Al gade sa k anndan l

Ki jan Temwen Jewova yo òganize kongregasyon yo?

Ki jan Temwen Jewova yo òganize kongregasyon yo?

 Gen yon gwoup ansyen k ap sipèvize chak kongregasyon. Gen anviwon 20 kongregasyon nan chak sikonskripsyon. Gen siveyan itineran, anpalan de siveyan sikonskripsyon, ki vizite kongregasyon yo regilyèman.

 Gen yon gwoup frè ki Temwen Jewova depi lontan ki fòme yon Kolèj santral k ap bay kongregasyon yo direksyon ak enstriksyon ki soti nan Bib la. Frè sa yo ap travay nan syèj mondyal nou an ki Wòwik, Nouyòk, Ozetazini. — Travay 15:23-29; 1 Timote 3:1-7.