Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT KAT

“Kote w ale, se la m prale”

“Kote w ale, se la m prale”

1, 2. a) Bay kèk detay sou vwayaj Rit ak Nawomi t ap fè a, epi esplike rezon ki fè yo te nan gwo lapenn. b) Sa k fè n ka di Rit ak Nawomi pa t ap vwayaje pou menm rezon?

RIT ak Nawomi t ap mache nan yon wout ki travèse plèn ki sou mòn Mowab yo toutpandan gen anpil van k ap soufle. Kounye a, de medam yo poukont yo, e yo tankou de ti foumi nan gwo savann sa a. Imajine Rit k ap gade bèlmè l toutpandan l wè l ap ta epi l kòmanse fènwa. L ap mande tèt li si se pa moman pou l ta chèche yon kote pou yo pase nuit lan. Li renmen Nawomi anpil e li dispoze fè tout sa l kapab pou l pran swen l.

2 Toule de medam yo te nan gwo lapenn. Sa fè plizyè ane depi Nawomi te vèv e sa pa gen twò lontan depi l te pèdi de pitit gason li yo, anpalan de Kilyon ak Malon. Rit tou te nan lapenn paske mari l, Malon, te mouri. Rit ak Nawomi t apral menm kote, ki se Betleyèm, yon vil ann Izrayèl. Nan yon sans, vwayaj sa a te diferan pou yo chak. Nawomi t ap retounen lakay li. Rit li menm t ap kite fanmi l, peyi l, koutim li ak dye nan peyi l yo, san l pa t konn sa l pral jwenn. — Li  Rit 1:3-6.

3. Repons ki kesyon k ap ede n imite lafwa Rit?

3 Ki sa k ta pouse yon jèn dam fè gwo chanjman sa a nan lavi l? Ki kote Rit t apral jwenn fòs pou l refè vi l e pou l pran swen Nawomi? Lè n jwenn repons kesyon sa yo, n ap vin gen plis rezon toujou pou n imite lafwa Rit, moun peyi Mowab la. (Gade kare ki gen tit: “ Yon ti liv ki se yon ti bijou.”) Pou kòmanse, ann wè pou ki rezon de medam sa yo te twouve yo sou wout long sa a ki mennen Betleyèm.

Lanmò frape yon fanmi

4, 5. a) Poukisa fanmi Nawomi t al viv Mowab? b) Ki difikilte Nawomi te jwenn Mowab ki te mete lafwa l aleprèv?

4 Rit te grandi Mowab, yon ti peyi ki alès Lanmè Mòt. Nan zòn sa a, te gen yon seri kote plat ki pa t gen anpil pyebwa e te gen ravin fon ki travèse l. Byen souvan, “zòn andeyò nan peyi Mowab” yo te konn pwodui anpil manje menm lè te konn gen gwo grangou ann Izrayèl. Anfèt, se rezon sa a ki te fè Rit vin rankontre ak Malon ansanm ak fanmi Malon pou premye fwa. — Rit 1:1.

5 Akoz yon gwo grangou ki te gen ann Izrayèl, Elimelèk, mari Nawomi, te panse l oblije kite peyi l pou l al chèche lavi miyò antanke etranje nan peyi Mowab. Li te deplase ak madanm li ak de pitit gason l yo. Lefètke yo t al viv nan peyi Mowab, sa te dwe mete lafwa chak moun nan fanmi an aleprèv paske, antanke Izrayelit, yo te dwe al adore Jewova regilyèman kote li te chwazi a, yon kote ki sakre (Det. 16:16, 17). Nawomi te fè efò pou lafwa l rete djanm. Malgre sa, li te nan gwo lapenn lè mari l te mouri. — Rit 1:2, 3.

6, 7. a) Poukisa Nawomi te ka pa t kontan lè de pitit gason l yo te marye ak fi ki te moun peyi Mowab? b) Poukisa n ka di Nawomi kite yon bèl egzanp nan fason l te boule ak bèlfi l yo?

6 Lè Nawomi te wè de pitit gason l yo vin marye ak fi ki moun peyi Mowab, petèt sa te ogmante lapenn li plis toujou (Rit 1:4). Li te konnen jan Abraram, zansèt nasyon l lan, te fè gwo efò pou l te jwenn yon madanm pou pitit li, Izarak, nan mitan pèp li a ki t ap adore Jewova (Jen. 24:3, 4). Pi devan, Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la te fè Izrayelit yo konnen pou yo pa kite ni pitit gason yo ni pitit fi yo marye ak moun nan lòt nasyon, yon fason pou moun sa yo pa fè pèp Bondye a tonbe nan idolatri. — Det. 7:3, 4.

7 Poutan, Malon ak Kilyon te marye ak fi ki moun peyi Mowab. Menmsi sa pa t fè kè Nawomi kontan, menmsi se pa t sa l te vle, se sèten sa pa t anpeche l fè efò pou l demontre vrè bonte ak vrè lanmou pou Rit ak Òpa, de bèlfi l yo. Petèt, li te toujou gen espwa yon jou de medam yo t ap vin sèvi Jewova menm jan avè l. Antouka, Rit ak Òpa te apresye Nawomi anpil. Bon relasyon sa a yo te genyen ak Nawomi an te ede yo lè gwo malè te frape: de jèn medam yo te pèdi mari yo san yo pa t menm gen pitit avèk yo. — Rit 1:5.

8. Ki sa k te ka fè Rit vle pwoche bò kot Jewova?

8 Èske relijyon Rit te ye anvan an te prepare l pou l fè fas ak yon gwo malè konsa? Li t ap difisil pou sa ta fèt. Moun peyi Mowab yo te konn adore anpil dye, e dye ki te pi enpòtan nan dye sa yo se te Kemòch (Nonb 21:29). Sanble, fason moun peyi Mowab yo te konn adore a te chaje ak vyolans ak mechanste, e se konsa anpil moun nan epòk sa a te konn aji. Yo te konn menm sakrifye timoun. Se sèten tout sa Rit te aprann nan men Malon ak Nawomi sou bonte ak mizèrikòd Jewova, Bondye Izrayèl la, te ede l wè jan Jewova pa menm ak lòt dye yo. Jewova dirije ak lanmou, li pa fè moun pè. (Li Detewonòm 6:5.) Apre Rit te fin pèdi mari l, petèt li te vin pi pwòch ak Nawomi ki te pi gran pase l e li te pi dispoze koute Nawomi lè Nawomi t ap pale de Jewova, Bondye Toupisan an, de bèl travay Jewova fè yo ansanm ak fason Jewova montre l gen lanmou ak mizèrikòd pou pèp li a.

Avèk sajès, Rit te vin pi pwòch Nawomi lè yo te nan chagren pou moun pa yo ki mouri.

9-11. a) Ki desizyon Nawomi, Rit ak Òpa te pran? b) Ki sa n ka aprann nan gwo malè ki te frape yo?

9 Nawomi, bò kote pa l, te renmen pran nouvèl sou sa k ap pase nan peyi l. Yon jou, gen yon moun, petèt yon komèsan ki konn fè vwayaj, ki te fè l konnen pa t gen gwo grangou ankò ann Izrayèl. Jewova te voye je gade pèp li a. Betleyèm te vin byen pote non l ankò ki vle di: “Kay ki gen pen.” Nawomi te deside retounen nan peyi l. — Rit 1:6.

10 Kounye a, ki sa Rit ak Òpa t apral fè (Rit 1:7)? Eprèv Rit ak Òpa te pase ansanm yo te fè yo vin pi pwòch ak Nawomi. Sanble se bonte Nawomi te genyen an ak lafwa solid li te gen nan Jewova a ki te fè Rit vin pi pwòch Nawomi toujou. Twa vèv yo te pran wout pou y al Jida ansanm.

11 Liv Rit la fè nou sonje gwo malè ak lanmò ka frape ni bon moun ni move moun (Ekl. 9:2, 11). Anplis de sa, istwa sa a montre nou, lè soufrans nou jwenn akoz moun pa nou ki mouri parèt twò rèd pou n sipòte, li bon pou n chèche rekonfò ak konsolasyon nan men lòt moun, sitou nan men moun ki chèche refij bò kot Jewova, Bondye Nawomi t ap adore a. — Pwo. 17:17.

Lanmou fidèl Rit te genyen an

12, 13. Poukisa Nawomi te vle pou Rit ak Òpa retounen lakay yo olye yo te rete avè l, e ki premye reyaksyon de medam yo te genyen?

12 Pandan twa vèv yo t ap kraze wout la, gen yon lòt bagay ki t ap trakase Nawomi. Li t ap panse ak de jèn medam ki avè l yo. Li t ap reflechi sou lanmou yo te montre yo gen pou li ak pou pitit gason l yo. Li pa t vle kounye a pou se li menm ki ajoute sou pwoblèm medam yo te deja genyen yo. Si medam yo kite peyi yo epi yo vin avè l Betleyèm, ki sa l t ap ka fè pou yo lè yo rive?

13 Finalman, Nawomi di yo: “Nou chak mèt tounen kay manman nou. Mwen swete pou Jewova montre lanmou ki fidèl pou nou, menm jan nou te fè sa ni pou mari nou yo ki mouri kounye a, ni pou mwen.” Mete sou sa, li di medam yo li swete pou Jewova beni yo, pou l fè yo jwenn yon lòt mari pou yo ka refè vi yo. Men sa istwa a fè konnen: “Apre sa, li bo yo, e yo pran kriye byen fò.” Li pa difisil pou n konprann poukisa Rit ak Òpa te santi yo atache ak Nawomi konsa, yon moun ki gen bon kè e ki pa egoyis. Toule de medam yo te kole la nan kò l, yo t ap di l konsa: “Non, nou pral jwenn pèp ou a avè w.” — Rit 1:8-10.

14, 15. a) Ki sa Òpa te retounen al jwenn? b) Ki jan Nawomi te eseye konvenk Rit pou Rit ka kite l?

14 Li pa t fasil pou de medam yo konvenk Nawomi. Nawomi te kontinye rezone ak yo e l te esplike yo byen klè si y al ann Izrayèl li pap ka fè anyen pou yo, piske li pa gen mari pou pran swen l, li pa gen pitit gason ankò pou marye avèk yo e l pa gen okenn espwa sitiyasyon an t ap chanje. Li te di yo, sa vrèman ba l gwo tètchaje piske l konnen li pap ka pran swen yo. Òpa te rann li kont sa Nawomi te di a se vre. Li te gen fanmi l nan Mowab, li gen manman l e l gen yon kay ki t ap tann li. Pou Òpa, sanble li te panse li t ap pi bon si l ret viv Mowab. Konsa, ak kè l tou sere, li bo Nawomi, li di l orevwa, epi l vire l ale. — Rit 1:11-14.

15 Bon, e Rit menm? Pawòl Nawomi te di yo te konsène l tou. Poutan, men sa nou li: “Men, Rit li menm rete ansanm ak bèlmè l.” Petèt, Nawomi te rekòmanse mache sou wout la, men, lè l wè Rit kontinye ap suiv li, li di l: “Gade! Men bèlsè w la retounen al jwenn pèp li a ak dye l yo. Retounen ak bèlsè w la non!” ​(Rit 1:15). Pawòl Nawomi te di yo bay yon detay ki gen anpil enpòtans pou moun k ap li istwa a. Òpa pa t tounen al jwenn moun lakay li sèlman, men li te tounen al jwenn “dye l yo” tou. Li pa t gen pwoblèm pou l kontinye sèvi Kemòch ansanm ak lòt fo dye yo. Èske se konsa Rit te santi l tou?

16-18. a) Ki jan Rit te montre l te gen lanmou fidèl? b) Ki sa n ka aprann nan men Rit sou lanmou fidèl? (Gade foto de medam yo tou.)

16 Toutpandan yo poukont yo sou wout la, Rit t ap gade Nawomi e l te klè sou desizyon l te deja pran nan kè l la. Kè l te chaje ak lanmou ni pou Nawomi, ni pou Bondye Nawomi an. Se sa k fè Rit te di Nawomi: “Pa fòse m kite w, pa anpeche m al avè w, paske kote w ale se la m prale, e kote w pase nuit ou se la m ap pase nuit mwen. Pèp ou a ap pèp mwen, e Bondye w la ap Bondye m. Kote w mouri se la m ap mouri, e se la y ap antere m. Se pou Jewova pini m, e se pou l pini m ankò, si se pa lanmò ki separe m avè w!” — Rit 1:16, 17.

“Pèp ou a ap pèp mwen, e Bondye w la ap Bondye m.”

17 Pawòl Rit yo te tèlman touchan, menm apre li fin mouri sa gen 3 000 an, moun kontinye ap repete yo. Pawòl sa yo montre Rit te gen yon bèl kalite lakay li: lanmou fidèl. Lanmou Rit te gen pou Nawomi an te tèlman fò e l te tèlman fidèl, sa te fè Rit dispoze suiv Nawomi nenpòt kote l ale. Se sèl lanmò ki pou ta separe yo. Pèp Nawomi an t ap vin pèp Rit tou paske Rit te dispoze kite tout bagay ki te enpòtan pou li nan peyi Mowab e l te menm kite dye Mowab yo. Kontrèman ak Òpa, Rit te ka di ak tout kè l li vle pou Jewova, Bondye Nawomi ap sèvi a, vin Bondye pa l tou *.

18 Kounye a, se yo de a ki twouve yo sou wout byen long ki mennen Betleyèm nan. Selon yon kalkil yo fè, vwayaj la te ka dire jiska yon semèn. Se sèten, lefètke yo te ansanm, youn te rive rekonfòte lòt malgre yo te nan gwo lapenn.

19. Ki jan w ka imite lanmou fidèl Rit te demontre a nan fanmi w, nan amitye w gen ak lòt moun ak nan kongregasyon an?

19 Gen anpil moun nan monn nan ki nan gwo lapenn. Nan epòk nou an, yon epòk Bib la rele ‘tan ki di e ki difisil pou moun sipòte’, nou jwenn tout kalite pwoblèm ak sitiyasyon ki fè n chagren (2 Tim. 3:1). Kidonk, li vin pi enpòtan toujou pou n chèche gen kalite Rit te demontre a. Lanmou fidèl ki se yon kalite lanmou ki pouse moun ret atache ak lòt moun e ki fè youn refize kite lòt, se yon fòs pisan k ap ede n fè sa ki byen nan monn fènwa sa a n ap viv la. Nou bezwen kalite sa a nan maryaj nou, nan fanmi nou, nan amitye nou gen ak lòt moun ak nan kongregasyon an. (Li 1 Jan 4:7, 8, 20.) Tank n ap demontre kalite lanmou sa a, se tank n ap imite bèl egzanp Rit te kite a.

Rit ak Nawomi rive Betleyèm

20-22. a) Ki efè tan Nawomi te pase ap viv Mowab la te gen sou li? b) Ki pwennvi ki pa kòrèk Nawomi te genyen sou malè ki te rive l yo? (Gade Jak 1:13 tou.)

20 Nòmalman, di nou gen lanmou fidèl se youn, demontre kalite sa a nan aksyon nou se yon lòt. Rit te gen posiblite pou l montre lanmou fidèl li genyen an nonsèlman pou Nawomi, men tou pou Jewova, Bondye li te chwazi pou Bondye pa l la.

21 Finalman, de medam yo rive Betleyèm, yon ti vil ki te nan sid Jerizalèm, e te gen anviwon dis kilomèt ki separe de vil sa yo. Sanble gen yon epòk Nawomi ak fanmi l se moun ki te enpòtan nan ti vil sa a, paske tout moun nan zòn nan t ap pale de Nawomi ki retounen. Medam yo t ap plede gade l e yo t ap mande: “Se pa Nawomi?” Li klè, tan Nawomi te pase nan peyi Mowab la te chanje l anpil. Lè moun t ap gade Nawomi, yo te ka wè lavi a pa t fasil pou li pandan ane ki te pase yo e l te gen anpil lapenn. — Rit 1:19.

22 Nawomi te fè medam ki te fanmi l yo ak vwazin li te gen lontan yo konnen jan lavi a te difisil pou li. Li te menm panse yo ta dwe chanje non l. Li te di yo pa rele l Nawomi ankò, non ki vle di “Plezi m”, men se pou yo rele l “Mara” pito, non ki vle di “Anmè”. Ala mizè pou Nawomi! Menm jan ak Jòb ki te viv anvan l, li te panse se Jewova Dye ki te fè malè sa yo rive l. — Rit 1:20, 21; Jòb 2:10; 13:24-26.

23. Sou ki sa Rit t ap reflechi, e ki dispozisyon Jewova te pran pou moun ki pòv yo nan Lalwa li te bay pa mwayen Moyiz la? (Gade nòt anba paj la tou.)

23 Pandan de medam yo abite Betleyèm, Rit t ap reflechi ak pi bon mwayen pou l pran swen tèt li ak Nawomi. Rit te vin aprann, nan Lwa Jewova te bay pèp Li a ann Izrayèl, Li te pran yon dispozisyon pou moun ki pòv yo. Moun sa yo te gen pèmisyon pou yo antre nan jaden lòt moun nan moman rekòt la pou yo mache dèyè moun k ap rekòlte yo, pou yo ka ranmase sa moun yo te kite dèyè nan jaden an. Konsa tou, yo te ka ranmase sa ki nan lizyè yo ak sa ki nan kwen yo *. — Lev. 19:9, 10; Det. 24:19-21.

24, 25. Lè Rit t al tonbe nan jaden Bowaz la, ki sa l te fè, e ki sa travay grapiyay la te gen ladan l?

24 Se te epòk rekòt lòj la, sanble se te nan mwa avril selon kalandriye nou an. Rit t al nan jaden pou l wè si gen moun ki t ap kite l vin ranmase grap lòj nan jaden pa yo, jan Lwa Bondye te bay sou grapiyay la te fè konn sa. San Rit pa t konnen, li t al tonbe nan jaden Bowaz, yon grandon ki fanmi Elimelèk, mari Nawomi an ki te mouri. Menmsi Lalwa te bay Rit dwa pou l ranmase sa k te rete nan jaden nenpòt moun, li pa t panse yo te dwe l sa. Li te mande yon jèn mesye ki responsab moun k ap rekòlte yo pèmisyon pou l travay nan jaden an. Mesye a te ba l otorizasyon pou l fè sa. Konsa, menm kote a, Rit kòmanse travay. — Rit 1:22–2:3, 7.

25 Imajine Rit ki pa dèyè moun k ap rekòlte yo. Toutpandan y ap koupe grap lòj yo ak sèpèt, Rit li menm bese pou l ranmase grap lòj ki tonbe oswa grap lòj yo kite dèyè yo, apre sa, li sanble yo epi l mare yo ansanm. Li pote yo al met yon kote pou l ka bat yo pou l retire grenn yo nan pita. Se yon travay ki te pran tan e ki te fatigan. Travay sa a te vin pi difisil toujou nan fen jounen an. Malgre sa, Rit te kontinye travay. Li fè yon ti kanpe sèlman pou l siye swe sou fwon l e pou l fè yon ti manje nan poz midi a nan “kay la”, petèt yon ti kay yo te fè pou travayè yo ka jwenn lonbray.

Rit te dispoze fè travay ki di e ki parèt rabesan pou l te ka pran swen tèt li ak Nawomi.

26, 27. Ki kalite moun Bowaz te ye, e ki jan l te boule ak Rit?

26 Sanble Rit pa t vle atire atansyon sou li. Poutan, Bowaz te wè l e l te mande jèn mesye ki responsab travay la enfòmasyon sou li. Bowaz te yon moun ki te gen yon lafwa solid nan Jewova e pami moun ki te konn travay pou li yo, te gen kèk moun ki te konn vann li jounen e te menm gen etranje pami yo. Men ki jan l te konn salye yo: “Jewova avèk nou!” E yo te konn reponn li menm jan an. Antanke yon moun aje, Bowaz te renmen Bondye anpil e l te aji ak Rit tankou yon papa. — Rit 2:4-7.

27 Bowaz te rele Rit “pitit fi m” e l te fè l konnen li mèt kontinye ranmase sa k te rete nan jaden l lan e l mèt rete toupre jèn medam ki lakay li yo dekwa pou mesye k ap travay yo pa ba l pwoblèm. Bowaz te verifye si Rit jwenn manje pou l manje nan lè moun yo te konn al manje a. (Li Rit 2:8, 9, 14.) Men, sa k te pi enpòtan an, Bowaz te chèche okazyon pou l felisite Rit e pou l ankouraje l. Kòman l te fè sa?

28, 29. a) Ki kalite repitasyon Rit te genyen? b) Menm jan ak Rit, kòman w ka pran refij nan Jewova?

28 Lè Rit te mande Bowaz ki sa l te fè pou l merite favè l alòske li se yon etranje, Bowaz te di l li tande tout sa l te fè pou Nawomi, bèlmè l. Sanble Nawomi te konn fè lwanj pou Rit devan medam Betleyèm yo e pawòl li yo t al tonbe nan zòrèy Bowaz. Anplis de sa, Bowaz te konnen Rit te vin ap sèvi Jewova, paske men sa Bowaz te di l: “Mwen swete pou Jewova beni w pou sa w fè a, pou Jewova, Bondye Izrayèl la, ba w yon gwo rekonpans, piske w vin chèche pwoteksyon anba zèl li.” — Rit 2:12.

29 Pawòl sa yo dwe te ankouraje Rit! Li te deside pran refij anba zèl Jewova, menm jan yon ti zwazo antre anba zèl manman l pou l ka jwenn pwoteksyon. Rit te remèsye Bowaz paske Bowaz te pale avè l yon fason ki ba l asirans. Rit te kontinye travay rive jis nan aswè. — Rit 2:13, 17.

30, 31. Ki sa n ka aprann nan egzanp Rit sou fason l te konn travay, sou jan l te gen rekonesans ak sou jan l te demontre lanmou fidèl?

30 Lafwa Rit te genyen an, yon lafwa li demontre nan aksyon l, se yon bèl egzanp pou nou tout k ap debat anba pwoblèm ekonomik ki gen jodi a. Rit pa t janm panse lòt moun dwe l anyen. Li te apresye nenpòt bagay lòt moun ba li. Li pa t wont pou l ni travay di ni pase anpil tan ap travay yon fason pou l te pran swen yon moun li renmen, menmsi travay li t ap fè a te parèt rabesan. Avèk rekonesans, li te aksepte bon konsèy yo te ba li sou fason pou l travay an sekirite e pou l travay avèk bon moun. Sa k te pi enpòtan an, sèke li pa t janm bliye se bò kote Jewova, Papa k ap pwoteje l la, l ap jwenn vrè refij la.

31 Si n montre n gen lanmou fidèl menm jan ak Rit e si n suiv egzanp imilite l, jan l te renmen travay e jan l te rekonesan dèske l te aprann konnen Jewova, lòt moun ap ka imite lafwa nou tou paske n ap vin yon bèl egzanp pou yo. Men, ki jan Jewova te pran swen Rit ak Nawomi? Nou pral egzamine sijè sa a nan chapit ki vin apre a.

^ § 17 N ap remake Rit pa t itilize tit “Bondye” a sèlman, jan anpil etranje te ka fè sa, men l te itilize non pèsonèl Bondye genyen an ki se Jewova. Men kòmantè yon liv fè sou pwen sa a: “Konsa, ekriven an montre etranje sa a se yon moun ki t ap suiv vrè Dye a.” — The Interpreter’s Bible.

^ § 23 Se te yon lwa estrawòdinè. Se sèten, pou Rit, lwa sa a pa t sanble ak okenn lwa nan peyi Mowab yo. Nan epòk sa a, nan zòn ansyen Pwòch Oryan an, moun yo pa t byen boule ak vèv yo. Men sa yon liv referans fè konnen: “Lè mari yon fi te mouri, nòmalman vèv la te dwe konte sou pitit gason l yo pou ede l. Si l pa t gen pitit gason, li te ka oblije vann tèt li kòm esklav oswa li te ka oblije lage kò l nan pwostitisyon pou l viv, si se pa sa li t ap mouri.”