Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Ezayi 42:8 — “Se mwen menm ki Seyè a”

Ezayi 42:8 — “Se mwen menm ki Seyè a”

 “Mwen se Jewova. Se non pa m. Mwen pa bay pèsonn glwa ki pou mwen an, e mwen pa bay zidòl louwanj ki pou mwen an.” — Ezayi 42:8, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Se mwen menm ki Seyè a, se konsa yo rele m’. Mwen p’ap bay yon lòt bondye pouvwa mwen an. Mwen p’ap kite yo bay zidòl yo lwanj ki pou mwen an.” — Ezayi 42:8, Bib la.

Sa Ezayi 42:8 vle di

 Bondye fè n konnen non l, epitou li di n nou pa dwe sèvi ak zidòl pou n adore l.

 Lè yo tradui non Bondye an kreyòl, an jeneral yo di “Jewova” a, se Bondye menm ki bay tèt li non sa a (Egzòd 3:14, 15). Menm lè non Bondye parèt anviwon 7 000 fwa nan Ansyen Testaman an (Liv ki te ekri ann ebre e ann arameyen yo), gen anpil tradiksyon ki ranplase non sa a ak tit “SEYÈ” a (an lèt majiskil). Yon egzanp se nan Sòm 110:1 kote yo fè referans ak Jewova e ak Jezi. Labib Wa Jak (anglè) di: “SEYÈ a [Jewova] di Seyè m nan [Jezi].” ​(Konpare ak Travay 2:34-36). Tradiksyon monn nouvo a retire tout konfizyon yon moun te ka genyen ant de “Seyè” yo paske l mete non Bondye kote l dwe ye a. Li di: “Jewova di Seyè m nan: ‘Chita adwat mwen jiskaske m mete ènmi w yo anba pye w tankou yon ti ban.’”

 Anpil biblis panse non Bondye vle di “Li fè vin tounen.” Se sèlman vrè Dye a ki kapab gen non sa a, paske se sèl li menm ki ka fè tèt li oswa kreyasyon l lan tounen nenpòt sa k nesesè pou l reyalize objektif li.

 Antanke Kreyatè nou e sèl vrè Dye a, se Jewova sèlman ki merite pou n adore l. Nou pa dwe adore okenn lòt moun oswa okenn lòt bagay, sa ki gen ladan l zidòl ak imaj. — Egzòd 20:2-6; 34:14; 1 Jan 5:21.

Kontèks Ezayi 42:8

 Nan kòmansman Ezayi chapit 42 a, Jewova anonse travay “moun [Li] chwazi a” t ap gen pou l fè. Bondye te fè konnen sèvitè sa a li pran plezi nan li a, “ap fè nasyon yo konnen sa k rele jistis”. (Ezayi 42:1.) Anrapò ak pwomès sa a, Bondye di: “Kounye a, m ap anonse nouvo bagay. Anvan yo parèt, m ap fè w konnen yo.” ​(Ezayi 42:9). Pwofesi sa a konsènan “moun [Li] chwazi a”, te reyalize plizyè syèk annapre lè Mesi a oswa Kris te vin sou tè a e l te akonpli ministè li. — Matye 3:16, 17; 12:15-21.

a Ann ebre, yo ekri non Bondye sou fòm kat lèt. An kreyòl, se YHWH ki reprezante kat lèt sa yo. Gen tradiksyon nan lòt lang lè yo tradui non Bondye yo mete “Yahweh”. Pou plis enfòmasyon, gade “Non Bondye nan Liv ki te ekri ann ebre yo” nan Apendis A4 Labib — Tradiksyon monn nouvo a.