Al gade sa k anndan l

ÈD POU FANMI

Ki sa m ka fè si pitit mwen ap sibi brimad?

Ki sa m ka fè si pitit mwen ap sibi brimad?

 Ou aprann piti ou ap sibi brimad nan lekòl li a. Ki sa w kapab fè? Èske w ap mande responsab lekòl la pou yo bay moun k ap bay brimad la pinisyon? Èske w ap aprann piti ou pou l tire revanj? Anvan w deside, ann egzamine ansanm kèk pwen konsènan pran brimad. a

 Ki sa m dwe konnen konsènan pran brimad?

 Ki sa sa vle di pran brimad? Yon moun k ap pran brimad, se yon moun yo nui regilyèman paske yo vle frape l oswa ba l presyon. Men, se pa chak jouman oswa chak aksyon yo fè kont yon moun ki reprezante yon brimad toutbonvre.

 Sa k fè n di sa, se paske gen moun ki sèvi ak mo “brimad” la pou tout kalite konpòtman lòt mou genyen ki deranje yo, menm si l pa twò grav. Men, lè paran yo toujou defann pitit yo lè yo jwenn pwoblèm, san yo pa rann yo kont, yo fè pitit yo kwè yo pa gen pwòp kapasite pa yo pou yo rezoud pwoblèm, alòske yo bezwen sa pou yo antre nan lavi a.

 Prensip Bib la bay: “Pa kouri fache.” — Eklezyas 7:9.

 Sa nou dwe sonje, se vre gen sitiyasyon k ap mande pou se nou ki aji, men gen lòt, kote nou dwe kite pitit nou an devlope kapasite pou l adapte l e pou l konpòte l ak lòt moun. — Kolosyen 3:13.

 Men, ki sa w ka fè si pitit ou a fè w konnen regilyèman yo fè espre y ap tingting li?

 Ki èd m ka bay?

  •   Koute avèk pasyans sa pitit ou ap di w. Chèche byen konprann 1) sa k pase a e 2) sa k fè se li yo chwazi bay brimad. Pa kouri aji san w pa konprann tout sa k pase a. Mande lòt moun plis esplikasyon pou sa k pase a. Pou w jwenn plis detay, li ka bon pou w pale ak pwofesè a oswa ak paran lòt timoun yo.

     Prensip Bib la bay: “Yon moun ki kouri reponn anvan l tande sa yo di a, sa l fè a se bagay moun sòt, e se yon imilyasyon pou li.” — Pwovèb 18:13.

  •   Si pitit ou ap sibi brimad toutbonvre, ede l konprann fason li reyaji kapab fè bagay yo vin pi byen oswa pi mal pou li. Pa egzanp, Bib la fè konnen: “Yon repons ki dous kalme kòlè, men, yon pawòl ki rèd fè moun an kòlè.” (Pwovèb 15:1). An reyalite, lè yon moun ap chèche revanj, sa kapab fè li sibi plis brimad toujou olye pou l fè lòt moun nan sispann.

     Prensip Bib la bay: “Pa rann mal pou mal, pa joure moun poutèt yo joure nou.” — 1 Pyè 3:9.

  •   Fè pitit ou konprann si l pa reponn sa pa vle di se lach li ye menmsi moun te ka panse sa. Okontrè, sa montre li gen lespri pase moun nan paske li pa kite pou se moun nan ki di l jan pou l aji. Nan yon sans, li pa ni pran ni bay brimad.

     Pitit ou dwe sonje yon konpòtman konsa pi itil toujou si se sou Entènèt l ap pran brimad. Paske, si l tonbe ap fè moun esplikasyon sou Entènèt, se pa sa k ap fè moun k ap ba l brimad la sispann e sa ka rive se pitit ou a menm yo akize, k ap pouse dife! Poutèt sa, pafwa, pi bon fason yon moun kapab reyaji se pa di anyen. Sa ka pèmèt pitit ou gen kontwòl sitiyasyon an, e moun k ap bay brimad la pap jwenn anyen pou l di.

     Prensip Bib la bay: “Kote ki pa gen bwa, dife mouri.” — Pwovèb 26:20.

  •   Pafwa, pitit ou a ka evite rankontre moun ki renmen bay brimad yo oswa evite pase kèk kote ki rann brimad la pi fasil. Pa egzanp, li ka pran yon lòt wout si l konnen kote moun ki renmen bay brimad la oswa gwoup lan konn ye.

     Prensip Bib la bay: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache, men, moun ki pa gen eksperyans lan kontinye ale tou dwat e li peye sa.” — Pwovèb 22:3.

Li kapab bon pou w pale ak pwofesè a oswa ak lòt paran yo.

 ESEYE SA A: Fè pitit ou reflechi sou avantaj ak dezavantaj li ka genyen si l aji tèl ou tèl fason. Pa egzanp:

  •  Ki sa ki t ap rive si l bay moun k ap ba l brimad la vag?

  •  Ki sa k t ap pase si l al bò kot moun nan poukont li, pou l mande moun nan sispann fè sa?

  •  E si l al pale ak responsab lekòl la pou moun nan?

  •  Èske li ka pran sa moun nan fè a kòm yon blag oswa montre l amikal?

 Chak sitiyasyon pa menm, kit se sou Entènèt pitit ou a ap pran brimad kit se fasafas. Donk, travay ak pitit ou a pou l jwenn solisyon ak pwoblèm li a. Ba l asirans w ap avè l pandan l ap pase moman difisil sa a.

 Prensip Bib la bay: “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” — Pwovèb 17:17.

a Byenke yo di se yon gason k ap pran brimad nan atik sa a, prensip yo esplike yo gen rapò ak fi tou.