Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Pwovèb 16:3 — “Mande Seyè a pou l’ beni tout travay w’ap fè”

Pwovèb 16:3 — “Mande Seyè a pou l’ beni tout travay w’ap fè”

 “Lage tout sa w ap fè nan men Jewova, e plan w yo ap mache.” — Pwovèb 16:3, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Lage tout sa w ap fè nan men SEYÈ a, e l ap fè plan w yo byen chita.” — Pwovèb 16:3, New International Version.

Sa Pwovèb 16:3 vle di

 Vèsè sa a bay moun k ap adore vrè Dye a asirans pwojè yo ap reyisi si yo konte sou Bondye lè yo chèche direksyon l epi yo fè efò pou yo suiv direksyon l bay.

 “Lage tout sa w ap fè nan men Jewova.” Anvan sèvitè Jewova a yo pran desizyon, yo chèche direksyon nan men l avèk imilite (Jak 1:5). Poukisa? Paske, byen souvan, lèzòm pa gen okenn kontwòl sou evènman ki gen efè sou lavi yo (Eklezyas 9:11; Jak 4:13-15). Mete sou sa, yo ka pa gen sajès ki nesesè pou yo fè sa yo te planifye. Se pou rezon sa yo, avèk sajès, anpil moun lage, oswa kite, pwojè yo nan men Bondye. Yo fè sa lè yo priye l pou yo mande l direksyon e yo aji ann amoni ak volonte l ki parèt nan Pawòl li a, Labib. — Pwovèb 3:5, 6; 2 Timote 3:16, 17.

 Ekspresyon “Lage tout sa w ap fè nan men SEYÈ b a” vle di literalman “remèt SEYÈ a tout sa w ap fè”. Gen yon liv referans ki fè konnen ekspresyon sa a ap pale de “yon moun ki retire yon chay lou sou zepòl li, li mete l sou zepòl yon lòt moun ki gen plis fòs pase l e ki kapab pote chay la”. Sa fè n konprann, moun ki gen imilite ki konte sou Bondye kapab gen asirans l ap ede yo. — Sòm 37:5; 55:22.

 Ekspresyon “tout sa w ap fè” a pa vle di Bondye ap dakò ak kèlkeswa pwojè yon moun genyen oswa l ap beni l. Pou Bondye beni pwojè nou yo, yo dwe ann amoni ak prensip li yo e ak volonte l (Sòm 127:1; 1 Jan 5:14). Bondye pa beni moun ki dezobeyisan. Anfèt, “li dejwe plan mechan yo”. (Sòm 146:9.) Men, li ede moun ki soumèt devan l lè yo respekte prensip li yo ki nan Bib la. — Sòm 37:23.

 “E plan w yo ap mache.” Gen tradiksyon kote yo mete “plan w yo ap byen chita” pou ekspresyon sa a. Nan Liv ki te ekri ann ebre yo, oswa Ansyen testaman an jan anpil moun rele yo, mo lè yo tradui l yo mete “byen chita” pou li a gen lide poze baz, e byen souvan li fè referans ak jan sa Bondye kreye yo stab (Pwovèb 3:19; Jeremi 10:12). Se konsa tou, Bondye ap fè plan moun ki fè sa dwat devan l yo reyisi. L ap fè sa lè l fè yo gen yon vi ki gen plis sekirite, pi stab e ki bay kè kontan. — Sòm 20:4; Pwovèb 12:3.

Kontèks Pwovèb 16:3

 Se wa Salomon ki te ekri vèsè sa a ak pifò nan liv Pwovèb la. Li te ekri plizyè milye pwovèb paske Bondye te ba l sajès pou sa. — 1 Wa 4:29, 32; 10:23, 24.

 Nan chapit 16 la, Salomon kòmanse fè louwanj pou sajès Jewova epi li montre jan Jewova rayi moun ki gen ògèy (Pwovèb 16:1-5). Chapit la ede moun k ap li a konprann yon bagay ki enpòtan, se yon verite ki reparèt plizyè fwa nan liv Pwovèb la: sèl fason pou lèzòm gen vrè sajès e pou yo reyisi se pou yo gen imilite epi kite Bondye dirije wout yo (Pwovèb 16:3, 6-8, 18-23). Verite fondamantal sa a parèt plizyè fwa nan Bib la. — Sòm 1:1-3; Ezayi 26:3; Jeremi 17:7, 8; 1 Jan 3:22.

 Gade videyo sa a ki tou kout pou w wè yon rezime sou liv Pwovèb la.

a Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik: “Kiyès Jewova ye?

b Entwodiksyon Bib ki rele New International Version Study Bible la fè konnen li sèvi ak mo “SEYÈ a” (avèk tout lèt yo an majiskil pou “SEYÈ”) nan plas non Bondye. Pou w wè poukisa pratik sa a anpil tradiksyon fè souvan ka lage moun k ap li Bib la nan konfizyon, gade atik: “Ezayi 42:8 — “Se mwen menm ki Seyè a” nan menm seri atik sa a.