Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 7

Ki sa Wayòm Bondye a ye?

Ki sa Wayòm Bondye a ye?

1. Ki sa Wayòm Bondye a ye?

Sa k fè Jezi se pi bon Wa ki egziste? — MAK 1:40-42.

Wayòm Bondye a se yon gouvènman ki nan syèl la. Li pral ranplase tout lòt gouvènman ki egziste e li pral pèmèt volonte Bondye fèt ni nan syèl la ni sou tè a. Nouvèl sa a konsènan Wayòm Bondye a se yon bon nouvèl. Lèzòm bezwen yon bon gouvènman, e talè konsa Wayòm Bondye a pral satisfè bezwen sa a. Wayòm Bondye a pral ini tout moun k ap viv sou tè a. — Li Dànyèl 2:44; Matye 6:9, 10; 24:14.

Yon wayòm dwe gen yon wa alatèt li. Jewova mete Jezi Kris, Pitit li a, Wa nan Wayòm Li an. — Li Revelasyon 11:15.

Gade videyo Ki sa Wayòm Bondye a ye?

2. Sa k fè Jezi se pi bon Wa ki egziste?

Pitit Bondye a se pi bon Wa ki egziste paske li gen bonte e li detèmine pou l fè sa ki dwat (Matye 11:28-30). Anplis de sa, li gen pouvwa pou l ede moun paske li pral dirije tout tè a pandan l nan syèl la. Apre l te fin resisite, li te monte nan syèl la e li te chita adwat Jewova pandan l ap tann (Ebre 10:12, 13). Finalman, Bondye te ba l pouvwa pou l kòmanse dirije. — Li Dànyèl 7:13, 14.

3. Kiyès ki pral dirije ak Jezi?

Gen yon gwoup moun yo rele “moun ki sen” ki pral dirije ak Jezi nan syèl la (Dànyèl 7:27). Premye moun ki sen Bondye te chwazi se apot fidèl Jezi yo. Jis kounye a, Jewova kontinye chwazi gason ak fi ki fidèl kòm moun ki sen. Menm jan ak Jezi, lè yo mouri, Bondye resisite yo antanke espri. — Li Jan 14:1-3; 1 Korentyen 15:42-44.

Konbyen moun ki pral nan syèl? Jezi te rele moun sa yo “ti twoupo”. (Lik 12:32.) Y ap 144 000 moun antou. Yo pral dirije tè a ansanm ak Jezi. — Li Revelasyon 14:1.

4. Ki sa k te pase lè Jezi te kòmanse dirije?

Wayòm Bondye a kòmanse dirije an 1914 *. Premye aksyon Jezi te fè antanke Wa se pimpe l te pimpe Satan ak demon yo sou tè a. Satan te vin fache anpil e li te vin lakòz pwoblèm sou tout tè a (Revelasyon 12:7-10, 12). Depi lè a, pwoblèm lèzòm vin ogmante anpil. Lagè, grangou, epidemi maladi ak tranblemanntè fè pati yon “siy” ki montre talè konsa Wayòm nan pral gen kontwòl tout sa k ap fèt sou tè a. — Li Lik 21:7, 10, 11, 31.

5. Ki sa Wayòm Bondye a reyalize?

Gen yon travay predikasyon k ap fèt toupatou sou tè a, e grasa travay sa a, Wayòm Bondye a deja rasanble yon gwo foul moun ki soti nan tout nasyon. Gen plizyè milyon moun sensè ki vin gen posiblite pou yo viv anba dominasyon Wayòm nan ki gen Jezi kòm Wa. Lè Wayòm Bondye a pral detwi sistèm mechan ki la kounye a sou tè a, l ap pwoteje moun sa yo. Kidonk, tout moun ki vle jwenn byenfè Wayòm Bondye a ap pote yo dwe aprann obeyi Jezi. — Li Revelasyon 7:9, 14, 16, 17.

Pandan 1 000 an, Wayòm nan pral reyalize objektif Bondye te genyen pou lèzòm depi okòmansman an. Tout tè a pral tounen yon paradi. Alafen, Jezi pral remèt Papa l Wayòm nan (1 Korentyen 15:24-26). Èske gen yon moun ou ta renmen pale de Wayòm Bondye a avè l? — Li Sòm 37:10, 11, 29.

 

^ § 6 Pou w jwenn detay sou fason pwofesi ki nan Bib la te anonse ane 1914 la, gade paj 217-220 nan liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an.