Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 5

Ki sa w ap jwenn lè w vin asiste reyinyon nou yo?

Ki sa w ap jwenn lè w vin asiste reyinyon nou yo?

Ajantin

Syera Leyòn

Bèljik

Malezi

Gen anpil moun ki sispann asiste sèvis yo fè nan legliz yo paske sèvis sa yo pa ede yo jwenn okenn repons pou kesyon ki pi enpòtan yo poze nan lavi a e yo pa jwenn okenn rekonfò ladan yo. Men, poukisa ou dwe asiste reyinyon Temwen Jewova yo? Ki sa w ap jwenn nan reyinyon sa yo?

W ap kontan pami moun ki renmen w e ki gen sousi pou ou. Nan premye syèk epòk nou an, kretyen yo te fòme plizyè kongregasyon e yo te konn fè reyinyon pou yo adore Bondye, pou yo etidye Labib e pou yo ankouraje youn lòt (Ebre 10:24, 25). Piske yo te konn reyini ansanm, nan yon anbyans ki chaje lanmou, yo santi yo pami bon zanmi yo, anpalan de frè ak sè nan kongregasyon an (2 Tesalonisyen 1:3; 3 Jan 14). Nou suiv egzanp kretyen sa yo e nou jwenn kè kontan menm jan avè yo.

W ap aprann jan pou w aplike prensip ki nan Bib la. Menm jan sa te ye nan tan biblik yo, ni gason, ni fi, ni timoun, yo tout reyini ansanm. Gen anseyan kalifye ki sèvi ak Bib la pou ede n wè fason pou n aplike prensip biblik yo nan lavi n chak jou (Detewonòm 31:12; Neyemi 8:8). Tout moun ka patisipe nan konvèsasyon y ap ak oditwa a e nou tout moun ka chante pou n fè konnen esperans nou genyen. — Ebre 10:23.

W ap vin gen yon lafwa ki pi solid nan Bondye. Men sa apot Pòl te di youn nan kongregasyon nan epòk li a: “Se pa ti anvi m anvi wè nou [...] pou youn ka ankouraje lòt, pou chak moun jwenn ankourajman nan lafwa lòt, ni nan pa nou, ni nan pa m.” (Women 1:11, 12). Nan reyinyon yo, kontak nou genyen ak kretyen parèy nou yo regilyèman yo fòtifye lafwa nou e sa ban nou plis detèminasyon pou n viv ann amoni ak prensip ki nan Bib la.

Poukisa w pa pwofite envitasyon nou fè w pou w vin asiste pwochen reyinyon n ap gen nan kongregasyon nou epi pou w pwofite tout byenfè sa yo tou? N ap kontan akeyi w. Tout reyinyon yo gratis e nou pa janm fè lakòlèt.

  • Ki egzanp nou suiv pou n fè reyinyon nou yo?

  • Ki byenfè nou jwenn lè n asiste reyinyon nou yo?