Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Pwovèb 3:5, 6 — “Pa gade sou sa ou konnen”

Pwovèb 3:5, 6 — “Pa gade sou sa ou konnen”

 “Fè Jewova konfyans ak tout kè w, e pinga w konte sou entèlijans ou. Sonje l nan tout sa w ap fè, e l ap fè tout bagay mache byen nan lavi w.” — Pwovèb 3:5, 6, Tradiksyon monn nouvo a.

“Mete tout konfyans ou nan Seyè a. Pa gade sou sa ou konnen.  Toujou chonje Seyè a nan tou sa w’ap fè. Li menm, l’a moutre ou chemen pou ou pran.” — Pwovèb 3:5, 6, Bib la.

Sa Pwovèb 3:5, 6 vle di?

 Nou dwe chèche konnen jan Jewova a wè bagay yo, olye nou pran gwo desizyon poukont nou.

 “Fè Jewova konfyans ak tout kè w.” Nou montre nou fè Bondye konfyans lè nou aji selon jan li menm li vle pou n aji. Nou dwe fè Bondye konfyans ak tout kè n. An jeneral, lè yo itilize mo kè a nan Bib la, li gen rapò ak moun nou ye pa anndan an sa ki gen ladan l santiman nou, mobil nou, panse nou ak atitid nou. Donk, lè n fè Bondye konfyans ak tout kè n, se pa yon senp santiman. Se yon chwa nou fè paske n gen konviksyon Kreyatè nou an konnen sa k pi bon pou nou. — Women 12:1.

 “Pinga w konte sou entèlijans ou.” Li nesesè pou n fè Bondye konfyans paske antanke moun enpafè, nou pa ka konte sou fason nou menm nou konprann bagay yo. Si n konte sèlman sou tèt nou oswa si n kite santiman nou dirije n, nou ka pran yon desizyon ki sanble bon okòmansman men ki alafen pote move rezilta (Pwovèb 14:12; Jeremi 17:9). Fason Bondye wè bagay yo pi bon lontan pase fason nou wè yo (Ezayi 55:8, 9). Lè n kite panse Bondye gide n, n ap reyisi nan lavi a. — Sòm 1:1-3; Pwovèb 2:6-9; 16:20.

 “Sonje l nan tout sa w ap fè.” Nou dwe chèche konnen panse Bondye sou chak aspè enpòtan nan lavi n e sou chak desizyon enpòtan nou pran. Nou fè sa lè n mande l direksyon pa mwayen lapriyè epi lè n aplike sa l di nan Pawòl li a, Labib. — Sòm 25:4; 2 Timote 3:16, 17.

 “L ap fè tout bagay mache byen nan lavi w.” Bondye fè chemen nou yo vin dwat lè l ede n viv ann amoni ak prensip li yo ki jis (Pwovèb 11:5). Konsa, nou evite anpil pwoblèm e n jwenn plis kè kontan nan lavi a. — Sòm 19:7, 8; Ezayi 48:17, 18.

Kontèks Pwovèb 3:5, 6

 Liv Pwovèb la gen prensip ki ka ede n gen kè kontan nan lavi a toutpandan n ap fè Bondye plezi. Pawòl nou jwenn nan nèf premye chapit yo ekri tankou se yon papa k ap bay pitit li renmen anpil la konsèy. Chapit 3 a met aksan sou byenfè yon moun ap jwenn lè l aplike sajès Kreyatè nou an e lè l bay li valè. — Pwovèb 3:13-26.

a Jewova se non Bondye. — Sòm 83:18.