Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou ka jwenn Bondye vre?

Èske nou ka jwenn Bondye vre?

“Moun pa ka konprann Bondye.” — Filon, ki soti nan Aleksandri, yon filozòf nan premye syèk la.

“[Bondye] pa lwen okenn nan nou.” — Sòl, moun Tas, lè l t ap pale ak filozòf Atèn yo nan premye syèk la.

PANDAN w ap li de pawòl sa yo, kiyès ladan yo ki dekri fason w panse? Anpil moun santi pawòl Sòl, moun Tas la, yo rele tou apot Pòl, fòtifye yo e li enterese yo (Travay 17:26, 27). Epi, Bib la gen anpil lòt pawòl konsa ki bay moun asirans. Pa egzanp, Jezi te fè yon priyè ki te gen yon bèl asirans, li te fè konnen disip li yo ka aprann konnen Bondye pou yo jwenn benediksyon nan men l. — Jan 17:3.

Men, gen filozòf tankou Filon ki te gen yon lòt pwennvi. Yo te fè konprann nou pap janm ka konnen Bondye, paske Bondye pa yon Moun moun ka konprann ditou. Nan de panse sa yo, kiyès ki verite?

Bib la montre aklè gen bagay ki difisil pou moun konprann sou Bondye. Pa egzanp, moun pa ka imajine kantite tan Kreyatè a genyen depi l egziste, jan l gen yon entèlijans estrawòdinè ak yon sajès ki pwofon. Bagay sa yo depase sa lèzòm ka konprann. Sepandan, sa pa anpeche nou aprann konnen Bondye. An reyalite, lè nou medite sou bagay sa yo, sa ka ede nou “pwoche bò kote Bondye”. (Jak 4:8.) Annou egzamine kèk egzanp nan bagay moun pa ka konprann yo. Apre sa, n ap pale sou kèk bagay moun ka vrèman konprann sou Bondye.

Ki bagay konsa moun pa ka konprann?

BONDYE TE TOUJOU EGZISTE: Bib la anseye Bondye egziste “depi toutan e pou toutan”. (Sòm 90:2, NW.) Sa vle di Bondye pa gen kòmansman e li pap gen fen. “Pèsonn pa ka konte kantite ane li genyen”. — Jòb 36:26, NW.

Byenfè nou jwenn: Bondye pwomèt nou lavi ki pap janm fini an si nou aprann konnen l toutbonvre (Jan 17:3). Èske moun t ap ka fè yon pwomès konsa konfyans si Bondye pa t ka viv pou toutan? Se sèl “Wa letènite a” ki ka reyalize yon pwomès konsa. — 1 Timote 1:17.

PANSE BONDYE: Bib la fè konnen ‘pèsonn pa ka rive konnen bagay Bondye konprann yo’ paske fason l panse depase lontan fason nou panse (Izayi 40:28; 55:9, NW). Li apwopriye pou Bib la poze kesyon sa yo ki fè moun reflechi: “Kilès ki konnen lide Senyè a? Kilès ki ka ba l enstriksyon?” — 1 Korentyen 2:16, Bib Kreyòl La.

Byenfè nou jwenn: Bondye kapab koute plizyè milyon priyè moun fè anmenmtan (Sòm 65:2). Li menm remake chak tikit ki tonbe atè. Èske lespri Bondye ka vin twò chaje pou l pa ka wè nou e pou l pa koute priyè nou yo? Non, sa pa ka fèt, paske panse l pa gen limit. Sa k pi bèl la, pou Bondye,“nou gen plis valè pase yon bann tikit”. — Matye 10:29, 31.

CHEMEN BONDYE YO: Bib la fè konnen lèzòm pap “janm rive konnen tout travay vrè Dye a fè depi nan kòmansman rive nan fen”. (Eklezyas 3:11NW.) Kidonk, nou pap janm fin konnen tout bagay sou Bondye. Nou pa ka ‘rive jwenn sajès ki gen nan chemen l yo’. (Women 11:33.) Sepandan, Bondye dispoze fè tout moun ki vle fè l plezi konnen chemen l yo. — Amòs 3:7.

Moun pa ka imajine kantite tan Kreyatè a genyen depi l egziste, jan l gen yon entèlijans estrawòdinè ak yon sajès ki pwofon.

Byenfè nou jwenn: Si w li Bib la e ou etidye l, ou pap janm sispann aprann nouvo bagay sou Bondye ak chemen l yo. Sa vle di nou kapab vin pi pwòch ak Papa nou ki nan syèl la pou toutan.

Bagay nou ka konnen

Paske nou pa fin konprann kèk bagay sou Bondye, sa pa vle di nou pap rive konnen l pou sa. Bib la gen anpil enfòmasyon k ap ede nou konnen Bondye pi byen toujou. Annou egzamine kèk egzanp.

NON BONDYE: Bib la fè nou konnen Bondye bay tèt li yon non. Men sa Bondye di: “Mwen se Jewova. Sa se non mwen.” Non Bondye parèt anviwon 7 000 fwa nan Bib la, plis pase nenpòt lòt non. — Izayi 42:8, NW.

Byenfè nou jwenn: Nan priyè modèl Jezi te bay la, li te di: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen.” (Matye 6:9). Èske ou menm tou ou ka sèvi ak non Bondye nan priyè w? Jewova dispoze sove tout moun ki demontre respè pou non li. — Women 10:13.

KOTE BONDYE RETE A: Bib la fè konnen gen de kote moun rete: tè a kote n ap viv la ak syèl la kote kreyati espirityèl yo ki gen kò espirityèl rete (Jan 8:23; 1 Korentyen 15:44). Nan Bib la, souvan mo “syèl la” gen rapò ak kote espri yo rete a. ‘Kote Kreyatè a rete a’ se nan “syèl la”. — 1 Wa 8:43, NW.

Byenfè nou jwenn: Nou vin gen yon imaj ki pi klè sou Bondye. Kreyatè nou an pa yon fòs moun pa konprann ki toupatou e ki nan tout bagay. Jewova se yon Pèsòn reyèl ki rete yon kote toutbon. Wi, “pa gen anyen nan kreyasyon an ki kache devan je Bondye”. — Ebre 4:13.

PÈSONALITE BONDYE: Bib la anseye Jewova gen bèl kalite. “Bondye se lanmou.” (1 Jan 4:8). Li pa janm bay manti (Tit 1:2). Li pa gen patipri, li gen mizèrikòd, li gen kè sansib e li pa fè kòlè fasil (Egzòd 34:6; Travay 10:34). Epi, yon bagay ki ka yon sipriz pou anpil moun, sèke Kreyatè a vle moun ki gen respè pou li yo vin “bon zanmi l”. — Sòm 25:14, NW.

Byenfè nou jwenn: Nou kapab vin zanmi Jewova (Jak 2:23). Epi, ofiramezi n ap konn pèsonalite Jewova, n ap ka pi byen konprann istwa Bib la rakonte yo.

“CHÈCHE L”

Bib la ban nou yon imaj byen klè sou Jewova Dye. Li pa yon Moun moun pa ka konprann. Anfèt, Kreyatè a vle nou konnen l. Men pwomès nou jwenn nan Bib la, Pawòl li a: “Si w chèche l, l ap kite w jwenn li.” (1 Kwonik 28:9, NW). Poukisa w pa aprann konnen Bondye lè w li istwa ki nan Bib la e w medite sou yo? Si w fè sa, Bib la pwomèt Bondye ‘ap pwoche bò kote w’. — Jak 4:8.

Si w li Bib la e ou etidye l, ou pap janm sispann aprann nouvo bagay sou Bondye ak chemen l yo.

Ou ka mande tèt ou: ‘Piske m pa ka konprann tout bagay sou Kreyatè a, ki jan m ka fè vin zanmi l?’ Reflechi sou egzanp sa a: Èske pi bon zanmi yon chirijyen bezwen gen konesans nan domèn lamedsin? Non. Zanmi yon chirijyen ka gen yon pwofesyon ki pa gen okenn rapò ak lamedsin. Epoutan, yo ka bon zanmi. Sa ki vrèman enpòtan, sèke zanmi chirijyen an bezwen konnen pèsonalite l, sa l renmen ak sa l pa renmen. Menm jan an tou, nan Bib la, nou ka aprann ki jan de moun Jewova ye. Se sa nou bezwen konnen egzakteman pou nou ka fè zanmi ak Bondye.

Bib la pa ban nou yon konesans vag sou Kreyatè a, okontrè, li gen kalite enfòmasyon nou bezwen pou nou rive konnen Bondye. Èske w ta renmen konnen plis bagay sou Jewova Dye? Temwen Jewova yo fè etid Labib ak moun yo lakay yo gratis. Nou ankouraje w pou w kontakte Temwen Jewova ki nan zòn ou an oswa pou w al sou sit Entènèt www.pr418.com/ht.