Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 25

Poukisa n konstwi Sal Wayòm e ki jan n rive konstwi yo?

Poukisa n konstwi Sal Wayòm e ki jan n rive konstwi yo?

Bolivi

Nijerya, anvan e apre

Tayiti

Jan non Sal Wayòm nan montre sa, se yon kote yo anseye Labib e ansèyman sa a met aksan sou Wayòm Bondye a ki se tèm prensipal travay predikasyon Jezi a. — Lik 8:1.

Pou moun gen kote pou yo pratike vrè adorasyon an nan zòn yo ye a. Se nan Sal la yo òganize travay predikasyon bon nouvèl Wayòm nan (Matye 24:14). Tout Sal Wayòm yo pa menm gwosè e yo pa fèt selon menm plan an. Men, tout fèt byen senp e plizyè kongregasyon konn reyini nan yon Sal Wayòm. Nan ane ki pase yo, nou konstwi plizyè milye Sal Wayòm (anviwon senk chak jou) akoz gwo kantite moun ki vin genyen nan kongregasyon nou yo. Ki jan n fè konstwi yo? — Matye 19:26.

Se grasa ofrann moun fè nou rive konstwi Sal Wayòm yo. Yo voye ofrann sa yo bay filyal la, e se lajan sa a yo itilize pou yo konstwi oswa renove Sal Wayòm pou kongregasyon bezwen sa. Kongregasyon yo pa peye enterè sou lajan an.

Se volontè ki sot nan tout kouch sosyal ki konstwi Sal yo san yo pa touche. Nan anpil peyi, yo fòme plizyè ekip konstriksyon Sal Wayòm. Ekip yo gen sèvitè pou konstriksyon ak lòt volontè ladan yo. Yo sot nan yon kongregasyon al nan yon lòt nan peyi a, e yo konstwi Sal Wayòm pou kongregasyon ki nan zòn ki lwen yo tou. Nan kèk peyi, gen Temwen Jewova ki kalifye nan konstriksyon k ap sipèvize travay konstriksyon ak renovasyon Sal Wayòm nan tout yon rejyon. Byenke gen anpil frè ak sè ki jwenn bon fòmasyon k ap travay volontèman nan konstriksyon sa yo, pifò volontè ki sou chantye yo se frè ak sè ki nan kongregasyon ki nan zòn nan. Se lespri sen Jewova ak gwo efò pèp li a ki fè tout travay sa yo posib. — Sòm 127:1; Kolosyen 3:23.

  • Poukisa n rele kote n reyini pou n adore yo Sal Wayòm?

  • Ki jan n fè konstwi Sal Wayòm toupatou sou tè a?