Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 15

Ki jan ansyen yo ede n nan kongregasyon an?

Ki jan ansyen yo ede n nan kongregasyon an?

Fenlann

Yo anseye.

Yo vizite moun.

Yo bay temwayaj.

Nan òganizasyon nou an, pa gen yon klèje oswa chèf Legliz k ap touche lajan. Okontrè, jan yo te konn fè sa lè kongregasyon kretyen an te fèk kòmanse, gen ansyen kalifye yo nome pou “pran swen kongregasyon Bondye a”. (Travay 20:28.) Ansyen sa yo gen matirite nan domèn espirityèl e se yo ki pran latèt nan kongregasyon an pou yo pran swen twoupo Bondye a. Yo “pa fè sa nan fòse, men [yo] fè sa ak tout kè [yo] devan Bondye. [Yo pa] fè sa paske [y] ap chèche jwenn avantaj nan move kondisyon, men [yo] fè sa avèk dilijans”. (1 Pyè 5:1-3.) Ki travay yo fè pou yo ede nou?

Yo gen sousi pou nou e yo veye sou nou. Ansyen yo bay kongregasyon an direksyon e yo pwoteje l nan domèn espirityèl. Byenke ansyen yo konsyan Bondye ba yo yon wòl enpòtan nan kongregasyon an, yo pa domine sou pèp Bondye a pou sa. Okontrè, yo fè tout sa yo kapab pou n santi nou byen e pou n gen lajwa (2 Korentyen 1:24). Menm jan yon bèje fè anpil efò pou l pran swen chak mouton l genyen, ansyen yo fè efò pou yo konn chak moun nan kongregasyon an. — Pwovèb 27:23.

Yo aprann nou fason pou n fè volonte Bondye. Chak semèn, ansyen yo dirije reyinyon yo nan kongregasyon an pou yo ka fòtifye lafwa nou (Travay 15:32). Anplis de sa, mesye fidèl sa yo pran latèt nan travay predikasyon an, yo travay avèk nou e yo ban nou fòmasyon nan tout fasèt nan ministè a.

Yo bay nou chak ankourajman. Pou ansyen yo ede nou chak vin gen pi bon relasyon ak Bondye, yo vizite nou lakay nou oswa yo pale avè n nan Sal Wayòm nan pou yo ankouraje n. Yo sèvi ak Bib la pou yo fè sa. — Jak 5:14, 15.

Apa travay ansyen yo gen pou yo fè nan kongregasyon an, pifò ladan yo gen travay pwofàn e yo responsab yon fanmi, sa ki mande tan ak atansyon. Frè sa yo k ap travay di merite respè nou. — 1 Tesalonisyen 5:12, 13.

  • Ki travay ansyen yo fè nan kongregasyon an?

  • Ki sa ansyen yo fè pou yo montre yo enterese nan nou chak?