Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT VENTEYEN

Li te konbat dout ak laperèz

Li te konbat dout ak laperèz

1-3. Ki sa Pyè te viv yon jou ki gen anpil evènman ki te rive e ki jan nuit la te ye pou li?

PYÈ t ap fè gwo efò pou l rame bato a e l te lannuit. Èske ti limyè l wè nan direksyon lès la se yon siy ki fè l konprann li prèske jou? Plizyè èdtan te pase depi l ap rame, sa ki te fè do l ak zepòl li ap fè l mal anpil. Gwo van ki t ap gaye cheve l la te fè lanmè Galile a vin move. Vag lanmè t ap frape bato a san rete e dlo frèt ki t ap vole yo te mouye l an tranp. Men kanmenm, li kontinye rame avèk fòs.

2 Pyè ak lòt disip yo te kite Jezi poukont li yon kote pa lòt bò lanmè a. Menm jou sa a, yo te wè Jezi ki te itilize kèk pen ak kèk pwason pou l te bay plizyè milye moun ki te grangou manje. Lè moun yo te wè sa, yo te vle fè Jezi wa, men, Jezi pa t vle mele nan politik. Li te fè tout sa l kapab pou l ede disip li yo wè bagay yo menm jan an. Apre yo fin kite foul la, li te mande disip li yo pou yo monte nan bato a e pou y al pa lòt bò lanmè a pandan li menm li t apral nan mòn nan poukont li pou l priye. — Mak 6:35-45; li Jan 6:14-17.

3 Jou sa a, lalin nan te prèske plen e l te byen wo nan syèl la lè disip yo te kòmanse rame bato a e kounye a, lalin nan t ap desann tou dousman nan direksyon lwès. Epoutan, se sèlman kèk kilomèt yo te fè. Kokennchenn van ki t ap vante a te fè l difisil pou yo rame, e vag ki t ap frape bato a te fè l difisil pou yo pale. Siman, Pyè t ap reflechi poukont li.

Pandan dezan, Pyè te aprann anpil bagay nan men Jezi, men l te gen anpil lòt bagay pou l aprann toujou.

4. Poukisa Pyè se yon bèl egzanp pou n imite?

4 Pyè te gen anpil bagay pou l reflechi sou yo. Plis pase dezan te gentan pase depi l te rankontre Jezi, moun Nazarèt la, pou premye fwa e l te wè anpil bagay pandan tan sa a. Li te aprann anpil bagay, men l te gen anpil bagay pou l aprann toujou. Lefètke l te dispoze fè sa, sa te ede l goumen ak feblès li te genyen tankou dout ak laperèz, sa ki fè l kite yon bèl egzanp pou nou imite. Ann wè sa k fè sa.

“Nou jwenn Mesi a”!

5, 6. Ki jan de vi Pyè t ap mennen?

5 Pyè pa t ap janm bliye jou li te rankontre Jezi a. Se Andre, frè l la, ki te premye pot gwo nouvèl sa a ba li lè l te di l: “Nou jwenn Mesi a.” Pawòl sa yo te pot yon gwo chanjman nan lavi Pyè. Lavi l pa t ap janm menm jan an ankò. — Jan 1:41.

6 Pyè t ap viv Kapènawòm, yon vil ki te sou kot nò lak dlo dous yo rele lanmè Galile a. Pyè ak Andre te asosye ak Jak ak Jan, de pitit gason Zebede yo, nan yon biznis lapèch. Pyè t ap viv ak madanm li, bèlmè l ansanm ak Andre, frè l la. Pou yon moun ki nan biznis lapèch la te ka rive pran swen yon fanmi konsa, li te dwe yon moun ki konn travay di, ki gen enèji e ki debouya. Nou ka imajine kantite nuit byen long mesye sa yo te konn pase ap peche: Yo te konn jete filè yo nan mitan de bato e yo te konn rale kèlkeswa sa yo te pran nan filè a. Anplis de sa, nou ka imajine tout jounen yo te konn fè ap travay di pou yo triye pwason, vann sa k bon yo, netwaye filè yo epi repare yo.

7. Ki sa Pyè te vin tande konsènan Jezi, e poukisa nouvèl sa a te enteresan?

7 Labib fè n konnen Andre te disip Jan ki te konn batize moun nan. Sandout, Pyè te konn pran tan pou l koute pandan Andre, frè l la, ap pale de mesaj Jan t ap preche a. Yon jou, Andre te wè Jan lonje men l sou Jezi, moun Nazarèt la, epi l di: “Men Ti Mouton Bondye a!” Menm kote a, Andre te vin yon disip Jezi e l te kouri bay Pyè nouvèl enteresan sa a: Nou jwenn Mesi a (Jan 1:35-40)! Apre rebelyon ki te fèt ann Edenn nan sa gen 4 000 an, Jewova te pwomèt li t ap voye yon moun espesyal ki t ap pèmèt lèzòm gen bonjan espwa (Jen. 3:15). Andre te rankontre moun sa a, Mesi a, ki t ap gen pou sove limanite. Pyè te kouri pou l al rankontre Jezi tou.

8. Ki sa non Jezi te bay Pyè a vle di, e poukisa gen kèk moun ki toujou panse non Jezi te ba li a pa t apwopriye?

8 Jis nan jou sa a, yo te konn rele Pyè: Simon oswa Simeyon. Men jou sa a, Jezi te gade Pyè epi l di l: “‘Ou se Simon, pitit Jan. Y ap rele w Sefas’ ​(ki vle di: “Pyè”).” ​(Jan 1:42). “Sefas” se yon non ki vle di “wòch” oswa “mas wòch”. Nòmalman, pawòl sa yo Jezi te di a se yon pwofesi. Jezi te gentan wè Pyè t ap vin tankou yon mas wòch, sètadi disip Kris yo t ap ka apiye sou Pyè, yo t ap ka konte sou li e yo t ap ka fè l konfyans. Èske Pyè te wè tèt li konsa? Sanble l te gen dout. Menm nan epòk nou an, gen kèk moun ki konn li istwa Evanjil yo ki pa panse Pyè te konn aji tankou yon mas wòch vre. Gen kèk nan yo ki fè konprann fason l te konn aji a montre l pa t yon moun ki stab e l te konn chanje fasilman.

9. Ki sa Jewova ak Pitit Gason l lan ap chèche lakay moun, e poukisa w panse nou dwe fè yo konfyans?

9 Pyè te gen kèk defo lakay li e Jezi te konn sa. Men, menm jan ak Papa l, Jezi te toujou ap chèche sa k bon lakay moun. Jezi te wè Pyè gen anpil bèl kalite e l te vle ede l pi byen demontre kalite sa yo. Jodi a, Jewova ak Pitit Gason l lan ap chèche sa ki bon lakay nou tou. Nou gendwa pa fin kwè y ap jwenn bèl kalite lakay nou. Men, nou ta dwe fè yo konfyans epi montre n dispoze kite yo fòme nou, menm jan Pyè te fè sa. — Li 1 Jan 3:19, 20.

“Ou pa bezwen pè ankò”

10. Ki sa petèt Pyè te wè, men, malgre sa, nan ki aktivite li te retounen?

10 Sandout, Pyè te akonpaye Jezi nan travay predikasyon li t ap fè a. Petèt, li te wè premye mirak Jezi te fè lè l te fè dlo tounen diven nan nòs Kana a. Sa k te pi enpòtan an sèke Pyè te tande mesaj estrawòdinè Jezi te bay konsènan Wayòm Bondye a, yon mesaj ki bay anpil espwa. Malgre sa, li pa t kontinye akonpaye Jezi e l te retounen nan biznis lapèch li a. Sepandan, kèk mwa annapre, Pyè te rankontre Jezi ankò e fwa sa a, Jezi te envite Pyè vin suiv li nètale.

11, 12. a) Ki kalite nuit Pyè te pase? b) Ki kesyon ki te ka vin nan tèt Pyè pandan li t ap koute Jezi?

11 Pyè te pase tout yon nuit ap fè lapèch san l pa pran anyen. Se pa ni de ni twa fwa li menm ak lòt pechè pwason yo te lage filè yo, men, chak fwa sa yo, filè yo te monte tou vid. Sandout Pyè te sèvi ak tout eksperyans ak tout kalite teknik li te genyen nan zafè lapèch la e l te tcheke plizyè kote nan lak la pou l te ka rive jwenn kote pwason yo t ap manje. Sandout, gen moman kote Pyè, menm jan ak anpil lòt pechè pwason, ta ka renmen konnen ki kote anba dlo a ki gen yon bann ak yon pakèt pwason oswa yo ta renmen jwenn yon jan pou yo fè pwason yo rantre nan filè yo. Natirèlman, panse konsa te ka fè Pyè pi dekouraje toujou. Pyè pa t ap fè lapèch pou plezi, li te gen moun sou kont li. Men, li pa t jwenn anyen, li te retounen de men vid. Anplis de sa, fòk li te lave filè yo. Donk, li te vrèman okipe lè Jezi te vin parèt la.

Pyè pa t janm bouke tande Jezi k ap pale sou tèm prensipal predikasyon l lan, ki se Wayòm Bondye a.

12 Gen yon foul moun ki te antoure Jezi, yo te vrèman anvi koute tout sa l t ap di yo. Akoz foul moun ki te toutotou l la, Jezi te monte bato Pyè a e l mande Pyè pou l fè bato a ale yon ti jan lwen tè a. Konsa, foul la t ap ka tande byen klè tout sa Jezi t ap anseye yo. Pyè t ap koute Jezi ak anpil atansyon menm jan ak moun yo. Li pa t janm bouke tande Jezi k ap pale sou tèm prensipal predikasyon l lan, ki se Wayòm Bondye a. Ala yon bèl privilèj sa te ye pou l ede Kris la gaye mesaj sa a ki te pot espwa nan tout peyi a! Men, èske Pyè te byen aji? Ki jan l t ap ka pran swen fanmi l? Petèt, Pyè te vin ap panse ankò ak nuit byen long li te sot pase san l pa t pran okenn pwason an. — Lik 5:1-3.

13, 14. Ki mirak Jezi te fè pou Pyè, e ki jan Pyè te reyaji?

13 Lè Jezi fin pale, li di Pyè: “Avanse kote dlo a fon, epi lage filè nou pou nou peche.” Pyè te gen anpil dout sou sa Jezi mande l fè a. Li di Jezi: “Anseyan, nou pase tout nuit lan ap travay di e nou pa pran anyen. Men, kòm se ou ki ban nou lòd, m ap lage filè yo.” Pyè te fèk fin lave filè yo. Se sèten, lage filè yo nan dlo a ankò se dènye bagay li ta vle fè, sitou moman sa a pa t yon moman yo peche pwason. Malgre sa, Pyè te obeyi, petèt, li te fè lòt mesye ki te avè l yo, ki te nan yon lòt bato, siy pou yo suiv li. — Lik 5:4, 5.

14 Lè Pyè te kòmanse rale filè yo monte, li pa t atann pou yo te lou konsa. Byenke l pa t vle kwè sa k ap pase a, li te met plis fòs toujou pou l ka rale yo monte e nan yon bat je, li te wè yon pakèt pwason k ap bat kò yo anndan filè yo. Li kouri fè mesye ki nan lòt bato a siy pou yo vin ede l. Lè yo rive kot Pyè a, byen vit yo vin rann yo kont yon sèl bato pap ka kenbe tout kantite pwason sa a. Yo te plen toule de bato yo, men, bato yo te tèlman plen, yo te kòmanse fè fon. Pyè te sezi anpil. Li te deja wè Kris k ap sèvi ak pisans li, men, se premye fwa li te benefisye l dirèkteman. Jezi te gen pouvwa pou l menm fè pwason antre anndan filè yo. Pyè te kòmanse vin pè. Li te met ajenou nan pye Jezi epi l di: “Seyè, pa rete pre m, paske mwen fè anpil peche.” Pyè te panse li pa t merite pou l mache ak yon moun Bondye te bay yon pouvwa estrawòdinè konsa. — Li Lik 5:6-9.

“Seyè [...] mwen fè anpil peche.”

15. Kòman Jezi te ede Pyè konprann li pa gen okenn rezon pou l gen dout ak laperèz?

15 Men sa Jezi di Pyè avèk jantiyès: “Ou pa bezwen pè ankò. Apati kounye a, se moun ou pral pran tou vivan.” ​(Lik 5:10, 11). Se pa t moman pou Pyè te gen dout ni pou l te gen laperèz. Dout li te genyen pou kèk bagay pratik tankou lapèch la te san fondman e laperèz li te gen pou fot ak mankman l yo te san fondman to. Jezi te gen yon gwo travay pou l fè, yon travay ki t apral chanje istwa limanite. Jezi t ap sèvi yon Dye ki konn “padone [moun] nèt”. (Eza. 55:7.) Jewova te ka pran swen Pyè ni nan domèn fizik ni nan domèn espirityèl. — Mat. 6:33.

16. Ki jan Pyè, Jak ak Jan te reyaji devan envitasyon Jezi te fè yo a, e sa k fè se pi bon desizyon yo te ka pran?

16 Pyè te reyaji byen vit menm jan ak Jak ak Jan. Bib la di: “Yo mennen bato yo atè, yo abandone tout bagay, e yo suiv li.” ​(Lik 5:11).Pyè te mete lafwa nan Jezi ak nan Moun ki te voye l la. Se te pi bon desizyon li te ka pran. Jodi a, kretyen ki rive venk dout ak laperèz pou yo fè sèvis Bondye a montre yo gen menm lafwa sa a tou. Jewova ap toujou pran swen moun ki gen yon konfyans konsa nan li. — Sòm 22:4, 5.

“Poukisa w kite dout anvayi w?”

17. Ki sa Pyè te sonje konsènan de ane ki te pase depi l te rankontre Jezi a?

17 Nan nuit Pyè t ap rame nan mitan gwo van ki te gen sou lanmè Galile a, jan nou te deja wè sa nan kòmansman chapit sa a, gen anviwon dezan ki te gentan pase depi Pyè te rankontre Jezi. Nòmalman, nou pa konn ak ki sa Pyè t ap panse nan nuit sa a. Li te tèlman gentan wè anpil mirak! Jezi te geri bèlmè Pyè. Li te bay Diskou sou mòn nan. Se pa ni de ni twa fwa l te montre l se Moun Jewova chwazi a, Mesi a, kit se nan ansèyman l yo kit se nan mirak li te fè yo. Pandan mwa yo t ap pase, Pyè te aprann metrize dout ak laperèz li te gen lakay li. Jezi te menm chwazi l pou l fè pati 12 apot yo! Malgre sa, jan nou pral wè sa, Pyè te toujou gen dout ak laperèz.

18, 19. a) Esplike sa Pyè te wè sou lanmè Galile a. b) Kòman Jezi te pèmèt Pyè fè sa Pyè te mande l la?

18 Yon ti tan anvan l jou, sa vle di ant twazè dimaten ak lè solèy la pral leve a, bridsoukou, Pyè sispann rame e l chita tou dwat. Li wè yon bagay k ap deplase sou vag lanmè a! Èske se dlo vag lanmè a k ap desann nan limyè lalin nan? Non, sa l te wè a ap vin tout dwat sou yo. Se yon moun! Wi, yon moun k ap mache sou lanmè a! Pandan moun nan vin pi pre bato a, se kòmsi moun nan t apral pase tou dwat l al fè wout li. Disip yo te tèlman pè, yo panse se yon aparisyon. Moun nan di yo: “Ranmase kouraj nou, se mwen menm. Nou pa bezwen pè.” Se te Jezi. — Mat. 14:25-28.

19 Pyè te reponn: “Seyè, si se ou, ban m lòd pou m vin jwenn ou sou dlo a.” Fason Pyè te reyaji a montre li te gen kouraj. Pyè te tèlman kontan wè mirak estrawòdinè sa a, li t ap chèche fè lafwa l vin pi solid toujou. Se sa k fè li te vle mache sou dlo a menm jan ak Jezi. Avèk jantiyès, Jezi di Pyè li mèt vini. Pyè sot nan bato a epi l met pye l sou dlo a. Imajine jan Pyè te sezi lè l te santi kote li te met pye l la di e l ka kanpe sou dlo a! Li dwe te rete bouch ouvè toutpandan l t ap mache sou dlo a pou l al jwenn Jezi. Men, annapre li te vin reyaji yon lòt fason. — Li Matye 14:29.

“Lè [Pyè] ap gade jan van an fò, li vin pè.”

20. a) Poukisa Pyè pa t kontinye gade Jezi, e ki sa sa te lakòz? b) Ki leson enpòtan Jezi te anseye Pyè?

20 Pyè te bezwen fikse lespri l sou Jezi. Se Jezi ki te pèmèt Pyè mache sou vag lanmè a grasa pisans Jewova te ba li a. Epitou, Jezi te pèmèt Pyè fè sa paske Pyè te gen lafwa nan li. Men, Pyè te vin distrè. Bib la di: “Lè [Pyè] ap gade jan van an fò, li vin pè.” Pyè te vin ap gade vag yo ki t ap frape arebò bato a e ki t ap voye dlo ak kim pasipala nan van an, e sa te fè l vin panike. Sandout, li te gentan imajine tèt li k ap fè fon nan dlo a jiskaske l neye. Lefètke l te kite laperèz anvayi l, li te kòmanse pèdi lafwa. Moun Jezi te rele Mas wòch akoz kapasite l te genyen pou moun apiye sou li a te kòmanse fè fon nan dlo a tankou yon mas wòch paske l te manke lafwa. Pyè te konn naje byen, men, nan moman sa a li pa t kwè nan kapasite l te genyen. Li di byen fò: “Seyè, sove m!” Jezi lonje men l, li kenbe l e l rale l monte. Apre sa, pandan Jezi kanpe sou dlo a, li poze Pyè kesyon sa a pou l te aprann li yon leson enpòtan: “Ou manke lafwa. Poukisa w kite dout anvayi w?” — Mat. 14:30, 31.

21. Poukisa dout se yon bagay ki danjere, e ki jan nou ka rive konbat li?

21 Jezi te gen rezon lè l te di Pyè: “[Ou] kite dout anvayi w.” Lè yon moun gen dout, sa ka gen gwo enfliyans sou li. Si n kite dout anvayi n, sa ka detwi lafwa n e sa ka lakòz nou fè fon nan domèn espirityèl. Nou bezwen goumen pou n pa kite dout anvayi n. Ki jan n ka fè sa? N ap fè sa lè n kite lespri n fikse sou bagay espirityèl yo. Si n kontinye panse ak bagay ki ban n laperèz yo, bagay ki ka fè n dekouraje yo oswa bagay ki ka fè lafwa n gen nan Jewova ak Pitit Gason l lan ap vin fèb yo, dout ap vin anvayi n nèt. Si n kite lespri n fikse sou Jewova ak Pitit Gason l lan, sou sa yo fè deja, sou sa y ap fè kounye a ak sou sa yo pral fè pou moun ki renmen yo, n ap rive anpeche dout anvayi n.

22. Poukisa l bon pou n imite lafwa Pyè te genyen an?

22 Pandan Pyè t ap suiv Jezi pou yo retounen nan bato a, li te wè jan tanpèt la te sispann. Pyè ak lòt disip yo te di Jezi: “Vrèmanvre, ou se Pitit Bondye.” ​(Mat. 14:33). Toutpandan solèy la t ap leve sou lanmè a, Pyè dwe te santi kè l ranpli ak rekonesans. Li te aprann pou l pa kite laperèz fè l gen dout sou Jewova ak Jezi. Se vre li te gen anpil chanjman toujou pou l fè lakay li anvan pou l te vin tankou mas wòch la, jan Jezi te fè konn sa. Men, li te detèmine pou l kontinye fè chanjman lakay li. Èske w gen menm detèminasyon an? W ap jwenn anpil byenfè si w imite lafwa Pyè te genyen an.