Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mwen renmen pase tan ak jèn ki nan kongregasyon an.

LABIB CHANJE LAVI MOUN

M te renmen bezbòl plis pase tout bagay!

M te renmen bezbòl plis pase tout bagay!
  • ANE LI FÈT: 1928

  • PEYI KOTE LI SOTI: KOSTARIKA

  • ANVAN: JWÈ SPÒ PWOFESYONÈL KI TE RENMEN JWÈT AZA

VI MWEN T AP MENNEN

Mwen te grandi Puerto Limón, yon vil ki gen yon waf ki nan lès kot Kostarika, ak nan lòt zòn ki ozalantou l. Paran m yo te gen uit timoun, e mwen te setyèm nan. Papa m te mouri lè m te gen uit an. Depi lè sa a, manman m te leve nou poukont li.

Bezbòl te toujou fè pati lavi m. Mwen te renmen spò lè m te timoun. Nan fen adolesans mwen, mwen te antre nan yon ekip ki nan chanpyona amatè. Pandan m te nan ventèn mwen e m t ap jwe nan ekip la, yon moun k ap chèche moun ki jwe byen te mande m pou m vin jwe nan yon ekip pwofesyonèl nan peyi Nikaragwa. Men, lefètke sante manman m pa t twò anfòm nan epòk sa a e m t ap pran swen l, mwen pa t deside al viv Nikaragwa. Donk, mwen pa t aksepte òf la. Apre sa, yon lòt moun ki t ap chèche moun ki jwe byen te envite m jwe pou ekip bezbòl nasyonal Kostarika a. Te gen jwè ki te jwe nan chanpyona amatè a ladan l. Fwa sa a, m te aksepte envitasyon an. Mwen te ret nan ekip nasyonal la soti ane 1949 rive ane 1952, e mwen t al jwe Kiba, Meksik ak Nikaragwa. Mwen te yon bon jwè bezbòl, m te menm rive jwe 17 match san m pa t fè yon sèl erè. Mwen te renmen tande foul la k ap di non m byen fò!

Malerezman, mwen t ap mennen yon vi imoral tou. Menmsi se yon sèl fi m te konsidere kòm mennaj mwen, mwen te toujou gen lòt fi. Epitou, mwen te konn bwè anpil alkòl. Gen yon jou m te tèlman sou, lè m te leve nan demen, mwen te jwenn mwen sou kabann mwen, e m pa t menm ka sonje ki jan m te fè pou m retounen lakay mwen. Mwen te konn jwe domino pou lajan e m te konn jwe lotri tou.

Pandan m t ap mennen vi sa a, manman m te vin Temwen Jewova. Li te eseye pale avè m sou lafwa l, men li pa t reyisi fè sa paske se zafè spò a ki te pran tout tan m. Menm nan lè manje, mwen te ret ap antrene sou teren, mwen pa t menm konn santi m grangou. Se sou spò a lespri m te fikse sèlman. M te renmen bezbòl plis pase tout lòt bagay!

Toutfwa, lè m te vin gen 29 an, mwen te vin blese grav pandan m t ap eseye atrap yon balon nan yon match. Lè m te refè, mwen te sispann jwe antanke jwè pwofesyonèl. Aktout sa, mwen te kontinye ak bezbòl la paske m te antrene yon ekip ki te konn patisipe nan yon chanpyona amatè toupre lakay mwen.

FASON LABIB CHANJE LAVI M

Nan ane 1957, mwen te aksepte asiste yon kongrè Temwen Jewova yo te fè nan youn nan stad mwen te konn jwe bezbòl yo. Pandan m te chita pami moun yo, mwen te note gwo diferans ant bèl konduit Temwen yo te genyen ak pakèt bri ak dezòd moun ki te konn asiste match bezbòl yo te konn fè. Sa m te wè nan kongrè sa a te pouse m etidye Labib ak Temwen yo epi asiste reyinyon kongregasyon yo.

M te sezi wè tout sa m t ap aprann nan Bib la. Pa egzanp, Jezi te di nan dènye jou yo, disip li yo t apral preche bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a sou tout tè a (Matye 24:14). Mete sou sa, m te aprann vrè kretyen yo pa fè anyen nan travay predikasyon an pou lajan. Jezi te di: “Se gratis nou te resevwa, se gratis pou nou bay.” — Matye 10:8.

Pandan m t ap etidye Bib la, mwen te konpare sa l di ak sa Temwen Jewova yo ap fè. Mwen te admire tout efò yo fè pou yo simaye bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a sou tout tè a. Mwen te wè yo demontre etadespri Jezi te ankouraje kretyen yo pou yo demontre a. Se sa k fè, lè m te li Mak 10:21 e m te wè Jezi fè envitasyon pou moun “vin suiv” li, sa te fè m vle vin Temwen.

Sepandan, sa te pran m yon ti tan pou m te rive fè chanjman m te dwe fè yo. Pa egzanp, pandan anpil tan, chak semèn, mwen te jwe nimewo “chans” mwen an nan lotri nasyonal la. Men, mwen te aprann nan Bib la Bondye kondane moun k ap adore “dye Chans lan” e li kondane moun ki ava tou (Ezayi 65:11; Kolosyen 3:5). Se sa k fè, m te deside sispann jwe aza. Premye dimanch apre m te sispann jwe lotri a, nimewo “chans” mwen an te soti. Gen moun ki te fawouche m paske m pa t jwe semèn sa a, e yo te fè presyon sou mwen pou m te rekòmanse jwe, men m pa t fè sa. Depi lè sa a, mwen pa t janm jwe aza ankò.

Mwen te jwenn yon lòt eprèv ki te teste “nouvo pèsonalite” m te vin genyen an jou m te batize nan kongrè Temwen Jewova yo (Efezyen 4:24). Nan menm apremidi sa a, mwen te tounen nan otèl kote m te ye a e m te jwenn ansyen menaj mwen an ki t ap tann mwen devan pòt chanm mwen an. Men sa l te di m: “Vini non, Sammy, ann al pran yon ti plezi!” Men, menm kote a mwen te reponn li: “Non!” Epi mwen te fè l sonje kounye a m ap viv dapre prensip ki nan Bib la (1 Korentyen 6:18). Li te mande m byen fò: “Ki sa w di m la?” Apre sa, li te pase sa Bib la di sou imoralite seksyèl nan rizib e l te mande m pou n retounen ansanm. Men, mwen te annik al nan chanm mwen e m te lòk pòt la. Jodi a, se avèk kè kontan m ka di depi lè m te vin Temwen nan ane 1958, m rive kenbe chanjman mwen te fè nan fason m t ap viv la fidèlman.

BYENFÈ MWEN JWENN

Mwen santi m te ka ekri yon liv sou pakèt byenfè m jwenn lefètke m suiv direksyon Bib la bay! Kèk nan byenfè sa yo se anpil bon zanmi mwen vin genyen, yon vi ki gen sans ak kè kontan toutbon.

Mwen toujou renmen jwe bezbòl, men m chanje fason m wè bagay yo. Avèk bezbòl la, mwen te vin gen gwo renome ak lajan, men bagay sa yo pa t rete. Epoutan, relasyon m ak Bondye ansanm ak fanmi entènasyonal mwen genyen an ap la pou toutan. Men sa Bib la di: “Se pase monn nan ap pase, e dezi li genyen ap pase tou, men moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan.” (1 Jan 2:17). Kounye a, mwen renmen Jewova ak pèp li a plis pase tout bagay!