Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT UIT

Li te andire malgre li te jwenn desepsyon

Li te andire malgre li te jwenn desepsyon

1. Poukisa te gen anpil lapenn ak gwo rèl nan Silo?

SAMYÈL te ka santi lapenn ki genyen Silo. Sanble prèske tout vil la te gen dlo nan je. Nan anpil kay, ou ka tande madanm ak timoun k ap kriye, gwo rèl k ap fèt akoz nouvèl lanmò papa yo, mari yo, pitit yo oubyen frè yo. Izrayelit yo t al goumen avèk moun Filisti yo, e 30 000 sòlda te pèdi lavi yo nan batay la. E sa pa t fè twò lontan depi yo te pèdi 4 000 sòlda nan yon lòt batay yo te fè. — 1 Sam. 4:1, 2, 10.

2, 3. Site yon seri malè ki te rive nasyon Izrayèl la ki te fè lawont vin tonbe sou Silo e ki te fè vil la pèdi glwa li.

2 Evènman sa yo te fè pati yon seri malè ki te rive nasyon Izrayèl la. De pitit gason gran prèt Eli a, Ofni ak Fineyas, te pran lach alyans sakre a, epi yo te soti avè l deyò Silo. Jeneralman, Lach la te konn nan pati ki sen nan tabènak la (yon tanp yo te ka deplase avè l). Li te gen fòm yon bwat e l te gen anpil valè. Li te reprezante prezans Bondye. Pèp la te fè yon move rezònman, yo te panse lefètke yo pote Lach la nan lagè yo t apral fè a, sa t ap pwoteje yo e sa t ap fè yo genyen batay la. Men, moun Filisti yo te pran Lach la e yo touye Ofni ak Fineyas. — 1 Sam. 4:3-11.

3 Tabènak ki te nan Silo a te gen Lach la ladan l pandan plizyè dizèn ane. Men kounye a li pa t la ankò. Lè gran prèt Eli, ki te gen 98 an, tande nouvèl sa a, li kage sot tonbe sou chèz li te ye a epi l mouri. Bèlfi l la, ki te vin yon vèv nan menm jou sa a, te mouri pandan l t ap akouche. Anvan bèlfi l la te mouri, men sa l te di: “Yo pran glwa Izrayèl la mennen ann egzil.” Pa gen dout nan sa, bagay yo te chanje nèt nan Silo. — 1 Sam. 4:12-22.

4. Ki sa n pral egzamine nan chapit sa a?

4 Kòman Samyèl t ap reyaji devan gwo desepsyon sa yo? Èske lafwa l t ap solid ase pou l ede pèp sa a ki te pèdi pwoteksyon Jewova ak apwobasyon l? Sa ka rive jodi a nou oblije fè fas ak kèk sitiyasyon ki difisil oswa ki fè nou pran desepsyon e ki teste lafwa nou. Donk, ann wè ki sa n ka aprann toujou nan egzanp Samyèl la.

Li “soutni sa ki jis”

5, 6. Ki sa Bib la fè konnen sou 20 ane ki te pase yo e ki sa Samyèl t ap fè pandan tan sa a?

5 Kote nou rive la a nan istwa a, Bib la sispann pale de Samyèl pou l pale de Lach la. Konsa, nou wè jan moun Filisti yo te soufri paske yo te pran Lach la e jan yo te oblije remèt li. Gen 20 an ki gentan pase lè Bib la te vin kòmanse pale de Samyèl ankò (1 Sam. 7:2). Ki sa l t ap regle pandan tout ane sa yo? Bib la bay repons lan.

Kòman Samyèl te rive ede pèp li a jere lapenn yo te genyen ak desepsyon yo te jwenn?

6 Men sa Bib la fè nou konnen anvan 20 ane sa yo te kòmanse: “Tout pèp Izrayèl la te tande pawòl Samyèl yo.” ​(1 Sam. 4:1). Bib la fè konnen Samyèl te gen abitid vizite twa vil ann Izrayèl apre 20 ane sa yo te fin pase. Chak ane, li te rive vizite vil sa yo pou l ede moun yo jere dezakò yo te genyen e pou l reponn kesyon yo te genyen. Apre sa, li te konn retounen nan vil Rama, kote l te abite a (1 Sam. 7:15-17). Li klè, Samyèl te toujou gen anpil bagay pou l te fè e pandan 20 ane sa yo li te chaje ak aktivite.

Bib la pa di anyen sou 20 an nan lavi Samyèl, men, nou sèten li te ret okipe ap sèvi Jewova.

7, 8. a) Ki mesaj Samyèl te bay pèp la apre ventan l te fè ap travay di? b) Ki jan pèp la te reyaji devan asirans Samyèl te bay yo?

7 Imoralite ak zak kòwonpi de pitit gason gran prèt Eli yo te konn fè yo te febli lafwa pèp la. Kòm rezilta, sanble anpil ladan yo te lage kò yo nan idolatri. Apre Samyèl te fè ventan ap travay di, men sa l te di pèp la: “Si nou retounen vin jwenn Jewova ak tout kè nou, retire dye lòt nasyon yo ak estati Achtorèt nou gen nan mitan nou yo. Epi, bay Jewova kè nou san nou pa janm chanje e se li menm sèl pou n sèvi, konsa l ap sove nou anba men moun Filisti yo.” — 1 Sam. 7:3.

8 “Men moun Filisti yo” te lou anpil sou do pèp la. Etandone moun Filisti yo te bat lame Izrayèl la byen bat, yo pa t gen pwoblèm pou yo te fè pèp Bondye a pase anpil mizè. Malgre sa, Samyèl te asire pèp la bagay yo t ap chanje si sèlman yo ta tounen vin jwenn Jewova. Èske yo te dispoze fè sa? Samyèl te kontan wè pèp la jete zidòl yo e yon lòt fwa ankò yo te “sèvi Jewova sèlman”. Samyèl te rasanble pèp la nan Mispa, yon vil ki te nan yon zòn ki gen anpil mòn nan nò Jerizalèm. Pèp la te rasanble la, yo te fè jèn, epi yo te repanti pou tout fòm idolatri yo te fè yo. — Li 1 Samyèl 7:4-6.

Lè pèp Jewova a ki te repanti te rasanble, moun Filisti yo te panse se te yon okazyon pou yo toupizi yo.

9. Ki okazyon moun Filisti yo te panse yo jwenn, e ki jan pèp Bondye a te reyaji devan danje sa a?

9 Lè moun Filisti yo te vin aprann pèp la te rasanble, yo te panse yo jwenn yon bèl okazyon pou yo toupizi adoratè Jewova yo. Konsa, yo voye lame yo a Mispa pou touye Izrayelit yo. Izrayelit yo vin pran nouvèl la. Pèp la te vin pè anpil e yo mande Samyèl pou l priye pou yo. Samyèl te fè sa e l te fè yon sakrifis pou Jewova. Pandan yo t ap ofri sakrifis bay Bondye, lame moun Filisti yo vin parèt Mispa. Nan moman sa a, Jewova te reponn priyè Samyèl la. Anfèt, pou Jewova montre kòlè l, li fè yo tande yon sèl gwo bri. Li “fè loray gwonde byen fò sou moun Filisti yo”. — 1 Sam. 7:7-10.

10, 11. a) Poukisa dwe te gen yon bagay estrawòdinè nan kout loray Jewova te fè gwonde sou lame moun Filisti yo? b) Ki rezilta batay ki te kòmanse Mispa a te bay?

10 Bon, èske n ta dwe met nan tèt nou, lè moun Filisti yo te tande kout loray la, yo te kouri tankou lè yon timoun piti ap kouri al jwenn manman l lè l pè? Non, mesye sa yo se te sòlda ki te gen anpil eksperyans nan zafè lagè. Kout loray sa a te dwe yon bri yo potko janm tande anvan sa. Èske se sèlman gwo bri ‘kout loray’ la te fè a ki te fè yo pè? Èske bri a te fèt bridsoukou oubyen èske se te nan direksyon mòn yo gwo bri sa a t ap soti? Antouka, sa moun Filisti yo te tande a te fè yo pè anpil. Nan yon bat je, yo te pran kouri pou yo pa atake yo olye se yo ki ta vanse pou atake Izrayelit yo. Lè sa a, Izrayelit yo pran kouri dèyè yo. Yo te fè plizyè kilomèt ap kouri dèyè yo, soti Mispa pou rive jis nan sidwès Jerizalèm, e Izrayelit yo te bat moun Filisti yo. — 1 Sam. 7:11.

11 Batay sa a te pote gwo chanjman pou pèp Bondye a. Pandan rès tan Samyèl te pase antanke jij, moun Filisti yo te kontinye ap kite vil yo te pran yo. Konsa, pèp Bondye a te vin gen kontwòl vil yo ankò youn apre lòt. — 1 Sam. 7:13, 14.

12. Ki sa sa vle di lefètke yo di Samyèl te “soutni sa ki jis”, e ki kalite li te demontre ki te ede l toujou byen fè travay li?

12 Plizyè syèk annapre, apot Pòl te mete Samyèl pami jij ak pwofèt fidèl ki te “soutni sa ki jis”. (Ebre 11:32, 33.) Samyèl te vrèman fè sa ki bon ak sa ki jis nan je Jewova e l te ankouraje lòt moun pou yo fè menm jan an. Li te toujou byen fè travay li paske, avèk pasyans, li te konn tann sa Jewova t apral fè e toutpandan l t ap tann, li te kontinye fè travay Jewova te ba l fè a malgre li te jwenn desepsyon. Anplis de sa, li te rekonesan anvè Jewova. Apre viktwa Izrayelit yo te jwenn nan Mispa, Samyèl te fè yo fè yon moniman pou moun ka sonje fason Jewova te ede pèp Li a. — 1 Sam. 7:12.

13. a) Ki kalite nou bezwen genyen si n vle imite egzanp Samyèl? b) Ki lè w panse ki pi bon pou w devlope menm kalite ak Samyèl?

13 Èske w vle “soutni sa ki jis”? Si repons lan se wi, l ap bon pou w aprann nan egzanp Samyèl kite nan fason l te demontre pasyans, imilite ak rekonesans. (Li 1 Pyè 5:6.) Kiyès nan nou ki pa bezwen gen kalite sa yo? Samyèl te byen fèt aprann demontre kalite sa yo pandan l jèn, paske pi devan nan lavi l li te jwenn gwo desepsyon.

“Pitit gason w yo pa suiv egzanp ou”

14, 15. a) Ki gwo desepsyon Samyèl te pran lè l te “fin granmoun”? b) Èske Samyèl te yon move papa menm jan ak Eli? Esplike.

14 Lè yo vin pale de Samyèl ankò, li te gentan “fin granmoun”. Samyèl te gen de pitit gason, Jowèl ak Abija, li te fè yo konfyans e l te ba yo responsablite pou yo ede l fè travay li antanke jij. Men malerezman, yo te fè l wont. Malgre Samyèl te yon moun ki onèt e ki jis, pitit gason l yo te sèvi ak pozisyon yo te genyen an nan pwòp enterè yo. Yo te nan patipri e yo te konn ap pran lajan anba anba. — 1 Sam. 8:1-3.

15 Rive yon lè, ansyen yo ann Izrayèl te vin pot Samyèl plent pou pitit li yo, yo di l: “Pitit gason w yo pa suiv egzanp ou.” ​(1 Sam. 8:4, 5). Èske Samyèl te konn sa k t ap pase a? Bib la pa di anyen sou sa. Kontrèman ak gran prèt Eli, Samyèl pa t yon move papa. Jewova te repwoche Eli e Jewova te pini Eli paske l pa t korije pitit gason li yo ki te mechan jan l te dwe fè sa. Anplis de sa, Jewova te pini l paske l te bay pitit li yo plis onè pase l (1 Sam. 2:27-29). Jewova pa t janm gen pwoblèm sa a ak Samyèl.

Kòman Samyèl te fè fas ak desepsyon li te jwenn lè pitit gason l yo te vin ap aji mal?

16. Ki santiman paran ki gen timoun rebèl konn genyen, e kòman egzanp Samyèl ka bay yo fòs epi ede yo konnen kòman pou yo reyaji?

16 Bib la pa di anyen sou gwo wont ak desepsyon Samyèl te pran oswa sou enkyetid li te vin genyen lè l te vin aprann sa pitit gason l yo ki mechan t ap fè. Sepandan, gen anpil paran ki ka byen konprann jan Samyèl te santi l. Jodi a, n ap viv nan yon epòk ki bay anpil tètchaje kote se toupatou nou jwenn timoun ki rebele kont paran yo e ki pa koute disiplin. (Li 2 Timote 3:1-5.) Paran k ap fè fas ak kalite pwoblèm sa yo ka pran fòs nan egzanp Samyèl la e yo ka tire leson nan egzanp sa a. Malgre pitit gason l yo pa t fidèl, Samyèl pa t janm lage Jewova menm pou yon ti moman. Sonje sa, menmsi pawòl ak disiplin pa rive touche kè yon pitit ki gen kè di, bon egzanp paran l bay ka rive touche kè pitit sa a. Anplis de sa, paran yo toujou gen posiblite pou yo fè kè Jewova, Papa yo a, kontan menm jan ak Samyèl.

“Chwazi yon wa pou dirije nou”

17. Ki sa ansyen ann Izrayèl yo te mande Samyèl, e ki jan Samyèl te reyaji?

17 Pitit gason Samyèl yo pa t ka imajine tout pwoblèm gwo tanta ak tandans egoyis yo te genyen an t ap lakòz. Men sa ansyen ann Izrayèl yo te di Samyèl: “Ebyen, chwazi yon wa pou dirije nou e pou vin jij nou, menm jan ak tout lòt nasyon yo.” Èske Samyèl te panse se li yo te rejte lè yo te di l sa? Dayè, pandan plizyè dizèn ane se li ki te reprezante Jewova lè l t ap aji antanke jij pou pèp la. Kounye a, pèp la pa t dakò pou se yon senp jij tankou Samyèl ki pou dirije yo ankò. Yo te vle pou se yon wa ki dirije yo. Nasyon ozalantou yo te gen wa alatèt yo e Izrayelit yo te vle yon wa tou. Kòman Samyèl te reyaji? Men sa nou li: “Sa pa t fè Samyèl plezi.” — 1 Sam. 8:5, 6.

18. Kòman pawòl Jewova te di yo te rekonfòte Samyèl e anmenmtan yo te montre se yon peche grav Izrayelit yo te fè?

18 Remake sa Jewova te di Samyèl lè Samyèl te pote koze a devan Jewova nan lapriyè. Men sa Jewova te di l: “Fè tout sa pèp la di w. Paske se pa ou menm yo pa vle, men se mwen menm yo pa vle kòm wa yo.” Pawòl sa yo dwe te rekonfòte Samyèl pou l konnen se pa li menm pèp la te rejte. Men, se yon gwo dega pèp la te manke Bondye Toupisan an! Jewova te mande pwofèt li a pou l avèti Izrayelit yo pou yo konnen sa sa t apral koute yo lè yo mete yon moun kòm wa pou dirije yo. Menm lè Samyèl te fin fè yo konnen sa sa t apral koute yo, yo t ap plede di: “Non, se yon wa nou vle pou dirije nou.” Etandone Samyèl te toujou obeyi Bondye li a, l al vide luil sou tèt moun Jewova te chwazi pou wa a. — 1 Sam. 8:7-19.

19, 20. a) Kòman Samyèl te obeyi Jewova ki te mande l pou l t al vide luil sou tèt Sayil pou l te ka vin wa ann Izrayèl? b) Kòman Samyèl te kontinye ede pèp Jewova a?

19 Men, ki jan Samyèl te montre l obeyisan? Èske l te aji tankou yon moun ki gen rankin nan kè l? Èske l te kite desepsyon sa a ap manje l pa anndan? Anpil moun te ka reyaji konsa nan sitiyasyon sa a, men se pa konsa Samyèl te reyaji. Li t al vide luil sou tèt Sayil e l te rekonèt se Jewova ki te chwazi moun sa a. Li te bo Sayil. Aksyon sa a se te yon aksyon yon moun fè pou l montre li aksepte nouvo wa a e li soumèt anba otorite l. Men sa l te di pèp la: “Èske nou wè jan moun Jewova chwazi a pa gen yon moun tankou l pami tout pèp la?” — 1 Sam. 10:1, 24.

20 Samyèl pa t gad defo moun Jewova chwazi a gen lakay li, men li te pito gade kalite l yo. Samyèl te rete konsantre sou bèl relasyon l genyen ak Bondye olye l te bay tèt li pwoblèm pou l gen apwobasyon yon pèp ki te toujou ap chanje lide (1 Sam. 12:1-4). Li te fè travay Bondye te ba l fè a fidèlman. Li te avèti pèp la sou sa ki ta ka febli relasyon yo ak Bondye e l te ankouraje yo pou yo ret fidèl ak Jewova. Konsèy Samyèl te bay pèp la te rive touche kè yo e yo te sipliye l pou l priye pou yo. Men bèl repons li te ba yo: “Sa pa t ap janm vin nan lide m pou m ta sispann priye pou nou, sa ki t ap fè m peche kont Jewova. Epi, m ap kontinye montre nou bon chemen an, chemen ki dwat la.” — 1 Sam. 12:21-24.

Egzanp Samyèl la se yon bèl egzanp pou fè n sonje nou pa dwe janm kite jalouzi ak rankin pran rasin nan kè nou.

21. Kòman egzanp Samyèl la ka ede n si n ta pran yon desepsyon lè n wè yon lòt moun jwenn yon pòs oubyen yon privilèj nou te vle genyen?

21 Èske yon lè ou te santi w pran yon desepsyon lè yo te chwazi yon moun pou yo ba l yon pòs oubyen yon privilèj ou te vle genyen? Si repons lan se wi, egzanp Samyèl la se yon bèl egzanp pou fè n sonje nou pa dwe janm kite jalouzi oubyen rankin pran rasin nan kè nou. (Li Pwovèb 14:30.) Bondye gen anpil travay ki bay kè kontan pou chak sèvitè fidèl li yo.

“Jis ki lè w ap sispann nan lapenn pou Sayil?”

22. Poukisa Samyèl te gen rezon wè bèl kalite Sayil te gen lakay li okòmansman?

22 Samyèl te gen rezon wè bèl kalite lakay Sayil. Sayil te yon moun estrawòdinè. Li te wo e l te bèl gason, li te gen kouraj e l te konn ki jan pou l jere yon sitiyasyon. Aktout sa, okòmansman li te yon moun ki modès e ki pa t ap chèche fè moun wè l (1 Sam. 10:22, 23, 27). Anplis de sa, li te gen yon bèl kado: li te lib pou l chwazi nan ki direksyon li te vle mennen lavi l. Li te ka pran pwòp desizyon pa l (Det. 30:19). Èske l te byen sèvi ak kado sa a?

23. Ki bèl kalite Sayil te pèdi an premye, e kòman l te montre li te vin pi awogan toujou?

23 Malerezman, lè yon moun vin gen pouvwa, premye kalite li konn pèdi lakay li se modesti. Nan yon ti tan, Sayil te kòmanse vin awogan. Li te deside dezobeyi lòd Jewova te bay Samyèl ba li yo. Yon lè, Sayil pa t ka tann Samyèl ki te gen pou l ofri yon sakrifis, e l te pran desizyon pou l ofri sakrifis la. Samyèl te oblije reprimande Sayil e l te fè l konnen wa yo pa t ap kontinye soti nan fanmi Sayil. Olye Sayil te aksepte disiplin sa a, li te pito dezobeyi Jewova pi rèd lè l te fè lòt aksyon ki pi mal toujou. — 1 Sam. 13:8, 9, 13, 14.

24. a) Kòman Sayil te dezobeyi lòd Jewova te bay lè yo t al fè lagè ak moun Amalèk yo? b) Kòman Sayil te reyaji devan reprimann li te jwenn nan, e ki desizyon Jewova te pran?

24 Jewova te mande Samyèl pou l di Sayil pou l al fè lagè ak moun Amalèk yo. Youn nan enstriksyon Jewova te bay Sayil se te pou l touye Agag, wa moun Amalèk yo, yon wa ki te mechan. Men, Sayil pa t touye Agag e l pa t detwi pi bon bagay Izrayelit yo te pran yo. Lè Samyèl reprimande Sayil, Sayil te montre jan l te vin chanje. Olye l te aksepte disiplin nan, li bay eskiz, li jistifye aksyon l yo e l te eseye lage chay la sou do pèp la. Sayil te eseye rejte disiplin nan lè l te fè konprann kèk nan bagay li te pran yo se te pou l ofri yo kòm sakrifis pou Jewova. Samyèl te di l pawòl sa yo anpil moun konnen: “Gade! Obeyi gen plis valè pase fè sakrifis.” Avèk kouraj, Samyèl te reprimande Sayil epi l te fè l konnen desizyon Jewova. Jewova t ap retire Sayil antanke wa e l t ap met yon lòt moun nan plas li, yon moun ki pi bon pase l *. — 1 Sam. 15:1-33.

25, 26. a) Poukisa Samyèl te nan lapenn pou Sayil, e ki jan Jewova te korije pwofèt li a avèk jantiyès? b) Ki leson Samyèl te aprann lè l t al lakay Jese?

25 Sa te fè Samyèl mal anpil lè l te wè Sayil pa t rete fidèl. Sa te fè l pase yon nuit ap kriye nan pye Jewova. Li te menm pran gwo lapenn pou Sayil. Samyèl te wè anpil bon bagay Sayil te ka fè, bèl kalite li te gen lakay li. Men kounye a, li te vin pran yon gwo desepsyon. Sayil pa t menm moun Samyèl te konnen an. Sayil te pèdi bèl kalite l yo e l te vire do bay Jewova. Samyèl pa t janm vle al kot Sayil ankò. Apre yon ti tan, Jewova te fè Samyèl repwòch sa a: “Jis ki lè w ap sispann nan lapenn pou Sayil, piske m rejte l pou l pa wa pèp Izrayèl la ankò? Plen kòn ou an ak luil, epi ale. M ap voye w kay Jese, moun Betleyèm nan, paske mwen chwazi youn nan pitit gason l yo kòm wa.” — 1 Sam. 15:34, 35; 16:1.

26 Lèzòm enpafè, ki pa toujou rete fidèl, pa ka chanje objektif Jewova genyen. Si yon moun vin enfidèl, Jewova ap jwenn yon lòt moun pou fè sa Li vle fè a. Konsa, Samyèl, ki te granmoun anpil, te sispann pran lapenn pou Sayil. Anba direksyon Jewova, Samyèl al lakay Jese nan Betleyèm kote l te rankontre ak plizyè pitit gason Jese ki te anfòm e ki te byen kanpe. Men, depi lè Samyèl te wè premye pitit gason Jese a, Jewova te fè l sonje li dwe gade pi lwen pase bèl aparans. (Li 1 Samyèl 16:7.) Finalman, Samyèl te wè dènye pitit gason Jese a, David, e se li Jewova te chwazi.

Samyèl te aprann pa gen yon pwoblèm ki twò difisil pou Jewova rezoud, e l ka menm fè l vin yon benediksyon.

27. a) Ki sa k te ede Samyèl vin gen yon lafwa ki pi solid? b) Ki sa w panse de egzanp Samyèl kite a?

27 Pandan dènye ane yo nan lavi Samyèl, li te vin pi byen konprann se te yon bon desizyon Jewova te pran lè l te chwazi David pou ranplase Sayil. Sayil te vin jalou David, li te menm eseye touye l. Sayil te vin yon aposta. Sepandan, David te montre l gen bèl kalite tankou kouraj, entegrite, lafwa ak fidelite. Tank lanmò Samyèl t ap pwoche, lafwa l te gen nan Jewova te vin pi solid. Li te vin konprann pa gen yon pwoblèm ki twò difisil pou Jewova rezoud, e l ka menm fè l vin yon benediksyon. Finalman, Samyèl mouri. Li kite yon bèl egzanp antanke moun ki te mennen yon vi estrawòdinè ki te dire prèske santan. Li pa difisil pou n konprann rezon ki fè tout moun ann Izrayèl te nan lapenn lè Samyèl, yon moun ki te fidèl, te mouri. Jis jounen jodi a, li ta bon pou sèvitè Jewova yo mande tèt yo: ‘Èske m ap imite bèl egzanp lafwa Samyèl kite pou mwen?’

^ § 24 Se Samyèl menm ki te touye Agag. Wa mechan sa a ansanm ak fanmi l pa t merite pou yo fè yo gras. Plizyè syèk annapre, se youn nan pitit pitit Agag, anpalan de “Aman, desandan Agag la”, ki te eseye detwi pèp Bondye a. — Estè 8:3; gade chapit 15 ak 16 nan liv sa a.