Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

E+/taseffski/via Getty Images (Stock photo. Posed by model.)

KONTINYE VEYE!

Sante mantal jèn yo ap vin pi mal yon fason ki enkyetan — Ki sa Bib la di?

Sante mantal jèn yo ap vin pi mal yon fason ki enkyetan — Ki sa Bib la di?

 Lendi 13 fevriye 2023 a, Sant pou kontwole e pou fè prevansyon maladi (CDC) Ozetazini bay yon rapò konsènan sante mantal adolesan yo nan peyi a. Yo remake gen plis pase 40 pousan nan elèv nan klas segondè ki toujou santi yo tris e ki santi yo sanzespwa.

 Men sa doktè Kathleen Ethier, direktris yon depatman yo rele DASH nan CDC a ki okipe sante adolesan yo, di: “Byenke depi 10 ane ki sot pase yo, nou te remake sante mantal jèn yo te gen tandans vin pi mal, kounye a, sante mantal jèn fi adolesan yo vin pi ba e panse ak aksyon yo fè pou touye tèt yo vin wo nan yon nivo nou potko janm wè anvan sa.”

 Men sa rapò a di:

  •   Sou chak 10 jèn fi adolesan gen plis pase youn (14 pousan) yo te fòse gen rapò seksyèl. Doktè Ethier di: “Sa vrèman enkyetan, paske sa vle di sou chak 10 jèn fi adolesan ou konnen, gen youn oswa menm plis, ki te viktim vyòl.”

  •   Sou chak 3 jèn fi adolesan gen anviwon youn ladan yo (30 pousan) ki panse touye tèt li toutbon.

  •   Sou chak 5 jèn fi adolesan anviwon 3 ladan yo (57 pousan) santi yo tris toutan oswa yo santi yo sanzespwa.

 Chif sa yo fè nou vrèman tris. Lè yon moun adolesan se moman pou l gen kè kontan. Ki sa k ka ede jèn yo fè fas ak strès y ap rankontre jodi a? Ki sa Bib la di?

Bonjan èd Bib la ofri jèn yo

 Bib la pale yon fason ki reyalis konsènan epòk difisil n ap viv jodi a. Li rele l “tan [ki] difisil pou moun sipòte”. (2 Timote 3:1-5.) Sepandan, Bib la bay konsèy ki deja ede plizyè milyon jèn toupatou sou tè a fè fas ak sitiyasyon difisil y ap viv yo. Li atik ki annapre yo ki baze sou Bib la.

 Èd pou jèn k ap lite ak panse pou yo touye tèt yo

 Èd pou jèn k ap fè fas ak depresyon, tristès oswa santiman negatif

 Èd pou jèn k ap sibi brimad oswa brimad sou Entènèt

 Èd pou jèn k ap fè fas ak asèlman seksyèl oswa vyolans seksyèl

Bib la bay bonjan konsèy pou paran

 Bib la bay bonjan konsèy pou ede paran yo yon fason pou yo ka ede pitit yo ki adolesan fè fas ak pwoblèm y ap rankontre nan lavi a. Li atik ki annapre yo ki baze sou Bib la.