Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT DIZNÈF

Li te pwoteje yo, li te ba yo sa yo bezwen, li te pèsevere

Li te pwoteje yo, li te ba yo sa yo bezwen, li te pèsevere

1, 2. a) Ki chanjman Jozèf ak fanmi l te oblije fè? b) Ki move nouvèl Jozèf te gen pou l bay madanm li?

JOZÈF ap leve yon lòt chay met sou do bourik la. Eseye imajine li menm ki nan ti vil Betleyèm k ap gade toutotou l nan fènwa a e ki bay bourik la yon ti tap. Siman l ap panse ak vwayaj byen long li pral fè a. Li pral ann Ejip, yon peyi etranje kote yo pale yon lòt lang e ki gen yon seri koutim li pa konnen. Kòman ti fanmi sa a pral rive adapte yo ak tout chanjman sa yo?

2 Li pa t fasil pou Jozèf te bay Mari, madanm li renmen anpil la, move nouvèl la, men, li te met gason sou li e l te di l sa. Li te rakonte Mari rèv li te fè kote yon zanj te ba l yon mesaj ki soti nan Bondye: wa Ewòd te vle touye tipitit gason yo a. Yo te oblije kouri kite zòn nan. (Li Matye 2:13, 14.) Sa te bay Mari anpil pwoblèm. Ki jan yon moun ta fè vle touye pitit li a, yon ti inosan? Ni Mari ni Jozèf pa t ka konprann sa. Men, yo te gen konfyans nan Jewova, se sa k fè yo te prepare yo pou yo al ann Ejip.

3. Esplike fason Jozèf ak fanmi l te kite Betleyèm. (Gade foto a tou.)

3 Pandan l te fènwa toujou e tout moun nan Betleyèm t ap dòmi, Jozèf ak Mari te kite vil la ansanm ak Jezi. Yo te met tèt nan direksyon sid e nan moman solèy la te kòmanse ap leve alès, siman Jozèf t ap mande tèt li ki sa k ap tann yo pi devan. Kòman yon senp bòs chapant t ap fè pwoteje fanmi l kont wa Ewòd ak Satan? Èske l t ap toujou ka bay fanmi l sa yo gen bezwen? Èske l t ap toujou ka pran gwo responsablite Jewova te ba li pou l leve tipitit espesyal sa a epi pran swen l? Jozèf t ap fè fas ak yon seri gwo pwoblèm. Pandan n ap egzamine fason l te rive rezoud chak pwoblèm, n ap rive wè rezon ki fè papa yo ak tout moun jodi a bezwen imite lafwa Jozèf.

Jozèf te pwoteje fanmi l

4, 5. a) Kòman lavi Jozèf te chanje nèt? b) Ki sa yon zanj te di Jozèf pou l ankouraje l pran gwo responsablite Bondye te ba li a?

4 Plizyè mwa anvan sa, pandan Jozèf te nan vil Nazarèt kote l te fèt la, lavi l te vin chanje nèt apre l te fin fiyanse ak pitit fi Eli a. Jozèf te konn Mari kòm yon jèn fi ki inosan e ki fidèl. Men, li te vin aprann Mari ansent. Jozèf te fè lide divòse avè l an sekrè pou l te ka pwoteje l kont gwo eskandal sa te ka lakòz *. Men, yon zanj te pale ak Jozèf nan yon rèv pou fè l konnen se pa mwayen lespri sen Jewova Mari te ansent. Zanj lan te di l tou pitit ki nan vant Mari a t ap gen pou l “delivre pèp li a anba peche yo fè”. Epi, men sa zanj lan te di Jozèf pou l ankouraje l: “Ou pa bezwen pè pran Mari, madanm ou, lakay ou.” — Mat. 1:18-21.

5 Jozèf, yon moun ki jis e ki obeyisan, te fè sa zanj lan te di l la. Li te aksepte pran yon gwo responsablite ki se leve epi pran swen yon pitit gason ki pa pou li, men, ki se Pitit Bondye pi renmen an. Annapre, pou Jozèf te obeyi yon dekrè anperè a te pase, li te pran madanm li tou ansent e yo t al anrejistre Betleyèm. Se la pitit la te tou fèt.

6-8. a) Ki evènman ki te mennen yon lòt chanjman ankò nan lavi Jozèf ak ti fanmi l lan? b) Ki prèv ki montre se Satan ki te voye “zetwal” la? (Gade nòt anba paj la tou.)

6 Jozèf pa t retounen Nazarèt ak fanmi l. Olye de sa, yo t al rete Betleyèm ki te a anviwon 10 kilomèt parapò ak Jerizalèm. Malgre yo te pòv, Jozèf te fè tout sa l kapab pou Mari ak Jezi pa t manke anyen e pou yo pa t soufri. Nan yon ti bout tan, yo te vin ap viv nan yon ti kay byen modès. Annapre, lavi yo te vin chanje sanzatann lè Jezi pa t tibebe ankò e petèt li te gen plis pase ennan.

7 Gen yon gwoup mesye ki te rive, yon seri astwològ ki soti nan lès, petèt jis Babilòn. Yo te suiv yon “zetwal” ki te mennen yo kay Jozèf ak Mari pou yo chèche yon timoun ki te gen pou l vin wa Juif yo. Mesye yo te demontre anpil respè lè yo te rive lakay Jozèf ak Mari.

8 Kit astwològ yo te konnen, kit yo pa t konnen, yo te mete lavi tipitit la an danje. “Zetwal” sa a yo te wè a te mennen yo Jerizalèm anvan l te mennen yo Betleyèm *. Yo te di wa Ewòd, yon wa ki te mechan, yo t ap chèche yon timoun ki gen pou vin wa Juif yo. Lè wa Ewòd tande sa, sa te fè l vin jalou e sa te fè l vin an kòlè.

9-11. a) Nan ki sans gen yon moun ki te gen plis pouvwa pase ni Ewòd, ni Satan? b) Kòman vwayaj yo te fè ann Ejip la pa t menm ak fason yon seri lejann esplike sa?

9 Men, erezman gen yon moun ki gen plis pouvwa lontan pase ni Ewòd, ni Satan. Kòman sa? Ebyen, lè vizitè yo te rive lakay Jezi epi yo wè l ak manman l, yo te bay fanmi an kado yo te pote yo e yo pa t mande fanmi an anyen anretou. Ala dwòl sa te parèt dwòl pou Jozèf ak Mari te wè yon sèl kou yo vin gen “lò, lansan blan ak lami”, yon seri bagay ki te koute chè anpil! Astwològ yo te gen entansyon tounen al di wa Ewòd ki kote yo te jwenn tipitit la. Sepandan, Jewova te met bouch nan koze a. Nan yon rèv, li te bay astwològ yo lòd pou yo pase nan yon lòt wout lè y ap retounen. — Li Matye 2:1-12.

10 Yon ti tan apre astwològ yo fin ale, men ki avètisman zanj Jewova a te bay Jozèf: “Leve, pran tipitit la ak tout manman l, kouri al nan peyi Ejip, epi rete la jiskaske mwen di w retounen. Paske, Ewòd pral chèche tipitit la pou l touye l.” ​(Mat. 2:13). Se konsa, jan nou te wè sa nan kòmansman chapit la, Jozèf te obeyi prese prese. Pou li menm, sekirite tipitit la te pi enpòtan pase tout lòt bagay e li te mennen fanmi l ann Ejip. Grasa kado ki koute chè astwològ yo te bay fanmi an, yo te gen kichòy pou yo viv pandan tan yo t apral pase ann Ejip la.

Pou Jozèf te ka pwoteje tipitit li a, li pa t pran tan pou l aji e li pa t wè tèt li sèlman.

11 Gen yon seri lejann ki met pase genyen nan fason yo rakonte vwayaj fanmi an te fè a lè yo fè konprann Jezi, ki te yon timoun piti, te fè yon mirak pou l fè vwayaj la vin pi kout, pou bandi pa t atake yo e menm pou kèk pye dat te panche pou manman l te ka pran fwi ladan yo *. Alaverite, vwayaj la te long, li te difisil e yo t apral nan yon peyi yo pa t konnen.

Jozèf te mete pwòp enterè l sou kote pou l pwoteje fanmi l.

12. Ki sa paran k ap leve pitit yo nan vye monn sa a ka aprann lè yo suiv fason Jozèf te konn aji?

12 Paran yo ka aprann anpil bagay nan egzanp Jozèf. Li pa t pè kite travay li e l te mete pwòp enterè l sou kote pou l pwoteje fanmi l ki te an danje. Yon fason klè, li te konsidere fanmi l kòm yon bèl kado Jewova ba li. Jodi a, paran yo ap leve pitit yo nan yon monn ki plen danje, yon monn ki ka pouse jèn yo fè sa k pa sa, sa k ka fè yo soufri anpil epi fè yo gaspiye lavi yo. Ala bèl sa bèl lè manman yo ak papa yo pran bonjan desizyon e yo travay di pou yo pwoteje pitit yo kont move enfliyans sa yo, menm jan Jozèf te fè sa!

Jozèf te pran swen fanmi l

13, 14. Poukisa Jozèf ak Mari te retounen Nazarèt pou yo te ka leve pitit yo?

13 Sanble fanmi an pa t fè anpil tan ann Ejip, paske sa pa t pran lontan pou yon zanj te fè Jozèf konnen Ewòd mouri. Jozèf te retounen ak fanmi l ann Izrayèl. Gen yon pwofesi ki te la depi lontan ki te anonse Jewova t ap rele pitit gason l lan “pou l kite peyi Ejip”. (Mat. 2:15.) Jozèf te patisipe nan akonplisman pwofesi sa a, men kounye a, ki kote li t ap mennen fanmi l?

14 Jozèf te pran anpil prekosyon. Li te pè Akelayis, moun ki te ranplase Ewòd la, paske Akelayis te menm jan ak Ewòd, li te mechan e li te konn touye moun. Anba direksyon Bondye, Jozèf te pran direksyon nò byen lwen Jerizalèm ak tout magouy ki te gen nan vil sa a e l te mennen fanmi l Nazarèt, yon bouk nan Galile kote l te fèt la. Se la Jozèf ak Mari te leve pitit yo. — Li Matye 2:19-23.

15, 16. Ki kalite travay Jozèf te konn fè, e ki zouti l te ka konn itilize?

15 Yo te mennen yon vi senp, men sa pa t fasil pou yo. Labib di Jozèf se te yon bòs chapant e l sèvi ak yon mo ki fè referans ak plizyè fason moun te konn travay ak bwa, tankou koupe gwo moso bwa, deplase yo epi prepare yo pou fè kay, bato, ti pon, charyo, wou, jouk ak tout kalite zouti moun te konn itilize nan jaden (Mat. 13:55). Travay sa a te mande pou yon moun gen anpil fòs. Nan epòk sa yo, byen souvan, bòs chapant yo te konn travay toupre papòt kay yo ki te senp oswa yo te konn travay nan yon atelye ki te toupre kay la.

16 Jozèf te konn sèvi ak plizyè kalite zouti, e petèt se papa l ki te kite kèk nan zouti sa yo pou li. Li te gendwa konn sèvi ak ekè, filaplon, fisèl pou fè liy dwat, ti rach, goyin, derapin, mato, mas, biren ak zouti pou fè twou nan bwa. Sanble li te konn sèvi tou ak plizyè kalite kòl, e petèt ak kèk klou, byenke materyèl sa yo te chè.

17, 18. a) Ki sa Jezi te aprann nan men papa adoptif li? b) Poukisa Jozèf te gen pou l travay di konsa?

17 Imajine Jezi ki timoun k ap gade papa adoptif li k ap travay. Je l ouvè byen gran e l ap veye chak mouvman Jozèf ap fè, e sandout, li pran plezi gade lajè zepòl Jozèf ak ponyèt li ki te byen trase, jan l ap travay ak ladrès ak jan l ap fè travay li byen. Petèt, Jozèf te kòmanse montre tipitit gason l lan ki jan pou l fè kèk ti travay, tankou jan pou l pase po pwason sèch sou bwa a pou fè bwa a lis. Petèt, li te aprann Jezi diferans ki genyen ant tout kalite bwa li te konn itilize yo, tankou pye fig sikomò, pye bwadchèn, oswa pye oliv.

Jozèf te bay pitit li a fòmasyon pou l vin yon bòs chapant.

18 Anplis de sa, Jezi te konnen Jozèf pa t sèlman gen anpil fòs ki te pèmèt li koupe pyebwa, prepare gwo moso bwa epi kole moso yo ansanm, men, li te konn pran swen ni li menm, ni manman l, ni frè l ak sè l yo ak anpil lanmou. Jozèf ak Mari te gen yon gwo fanmi ki te gen omwen sis pitit san konte Jezi (Mat. 13:55, 56). Jozèf te oblije travay pi di pou l pran swen tout moun sa yo e pou l ba yo manje.

Jozèf te konprann sa k te pi enpòtan an se te ede fanmi l gen bonjan relasyon ak Bondye.

19. Ki jan Jozèf te ede fanmi l gen bon relasyon ak Bondye?

19 Sepandan, Jozèf te konprann sa k te pi enpòtan an se te ede fanmi l gen bonjan relasyon ak Bondye. Se sa k fè l te pran tan pou l pale ak pitit li yo de Jewova Dye ak lwa Li yo. Jozèf ak Mari te gen abitid mennen yo nan sinagòg ki te nan zòn nan, kote yo te konn li Lalwa awotvwa e yo te konn esplike l. Petèt apre sa, Jezi te konn poze anpil kesyon e Jozèf te konn fè efò pou l ba l repons k ap satisfè l. Anplis de sa, Jozèf te konn mennen fanmi l nan fèt relijye ki te konn fèt Jerizalèm yo. Pou Jozèf te ka al nan fèt Pak la chak ane, petèt yo te konn fè de semèn ap vwayaje nan yon distans 120 kilomèt, epi, pou l tounen lakay li apre fèt la.

Jozèf te konn mennen fanmi l al adore Jewova nan tanp lan nan Jerizalèm.

20. Kòman chèf fanmi ki kretyen yo ka suiv egzanp Jozèf?

20 Jodi a, chèf fanmi ki kretyen yo suiv menm egzanp lan. Yo fè tout sa yo kapab pou pitit yo, yo met fòmasyon y ap ba yo nan domèn espirityèl anvan tout lòt bagay, san wete bagay materyèl. Yo fè gwo efò pou yo fè adorasyon an fanmi e pou yo mennen pitit yo nan reyinyon, nan asanble ak nan kongrè. Menm jan ak Jozèf, yo konnen se pi gwo byen yo ka fè pou pitit yo.

Yo te gen “kè kase”

21. Ki sa fanmi Jozèf te konn fè nan sezon fèt Pak la, e ki lè Jozèf ak Mari te vin rann yo kont Jezi pa la?

21 Lè Jezi te gen 12 an, Jozèf te mennen fanmi l Jerizalèm jan l te abitye fè sa. Se te pandan fèt Pak la, e fanmi ki gen anpil moun yo te konn vwayaje ansanm e yo te konn pase nan zòn ki gen anpil pyebwa. Toutpandan yo t ap pwoche zòn ki te pi wo toupre Jerizalèm yo, anpil nan yo te konn chante sòm moun te konn abitye chante lè y ap monte nan vil Jerizalèm (Sòm 120-134). Petèt, vil la te chaje ak plizyè santèn milye moun ladan l. Apre fèt la, fanmi yo te kòmanse pran wout pou yo tounen lakay yo. Petèt Jozèf ak Mari t ap okipe anpil bagay e yo te panse Jezi te ansanm ak lòt moun yo, petèt lòt moun nan fanmi yo. Se sèlman apre yo te fin gen yon jou depi yo kite Jerizalèm, yo te vin rann yo kont Jezi pa la. — Lik 2:41-44.

22, 23. Ki sa Jozèf ak Mari te fè lè yo rann yo kont Jezi pa avèk yo, e ki sa Mari te di lè yo te resi jwenn Jezi?

22 Yo retounen Jerizalèm ak kè kase e yo te chèche Jezi tout kote. Imajine jan vil la dwe te parèt vid, jan l te parèt yon ti jan dwòl toutpandan y ap mache nan lari a e y ap rele pitit yo a. Ki kote pitit la dwe te ye? Sou twazyèm jou a, petèt Jozèf te kòmanse ap mande tèt li si li pa t echwe nan responsablite sakre sa a Jewova te ba li a. Finalman, yo t al nan tanp lan. Lè yo rive, yo chèche jis yo antre nan yon pyès kote anpil mesye ki te byen konn Lalwa te konn rasanble, e Jezi te chita nan mitan mesye yo. Imajine jan Jozèf ak Mari te santi yo soulaje! — Lik 2:45, 46.

23 Jezi t ap koute mesye yo e l te chofe pou l poze yo kesyon. Mesye yo te sezi wè jan l te konprann bagay yo ak repons li t ap bay. Mari ak Jozèf te sezi anpil. Dapre sa Bib la fè konnen, Jozèf pa t di anyen. Men, pawòl Mari te di yo montre aklè ki sa yo toule de t ap panse. Li di Jezi: “Pitit mwen, poukisa w fè nou sa? Men papa w avè m ap chèche w ak kè kase.” — Lik 2:47, 48.

24. Ki jan Bib la pale de yon reyalite tout paran konnen?

24 Konsa, nan kèk bèl ti pawòl sèlman, Pawòl Bondye a montre yon reyalite tout paran konnen: leve timoun se yon bagay ki bay strès, e sa ka rive menm lè timoun nan pafè. Jodi a, leve timoun nan monn sa a ki plen danje kapab bay anpil “kè kase”, men, papa yo ak manman yo ka santi yo soulaje lè yo konnen Bib la pale de pwoblèm y ap rankontre yo.

25, 26. Ki jan Jezi te reponn paran l yo, e ki jan Jozèf te santi l lè l te tande repons pitit li a?

25 Jezi te rete nan tanp lan, sèl kote nan monn nan li te ka santi l pi pwòch Jewova, Papa l ki nan syèl la, toutpandan li te chofe pou l aprann tout sa l te kapab sou Jewova. Se sa k fè avèk respè Jezi te di paran l yo: “Poukisa nou te oblije ap chèche m? Nou pa konnen se lakay Papa m pou m ye?” — Lik 2:49.

26 Se sèten Jozèf te konn panse ak pawòl sa yo plizyè fwa. Petèt, li te konn santi l kontan e l te konn souri lè l ap reflechi ak pawòl sa yo. Dayè, li travay di pou l aprann pitit gason adoptif li a devlope santiman sa a pou Jewova Dye. Se vre Jezi te yon timoun, men, li te deja konnen santiman pwofon mo “papa” a gen ladan l, yon santiman relasyon l ak Jozèf te ede l vin genyen.

27. Si w se yon papa, ki privilèj ou genyen, e poukisa w ta dwe sonje egzanp Jozèf?

27 Si w se yon papa, èske w rann ou kont ki privilèj ou genyen pou w ede pitit ou konprann sa sa vle di yon papa ki gen lanmou, yon papa ki konn pwoteje fanmi l? Menm jan an tou, si w gen bofis oswa bèlfi, oubyen si w gen timoun ou adopte, sonje egzanp Jozèf epi boule ak chak timoun antanke yon moun espesyal e ki gen valè. Ede yo pwoche pi pre Jewova Dye, Papa yo ki nan syèl la. — Li  Efezyen 6:4.

Jozèf te pèsevere fidèlman

28, 29. a) Ki sa pawòl nou jwenn nan Lik 2:51, 52 aprann nou sou Jozèf? b) Kòman Jozèf te ede Jezi vin gen plis sajès?

28 Se sèlman kèk lòt detay Bib la bay sou lavi Jozèf, men, detay sa yo merite pou n byen egzamine yo. Bib la di Jezi te “kontinye soumèt devan” paran l yo. Li fè konnen tou “Jezi te kontinye gen plis sajès, li te kontinye grandi, e li te kontinye jwenn favè nan men Bondye ak nan men lèzòm”. (Li Lik 2:51, 52.) Ki sa pawòl sa yo aprann nou sou Jozèf? Plizyè bagay. Sa aprann nou Jozèf te kontinye pran latèt nan fanmi an paske pitit gason pafè li a te respekte otorite l antanke papa e l te kontinye soumèt devan l.

29 Anplis de sa, nou aprann Jezi te kontinye gen plis sajès. Se sèten, Jozèf te jwe yon gwo wòl nan pwogrè pitit li a te fè nan domèn sa a. Nan epòk sa a, gen yon ansyen pwovèb Juif yo te renmen di ki fè konnen se sèl moun ki t ap mennen yon lavi fasil ki te ka gen sajès toutbon, alòske atizan yo tankou bòs chapant, kiltivatè ak bòs fòjeron “pa t ka fè moun jwenn jistis e yo pa t ka fè jijman, e yo pa t dwe rete kote moun ap rakonte istwa”. Pi devan, Jezi te montre jan pwovèb sa a pa t gen sans. Lè l te timoun, byenke papa adoptif li te yon senp bòs chapant, se pa ni de ni twa fwa l te konn tande l k ap anseye “jistis ak jijman” Jewova yo yon fason efikas. Sandout, Jozèf te konn fè sa nan plizyè okazyon.

30. Ki bon egzanp Jozèf kite pou chèf fanmi yo jodi a?

30 Nou kapab wè enfliyans Jozèf te genyen sou devlopman fizik Jezi tou. Li te byen pran swen l lè l te timoun, se sa k fè Jezi te vin yon moun ki gen fòs e ki an sante. Apre sa, Jozèf te bay pitit gason l lan fòmasyon pou l te ka gen ladrès nan travay fizik li t ap fè a. Nonsèlman yo te konn Jezi kòm pitit bòs chapant lan, men yo te konnen l tou kòm “bòs chapant”. (Mak 6:3.) Kidonk, Jozèf te reyisi nan fòmasyon l t ap bay Jezi a. Chèf fanmi yo montre yo gen sajès lè yo imite Jozèf nan fason yo pran swen pitit yo pou fè yo santi yo byen e lè yo fè tout sa yo kapab pou ede yo pran swen tèt yo.

31. a) Ki enfòmasyon nou genyen konsènan lanmò Jozèf? (Gade  kare a tou.) b) Ki egzanp Jozèf kite pou n imite?

31 Yon fwa n fin rive kote istwa biblik la ap pale de batèm Jezi lè l vin gen 30 an, nou rann nou kont yo pa pale de Jozèf ankò. Ta sanble Mari te vèv nan moman Jezi te kòmanse sèvis li sou tè a. (Gade kare ki gen tit: “ Ki lè Jozèf te mouri?” a.) Men, Jozèf kite yon egzanp estrawòdinè antanke yon papa ki te pwoteje fanmi l, ki te ba yo sa yo gen bezwen e ki te pèsevere fidèlman jiska lafen. Li ta bon pou tout papa, tout chèf fanmi, oswa tout lòt kretyen imite lafwa Jozèf.

^ § 4 Nan epòk sa a, yo te konsidere angajman de moun pran pou yo fiyanse menm jan ak maryaj.

^ § 8 “Zetwal” sa a pa t yon zetwal toutbon e se pa Bondye ki te voye l. Li klè se Satan ki te itilize l nan plan l te genyen pou l fè touye Jezi a.

^ § 11 Yon fason klè, Bib la montre se jis apre Jezi te fin batize li te fè “premye mirak li”. — Jan 2:1-11.