Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa Wayòm Bondye a pral fè?

Ki sa Wayòm Bondye a pral fè?

Jezi te anseye disip li yo pou yo priye pou Wayòm Bondye a vini. Li te konnen move bagay k ap pase sou tè a se pa sa Bondye vle, e Wayòm Bondye a se sèl gouvènman ki gen pouvwa pou l rezoud pwoblèm yo. Ki sa Wayòm Bondye a pral fè?

SA WAYÒM BONDYE A DEJA FÈ

Nan atik ki vin anvan an, nou te egzamine siy Jezi te bay la. Siy sa a pèmèt nou wè byen klè Wayòm Bondye a tabli nan syèl la e Jezi Kris se Wa ladan l.

Labib fè konnen lè Jezi t ap vin Wa nan Wayòm nan, li t ap pimpe Satan ak demon l yo sou tè a. Kounye a, yo ka gen enfliyans sèlman sou bagay k ap pase sou tè a, se youn nan rezon ki fè bagay yo ap vin pi mal konsa depi 1914. — Revelasyon 12:7, 9.

Byenke bagay yo ap vin pi mal nan monn nan, Jezi, antanke Wa nan Wayòm Bondye a, fè anpil bagay pou l ede pèp Bondye a ki sou tè a. Grasa pwogram ansèyman nan Bib la Jezi te anonse k ap fèt sou tout tè a, anpil moun aprann prensip ki nan Bib la e yo aplike yo nan lavi yo chak jou (Ezayi 2:2-4). Plizyè milyon moun aprann gen yon bon pwennvi sou travay, yo aprann amelyore lavi fanmi yo epi sèvi ak bagay materyèl yo san yo pa vin esklav yo. Sa moun sa yo aprann yo fè yo jwenn byenfè depi kounye a e sa fè yo vin kalite moun Bondye vle ki pou viv anba Wayòm li an.

KI SA WAYÒM BONDYE A PRAL FÈ ANKÒ?

Byenke Jezi deja ap dirije nan syèl la, gouvènman lèzòm yo kontinye ap dirije sou tè a. Men, Bondye di Jezi: “Al domine nan mitan ènmi w yo.” ​(Sòm 110:2). Talè konsa, Jezi pral detwi tout ènmi l yo nèt pou l ka bay moun ki aksepte obeyi Bondye yo yon souf.

Nan moman sa a, Wayòm Bondye a pral aji pou l:

  • Detwi fo relijyon. Relijyon yo k ap anseye manti sou Bondye e ki rann lavi a difisil pou moun yo pap egziste ankò. Bib la konpare fo relijyon ak yon fi ki pwostitye. Yo pral detwi pwostitye sa a, e sa pral fè anpil moun sezi. — Revelasyon 17:15, 16.

  • Elimine gouvènman lèzòm yo. Wayòm Bondye a pral aji pou l elimine tout gouvènman lèzòm yo. — Revelasyon 19:15, 17, 18.

  • Detwi mechan yo. Ki sa k ap rive moun ki chwazi pou yo fè sa ki mal e ki refize obeyi Bondye? “Kanta pou mechan yo, y ap detwi yo sou tè a.” — Pwovèb 2:22.

  • Detwi Satan ak demon yo. Satan ak demon yo pap kapab “twonpe nasyon yo ankò”. — Revelasyon 20:3, 10.

Ki sa sa pral vle di pou moun ki soumèt anba Wayòm Bondye a?

SA WAYÒM BONDYE A PRAL FÈ POU LÈZÒM

Jezi, k ap dirije antanke Wa nan syèl la, pral fè plis bagay lontan pase sa nenpòt dirijan sou tè a ta kapab fè. Ap gen 144 000 moun Bondye chwazi pami lèzòm k ap dirije avèk Jezi (Revelasyon 5:9, 10; 14:1, 3). Jezi pral veye pou volonte Bondye fèt sou tè a. Ki sa Wayòm Bondye a pral fè pou moun k ap viv sou tè a?

  • L ap retire maladi ak lanmò. “Pa gen yon moun nan peyi a k ap di: ‘Mwen malad’” epi “pap gen lanmò ankò”. — Ezayi 33:24; Revelasyon 21:4.

  • L ap mete lapè ak sekirite toutbon. “Pitit ou yo ap viv nan lapè”, epi “chak moun ap chita anba pye rezen yo ak pye fig frans yo, e pa gen pèsonn k ap vin fè yo pè”. — Ezayi 54:13; Miche 4:4.

  • L ap fè moun gen travay k ap ba yo satisfaksyon. “Moun mwen chwazi yo ap byen jwi travay yo fè ak men yo. Yo pap kraze kò yo travay pou granmesi.” — Ezayi 65:22, 23.

  • L ap rezoud pwoblèm anviwònman yo. “Dezè a ak tè ki sèch la ap kontan anpil, e plèn ki nan dezè a ap kontan, l ap gen anpil flè tankou pye safran.” — Ezayi 35:1.

  • L ap anseye moun yo sa pou yo fè pou yo ka viv pou toutan. “Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris.” — Jan 17:3.

Bondye vle w jwenn benediksyon sa yo (Ezayi 48:18). Atik ki vin apre a pral montre w sa w kapab fè depi kounye a pou w pami moun k ap jwenn bèl bagay sa yo alavni.