Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LABIB CHANJE LAVI MOUN

Lavi m te vin pi mal chak jou

Lavi m te vin pi mal chak jou
  • ANE LI FÈT: 1952

  • PEYI KOTE LI SOTI: ETAZINI

  • ANVAN: LI TE VYOLAN

VI MWEN T AP MENNEN:

Mwen leve Los Angeles, nan Kalifòni, Ozetazini, nan divès katye ki gen move repitasyon akoz gang yo te genyen ak moun ki te konn ap pran dwòg. Paran m te gen sis pitit, se mwen ki te dezyèm.

Manman m te leve nou antanke manm legliz evanjelik. Sepandan, antanke adolesan, mwen t ap mennen yon vi doub. Lè dimanch mwen te konn chante nan koral legliz la. Men, pandan rès semèn nan, tout lavi m se te fèt, pran dwòg epi fè imoralite seksyèl.

Mwen te renmen fache e m te vyolan anpil. Mwen te konn sèvi ak nenpòt bagay kòm zam pou m ka genyen. Sa m te konn aprann nan legliz la pa t ede m. M te konn di: “Vanjans se pou Seyè a, e mwen se enstriman nan men l!” Pandan m te lekòl nan fen ane 1960 yo, gen yon gwoup politik yo te rele Black Panthers ki te enfliyanse m, paske yo te konnen gwoup la pou metòd li te konn itilize pou l lite pou dwa sivil. Mwen te antre nan inyon etidyan yo te fè pou dwa sivil. Plizyè fwa, nou te konn òganize manifestasyon, e lè konsa, sa te fè lekòl la fèmen pandan yon tan.

Sanble manifestasyon yo sèlman pa t kontante m akoz tanperaman vyolan m te genyen an. Konsa, mwen te kòmanse patisipe nan krim moun fè paske yo rayi lòt moun. Pa egzanp, yon lè, zanmi m yo avè m t al gade yon fim sou mizè esklav afriken yo te pase Ozetazini. Nou tèlman te fache poutèt enjistis sa yo, nou te atake ti blan ki te nan sinema a menm kote a. Apre sa, nou t al nan katye blan yo pou n al chèche plis moun pou nou bat.

Lè m te rive nan fen adolesans mwen, mwen menm ak frè m yo te gentan fè anpil krim. Nou te gen pwoblèm ak otorite yo. Youn nan ti frè m yo te manm yon gwo gang e mwen te asosye ak yo. Lavi m te vin pi mal chak jou.

FASON LABIB CHANJE LAVI M:

Paran yon zanmi m se Temwen Jewova. Yo te envite m nan reyinyon kongregasyon yo a, e m te aksepte. Depi okòmansman, mwen te ka wè jan Temwen yo diferan. Chak moun te gen yon Bib, e yo te itilize l pandan reyinyon an. Menm jèn yo te bay diskou nan pwogram nan! Mwen te sezi aprann Bondye gen yon non ki se Jewova e m te tande yo itilize non sa a (Sòm 83:18). Te gen moun divès nasyonalite nan kongregasyon an, men li klè, pa t gen divizyon ras nan mitan yo.

Okòmansman, mwen pa t vle etidye Labib ak Temwen yo, men mwen te renmen al nan reyinyon yo. Yon jou swa, pandan m te nan reyinyon, gen yon gwoup zanmi m ki t al nan yon konsè. Yo te bat yon adolesan jiskaske l mouri paske li pa t vle ba yo yon djakèt ki fèt an kui li te gen sou li. Nan demen, yo t ap vante tèt yo poutèt zak asasinay yo te fè a. Yo te menm ri krim yo te fè a lè yo t ap jije yo nan tribinal. Yo te kondane pifò nan yo pou yo pase tout lavi yo nan prizon. Mwen pa bezwen di nou jan m te kontan paske m pa t avèk yo jou swa sa a. Mwen te pran rezolisyon pou m chanje lavi m, konsa m te kòmanse etidye Labib.

Piske m te abitye ak anpil moun ki gen prejije kont ras, gen kèk bagay mwen te wè Temwen yo fè ki te fè m sezi. Pa egzanp, lè yon Temwen blan te gen pou l vwayaje aletranje, li te kite pitit li yo nan men yon fanmi nwa pou yo pran swen yo. Mete sou sa, gen yon fanmi blan ki te pran yon jèn ki nwa vin viv lakay yo paske li te bezwen yon kote pou l rete. Mwen te vin gen konviksyon Temwen Jewova yo koresponn ak deskripsyon Jezi te fè nan Jan 13:35: “Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” Mwen te konnen mwen jwenn yon vrè fanmi.

Grasa etid biblik la, mwen te vin rann mwen kont mwen bezwen chanje fason m panse. Mwen te dwe bay lespri m yon lòt direksyon dekwa pou m pa sèlman aji yon fason pasifik men tou pou m konsidere sa kòm pi bon fason pou m viv (Women 12:2). Ofiramezi, mwen te fè pwogrè. Nan mwa janvye 1974 mwen te batize antanke Temwen Jewova.

Mwen te dwe bay lespri m yon lòt direksyon dekwa pou m pa sèlman aji yon fason pasifik men tou pou m konsidere sa kòm pi bon fason pou m viv.

Sepandan, menm apre m te fin batize, mwen te oblije kontinye travay sou tanperaman m. Pa egzanp, yon lè, pandan m t ap preche kay an kay, mwen te kouri dèyè yon vòlè ki te pran yon radyo nan machin mwen. Piske m te rive toupre l, li te lage radyo a atè epi li chape pou l li. Lè m t ap rakonte lòt moun ki te avè m yo sa m te fè pou m te ka jwenn radyo a, gen yon ansyen nan gwoup la ki te mande m: “Stephen, sa w t ap fè si w te rive kenbe l?” Kesyon sa a te fè m reflechi e li te fè m wè nesesite pou m kontinye travay sou pèsonalite m pou m ka vin yon moun ki pasifik.

Ann oktòb 1974, mwen te kòmanse sèvi antanke sèvitè aplentan. Mwen te pase 100 èdtan chak mwa m t ap anseye moun yo mesaj ki nan Bib la. Kèk tan apre, mwen te gen privilèj pou m sèvi kòm volontè nan syèj mondyal Temwen Jewova yo ki nan Bwouklin, Nouyòk. Nan ane 1978, mwen te tounen Los Angeles pou m te ka pran swen manman m ki te malad. Dezan apre, mwen te marye ak Aarhonda, madanm mwen, mwen renmen anpil. Li te yon gwo èd pou mwen pandan m t ap pran swen manman m jiskaske manman m mouri. Kèk tan apre, Aarhonda avè m te asiste Lekòl Gileyad. Apre lekòl la yo te asiye nou nan peyi Panama, se la nou kontinye ap sèvi kòm misyonè.

Depi m fin batize, mwen rankontre anpil sitiyasyon ki ta ka fè m reyaji yon fason vyolan. Mwen te aprann evite moun k ap eseye pwovoke m, e m te konn fè efò pou m kalme sitiyasyon yo. Gen anpil moun ki te konn felisite m pou fason mwen te konn rezoud pwoblèm mwen te rankontre yo, e madanm mwen ladan yo tou. Menm mwen menm mwen sezi pou tèt mwen! Se pa mwen menm ki gen merit pou chanjman ki fèt nan pèsonalite m yo. Okontrè, m kwè tout chanjman sa yo posib grasa pouvwa Bib la genyen pou l transfòme moun. — Ebre 4:12.

BYENFÈ MWEN JWENN:

Bib la bay lavi m yon objektif e li aprann mwen pou m renmen fè lapè toutbon. Mwen pa bat moun ankò. Okontrè, mwen ede yo vin jwenn gerizon nan domèn espirityèl. Mwen etidye Labib ak yon ansyen ènmi m te genyen lè m te nan lekòl segondè! Apre l te fin batize, nou te rete nan menm kay pandan yon sèten tan. Jiska prezan nou bon zanmi. Pou rive kounye a, mwen menm ak madanm mwen ede plis pase 80 moun vin Temwen Jewova grasa etid biblik nou te fè ak yo.

Mwen vrèman rekonesan anvè Jewova paske li ban mwen yon vi ki gen anpil sans kote mwen kontan nan mitan yon vrè fanmi.