Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT TRÈZ

Li te aprann nan erè l te fè yo

Li te aprann nan erè l te fè yo

1, 2. a) Ki malè Jonas te rale sou tèt li ak moun ki t avè l nan bato a? b) Ki leson nou ka aprann nan istwa Jonas la?

JONAS pa t konn sa l ta bay pou vye bri li t ap tande yo sispann. Li pa t sèlman tande pakèt bri gwo van an t ap fè pandan l ap pase nan kòd bato a ak bri gwo vag lanmè a tap fè pandan l ap frape arebò bato a byen fò, sa ki te fè kò bato a ap krake. Sa k pi rèd pou Jonas, se tande maren yo, kapitèn bato a ak moun ki t avè l yo k ap rele byen fò toutpandan y ap fè tout sa yo kapab pou yo anpeche bato a koule. Jonas te kwè tout mesye sa yo t apral mouri sou kont li.

2 Ki sa k te lage Jonas nan yon move sitiyasyon konsa? Li te fè yon gwo erè lè li te dezobeyi Jewova, Bondye l la. Ki sa l te fè? Èske l t ap ka vin gen bon relasyon ak Jewova ankò? Repons kesyon sa yo ka aprann nou anpil bagay. Pa egzanp, istwa Jonas la ede n konprann menm lè yon moun gen yon lafwa solid nan Jewova, li ka fè erè e l ede n konprann kòman yon moun ka korije erè l te fè.

Yon pwofèt ki soti Galile

3-5. a) Lè moun ap panse ak Jonas, byen souvan sa k vin nan tèt yo? b) Ki sa nou konnen sou Jonas? (Gade nòt anba paj la tou.) c) Poukisa travay Jonas t ap fè kòm pwofèt la te ka pa t fasil pou li oswa l te ka pa t pran plezi ladan l?

3 Lè moun ap panse ak Jonas, byen souvan, se sa l te fè ki pa bon yo ki vin nan tèt yo, tankou lè l te dezobeyi Bondye ak lè l te montre l te gen kè di a. Men, gen anpil bon bagay nou dwe konnen tou sou Jonas. Sonje Jewova te chwazi Jonas pou l te vin yon pwofèt. Jewova pa t ap chwazi l pou yon gwo responsablite konsa si l pa t fidèl e l pa t yon moun ki jis.

Jonas te gen anpil mankman, men l te gen plis bèl kalite.

4 Bib la pa bay anpil detay sou Jonas. (Li 2 Wa 14:25.) Li te moun Gatefè e te gen kat kilomèt ki separe ti vil sa a ak Nazarèt, kote Jezi te grandi anviwon 800 an annapre a *. Jonas te sèvi kòm pwofèt nan epòk Jewobowam II te wa sou dis tribi Izrayèl la. Epòk Eli a te gentan pase lontan e Elize, moun ki te ranplase Eli a, te mouri pandan papa Jewobowam te wa. Malgre Jewova te itilize mesye sa yo pou elimine adorasyon Baal la, Izrayelit yo te rekòmanse lage kò yo nan fo adorasyon. Kounye a, peyi a te anba enfliyans yon wa ki te kontinye ap “fè sa ki mal nan je Jewova”. (2 Wa 14:24.) Donk, travay Jonas t ap fè kòm pwofèt la te ka pa t fasil pou li, li te ka pa t pran plezi ladan l. Men kanmenm, Jonas te yon pwofèt ki fidèl.

5 Sepandan, te vin gen yon gwo chanjman nan lavi Jonas. Jewova te bay Jonas yon asiyasyon e l te panse asiyasyon sa a te difisil anpil. Ki sa Jewova te mande l fè?

“Leve, monte Niniv”

6. Ki asiyasyon Jewova te bay Jonas, e poukisa asiyasyon sa a te ka parèt difisil anpil?

6 Jewova te di Jonas: “Leve, monte Niniv, gwo vil la, epi fè moun yo konnen mwen pral jije yo, paske mwen wè move bagay y ap fè yo.” ​(Jonas 1:2). Nou ka konprann rezon ki fè Jonas te ka panse asiyasyon sa a te difisil anpil. Niniv te nan direksyon lès, nan yon distans anviwon 800 kilomèt e yon moun te oblije fè anviwon yon mwa ap mache pou rive nan vil sa a. Sepandan, vwayaj sa a se te sèlman twòkèt la. Pi devan, Jonas te gen pou l al fè Asiryen yo konnen mesaj jijman Jewova a. Yo te konnen Asiryen yo kòm moun ki mechan anpil e ki vrèman sovaj. Jonas te deja wè pèp Bondye a pa t byen reyaji devan mesaj Bondye a. Kounye a, ki sa li te ka ap atann nan men payen sa yo? Ki sa yon sèl sèvitè Jewova t ap kapab fè nan gwo vil Niniv la, vil yo rele “vil k ap fè san koule a”? — Naw. 3:1, 7.

7, 8. a) Jis nan ki pwen Jonas te deside pa ale kote Jewova te voye l la? b) Poukisa nou pa ta dwe kouri di Jonas se yon moun ki kapon?

7 Èske Jonas te poze tèt li kalite kesyon sa yo? Nou pa konnen. Sa nou konnen, sèke Jonas te chape poul li. Jewova te di Jonas pou l al nan direksyon lès, men Jonas t al byen lwen nan direksyon lwès. Li te desann bò lanmè a, l ale nan yon waf ki rele Jope kote li te kapab jwenn batiman ki t apral Tasis. Gen kèk biblis ki fè konnen Tasis te ann Espay. Si se sa, Jonas te pito fè 3 500 kilomèt ap vwayaje pou l al jis Tasis olye l al Niniv. Yon vwayaj konsa nan dènye bout Gwo Lanmè a te kapab pran ennan. Se pa ti deside Jonas te deside kouri pou asiyasyon Jewova te ba li a! — Li Jonas 1:3.

8 Èske sa vle di nou ta dwe konsidere Jonas kòm yon moun ki kapon? Nou pa ta dwe kouri jije l. Jan nou pral wè sa, Jonas te fè plizyè bagay ki te mande pou l gen anpil kouraj. Menm jan avè n, Jonas te yon moun enpafè ki t ap goumen ak anpil defo li te gen lakay li (Sòm 51:5). Kiyès nan nou ki pa janm twouve l nan yon sitiyasyon kote l pè?

9. Kòman nou ka santi nou pafwa lè Jewova ban nou yon asiyasyon, e ki verite nou ta dwe sonje nan moman sa yo?

9 Pafwa, sa ka rive nou panse Bondye mande n fè yon bagay ki difisil oswa ki menm enposib pou n fè. Nou ka menm twouve li difisil anpil pou n preche bon nouvèl la, jan Bondye mande kretyen yo pou yo fè sa (Mat. 24:14). Li fasil anpil pou n bliye yon bèl verite Jezi te di: “Tout bagay posib pou Bondye.” ​(Mak 10:27). Si sa konn rive pafwa nou bliye verite sa a, petèt n ap ka pi byen konprann Jonas. Men, lefètke Jonas te kouri pou asiyasyon l lan, ki sa k te vin rive l annapre?

Jewova disipline pwofèt li a ki te dezobeyi l

10, 11. a) Ki sa Jonas te panse lè bato a t ap kite waf la? b) Ki sa k te prèske rive bato a ansanm ak moun ki te ladan l yo?

10 Nou ka imajine Jonas k ap ranje kò l pou l fè vwayaj la nan bato a, petèt yon batiman Fenisi ki t ap pote machandiz. Li ka wè kapitèn nan ak lòt moun ki avè l yo k ap demele yo pou yo fè batiman an kite waf la. Pandan bato a prale, tikras pa tikras Jonas prèske pa wè arebò lanmè a jiskaske l pa ka wè l ditou. Petèt, li te panse l chape anba danje li pè anpil la. Men, bridsoukou tan an chanje.

11 Vin gen gwo van tanpèt ki fè lanmè a move anpil. Gen yon seri vag men wotè ki te ka fè menm gwo batiman ki genyen jodi a parèt toupiti. Gwo vag sa yo te ka menm prèske kraze kèlkeswa gwo batiman ki genyen jodi a. Konsa, sa pa t ap pran tan pou l prèske kraze batiman Jonas te ye a ki te fèt an bwa. Èske nan moman sa a Jonas te konnen se ‘Jewova ki te voye gwo van sa a sou lanmè a’, jan l te vin ekri sa annapre? Nou pa konnen. Men, Jonas te ka wè maren yo k ap rele byen fò pou yo mande dye y ap sèvi yo sekou e l te konnen youn nan dye sa yo pa t ap ka ede yo (Lev. 19:4). Nan istwa l te ekri a, li te di: “Bato a [te] prèske koule.” ​(Jonas 1:4). Ak ki figi Jonas t apral priye Bondye li t ap kouri pou li a?

12. a) Poukisa nou pa dwe kouri jije Jonas lefètke l t al kouche pandan gwo tanpèt la? (Gade nòt anba paj la tou.) b) Kòman Jewova te fè yo konnen kiyès ki lakòz pwoblèm nan?

12 Etandone Jonas te wè l pa t ka fè anyen pou l ede maren yo, li te desann nan kal bato a e l t al chèche yon kote pou l kouche. Dòmi te pran l epi li te vin nan fon somèy *. Kapitèn nan te jwenn Jonas ap dòmi, li te leve l e l te mande l pou l priye dye l la menm jan lòt moun sou bato a t ap fè sa a. Lefètke mesye yo te sèten tanpèt sa a pa t yon tanpèt konsa konsa, yo te deside fè tiraj osò pou yo ka konnen kiyès ki te lakòz malè sa a rive yo. Nou pa bezwen mande jan kè Jonas t ap kase lè l t ap gade jan mesye yo nan bato a te elimine youn apre lòt nan tiraj osò a. E kounye a, verite a te parèt aklè. Se Jewova ki te dèyè tanpèt la e se li menm tou ki te fè tiraj osò a tonbe sou Jonas. — Li Jonas 1:5-7.

13. a) Ki sa Jonas te fè maren yo konnen? b) Ki sa Jonas te ankouraje maren yo fè e poukisa?

13 Jonas te rakonte maren yo tout bagay. Li te fè yo konnen li se sèvitè Jewova, Bondye Toupisan an. E l te fè yo konnen se paske l te fè Bondye sa a fache e l te dezobeyi l ki fè yo vin nan gwo malè yo ye a. Sa Jonas te di yo te fè mesye sa yo sezi anpil e Jonas te ka wè jan yo te pè. Yo te mande Jonas ki sa yo dwe fè avè l pou yo ka sove lavi yo e pou bato a pa kraze. Ki sa Jonas te reponn mesye yo? Tout san nan venn Jonas dwe t ap bouyi lè l t ap reflechi ak nwaye li t apral nwaye nan lanmè frèt sa a yo t apral lage l la. Men, ki jan l t apral fè kite mesye sa yo mouri konsa alòske l konnen li te ka fè yon bagay pou l sove lavi yo? Men sa Jonas te mande maren yo: “Leve m, voye m nan lanmè a, epi lanmè a ap kalme, paske mwen konnen se mwen menm ki lakòz gwo tanpèt sa a vin sou nou.” — Jonas 1:12.

14, 15. a) Kòman nou ka imite lafwa solid Jonas te genyen an? b) Kòman maren yo te reyaji lè Jonas te mande yo lage l nan lanmè a?

14 Èske pawòl Jonas te di yo montre l te yon kapon? Nou pa bezwen mande jan sa te touche kè Jewova pou l te wè kouraj ak lespri sakrifis Jonas te demontre nan moman malouk sa a. Nou ka wè jan Jonas te gen yon lafwa solid. Jodi a, nou ka imite lafwa li te demontre a lè n mete enterè pa lòt moun anvan enterè pa nou (Jan 13:34, 35). Èske n bay tout nou menm pou nou ede lòt moun lè n wè yo bezwen èd nan domèn fizik, espirityèl ak afektif? Se pa ti kontan nou fè Jewova kontan lè n aji konsa!

15 Petèt pawòl Jonas te di maren yo te touche kè yo tou paske yo pa t kouri lage l nan lanmè a. Yo te fè tout sa yo kapab pou yo wè si yo ka rive degaje yo ak tanpèt la, men, se te pou granmesi. Tanpèt lan te vin pi move toujou e finalman yo te reziyen yo. Yo te pran rele Jewova, Bondye Jonas la, pou yo mande l fè yo mizèrikòd. Yo pran Jonas e yo voye l nan lanmè a — Jonas 1:13-15.

Maren yo te voye Jonas nan lanmè a, paske l te mande yo sa.

Jonas jwenn mizèrikòd ak delivrans

16, 17. Esplike sa k te rive Jonas lè yo te fin voye l nan lanmè a. (Gade foto yo tou.)

16 Jonas te tonbe nan mitan gwo vag lanmè yo. Petèt li te ka wè bato a ki pral fè wout li toutpandan l ap debat ak dlo a pou l pa neye, epi vag lanmè yo ap frape l e dlo a ap vole pasipala. Gwo vag yo te kouvri Jonas e yo te pouse l anba dlo. Li te koule byen fon anba lanmè a e l te santi tout espwa fini pou li.

17 Annapre, Jonas te esplike jan l te santi l nan moman sa a. Pandan l te anba dlo a, gen kèk bagay ki te vin nan lespri l. Li te regrèt dèske l pa t ap janm ka wè bèl tanp Jewova a ki te nan Jerizalèm. Li te santi se kòmsi l t ap desann jis nan fon lanmè e l te menm rive toupre rasin mòn ki anba lanmè a kote zèb lanmè te vlope l. Sanble se fon lanmè a ki t ap vin tounen tonm li kounye a. — Li Jonas 2:2-6.

18, 19. Ki sa k te rive Jonas lè l te nan fon lanmè a, ki kalite bèt ki te parèt e ki moun ki te fè sa fèt? (Gade nòt anba paj la tou.)

18 Men tann! Jonas vin wè yon bagay k ap vire toupre l la. Li santi se yon gwo gwo bèt. Gwo bèt la vin toupre Jonas, li vare sou Jonas, li ouvè gwo bouch li a byen laj, epi l vale Jonas.

Jewova “fè yon gwo pwason vale Jonas”.

19 Petèt, Jonas te panse l tou mouri. Sepandan, li pa t ka fin kwè sa k rive a: Li te toujou vivan! Li te anndan bèt la, epoutan bèt la pa ni moulen l, ni toufe l. Jonas t ap respire toujou malgre l ta dwe gentan mouri kote l te ye a. Tikras pa tikras, Jonas te vin sezi anpil. Pa gen dout nan sa, se Jewova, Bondye Jonas la, ki te “fè yon gwo pwason vale Jonas” *. — Jonas 1:17.

20. Ki sa n ka aprann sou Jonas lè n gade priyè l te fè anndan gwo pwason an?

20 Tikras pa tikras, tan t ap pase. Pandan Jonas te nan fènwa pwès sa a, li te gen tan pou l reflechi e pou l priye Jewova. Nou ka aprann anpil bagay nan priyè sa a li te fè a, priyè nou jwenn nan dezyèm chapit liv Jonas la. Lefètke Jonas te fè referans ak anpil nan Sòm yo nan priyè l te fè a, sa montre li te konn Ekriti yo byen. Priyè sa a montre Jonas te gen yon gwo kalite lakay li tou anpalan de rekonesans. Men sa Jonas te di nan fen priyè l la: “Mwen menm, se pou ou m ap fè louwanj e se pou ou m ap fè sakrifis. M ap respekte ve mwen te fè a. Se Jewova ki bay delivrans.” — Jonas 2:9.

21. Ki sa Jonas te aprann sou delivrans, e ki leson enpòtan nou dwe sonje?

21 Pandan Jonas te “nan vant pwason an”, li te vin aprann Jewova ka delivre nenpòt moun, nenpòt kote, nenpòt ki lè. Menm lè Jonas te kote l te ye a, Jewova te jwenn sèvitè l la ki te nan detrès e l te delivre l (Jonas 1:17). Se sèl Jewova ki te ka fè yon moun ret vivan e an sante pandan twa jou ak twa nuit anndan vant yon gwo pwason. Jodi a, li bon pou n sonje Jewova se Sila a “ki gen pouvwa sou lavi” nou an (Dàn. 5:23). Se grasa Li ki fè n respire e n egziste. Èske n pa ta dwe montre n rekonesan anvè l pou sa? Èske l pa merite pou n obeyi l?

22, 23. a) Ki sa k te fè l difisil pou Jonas montre l rekonesan? b) Lè n fè yon erè, ki jan egzanp Jonas ka ede nou?

22 E Jonas menm? Èske l te obeyi Jewova pou l te ka montre l rekonesan anvè l? Se sa l te fè. Apre twa jou ak twa nuit, pwason an te pote Jonas arebò lanmè a epi l te “vomi Jonas sou tè”. (Jonas 2:10.) Imajine sa, apre tout sa Jonas te fè yo, Jewova pa t menm kite Jonas naje pou l soti nan lanmè a! Nòmalman, kèlkeswa kote l te ye bò lanmè a li te oblije chèche ki wout pou l fè pou l oryante l. Nan yon ti tan ankò, Jonas t apral twouve l nan yon sitiyasyon ki t apral montre si l te rekonesan anvè Jewova vre. Jonas 3:1, 2 di nou: “Epi, yon dezyèm fwa, Jewova di Jonas: ‘Leve! Al Niniv, gwo vil la, pou w al anonse mesaj mwen ba ou a.’” Ki sa Jonas t apral fè?

23 Jonas te leve l ale san grate tèt. Men sa nou li: “Konsa, Jonas te koute sa Jewova te di l la, li leve, l al Niniv.” ​(Jonas 3:3). Wi, Jonas te obeyi Jewova. Sa klè, li te aprann nan erè l te fè yo. Menm jan an tou, nou bezwen imite lafwa Jonas. Nou tout peche, nou tout fè erè (Wom. 3:23). Ki sa n fè lè n fè yon erè? Èske n aprann nan erè nou fè a e n kase tèt tounen vin sèvi Bondye fidèlman oswa n pa fè sa?

24, 25. a) Ki jan Jewova te rekonpanse Jonas? b) Ki benediksyon k ap tann Jonas alavni?

24 Èske Jewova te rekonpanse Jonas pou obeyisans li? Se sèten li te fè sa. Sanble, Jonas te vin aprann maren yo te chape vivan anba gwo tanpèt la. Tanpèt la te kalme tousuit apre Jonas te fin tonbe nan lanmè a, e maren yo te “vin gen anpil lakrentif pou Jewova”. Yo te ofri Jewova sakrifis olye yo te ofri dye pa yo sakrifis. — Jonas 1:15, 16.

25 Gen yon pi gwo rekonpans ki te vini pi devan. Jezi te pale de kantite tan Jonas te fè nan vant gwo pwason an pou l montre kantite tan l t apral fè nan tonm nan oswa nan Cheyòl. (Li Matye 12:38-40.) Ala kontan Jonas pral kontan aprann sa lè l resisite pou l viv sou tè a (Jan 5:28, 29)! Jewova vle beni w tou. Menm jan ak Jonas, èske w ap aprann nan erè w fè yo? Èske w ap montre w obeyisan? Èske w ap demontre w gen lespri sakrifis?

^ § 4 N ap remake Jonas te soti nan vil Galile paske lè Farizyen yo t ap pale de Jezi, yo t ap gonfle lestomak yo, epi yo te di: “Al gade pou w wè, pa gen okenn pwofèt ki gen pou sot Galile.” ​(Jan 7:52). Gen anpil tradiktè ak moun k ap fè rechèch ki panse Farizyen yo te egzajere lè yo te vle fè konprann pa gen okenn pwofèt ki te janm soti Galile oswa ki te ka soti nan yon ti zòn konsa. Si se te vre, mesye sa yo te fèmen je yo sou sa listwa ak pwofesi yo fè konnen. — Eza. 9:1, 2.

^ § 12 Septant lan met aksan sou fason Jonas te nan fon somèy jis nan pwen li te wonfle. Sepandan, nou pa ta dwe kouri panse lefètke Jonas t al dòmi sa te vle di li pa t bay sa k t ap pase a regle anyen pou li. Nou dwe sonje, lè yon moun dekouraje anpil, pafwa sa ka fè l vin gen gwo dòmi nan je. Lè Jezi te nan moman difisil li yo nan jaden Jetsemane a, Pyè, Jak, ak Jan te “kabicha, e yo te faya akoz lapenn yo [te] genyen”. — Lik 22:45.

^ § 19 Mo ebre ki vle di “pwason” an, lè y ap tradui l an grèk, yo met “gwo gwo bèt anba lanmè” oubyen “kokennchenn pwason” pou li. Malgre pèsonn pa gen okenn fason pou yo rive konnen egzakteman ki bèt ki te vale Jonas la, men, yo jwenn kèk reken nan lanmè Meditèrane a ki ase gwo pou yo vale yon moun ann antye, e gen lòt kote ki gen pi gwo reken toujou. Pa egzanp, reken balèn nan ka mezire 15 mèt longè, e li ka menm pi long toujou.