Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki lè Wayòm Bondye a pral dirije tè a?

Ki lè Wayòm Bondye a pral dirije tè a?

Kèk nan disip fidèl Jezi yo te vle konnen ki lè Wayòm Bondye a t ap kòmanse dirije. Jezi te reponn kesyon yo a lè l te di yo yo pa t ap konnen ki lè egzak li t ap dirije tè a (Travay 1:6, 7). Men, anvan sa, li te di yo lè disip li yo t ava wè yon seri evènman k ap rive anmenmtan, “yo t ap konnen Wayòm Bondye a toupre”, e lè pou l kòmanse dirije monn nan rive. — Lik 21:31.

KI EVÈNMAN JEZI TE DI KI T AP GEN POU RIVE?

Jezi te di: “Nasyon pral leve kont nasyon e wayòm pral leve kont wayòm. Pral gen gwo tranblemanntè e pral gen rate manje ak epidemi nan yon zòn apre yon lòt.” ​(Lik 21:10, 11). Tout evènman sa yo met ansanm fòme yon siy byen klè ki montre “Wayòm Bondye a toupre”. Èske tout evènman sa yo rive ansanm e yo fèt sou tout tè a? Ann konsidere prèv ki vin apre yo.

1. GÈ

An 1914, lagè te eklate yon fason moun pa t janm wè anvan sa pandan tout listwa lèzòm. Souvan, istoryen yo pale de ane 1914 la kòm yon gwo dat nan listwa paske se nan ane sa a Premye Gè mondyal la te kòmanse. Se nan gè sa a yo te premye itilize zam tankou cha de gè, avyon pou lage bonm, mitrayèt, gaz ki gen pwazon ak lòt kalite zam fannfwa anpil kote pou touye yon bann moun. Apre sa, te vin gen Dezyèm Gè mondyal la kote yo te itilize zam nikleyè. Depi nan ane 1914, lèzòm ap fè lagè soti nan yon zòn rive nan yon lòt, e gè sa yo touye plizyè milyon moun.

2. TRANBLEMANNTÈ

Selon sa yo (Britannica Academic) fè konnen, chak ane gen anviwon 100 tranblemanntè ki fèt e ki fò ase pou lakòz “gwo dega”. E gen yon sant etid ameriken (the United States Geological Survey) ki rapòte “selon sa nou anrejistre (depi bò ane 1900), nou atann pou gen anviwon 16 gwo tranblemanntè chak ane”. Menmsi gen kèk moun ki ta fè konprann si nou wè ta sanble gen plis tranblemanntè ki fèt se paske yo ka detekte tranblemanntè yo pi fasil, sa ki sèten sèke gwo tranblemanntè toupatou nan monn nan lakòz plis soufrans ak lanmò yon fason n pa t janm konnen anvan sa.

3. RATE MANJE

Gen rate manje nan lemonnnantye akoz lagè, koripsyon, gwo pwoblèm ekonomik ak pwoblèm agrikilti. Rapò Pwogram alimantè mondyal pou ane 2018 la fè konnen: “Gen 821 milyon moun nan monn nan ki pa gen ase manje pou yo manje e gen 124 milyon pami yo ki nan gwo grangou.” Malnitrisyon lakòz anviwon 3,1 milyon timoun mouri chak ane. Nan ane 2011 lan, se sa ki te lakòz prèske mwatye nan kantite timoun ki mouri nan lemonnantye.

4. MALADI AK EPIDEMI

Nan yon ouvraj, Òganizasyon mondyal lasante deklare: “Depi 2001, nou gentan fè fas ak yon seri gwo epidemi. Yon seri maladi ki te la lontan tankou kolera, maladi pès ak lafyèv jón retounen ankò, e yon pakèt lòt vin parèt tankou SRAS (sendwom respiratwa trè grav), gwo grip ki touye moun e ki gaye byen fasil, MERS (sendwom respiratwa nan Mwayenn Oryan), ebola ak zika.” Dènye pandemi ki te parèt la se pandemi COVID-19 la. Malgre syantifik yo ak doktè yo aprann anpil bagay konsènan maladi, yo pa ka rive jwenn tretman pou tout maladi.

5. YON TRAVAY PREDIKASYON SOU TOUT TÈ A

Jezi te pale de yon lòt eleman nan siy lan lè l te anonse: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” ​(Matye 24:14). Pandan monn nan ap travèse anpil gwo pwoblèm, plis pase 8 milyon moun ki soti nan tout nasyon ap preche bon nouvèl konsènan Wayòm nan nan 240 peyi e nan plis pase 1 000 lang. Sa potko janm fèt nan tout listwa limanite.

KI SA SIY LAN VLE DI POU NOU?

Evènman sa yo ki fè pati siy Jezi te bay la ap rive jodi a. Ki sa sa vle di pou nou? Poukisa sa ta dwe enterese nou? Paske Jezi te di: “Lè nou wè bagay sa yo ap rive, konnen Wayòm Bondye a toupre.” — Lik 21:31.

Talè konsa, Wayòm Bondye a pral asire l volonte Bondye fèt sou tè a.

Siy Jezi te bay la ak kwonoloji nan Bib la ede n konprann Bondye te tabli Wayòm li an nan syèl la nan ane 1914 a. Nan moman sa a, li te mete Jezi Kris, Pitit Gason l lan, Wa (Sòm 2:2, 4, 6-9). Talè konsa, Wayòm Bondye a pral dirije tè a e li pral retire tout lòt gouvènman yo ki opoze avè l e l ap fè tè a tounen yon paradi pou lèzòm viv pou toutan.

Nan yon ti tan ankò, pawòl Jezi te di nan priyè modèl la pral reyalize: “Se pou Wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.” ​(Matye 6:10). Bon, ki sa Wayòm Bondye a ap fè depi lè l kòmanse dirije an 1914 la? E ki sa nou ka atann Wayòm nan pral fè lè l ap dirije tout limanite?

a Pou w jwenn enfòmasyon sou ane 1914 la, gade leson 32 nan liv Viv ak kè kontan pou toutan! an. Se Temwen Jewova yo ki pibliye l.