Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT VEN

“Mwen kwè”

“Mwen kwè”

1. Esplike chagren Mat te genyen an e di ki rezon ki fè l te chagren.

MAT pa t ka bliye kavo frè l la, yon gwòt yo te bouche ak yon gwo wòch. Chagren ki te nan kè l la te lou tankou gwo wòch sa a. Li pa t ka kwè Laza, frè l li renmen anpil la, te mouri. Kat jou ki te pase depi Laza te rann dènye souf li a te parèt byen long e yo te chaje ak chagren toutpandan anpil moun t ap vin wè l pou konsole l.

2, 3. a) Lè Mat te wè Jezi, kòman l te reyaji? b) Ki sa pawòl Mat te di yo aprann nou sou li?

2 Kounye a, Jezi, moun Laza te plis apresye a, te kanpe devan Mat. Lè Mat wè Jezi, sandout sa te fè chagren l lan vin pi rèd toujou, paske Jezi se te sèl moun sou tout tè a ki te ka sove frè l la. Men kanmenm, Mat te santi l soulaje lefètke Jezi te la avè l pa deyò Betani, yon ti vil ki te gen mòn. Ti tan Mat pase bò kot Jezi a te fè l santi l soulaje e sa te ankouraje l lè l te wè jan Jezi te janti avè l, jan Jezi te mete l nan po l. Jezi te poze Mat kèk kesyon ki te ede Mat fikse lespri l sou lafwa l ansanm ak rezirèksyon an. Konvèsasyon sa a te pouse Mat di youn nan pawòl ki pi enpòtan ki te janm sot nan bouch li lè l te di: “Mwen kwè se ou ki Kris la, Pitit Bondye a, moun ki te gen pou l vin nan monn nan.” — Jan 11:27.

3 Jan pawòl sa yo montre sa, Mat te yon dam ki te gen yon lafwa solid. Ti detay toupiti Bib la ban nou sou li yo aprann nou bonjan leson ki ka fè lafwa nou vin pi solid. Pou n ka wè sa, ann fè yon ti pale sou premye istwa nan Bib la ki pale de Mat.

“W ap bay tèt ou pwoblèm, w ap trakase kò w”

4. Nan ki sans fanmi Mat te yon fanmi moun pa t abitye wè, e ki relasyon fanmi sa a te genyen ak Jezi?

4 Plizyè mwa anvan sa, Laza te an sante e l te anfòm. Moun lakay li nan Betani t ap prepare yo pou yo resevwa Jezi Kris, moun ki pi enpòtan ki te ka vizite yo. Laza, Mat ak Mari te yon fanmi moun pa t abitye wè, de sè ak yon frè ki t ap viv nan menm kay. Gen kèk moun k ap fè rechèch sou Bib la ki panse se Mat ki te pi gran, piske sanble se li ki te konn akeyi moun nan kay la e piske pafwa yo pale de li anvan lòt yo (Jan 11:5). Pa gen anyen ki montre youn ladan yo te marye. Antouka, yo te vin bon zanmi Jezi. Se lakay yo Jezi te rete lè l ap preche nan Jide, yon zòn li te konn jwenn anpil opozisyon. Sandout, li te apresye kay sa a kote l te konn jwenn bonjan èd ak lapè.

5, 6. a) Poukisa Mat te okipe konsa pandan vizit Jezi a? b) Lè Jezi te lakay Mari, ki jan Mari te pwofite okazyon sa a?

5 Mat te jwe yon gwo wòl nan pèmèt kay la vin yon kote moun santi yo alèz. Antanke yon moun ki te konn travay di, byen souvan, li te okipe nan anpil aktivite. Pandan vizit Jezi a, li te toujou okipe ap fè anpil travay. Byen vit, li te planifye pou l prepare yon repa espesyal ki gen plizyè kalite manje pou Jezi, e petèt pou lòt moun ki te avèk Jezi yo tou. Nan epòk sa a, resevwa moun te yon bagay ki vrèman enpòtan. Lè y ap resevwa yon envite, yo te konn bo l, retire sandal nan pye l, lave pye l, epi pase luil santi bon sou tèt li. (Li Lik 7:44-47.) Moun ki t ap resevwa a te dwe bay vizitè a yon kote pou l dòmi e l te dwe ba l manje.

6 Mat ak Mari te gen kont travay yo pou yo fè. Pafwa, yo pale de Mari kòm moun ki te pi sansib e ki te plis konn reflechi nan yo de a, e sandout li te kòmanse ede Mat nan preparasyon yo. Men apre Jezi te fin rive, bagay yo te chanje. Jezi te wè l gen yon okazyon pou l anseye moun ki te la yo e l te fè sa. Kontrèman ak chèf relijye nan epòk sa a, Jezi te gen respè pou medam yo e l te toujou pare pou l anseye yo verite sou Wayòm Bondye a, ki se tèm mesaj li t ap preche a. Mari te tèlman vle pwofite okazyon sa a, li t al chita nan pye Jezi pou l koute tout pawòl Jezi t ap di.

7, 8. Ki sa k fè strès te anvayi Mat, e ki jan l te resi montre sa?

7 Nou ka sèlman imajine jan strès te anvayi Mat. Piske l te gen anpil manje pou l prepare e l te gen anpil travay pou l fè nan kay la pou l resevwa envite yo, li te vin ap bay tèt li plis pwoblèm e li te vin pi okipe ak anpil travay. Pandan Mat te okipe nan travay li t ap fè yo e li t ap fè alevini, li wè Mari ki chita, ki pap fè anyen pou ede l. Èske Mat te vin fache? Èske l t ap plenn byen fò oubyen l te mare figi l? Nou pa t ap sezi si l te aji konsa. Anfèt, li pa t ap ka fè tout travay sa a poukont li vre!

8 Finalman, Mat pa t ka kenbe ankò. Li parèt sou Jezi epi li di l: “Seyè, sè m nan kite m poukont mwen ap travay, epi sa pa di w anyen? Di l pou l vin ede m.” ​(Lik 10:40). Pawòl sa yo te gen anpil fòs. Anfèt, gen yon pakèt lòt tradiksyon Labib ki tradui kesyon Mat te poze Jezi a konsa: “Seyè, sa pa ba w pwoblèm...?” Epi, li mande Jezi pou l korije Mari, pou l ba l lòd pou l retounen nan travay la.

9, 10. a) Ki jan Jezi te reponn Mat? b) Ki jan n fè konnen Jezi pa t meprize tout travay di Mat te fè yo?

9 Repons Jezi te bay Mat la te ka fè Mat sezi, menm jan anpil moun sezi lè yo li istwa sa a nan Bib la. Avèk jantiyès, Jezi te di l: “Mat, Mat, w ap bay tèt ou pwoblèm, w ap trakase kò w pou w fè anpil bagay, alòske de twa bagay sifi, pou m pa di yon sèl. Mari, bò kote pa l, chwazi bon pati a, e yo pap pran l nan men l.” ​(Lik 10:41, 42). Ki sa Jezi te vle di? Èske li te vle di Mat se yon moun ki materyalis? Èske l pa t bay tout travay Mat t ap fè pou l prepare manje a okenn valè?

Malgre Mat t ap ‘bay tèt li pwoblèm e li t ap trakase kò l pou l fè anpil bagay’, ak imilite, li te aksepte koreksyon.

10 Non. Jezi te wè byen klè Mat te konn fè sa paske l te gen lanmou ak bon mobil. Anplis de sa, Jezi pa t panse l mal pou yon moun fè anpil bagay pou akeyi lòt moun. Kèk tan anvan sa, li te dakò al nan yon “gwo resepsyon” Matye te fè pou li (Lik 5:29). Se pa t ak manje Mat t ap prepare a Jezi te gen pwoblèm, men pito se te ak sa Mat te bay plis enpòtans lan. Mat te tèlman fikse lespri l sou prepare yon gwo repa, li te vin pa wè sa k te pi enpòtan an. Ki sa l te ye?

Jezi te apresye Mat paske l te konn akeyi moun e l te wè byen klè Mat te konn fè sa paske l te gen lanmou ak bon mobil.

11, 12. Ki jan Jezi te korije Mat avèk jantiyès?

11 Jezi, sèl Pitit gason Jewova te fè a, t al lakay Mat pou l anseye laverite sou Bondye. Pa t gen anyen ki te pi enpòtan pase sa, pa menm bon manje Mat t ap prepare a. Sandout, sa dwe te fè Jezi mal dèske Mat t ap rate bèl okazyon sa a pou l te fè lafwa l vin pi solid, men, Jezi te kite l fè pwòp chwa l *. Sepandan, se yon lòt koze sa te ye pou Mat mande Jezi fè presyon sou Mari pou fè l rate okazyon sa a tou.

12 Se sa k fè, avèk jantiyès, Jezi te korije Mat. Li te site non l plizyè fwa ak yon vwa ki kalm pou l kalme l, epi l fè l konnen li pa t bezwen ‘bay tèt li pwoblèm, pou l trakase kò l pou l fè anpil bagay’. Jezi te fè Mat konnen, youn oubyen de kalite manje t ap sifi, sitou yo te gen yon festen espirityèl ki t ap tann yo. Se sa k fè, Jezi pa t apral retire “bon pati” Mari te chwazi a nan men l, sa vle di pou l ta anpeche l koute sa l t ap di yo.

13. Ki leson n ka aprann nan fason Jezi te korije Mat?

13 Ti istwa sa a gen anpil bèl leson ladan l pou moun k ap suiv Kris jodi a. Nou pa dwe janm kite anyen fè n bliye nou “bezwen Bondye”. (Mat. 5:3.) Toutpandan nou vle montre nou konn travay di e n donan menm jan ak Mat, nou pa dwe janm vle vin ap ‘bay tèt nou pwoblèm, pou nou tèlman ap trakase kò nou’ pou bagay ki pa twò enpòtan yo pou n ta rate sa k pi enpòtan yo. Premye rezon ki fè n pase tan ak kwayan parèy nou yo se pa pou n sèvi yo oswa pou yo sèvi nou gwo manje, men, se pou youn ankouraje lòt e pou n pale sou benediksyon Bondye ban nou. (Li Women 1:11, 12.) Menm manje ki pi senp lan ka pèmèt moman ankourajman sa yo posib.

Frè yo te renmen anpil la te mouri e Jezi te resisite l

14. Sa k fè n ka sèten Mat kite yon bon egzanp antanke yon moun ki te aksepte yo korije l?

14 Èske Mat te aksepte koreksyon Jezi te ba li a epi l pran leson nan sa? Nou konnen li te fè sa. Nan kòmansman istwa ki vrèman enteresan apot Jan te rakonte sou frè Mat la, li te di: “Jezi te renmen Mat ansanm ak sè l la ak Laza.” ​(Jan 11:5). Plizyè mwa te gentan pase depi Jezi t al Betani, jan paragraf ki pi wo yo fè konn sa. Sa klè, Mat pa t pran plezi nan plenyen sò l e l pa t kenbe Jezi nan kè paske Jezi te ba l yon konsèy ki plen lanmou. Li te aksepte repwòch Jezi te fè l la. Nan ka sa a tou, Mat kite yon bèl egzanp pou nou antanke yon moun ki te gen lafwa. Vrèmanvre, kiyès ki pa bezwen yon moun korije l detanzantan?

15, 16. a) Ki fason Mat dwe te ede frè l la lè frè a te tonbe malad? b) Poukisa Mat ak Mari te vin pèdi espwa?

15 Lè frè Mat la te vin malad, sandout, Mat te fè tout sa l kapab pou l pran swen l. Li te fè efò pou l soulaje frè l la anba maladi a e l te ba l èd li bezwen pou l ka refè. Malgre sa, Laza te vin pi mal. Sè l yo te toujou la pou pran swen l jou apre jou. Nou pa ka imajine konbyen fwa Mat dwe te gade figi frè l la ki tou fennen, toutpandan l t ap sonje bon moman ak move moman yo te konn pase ansanm.

16 Lè Mat ak Mari wè Laza prèt pou l mouri, yo voye nouvèl la bay Jezi. Nan zòn Jezi t ap preche a, li te dwe fè de jou ap vwayaje pou l al kay Laza. Nouvèl medam yo te voye a te senp: “Seyè, moun ou gen afeksyon pou li a malad.” ​(Jan 11:1, 3). Yo te konnen Jezi te renmen frè yo a e yo te gen lafwa Jezi t ap fè tout sa l kapab pou l ede zanmi l lan. Èske yo te gen espwa Jezi t ap gentan rive anvan l twò ta? Si se te sa, sa pa t pran anpil tan pou yo te pèdi espwa. Laza te vin mouri.

17. Ki sa k te toumante Mat, e kòman l te reyaji lè l te aprann Jezi prèske rive nan vil la?

17 Mat ak Mari te nan gwo lapenn akoz frè yo a ki te mouri, yo te prepare tout sa ki gen rapò ak antèman an e yo te resevwa anpil moun ki te sot Betani ak nan zòn ki toupre yo pou vin wè yo. Men jiska prezan, yo pa t gen okenn nouvèl Jezi. Sandout, sa te toumante Mat lè l wè tan ap pase. Finalman, kat jou apre Laza fin mouri, Mat aprann Jezi prèske rive nan vil la. Piske Mat te toujou chofe pou l aji e malgre l te nan lapenn, li te kouri al rankontre Jezi san l pa di Mari sa. — Li Jan 11:18-20.

18, 19. Ki espwa Mat te genyen, e poukisa lafwa l te genyen an te vrèman estrawòdinè?

18 Lè Mat wè Mèt li a, li te di l tout sa k t ap trakase li menm ak Mari pandan kèk jou. Li di Jezi: “Seyè, si w te la, frè m nan pa t ap mouri non.” Men, Mat pa t pèdi espwa e l te toujou gen lafwa. Men sa l te ajoute: “Epoutan, menm nan moman nou ye la a, mwen konnen nenpòt sa w mande Bondye, l ap ba ou l.” Menm kote a, Jezi di l pawòl sa yo ki te fè l vin gen plis lafwa: “Frè w la ap leve.” — Jan 11:21-23.

19 Piske Mat te panse Jezi t ap pale de rezirèksyon ki gen pou fèt la, li reponn: “Mwen konnen l ap leve nan rezirèksyon k ap fèt nan dènye jou a.” ​(Jan 11:24). Lafwa Mat te genyen nan verite sa a te vrèman estrawòdinè. Gen kèk chèf relijye juif yo te rele Sadiseyen ki te fè konnen pa gen rezirèksyon vre, byenke Pawòl Bondye te fè ekri yo montre sa byen klè (Dàn. 12:13; Mak 12:18). Sepandan, Mat te konnen Jezi te konn anseye sou esperans rezirèksyon an e l te menm resisite plizyè moun deja, byenke okenn nan moun sa yo pa t gentan fè tout kantite jou sa yo mouri menm jan ak Laza. Mat pa t konnen sa k t apral rive pi devan.

20. Esplike sans pawòl Jezi te di nan Jan 11:25-27 la ak repons Mat te bay la.

20 Apre sa, Jezi te di pawòl sa a moun pa janm bliye: “Mwen se rezirèksyon an e mwen se lavi a.” Jewova te bay Pitit li a pouvwa pou l resisite moun sou tout tè a alavni. Men sa Jezi te mande Mat: “Èske w kwè sa?” Apre sa, Mat te bay repons nou jwenn nan kòmansman an. Li te gen lafwa Jezi se Kris la oswa Mesi a, se li ki Pitit Jewova a e se li pwofèt yo te anonse ki te gen pou vin nan monn nan. — Jan 5:28, 29; li Jan 11:25-27.

21, 22. a) Ki jan Jezi te montre santiman l genyen pou moun ki nan lapenn yo? b) Pale de rezirèksyon Laza a.

21 Èske Jewova ak Jezi Kris, Pitit li a, bay moun ki gen lafwa tankou Mat yo anpil valè? Sa Mat te wè ki te rive annapre yo te ba l yon repons klè. Li te kouri al rele sè l la. Apre sa, li te wè jan Jezi te tris anpil pandan l t ap pale ak Mari ansanm ak anpil lòt moun ki te nan lapenn. Li te wè dlo koule nan je Jezi, sa ki te montre gwo lapenn Jezi te genyen akoz lanmò sa a. Li te tande Jezi ki bay lòd pou yo woule wòch ki te devan tonm frè l la. — Jan 11:28-39.

22 Etandone Mat te yon moun ki reyalis, li te fè konnen kò a dwe deja santi paske sa gentan fè kat jou depi Laza mouri. Jezi te fè Mat sonje: “Èske mwen pa t di w si w kwè w ap wè glwa Bondye?” Mat te kwè e l te wè glwa Jewova. Lamenm, Jewova te bay Pitit li a pouvwa pou l resisite Laza! Eseye konprann jis nan ki pwen moman sa a te ret grave nan lespri Mat pou jis li mouri. Li te tande Jezi ki di: “Laza, soti deyò!” Li te tande ti bri ki t ap fèt yo toutpandan Laza t ap leve sot nan gwòt kote tonm lan te ye a epi l t ap avanse ti pa ti pa pou l sot deyò ak tout twal ki te bande l yo. Li te tande Jezi ki bay lòd pou yo “devlope l, epi kite l ale”. Imajine jan Mat ak Mari te kontan toutpandan yo t ap kouri al nan bra frè yo a. (Li Jan 11:40-44.) Chagren ki te tankou yon pwa lou nan kè Mat la te disparèt!

Bondye te rekonpanse Mat pou lafwa l te gen nan Jezi lè Mat ak Mari te wè frè yo a resisite.

23. Ki sa Jewova ak Jezi vle fè pou ou, e ki sa w bezwen fè?

23 Istwa sa a montre rezirèksyon mò se pa yon senp rèv, men, se yon verite Labib anseye ki touche kè nou e se yon bagay ki te fèt vre (Jòb 14:14,15). Jewova ak Pitit li a renmen rekonpanse moun ki gen lafwa menm jan yo te fè sa pou Mat, Mari ak Laza. Se menm bagay la y ap fè pou ou tou si w fè efò pou lafwa w vin solid.

“Mat t ap sèvi moun yo”

24. Ki dènye pawòl Bib la di sou Mat?

24 Labib pale de Mat yon sèl fwa ankò. Se te nan kòmansman dènye semèn Jezi te pase sou tè a anvan l mouri. Etandone Jezi te konnen tout soufrans ki t ap tann li, yon lòt fwa ankò, li te chwazi al lakay zanmi l yo nan Betani. Li t ap gen pou l mache twa kilomèt lè l kite lakay yo a pou l al Jerizalèm. Jezi ak Laza t al manje lakay Simon ki te gen lèp la, e se lè sa a Bib la te pale de Mat pou dènye fwa lè l di: “Mat t ap sèvi moun yo.” — Jan 12:2.

25. Poukisa se yon benediksyon sa ye lefètke gen fi tankou Mat nan kongregasyon yo?

25 Se pa ti travay di dam sa a te konn travay di. Premye fwa Bib la pale de Mat se pandan l t ap travay e dènye fwa l pale de li, li te toujou ap travay pou l ede lòt moun. Jodi a, disip Kris yo santi yo beni dèske gen fi tankou Mat nan kongregasyon yo, fi ki gen kouraj, ki donan e ki toujou demontre lafwa yo nan Bondye grasa travay di yo fè pou ede lòt moun. Èske Mat te kontinye aji konsa? Sanble sa. Si se wi, li te montre l saj paske sa t apral ede l fè fas ak difikilte li t apral jwenn pi devan yo.

26. Ki sa lafwa Mat te genyen an te ede l fè?

26 Kèk jou apre, Mat te gen pou l fè fas ak lanmò Jezi, Mèt li te renmen an. Anplis de sa, menm asasen ki te touye Jezi yo te detèmine pou yo touye Laza tou, paske rezirèksyon Laza a te fòtifye lafwa anpil moun. (Li Jan 12:9-11.) Natirèlman, pi devan, lanmò te vin separe Mat ak frè l la e ak sè l la. Nou pa konn ni ki jan ni ki lè sa te rive, men, yon bagay nou kapab sèten sèke lafwa solid Mat te genyen an te ede l andire jiska lafen. Se rezon sa a ki fè l ap bon pou kretyen yo jodi a imite lafwa Mat.

^ § 11 Dapre koutim Juif yo nan premye syèk la, an jeneral, yo pa t konn kite fi patisipe nan diskisyon moun ki fè gwo etid yo te konn ap fè. Fi yo te plis jwenn fòmasyon pou fè travay nan kay. Donk, Mat te ka panse l pa nòmal pou yon fi chita ap aprann nan pye yon anseyan.