 Natirèlman, fè Jewova plezi mande plis pase evite fè sa li rayi. Ou bezwen renmen sa l renmen tou (Women 12:9). Ou pa santi w atire anvè moun ki gen menm pwennvi avè w, ki enterese nan menm bagay avè w e ki gen menm prensip avè w? Se konsa Jewova ye tou. Donk, aprann renmen bagay Jewova renmen. Yo dekri kèk nan bagay sa yo nan Sòm 15:1-5, kote nou aprann ki jan de moun Bondye konsidere kòm zanmi l. Zanmi Jewova yo vin devlope sa Labib rele “fwi lespri a”. Sa gen ladan l yon seri kalite tankou “lanmou, lajwa, lapè, pasyans, bonte, byenveyans, lafwa, dousè, metriz”. — Galat 5:22, 23.

21. Ki sa k ap ede w devlope kalite ki fè Bondye plezi?

21 Lè w li Labib regilyèman, e lè w etidye l regilyèman, sa ap ede w devlope kalite ki fè Bondye plezi. E lè w aprann sa Bondye mande pou nou fè, sa ede w mete panse w ann amoni ak panse pa Bondye (Izayi 30:20, 21). Plis w ap fòtifye lafwa w genyen nan Jewova, se plis w ap anvi viv yon fason ki fè Bondye plezi.

22. Ki sa w ap rive fè si ou viv yon fason ki fè Bondye plezi?

22 Sa mande efò pou nou viv yon fason ki fè Jewova plezi. Bib la konpare chanjman w ap fè nan lavi w ak retire w ap retire vye pèsonalite w pou w abiye w ak youn tounèf (Kolosyen 3:9, 10). Men, anrapò ak kòmandman Jewova yo, salmis la te ekri: “Gen yon gwo rekonpans lè nou obsève yo.” ​(Sòm 19:11). Ou menm tou, w ap wè lè w viv yon fason ki fè Bondye plezi, w ap jwenn anpil byenfè. Lè w fè sa, w ap reponn defi Satan an, e w ap fè kè Jewova kontan!

^ § 16 Sa pa vle di moun ki opoze avèk ou yo, se ajan Satan yo ye dirèkteman. Men, Satan se dye sistèm de choz sa a, e lemonnantye anba pouvwa l (2 Korentyen 4:4; 1 Jan 5:19). Se sa k fè, nou ka atann nou moun yo an jeneral pap twò renmen dèske n ap viv lavi nou yon fason ki fè Bondye plezi, e gen ladan yo k ap opoze avèk nou.