Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT SENK

“Yon trè bon fi”

“Yon trè bon fi”

1, 2. a) Ki kalite travay Rit t ap fè? b) Ki bèl dispozisyon Rit te aprann Lwa Bondye a genyen, e ki sa l te aprann sou pèp Bondye a?

RIT te bese bò kot grap lòj li te anpile pandan jounen an. Li te kòmanse fènwa nan jaden ki ozalantou Betleyèm yo. Te gen anpil travayè ki te deja ap mache byen dousman nan direksyon baryè ti vil la, yon ti vil ki te sou yon pant ki pa twò lwen. Nou ka imajine jan tout kò Rit t ap fè l mal apre l te fin pase tout yon jounen ap travay di san rete depi nan maten. Malgre sa, li te kontinye travay, li bat grap lòj yo pou l retire grenn yo. Malgre tout travay di sa yo, Rit te pase yon jounen ki te pi bon pase sa l te panse a.

2 Èske bagay yo te resi kòmanse mache byen pou jèn vèv sa a? Jan nou te wè sa nan chapit anvan an, Rit te atache ak Nawomi, bèlmè l la, e l te pwomèt Nawomi l ap toujou rete avè l e l ap fè Jewova, Bondye Nawomi an, vin Bondye pa l. De medam sa yo ki te nan gwo lapenn te kite Mowab pou yo vin Betleyèm. Rit, moun Mowab la, te vin aprann Lwa Jewova a pèmèt moun pòv k ap viv ann Izrayèl yo, san wete etranje yo, jwenn èd ki itil yo e ki pa rabese yo. E kounye a, li te ka wè jan kèk moun nan pèp Jewova a, ki te mete sa yo te aprann nan Lwa a an pratik, te montre jan yo renmen Lwa Jewova a nan fason yo te aji ak bonte yo te gen lakay yo, sa ki te touche kè l anpil.

3, 4. a) Ki jan Bowaz te ankouraje Rit? b) Kòman egzanp Rit la ka ede n fè fas ak gwo pwoblèm ekonomik jounen jodi a?

3 Youn nan moun sa yo se te Bowaz, grandon Rit t ap ranmase lòj ki rete nan jaden l lan. Nan jounen an, li te aji avè l tankou yon papa. Sandout, Rit te santi l ankouraje lè l t ap reflechi sou bèl pawòl Bowaz te di l pou louwe l pou fason l ap pran swen Nawomi e pou jan li te chwazi chèche pwoteksyon anba zèl Jewova, vrè Dye a. — Li  Rit 2:11-14.

4 Kanmenm, Rit te ka ap mande tèt li ki sa demen sere pou li. Antanke yon etranje ki pòv, ki san mari e ki san pitit, kòman l pral pran swen tèt li ak Nawomi alavni? Èske ranmase lòj t ap ase pou yo viv? Epi ki moun ki t ap pran swen l lè l vin granmoun? Li t ap nòmal pou panse sa yo te chaje tèt Rit si yo te vin nan lespri l. Akoz gwo pwoblèm ekonomik ki egziste jounen jodi a, anpil moun ap fè fas ak tètchaje menm jan an. Toutpandan n ap aprann jan lafwa Rit te ede l fè fas ak difikilte sa yo, n ap jwenn anpil bagay nou ka imite lakay li.

Ki sa k fè yon fanmi?

5, 6. a) Ki bon rezilta Rit te jwenn premye jou li t al ranmase lòj nan jaden Bowaz la? b) Ki reyaksyon Nawomi te genyen lè l te wè Rit?

5 Lè Rit te fin bat tout grap lòj yo e l rasanble tout grenn yo ansanm, li wè lo li ranmase a te mezire anviwon yon efa lòj oubyen anviwon sèt gwo mamit. Lo li t ap pote a te ka peze anviwon 30 liv. Li pran lo a, petèt li vlope l nan yon twal, li mete l sou tèt li, epi l ale avè l. Pandan solèy la t ap kouche, li kòmanse fè wout pou Betleyèm. — Rit 2:17.

6 Nawomi te kontan wè bèlfi li renmen anpil la e petèt li te sezi wè tout lòj Rit te pote a, ki te byen lou. Anplis de sa, Rit te pote manje li te sere nan manje pa l la, manje Bowaz te bay moun ki t ap travay pou li yo. Konsa, medam yo te manje yon ti manje byen senp. Nawomi te poze Rit kesyon sa a: “Ki kote w te ranmase lòj jodi a e ki kote w te travay? Mwen swete pou Bondye beni moun ki te fè w favè a.” ​(Rit 2:19). Nawomi te konprann sa k rive a. Gwo chay Rit pote a te montre aklè gen yon moun ki te remake jèn vèv la e ki te demontre bonte anvè l.

7, 8. a) Kiyès Nawomi te wè ki te pouse Bowaz demontre bonte, e poukisa? b) Kòman Rit te montre lanmou fidèl plis toujou anvè bèlmè l?

7 Toule de medam yo tonbe pale, e Rit te kòmanse rakonte Nawomi jan Bowaz te janti avè l. Sa Nawomi tande a pouse l di: “Mwen swete li jwenn benediksyon nan men Jewova ki pa janm sispann montre lanmou ki fidèl ni pou moun ki vivan ni pou moun ki mouri!” ​(Rit 2:20). Nawomi wè bonte Bowaz te demontre a se nan Jewova sa soti. Se Jewova ki pouse sèvitè l yo pou yo renmen bay e se li menm ki pwomèt l ap rekonpanse pèp li a pou favè yo demontre anvè lòt moun *. — Li  Pwovèb 19:17.

8 Nawomi te ankouraje Rit pou l aksepte envitasyon Bowaz fè l pou l kontinye ranmase pwovizyon nan jaden Bowaz la e pou l rete toupre jèn medam ki travay pou Bowaz yo, dekwa pou lòt moun k ap ranmase yo pa ba l pwoblèm. Rit te koute konsèy la. Anplis de sa, Rit te “kontinye abite ansanm ak bèlmè l”. (Rit 2:22, 23.) Yon lòt fwa ankò, selon vèsè sa a, nou wè pi bèl kalite Rit gen lakay li: lanmou fidèl. Egzanp Rit la ka pouse nou mande tèt nou: Èske nou se moun ki onore fanmi? Èske nou toujou bay moun nou renmen yo ankourajman? Èske nou ofri yo èd nou lè yo bezwen sa? Jewova pap janm bliye yon lanmou fidèl konsa.

Egzanp Rit ak Nawomi an fè n sonje li bon pou n apresye fanmi nou genyen an.

9. Ki sa egzanp Rit ak Nawomi an ka aprann nou sou fanmi?

9 Èske Rit ak Nawomi te fòme yon vrè fanmi? Pou kèk moun, yon “vrè” fanmi dwe gen mari, madanm, pitit gason, pitit fi, gran paran, eksetera. Men, egzanp Rit ak Nawomi an fè n sonje, lè sèvitè Jewova yo dispoze renmen ak tout kè yo, yo ka fè menm yon vyepti fanmi vin plen bonte ak lanmou. Èske w apresye fanmi w genyen an? Jezi te fè disip li yo sonje kongregasyon an ka yon fanmi menm pou moun ki pa gen fanmi. — Mak 10:29, 30.

Rit ak Nawomi te ede youn lòt e yo te ankouraje youn lòt.

Li se “youn nan moun ki gen dwa pou l rachte nou”

10. Kòman Nawomi te vle ede Rit?

10 Soti nan mwa avril pandan rekòt lòj la pou rive nan mwa jen pandan rekòt ble a, Rit te kontinye ranmase pwovizyon nan jaden Bowaz la. Toutpandan semèn yo t ap pase, sandout Nawomi t ap panse ak sa l ka fè pou bèlfi li renmen anpil la. Lè yo te nan peyi Mowab, li te kwè pa t gen anyen li te ka fè pou l ede Rit jwenn yon lòt mari (Rit 1:11-13). Men, kounye a, li te kòmanse ap panse yon lòt fason. L al kot Rit, epi l di l: “Pitit fi m, èske m pa ta dwe chèche yon kote pou ou pou w rete?” ​(Rit 3:1). Rit te vin yon bonjan pitit fi pou Nawomi. E nan epòk sa a se te koutim nan pou paran yo chèche yon moun pou pitit yo marye. Nawomi te vle chèche yon kote pou Rit “rete”, sa vle di pou l jwenn sekirite ak pwoteksyon yon kay ak yon mari te ka bay. Men, ki sa Nawomi te ka fè?

11, 12. a) Lè Nawomi te di Bowaz se “youn nan moun ki gen dwa pou l rachte nou”, de ki bèl dispozisyon nan Lwa Bondye a li t ap pale? b) Ki jan Rit te reyaji devan konsèy bèlmè l te ba l la?

11 Premye fwa Rit te pale de Bowaz, Nawomi te di “mesye sa a se fanmi nou. Se youn nan moun ki gen dwa pou l rachte nou”. (Rit 2:20.) Ki sa sa te vle di? Lwa Bondye te bay Izrayèl la te gen yon bèl dispozisyon pou fanmi ki t ap fè fas ak pwoblèm ekonomik akoz yo te pòv oubyen akoz gen gason nan fanmi an ki mouri. Si yon fi te vin vèv anvan l fè pitit, sitiyasyon l lan te vrèman grav paske mari l pa t kite pitit dèyè e moun t ap bliye non mari a. Sepandan, Lwa Bondye a te pèmèt pou frè mari a marye ak vèv la dekwa pou fi a te ka fè yon pitit pou pote non mari a ki te mouri. Konsa, pitit la t ap gen pou l pran swen byen fanmi an *. — Det. 25:5-7.

12 Nawomi te fè Rit konnen ki jan l ap aranje bagay yo pou Rit marye. Nou te ka imajine jan je Rit ouvri byen gran pandan l ap koute bèlmè l k ap pale. Lwa Bondye te bay Izrayèl la te nouvo pou Rit toujou, san wete koutim Juif yo. Malgre sa, kòm Rit te gen gwo respè pou Nawomi, sa te fè l byen koute tout sa bèlmè l t ap di l. Sa Nawomi te mande Rit fè a te ka parèt dwòl nan je Rit oubyen sa te ka fè Rit santi l wont e sa te ka menm parèt rabesan. Kanmenm, Rit te dakò. Avèk imilite, men sa l te di Nawomi: “M ap fè tout sa w di m yo.” — Rit 3:5.

13. Nan egzanp Rit la, ki sa n ka aprann anrapò ak koute konsèy granmoun? (Gade Jòb 12:12 tou.)

13 Pafwa, li konn difisil pou jèn yo koute konsèy granmoun ak konsèy moun ki gen anpil eksperyans nan lavi a. Li fasil pou jèn yo panse granmoun yo pa byen konprann pwoblèm ak tètchaje jèn yo ap rankontre. Bèl egzanp Rit la ede n sonje lè n koute granmoun ki gen sajès, ki renmen nou e ki vle byen pou nou, n ap jwenn anpil byenfè. (Li Sòm 71:17, 18.) Men, ki konsèy Nawomi te bay Rit? Èske bagay yo te byen mache pou Rit dèske l te suiv konsèy la?

Rit al yon kote yo konn bat manje angren

14. Pale de kote moun te konn al bat manje angren an ak travay yo te fè la.

14 Nan menm aswè a, Rit al yon kote yo konn bat manje angren: yon tè yo te danmen byen danmen, kote plizyè moun ki travay nan jaden te konn al bat manje angren yo pou yo vannen yo. An jeneral, yo te konn fè travay sa a ta nan aprèmidi oswa lè l kòmanse fènwa, bò kot yon ti mòn oswa sou tèt yon ti mòn, kote van an soufle pi fò. Pou travayè yo te separe grenn yo, branch yo ak zepi yo, yo te sèvi ak yon gwo fouch oubyen yon gwo pèl pou yo voye yo nan van an e van an te pran ti pay yo, men grenn yo te tonbe atè.

15, 16. a) Esplike sa k te pase kote yo konn bat manje angren an lè Bowaz te fin travay pou jounen an. b) Kòman Bowaz te fè wè Rit kouche bò pye l?

15 Rit t ap suiv tout bagay pandan l t ap tann moun yo fin travay pou jounen an. Bowaz t ap sipèvize moun ki t ap vannen manje angren l yo. Nan yon ti tan, yo te vin fè yon gwo pil ak manje angren yo. Apre Bowaz te fin manje vant deboutonnen, l al kouche bò pil la. Sanble moun te gen abitid fè sa, petèt pou pwoteje manje angren yo pou vòlè pa pran yo. Rit te wè Bowaz t ap prepare l pou l al repoze l. Lè a te rive pou Rit fè sa Nawomi te di l fè a.

16 Kè Rit t ap bat fò pandan l t ap pwoche tikras pa tikras kot Bowaz. Li te ka wè Bowaz te nan fon somèy. Donk, jan Nawomi te di l pou l fè a, li te dekouvri pye Bowaz epi l kouche bò pye l. Apre sa, li ret ap tann. Rit dwe te santi tan ki t ap pase a se te yon etènite. Finalman, bò zòn minui, Bowaz kòmanse vire kò l. Tèlman l frèt li kòmanse tranble, li panche pa devan, siman pou l rekouvri pye l. Men, li santi gen yon moun ki la. Jan yo rakonte sa nan Bib la, Bowaz te “wè gen yon fi ki kouche bò pye l”. — Rit 3:8.

17. Site de bagay moun ki fè konprann gen kèk bagay dwòl nan fason Rit te aji a pa konnen.

17 Bowaz di: “Kiyès sa a?” Rit reponn li ak yon ti vwa ki montre li yon ti jan pè, li di l: “Se mwen menm, Rit, sèvant ou a, e ou dwe bay sèvant ou a pwoteksyon paske w se youn nan moun ki gen dwa pou rachte m yo.” ​(Rit 3:9). Kèk moun jodi a ki entèprete Bib la eseye fè konprann fason Rit te aji a ak fason l te pale a montre l te gen move entansyon. Men, gen de bagay enpòtan yo pa pran an konsiderasyon. Premyèman, Rit te reyaji dapre koutim ki te egziste nan epòk pa l la. E anpil nan koutim sa yo ka parèt dwòl pou epòk pa nou an. Kidonk, sa pa t ap gen sans si yon moun ta jije fason Rit te aji a selon fason monn imoral n ap viv ladan l lan wè bagay yo. Dezyèmman, reyaksyon Bowaz te genyen an montre byen klè li te panse Rit te aji yon fason ki kòrèk, ki pa imoral e ki merite louwanj.

Rit pa t gen move entansyon lè l t al kot Bowaz e l pa t wè tèt li.

18. Ki sa Bowaz te di Rit pou l rekonfòte Rit, e ki de fason Bowaz di Rit te montre l gen lanmou fidèl?

18 Sandout, lefètke Bowaz te pale avèk kalm, sa te bay Rit kouraj. Men sa l te di: “Mwen swete pou Jewova beni w, pitit fi m. Sa w fè kounye a montre w gen plis lanmou ki fidèl pase sa w te fè anvan an, piske w pa al dèyè jèn moun parèy ou, kit yo pòv kit yo rich.” ​(Rit 3:10). Ekspresyon “sa w te fè anvan an” fè referans ak lanmou fidèl Rit te demontre lè l te vin ansanm ak Nawomi ann Izrayèl pou l te ka pran swen bèlmè l la. E ekspresyon “sa w fè kounye a” fè referans ak aksyon Rit t ap fè a. Bowaz konnen li te ka pi fasil pou yon jèn fi tankou Rit chèche yon jèn gason pou mari l, kit li rich kit li pòv. Sepandan, Rit pa t sèlman vle aji byen anvè Nawomi, men li te vle aji byen tou anvè mari Nawomi an ki te mouri. Li te vle pou yo toujou site non defen an ann Izrayèl. Li pa difisil pou n wè poukisa sa te touche Bowaz anpil lè l wè sakrifis jèn fi sa a te fè a.

19, 20. a) Poukisa Bowaz pa t marye ak Rit tousuit? b) Ki jan Bowaz te demontre bonte ak jantiyès anvè Rit e anvè repitasyon Rit?

19 Men sa Bowaz di Rit ankò: “Kounye a, pitit fi m, ou pa bezwen pè. M ap fè tout sa w di m, paske tout moun nan vil la konnen ou se yon trè bon fi.” ​(Rit 3:11). Bowaz te kontan dèske li posib pou l marye ak Rit. Petèt li pa t twò sezi wè yo mande l pou l vin yon rachtè pou Rit. Sepandan, Bowaz te yon moun ki jis, e li pa t ap kouri aji selon sa l ta swete ki pou rive a. Li te fè Rit konnen gen yon lòt moun ki pi pwòch fanmi mari Nawomi an. Bowaz t apral kote moun nan anvan pou l fè l konnen li gen posiblite marye ak Rit.

Piske Rit te janti e l te respekte moun, sa te fè l gen yon bèl repitasyon.

20 Bowaz ankouraje Rit kouche ankò pou l ka repoze jis li prèske jou. Apre sa, Rit t ap ka al lakay li san moun pa wè l. Bowaz te di l sa pou l pwoteje repitasyon pa l ak repitasyon Rit, paske moun te ka panse te gen yon bagay imoral ki te fèt. Rit kouche bò pye Bowaz ankò. Petèt kounye a lespri l pi anpè paske Bowaz te byen pale avè l sou sa l te mande l la. Pandan l fènwa toujou, Rit leve. Bowaz plen manto Rit la byen plen ak yon bon valè lòj, epi Rit tounen al Betleyèm. — Li  Rit 3:13-15.

21. Ki sa k te fè moun konnen Rit kòm “yon trè bon fi”, e kòman nou ka imite egzanp Rit?

21 Ala byen Rit dwe te santi l byen lè l reflechi ak pawòl Bowaz te di l yo: li te yon moun tout moun te konnen kòm “yon trè bon fi”! Sandout, chofe l te chofe pou l konnen Jewova e pou l sèvi l la te jwe yon gwo wòl nan repitasyon l te genyen an. Anplis de sa, Rit te demontre anpil bonte ak jantiyès anvè Nawomi ak pèp Nawomi an. Li te dispoze adapte l ak fason moun yo te aji ki te diferan e ak koutim yo. Si n demontre menm lafwa Rit te genyen an, n ap fè efò pou n respekte fason moun aji ak koutim yo genyen e pou n trete yo ak anpil respè. Si n fè sa, nou menm tou nou ka vin gen yon bon repitasyon.

Yon kote pou Rit rete

22, 23. a) Ki sa kantite lòj Bowaz te bay Rit la te ka vle di? (Gade nòt anba paj la tou.) b) Ki sa Nawomi te di Rit fè?

22 Lè Rit rive lakay li, Nawomi mande l: “Kòman sa te pase pou ou, pitit fi m?” Nawomi mande l sa, petèt, paske li te vle konnen si Rit te nan menm sitiyasyon an toujou oubyen si l se yon vèv ki gen posiblite pou l vin marye. San pèdi tan, Rit te rakonte bèlmè l tout sa k te pase a. Anplis de sa, Rit te bay Nawomi bon valè lòj Bowaz te di l pou l bay bèlmè l la *. — Rit 3:16, 17.

23 Avèk sajès, Nawomi di Rit pou l ret lakay epi tann olye l al ranmase pwovizyon nan jaden jou sa a. Men sa l fè Rit konnen: “Mesye sa a pap bay kò l repo toutotan l pa regle bagay sa a jodi a.” — Rit 3:18.

24, 25. a) Ki jan Bowaz montre li te yon moun ki jis e ki pa t chèche pwòp enterè l? b) Bay kèk fason Bondye te beni Rit.

24 Bowaz montre sa Nawomi te di a se te vre. Bowaz ale nan baryè vil la, kote ansyen nan vil la te abitye reyini epi li chita tann jiskaske l wè moun ki pi pwòch fanmi mari Nawomi an vin ap pase. Devan plizyè moun ki te la, Bowaz ofri mesye a posiblite pou l aji kòm yon rachtè si l dakò marye ak Rit. Men, mesye a refize, li fè konnen si l ta aji konsa sa t ap fè l pèdi eritaj pa l la. Apre sa, Bowaz fè konnen, devan moun yo ki nan baryè vil la, li aksepte pou l aji kòm yon rachtè, sa vle di l ap achte tout sa ki te pou Elimelèk, mari Nawomi ki mouri a, e li dakò marye ak Rit, vèv Malon an, pitit gason Elimelèk la. Bowaz di li swete “pou eritaj defen an rete sou non l”. (Rit 4:1-10.) Bowaz te vrèman yon moun ki jis e ki pa t chèche pwòp enterè l.

25 Bowaz te marye ak Rit. Apre sa, men sa n li nan Bib la: “Jewova pèmèt Rit vin ansent e li fè yon pitit gason.” Fi nan Betleyèm yo te beni Nawomi e yo te louwe Rit, yo te di Rit vo plis pase sèt pitit gason pou Nawomi. Pi devan, nou vin aprann pitit gason Rit la se youn nan zansèt gran wa David (Rit 4:11-22). David, li menm, se youn nan zansèt Jezi Kris. — Mat. 1:1 *.

Pou Jewova te beni Rit, li te ba l privilèj vin zansèt Mesi a.

26. Ki sa egzanp Rit ak Nawomi fè n sonje?

26 Bondye pa t manke pa beni Rit ak Nawomi. Nawomi te ede Bowaz ak Rit leve pitit gason yo a tankou se te pitit gason l. Lavi de medam sa yo fè n sonje Jewova wè tout moun ki enb k ap travay di pou pran swen fanmi yo e k ap sèvi l fidèlman ansanm ak pèp li chwazi a. Jewova ap toujou rekonpanse moun ki fidèl yo, tankou Bowaz, Nawomi ak Rit.

^ § 7 Jan Nawomi fè konn sa, Jewova pa demontre bonte anvè moun vivan sèlman, men li fè sa tou anvè moun ki mouri. Nawomi te pèdi mari l ak de pitit gason l yo. Rit te pèdi mari l. Se sèten, toule twa mesye sa yo te gen anpil valè pou de medam sa yo. Kèlkeswa aksyon ki demontre bonte yon moun ta fè anvè Nawomi ak Rit, an reyalite, se anvè mesye sa yo ki te renmen medam sa yo anpil yo ta fè l, paske, si mesye sa yo te la, yo t ap vle pou medam sa yo viv byen.

^ § 11 Menm jan sa te ye pou dwa eritaj la, lè yon fi vin vèv, se frè defen an an premye ki te gen dwa marye ak vèv la. Si se pa sa, se t ap yon lòt gason ki pi pwòch nan fanmi an ki t ap gen dwa sa a. — Nonb 27:5-11.

^ § 22 Bowaz te bay Rit sis mezi lòj, men Bib la pa fè konnen konbyen mezi sa yo te peze. Menm jan apre sis jou travay te gen yon jou repo, jou saba a, petèt Bowaz te vle montre travay Rit te fè antanke vèv la gen pou fini e talè konsa Rit t apral jwenn “repo”, sa vle di li t apral viv ak kè poze nan kay mari l. Yon lòt bò, sis mezi sa yo, petèt ki te yon bon valè, se te kantite lòj Rit te ka pote sèlman.

^ § 25 Rit se youn nan senk fi yo mansyone nan Bib la ki fè pati liy fanmi Jezi. Yon lòt fi ki fè pati liy fanmi Jezi se Rahab, ki te manman Bowaz (Mat. 1:3, 5, 6, 16). Menm jan ak Rit, Rahab pa t yon Izrayelit.