Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK KI SOU PAJ KOUVÈTI A

Anpil jèn fè depresyon. Sa k fè sa? Ki sa k ka ede yo?

Anpil jèn fè depresyon. Sa k fè sa? Ki sa k ka ede yo?

MEN sa Anna * di: “Lè m nan moman kote m santi depresyon, mwen pa santi m anvi fè anyen, mwen pa menm anvi fè aktivite mwen konn renmen fè yo. Sèl sa ki enterese m se dòmi. Byen souvan, mwen santi moun pa ka renmen m, mwen pa vo anyen e m se yon pwa lou pou lòt moun.”

Men sa Julia sonje: “Mwen te panse touye tèt mwen. Se pa mouri m te vle mouri, men m te vle sispann santi m jan m te santi m nan. An jeneral, mwen se yon moun ki renmen pran ka moun. Men, lè m deprime, pa gen anyen, ni pèsonn ki gen valè pou mwen.”

Anna ak Julia te gen ant 13 ak 14 an premye fwa yo te fè depresyon. Byenke gen kèk jèn se pou yon ti moman yo konn santi yo tris, Anna ak Julia te pase plizyè moman depresyon ki te dire plizyè semèn, gen yon fwa sa te menm dire plizyè mwa. Anna di: “Se kòmsi w nan yon gwo twou nwa ki fon e pa gen kote pou w soti. Ou santi w ap pèdi tèt ou, epi ou pa menm moun nan ankò.”

Sitiyasyon Anna ak Julia a se pa yon sitiyasyon ki rive kèk jèn sèlman. Yo fè konnen kantite jèn ki fè depresyon yo ap ogmante yon fason ki bay kè sote, epitou, selon Òganizasyon mondyal lasante (OMS), depresyon se “youn nan premye rezon ki fè ni tigason ni tifi ki gen ant 10 ak 19 an malad oubyen vin limite nan sa l ka fè”.

Siy depresyon yo ka parèt ant 13 ak 19 an. Se kapab chanjman nan lè jèn yo dòmi, nan kantite manje yo manje ak nan gwosè yo. Yo konn santi yo dezespere e yo pèdi espwa, yo konn tris e yo konn santi yo pa vo anyen. Gen lòt bagay ki konn montre yo fè depresyon, pa egzanp, yo konn santi yo apa, yo konn pa ka konsantre oubyen yo pa gen memwa, yo konn anvi touye tèt yo oubyen yo konn menm eseye touye tèt yo. Pafwa, yo konn gen yon seri pwoblèm sante, men doktè pa ka esplike sa yo genyen. Lè moun ki travay nan domèn sante mantal yo konn sispèk yon moun fè depresyon, souvan yo konn chèche wè si moun nan gen yon seri siy ki dire plizyè semèn e ki ka anpeche l viv lavi l nòmalman.

REZON KI KA FÈ JÈN YO FÈ DEPRESYON

Selon OMS, gen plizyè rezon ki ka fè yon moun fè depresyon. Se kapab fason lòt moun aji avèk moun nan, presyon ki fèt sou lespri l ak kèk bagay ki gen rapò ak reyaksyon k ap fèt nan kò l.

Bagay ki gen rapò ak reyaksyon k ap fèt nan kò yo. Nan ka Julia, depresyon se te yon pwoblèm ki te nan fanmi an, e souvan se konsa sa ye. Sa fè nou konprann se kapab yon pwoblèm moun eritye nan fanmi l. Petèt se kapab yon pwoblèm ki gen rapò ak aktivite chimik ki gen nan sèvo yon moun. Lòt bagay fizik ki ka fè yon moun fè depresyon se maladi kè, chanjman nan kantite òmòn moun nan gen nan kò l e si l fè eksè nan yon seri pwodui, sa ka fè swa moun nan vin fè depresyon, swa depresyon an vin pi grav *.

Strès. Se vre yon ti kantite strès ka bon, men si yon jèn toujou anba strès oubyen li gen yon strès ki twòp pou li, sa ka gen move efè sou kò l ak sante mantal li. Pafwa, sa ka menm fè yon jèn ki deja gen tandans fè depresyon vin tonbe nan pwoblèm sa a. Apre sa, moun toujou pa fin konn rezon ki fè jèn yo fè depresyon e plizyè rezon ka mete ansanm, jan nou te wè sa pi wo a.

Gen kèk bagay ki ka lakòz yon jèn strese e yo ka fè l fè depresyon, tankou si paran l divòse oubyen separe, si yon moun li renmen mouri, si yo fè vyolans sou li oswa yo fè abi seksyèl sou li, si l fè yon gwo aksidan, si l malad oswa si l gen difikilte pou l aprann lekòl, sitou si l santi yo mete l sou kote poutèt sa. Yon lòt bagay ki ka lakòz li strese, se lè paran l ap tann pou l fè plis pase sa l ka fè, petèt nan rezilta l bay lekòl. Gen lòt bagay ki ka fè sa tou, pa egzanp, lè lòt elèv yo ba l brimad, lè l pa fin konnen sa l pral fè demen, lè gen yon paran l ki fè depresyon e ki sispann ba l afeksyon ak atansyon epi lè l pa janm konn ki jan paran l pral reyaji. Ki sa k ka ede yon jèn si l tonbe nan depresyon akoz sitiyasyon sa yo?

PRAN SWEN LESPRI W AK KÒ W

Byen souvan, medikaman ak konsèy yon moun ki travay nan domèn sante mantal konn ede yon moun fè fas ni ak depresyon ki pa twò grav, ni ak gwo depresyon *. Men sa Jezi Kris te di: “Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se moun ki malad ki bezwen doktè.” (Mak 2:17). Maladi ka touche nenpòt pati nan kò nou, sèvo nou ladan l tou. Nan ka sa a, li ka bon pou nou chanje fason n ap viv paske lespri nou ak kò nou gen yon relasyon ki sere anpil.

Si w fè depresyon, pran dispozisyon ki rezonab pou w pran swen sante fizik ou ak sante mantal ou. Pa egzanp, manje manje ki bon pou sante w, dòmi ase, epi fè egzèsis regilyèman. Lè w fè egzèsis, sa ka ede kò w libere yon seri sibstans chimik ki ka fè w santi w byen e ki ka fè kè w kontan, ki ka fè w gen plis enèji e ki ka fè w dòmi pi byen. Si sa posib, eseye chèche wè bagay ki ka fè w santi w deprime, eseye chèche wè siy ki montre depresyon an kòmanse pran pye sou ou epi mete yon bon ti estrateji sou pye. Ouvri kè w bay yon moun ou fè konfyans. Plizyè fanmi pwòch ak bon zanmi ki ankourajan kapab ede w fè fas ak depresyon an pi byen. Yo ka menm ede w santi siy yo mwens. Ekri panse w yo ak santiman w yo nan yon kanè, se yon bagay Julia, nou te site pi wo a, te konn fè, e sa te ede l. Sa k pi enpòtan an, chèche pou w gen bon relasyon ak Bondye. Sa ka gen gwo efè sou fason w wè lavi a. Jezi Kris te di: “Byennere moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye.” — Matye 5:3.

Manje byen, rete aktif, epi dòmi ase.

Ou ka jwenn konsolasyon si w chèche gen bon relasyon ak Bondye.

Ni Anna ni Julia dakò ak pawòl Jezi te di yo. Anna pase tan l nan yon seri aktivite ki fè l vin pi pwòch ak Bondye. Men sa l di: “Aktivite ki fè moun gen bon relasyon ak Bondye yo fè m konsantre sou lòt moun, yo pa fè m konsantre sou pwoblèm mwen yo sèlman. Sa pa toujou fasil, men sa fè m gen plis kè kontan.” Julia jwenn anpil konsolasyon lè l priye e lè l li Labib. Li di: “Lefètke m vide kè m bay Bondye grasa lapriyè, sa fè m santi m kalm. Mete sou sa, Labib ede m wè mwen gen valè nan je Bondye e li gen sousi pou mwen toutbon. Lè m li Labib, sa ede m wè lavni yon fason ki pozitif.”

Jewova Dye byen konprann fason nou grandi, eksperyans nou fè nan lavi a ak sa nou eritye nan fanmi nou ka gen efè sou fason nou wè bagay yo e sou fason nou santi nou, paske se li ki kreye nou. Se sa k fè li kapab ban nou èd ak konsolasyon nou bezwen e petèt li ka fè sa pa mwayen lòt moun ki gen konpasyon e ki ka konprann nou. Mete sou sa, lè a pral rive kote Bondye pral geri nou anba tout maladi nou yo kit se maladi fizik, kit se maladi mantal. Ezayi 33:24 di: “Pa gen yon moun nan peyi a k ap di: ‘Mwen malad.’”

Wi, Bib la pwomèt Bondye pral “siye tout dlo nan je [nou], pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò”. (Revelasyon 21:4.) Se pa ti ankouraje sa ankouraje nou e se pa ti konsole sa konsole nou! Si w ta renmen aprann plis bagay sou objektif Bondye genyen pou lèzòm e pou tè a, tanpri al sou sit nou an ki se jw.org. W ap jwenn yon bon tradiksyon Labib pou w li sou sit la, e w ap jwenn yon seri atik sou tout kalite sijè, sa gen ladan l atik ki gen rapò ak depresyon.

^ § 3 Yo chanje non moun yo.

^ § 10 Gen plizyè santèn maladi, medikaman ak dwòg ki fasil pou jwenn ki gen efè sou konpòtman l, e sa ka montre si moun nan bezwen al kay doktè.

^ § 14 Reveye n! pa di pèsonn ki tretman oswa ki terapi yo dwe suiv.