Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LABIB CHANJE LAVI MOUN

Mwen pa t vle mouri

Mwen pa t vle mouri
  • ANE LI FÈT: 1964

  • PEYI KOTE LI SOTI: ANGLETÈ

  • ANVAN: YON JÈN MANMAN KI TE DEREGLE

VI MWEN T AP MENNEN

Mwen te fèt Paddington, yon zòn ki gen anpil moun nan vil Lonn ann Angletè. Mwen t ap viv ak manman m ak twa sè m ki te pi gran pase m. Papa m pa t toujou nan kay la, paske li te gen abitid bwè twòp.

Lè m te timoun, manman m te aprann mwen priye chak swa. Mwen te gen yon ti Bib ki te gen Sòm yo sèlman ladan l e mwen te konn envante mizik pou m te ka chante yo. Mwen sonje m te li yon fraz nan youn nan liv pwofàn mwen yo ki te rete la nan lespri m. Li te di: “Yon jou, pap gen demen.” Pawòl sa yo te konn fè m rete je klè nan nuit ap panse ak lavni. Mwen te di tèt mwen: ‘Se sèten se pa sa sèlman ki gen nan lavi a.’ ‘Poukisa mwen la?’ Mwen pa t vle mouri.

Mwen te vin enterese anpil nan bagay mistik. Mwen te eseye pale ak mò, mwen te konn al nan simityè ak ti zanmi lekòl mwen yo, epi nou te konn gade fim djab ansanm. Nou te panse sa amizan, men, sa te fè n pè tou.

Mwen te kòmanse lage kòm nan fè sa k pa sa depi lè m te gen dizan sèlman. Mwen te kòmanse fimen tabak, epi mwen pa t pran tan pou m te vin depann de li. Pi devan, mwen te tonbe nan fimen mariwana. Lè m te gen 11 an, mwen te kòmanse bwè alkòl. Byenke m pa t renmen gou a, mwen te renmen jan m santi m lè m sou. Anplis de sa, mwen te renmen mizik e m te renmen danse. Mwen te konn al nan fèt ak nan nayklèb chak fwa m te kapab. Mwen te konn soti an kachèt leswa e m te konn rantre an chatpent nan kay la yon tikras tan anvan l fè klè. Kòm mwen te konn fatige nan maten, souvan, lè yo voye m lekòl, mwen te konn fè wout kwochi. Jou m resi al lekòl la, souvan mwen te konn bwè alkòl apre yon kou te fini e anvan m kòmanse yon lòt kou.

Mwen te fè yon vye mwayèn nan dènye ane lekòl mwen. Piske manman m pa t konnen nan ki eta m te gentan deregle, li te fache anpil. Nou te fè kont epi m te sove kite kay la. Mwen te fè yon ti tan abite avèk Tony, menaj mwen an ki te yon Rasta. Tony te konn patisipe nan kèk move zak, li te konn vann dwòg e tout moun te konnen l kòm yon moun ki te vyolan anpil. Byen vit mwen te vin ansent, e m te gen 16 an sèlman lè m te fè pitit gason nou an.

FASON LABIB CHANJE LAVI M

Premye fwa mwen te rankontre Temwen Jewova yo, mwen t ap viv yon kote ki te fèt pou fi ki te gen tibebe san yo pa t marye. Se Leta ki te ban m yon chanm kote sa a pou m rete. Te gen de medam Temwen Jewova ki te konn vini regilyèman pou yo vizite kèk nan jèn manman ki te gen timoun yo. Yon jou mwen te antre nan yon konvèsasyon yo t ap fè. Mwen te vle montre Temwen yo te nan erè. Sepandan, yo te rete kalm e yo te sèvi ak Bib la pou yo te reponn pakèt kesyon m te genyen yo byen klè. Yo te vrèman janti, yo te poze e m te twouve sa vrèman atiran. Donk, mwen te dakò pou yo etidye Labib ansanm avè m.

Sa pa t pran tan pou m te aprann yon bagay nan Bib la ki t apral chanje lavi m. Depi lè m te toupiti mwen te pè mouri. Sepandan, mwen te vin aprann sa Jezi te anseye konsènan rezirèksyon an (Jan 5:28, 29)! Anplis de sa, mwen te vin aprann tou Bondye enterese nan mwen pèsonèlman (1 Pyè 5:7). Pawòl ki nan Jeremi 29:11 yo te gen anpil efè sou mwen, kote Jewova di: “‘Paske, mwen konnen sa m gen nan lide m pou m fè pou nou.’ Se sa Jewova di. ‘M ap ban nou lapè, mwen pap lage malè sou nou, yon fason pou m ban nou yon avni ak yon espwa.”’ Mwen te kòmanse kwè mwen te ka espere viv nan Paradi a sou tè a pou toutan. — Sòm 37:29.

Temwen Jewova yo te montre yo renmen m toutbon. Premye fwa m te asiste youn nan reyinyon yo konn fè yo, te gen yon bèl anbyans e tout moun te vrèman amikal (Jan 13:34, 35)! Se pa ti diferan sa te diferan ak fason yo te resevwa m nan yon legliz ki te nan zòn kote m te abite a. Temwen yo te akeyi m ak de bra malgre sitiyasyon m. Yo te pasyan avè m, yo te pran ka m e yo te ede m anpil lè m te nan bezwen. Mwen te santi se kòmsi m te vin fè pati yon gwo fanmi ki gen lanmou.

Etid la te ede m konprann mwen te bezwen chanje vi m pou l te ka ann amoni ak prensip moral wo nivo Bondye yo. Li pa t fasil pou m sispann fimen tabak. E an menm tan, mwen te rann mwen kont, kèk nan mizik mwen te konn koute yo te fè m plis anvi fimen mariwana, donk mwen te chanje stil mizik mwen te konn tande. Etandone mwen pa t vle sou, mwen te sispann al nan fèt ak nan nayklèb paske sa t ap ban m anvi bwè pou m sou. M te kòmanse chèche fè lòt zanmi ki t ap gen bon enfliyans sou mwen e ki te kapab ede m nan direksyon m te vle ale a. — Pwovèb 13:20.

Pandan tan sa a, Tony bò kote pa l te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo tou. Tank Temwen yo t ap sèvi ak Bib la pou yo reponn kesyon l yo, li menm tou li te vin gen konviksyon sa l t ap aprann yo se laverite. Li te fè anpil gwo chanjman nan lavi l: li te koupe kontak ak zanmi l yo ki te vyolan, li te sispann move zak li t ap fè yo e li te sispann fimen mariwana. Nou te wè enpòtans pou n chanje fason nou t ap viv pou n te ka fè Jewova plezi nèt epi aranje vi nou tou pou pitit gason nou an te leve nan yon anviwònman ki stab. Nou te marye nan ane 1982.

“Mwen pa ret je klè nan nuit ankò ap enkyete m pou lavni oswa lanmò.”

Mwen sonje m te konn chèche atik nan Toudegad ak Reveye n! * ki rakonte istwa lavi moun ki te rive fè chanjman m te vle fè nan lavi m yo. Egzanp sa yo te ankouraje m anpil. Sa te ban m fòs ak kouraj pou m kontinye fè efò, pou m pa t bay vag. Mwen te kontinye priye Jewova pou l pa t lage m. Tony avè m te batize kòm Temwen Jewova an jiyè 1982.

BYENFÈ MWEN JWENN

Lefètke m te vin zanmi Jewova Dye, sa te sove lavi m. Tony avè m te wè men Jewova k ap ede nou nan moman difisil. Nou te aprann konte sou Bondye nan moman sa yo, e nou santi li te toujou ede fanmi nou epi soutni n. — Sòm 55:22.

Mwen te vrèman pran plezi ede pitit gason n nan ak pitit fi n nan aprann konnen Jewova menm jan m konnen l lan. Jodi a m santi m gen menm kè kontan sa a lè m ap gade pitit yo ki kontinye ap aprann konnen Bondye pandan y ap grandi.

Mwen pa ret je klè nan nuit ankò ap enkyete m pou lavni oswa lanmò. Tony avè m sèvi ak tan nou pou n vwayaje chak semèn al nan divès kongregasyon Temwen Jewova yo pou n ka ankouraje yo. Nou preche ansanm avèk yo pou n fè lòt moun konnen si yo mete lafwa yo nan Jezi y ap vin gen lavi ki pap janm fini an.

^ § 19 Se Temwen Jewova ki pibliye l tou.