Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LABIB CHANJE LAVI MOUN

Kounye a m santi m ka ede lòt moun

Kounye a m santi m ka ede lòt moun
  • ANE LI FÈT: 1981

  • PEYI KOTE LI SOTI: GWATEMALA

  • ANVAN: MWEN TE PASE ANPIL TRAY LÈ M TE TIMOUN

VI MWEN T AP MENNEN:

Mwen fèt Acul, yon vil ki izole ki nan lwès Gwatemala, yon zòn ki gen mòn. Fanmi m fè pati kominote Ixil yo, yon gwoup moun ki se desandan Maya yo. Non sèlman mwen pale espayòl, men tou mwen pale lang gwoup moun sa yo pale a. Te gen anpil vyolans nan Gwatemala nan premye ane lavi m. Te gen yon gè sivil ki dire 36 an. Nan epòk sa a, anpil moun ki soti nan kominote Ixil la te mouri.

Lè m te gen katran, te gen yon frè m ki gen setan ki t ap jwe ak yon grenad ki te eksploze nan men l pa aksidan. Akoz aksidan sa a, mwen te avèg. Men, malerezman, frè m nan te pèdi lavi l. Annapre, mwen te pase anfans mwen nan yon lekòl yo fè pou timoun ki avèg nan vil Guatemala City. Se la mwen te aprann bray. Kote sa a, pou yon rezon m pa fin konprann byen, moun ki responsab yo te entèdi m pale ak lòt timoun, e lòt elèv yo pa t pran pa avè m. Mwen te toujou poukont mwen e chak ane m t ap tann de mwa vakans lan pou m al lakay mwen kote m t ap ansanm ak manman m ki te toujou janti avè m e ki te gen konpasyon pou mwen. Malerezman, li te mouri lè m te gen dizan. Lefètke m te santi m pèdi sèl moun ki te renmen m nan monn nan, mwen te nan gwo lapenn.

Lè m te gen 11 an, mwen te retounen nan vil kote m te fèt la e m t al viv ak yon frè m te genyen bò kot papa ki t ap viv ansanm ak fanmi l. Yo te pran swen m nan domèn fizik, men pa gen okenn moun ki te ka ede m nan domèn afektif. Pafwa, mwen te di Bondye byen fò: “Poukisa manman m te mouri? Poukisa m oblije avèg?” Moun yo te di m trajedi konsa rive paske se volonte Bondye. Mwen te vin konprann sanble Bondye se yon moun ki ensansib e ki enjis. Yon sèl rezon ki fè mwen pa t touye tèt mwen se paske m pa t gen mwayen pou m fè sa.

Piske m te avèg sa te fè m san pwoteksyon nan domèn fizik ak nan domèn afektif. Lè m te yon ti gason yo te fè abi seksyèl sou mwen plizyè fwa. Mwen pa t janm rapòte krim sa yo. Mwen te panse pèsonn pa t ap gen sousi pou mwen. Se raman moun te konn pale avè m, e mwen pa t konn pale ak pèsonn. Mwen te santi m poukont mwen, m te deprime e m pa t fè pèsonn konfyans.

FASON LABIB CHANJE LAVI M:

Lè m te nan kòmansman adolesans mwen, pandan yo te bay rekreyasyon nan lekòl la, gen de Temwen Jewova (yon koup marye) ki te pwoche bò kote m. Gen yon madam, youn nan pwofesè nan lekòl mwen an ki te konprann sitiyasyon m, ki te mande Temwen yo pou yo vizite m. Yo te pale avè m sou pwomès Bib la fè ki montre moun ki mouri yo pral resisite e yon jou moun ki avèg yo pral wè ankò (Izayi 35:5; Jan 5:28, 29). Mwen te renmen sa Temwen yo te anseye m yo, men li te difisil pou m pale avèk yo paske mwen pa t gen abitid pale ak moun. Sepandan, malgre m te yon timoun ki fèmen anpil, avèk pasyans e jantiyès, yo te pèsiste pou yo vizite m pou yo te ka aprann mwen sa k nan Bib la. Koup sa a te mache yon distans ki plis pase 10 kilomèt e yo te soti sou yon mòn pou yo vin nan vil kote m te rete a.

Frè m nan te esplike m ki jan yo ye, li di m yo byen abiye, men yo pa moun ki gen gwo mwayen. Epoutan, yo te montre yo toujou enterese nan mwen, yo konn pote ti kado pou mwen. Mwen te santi se sèlman vrè kretyen yo ki pou fè sakrifis konsa.

Mwen te etidye Labib nan piblikasyon ki fèt an bray. Byenke nan lespri m mwen te konprann sa m t ap aprann yo, men nan kè m mwen te santi gen kèk bagay ki te difisil pou m aksepte. Pa egzanp, mwen te fè anpil efò pou m kwè Bondye vrèman gen sousi pou mwen e lòt moun ka gen kè sansib pou mwen tou menm jan ak Bondye. Mwen te konprann poukisa Jewova pèmèt mechanste pou yon ti tan, men sa te difisil pou mwen pou m konsidere l kòm yon Papa ki vrèman gen lanmou *.

Tikras pa tikras, sa m te aprann nan Bib la te ede m chanje pwennvi m te genyen an. Pa egzanp, m te aprann Bondye gen gwo sousi pou moun k ap soufri yo. Men sa Bondye te di konsènan sèvitè li yo yo t ap maltrete: “Vrèmanvre, mwen wè tray pèp mwen an ap pase [...]. Mwen byen konnen jan y ap soufri.” (Egzòd 3:7, NW). Lè m te vin apresye bèl kalite Jewova yo, sa te pouse m vwe lavi m ba li. Nan ane 1998, mwen te batize antanke Temwen Jewova.

Mwen menm ak frè ki ban m rete lakay li a.

Anviwon ennan apre m fin batize, mwen te suiv yon kou yo te fè toupre vil Escuintla pou avèg. Yon ansyen nan kongregasyon nan zòn nan te wè jan sa te difisil pou m asiste reyinyon pandan m rete nan vil kote m soti a. Kongregasyon ki te pi pre kote m rete a te sou menm mòn kote koup Temwen an te soti pou yo vin fè etid avè m nan, epi l pa t fasil pou m fè vwayaj la. Pou ansyen an te ede m, li te jwenn yon fanmi ki Temwen nan Escuintla ki te dakò pou m rete lakay yo e ki t ap ede m asiste reyinyon kongregasyon an. Jis jodi a, yo pran swen m tankou m te yon manm fanmi yo.

Mwen te ka rakonte anpil lòt eksperyans sou vrè lanmou frè ak sè nan kongregasyon an montre yo gen pou mwen. Tout eksperyans sa yo konvenk mwen antanke Temwen Jewova, mwen pami moun ki vrè kretyen yo. — Jan 13:34, 35.

BYENFÈ MWEN JWENN:

Mwen pa santi m san valè ankò, ni m pa santi m sanzespwa ankò. Kounye a, lavi m gen anpil sans. Antanke moun k ap patisipe aplentan nan travay predikasyon Temwen Jewova yo òganize a, mwen te pase plis tan ap anseye lòt moun verite ki nan Bib la ki gen anpil valè olye m te ret ap reflechi sou andikap mwen genyen an. Mete sou sa, mwen gen privilèj pou m sèvi antanke ansyen nan kongregasyon an e pou m bay diskou piblik nan plizyè kongregasyon ki nan zòn nan. Mwen menm gen privilèj pou m bay diskou ki baze sou Bib la nan kèk kongrè rejyonal kote gen plizyè milye moun k ap asiste.

M ap bay yon diskou, m ap sèvi ak Bib an bray mwen an.

Nan ane 2010, mwen te gradye nan Lekòl fòmasyon ministeryèl (kounye a yo rele l Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan) ki te fèt nan peyi Salvadò. Lekòl sa a prepare m pou m ranpli responsablite m pi byen nan kongregasyon an. Fòmasyon sa a mwen resevwa a fè m santi Jewova ban m anpil valè e li renmen m, piske se li menm ki kalifye nenpòt moun pou fè travay li.

Men sa Jezi te di: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” (Travay 20:35). Jodi a, mwen vrèman ka di mwen gen kè kontan. Epi, menmsi anvan mwen pa t janm panse sa posib, kounye a m santi m ka ede lòt moun.

^ § 13 Pou w jwenn enfòmasyon sou rezon ki fè Bondye pèmèt mechanste, gade chapit 11 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.