Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 9

Ki jan fanmi w ka viv ak kè kontan?

Ki jan fanmi w ka viv ak kè kontan?

1. Poukisa maryaj esansyèl pou yon fanmi viv ak kè kontan?

Jewova, Bondye ki gen kè kontan an, gen yon bon nouvèl pou fanmi yo: li vle yo viv ak kè kontan (1 Timote 1:11). Se li menm ki kreye maryaj. Li esansyèl pou yon gason ak yon fi marye legal pou fanmi an viv ak kè kontan, paske maryaj la ap pèmèt yo leve pitit yo nan yon anviwònman kote timoun yo ap an sekirite. Kretyen yo dwe respekte lwa ki genyen sou anrejistreman maryaj nan zòn kote y ap viv la. — Li Lik 2:1, 4, 5.

Ki jan Bondye konsidere maryaj? Li vle pou maryaj la se yon inyon k ap dire pou toutan ant yon gason ak yon fi. Jewova vle pou mari ak madanm fidèl youn ak lòt (Ebre 13:4). Li rayi divòs (Malachi 2:16). Men, li bay kretyen yo posiblite pou yo divòse e pou yo marye ak yon lòt moun si moun yo marye avè l la fè adiltè. — Li Matye 19:3-6, 9.

2. Ki jan mari ak madanm ta dwe boule youn ak lòt?

Jewova kreye gason ak fi pou youn ede lòt nan maryaj la (Jenèz 2:18). Se mari a, antanke chèf fanmi an, ki responsab pou l bay fanmi an sa l bezwen nan domèn materyèl e ki pou anseye fanmi an bagay ki gen rapò ak Bondye. Li dwe fè sakrifis pou madanm li pou l montre l li renmen l. Mari ak madanm dwe renmen youn lòt e yo dwe gen respè youn pou lòt. Etandone tout mari ak madanm enpafè, pou yo gen kè kontan nan maryaj yo, li trèzenpòtan pou yo aprann padone. — Li Efezyen 4:31, 32; 5:22-25, 33; 1 Pyè 3:7.

3. Èske w ta dwe kite moun ou marye avè l la si pa gen kè kontan nan maryaj la?

Si w gen pwoblèm nan maryaj ou, se pou ni ou menm ni moun ou marye avè l la fè efò pou youn trete lòt avèk amou (1 Korentyen 13:4, 5). Pawòl Bondye a pa ankouraje separasyon kòm yon mwayen pou moun rezoud yon seri pwoblèm ki kouran nan maryaj. — Li 1 Korentyen 7:10-13.

4. Timoun, ki sa Bondye vle pou nou?

Jewova vle nou gen kè kontan. Li ban nou pi bon konsèy ki genyen sou fason pou n pwofite jenès nou. Li vle nou pwofite sajès ak eksperyans paran nou genyen (Kolosyen 3:20). Mete sou sa, Jewova vle nou gen kè kontan lè n fè yon seri bagay pou li menm ki Kreyatè nou ak pou Pitit li a. — Li Eklezyas 11:9–12:1; Matye 19:13-15; 21:15, 16.

5. Paran, ki jan pitit nou ka gen kè kontan?

Nou dwe travay di pou n bay pitit nou manje, rad ak kote pou yo rete (1 Timote 5:8). Men, pou pitit nou gen kè kontan, nou bezwen aprann yo tou pou yo renmen Bondye e pou yo kite Bondye anseye yo (Efezyen 6:4). Egzanp nou bay ki montre nou renmen Bondye ka touche kè pitit nou anpil. Lè n baze enstriksyon n ap bay pitit nou sou Pawòl Bondye a, sa ka fè l gen bon panse. — Li Detewonòm 6:4-7; Pwovèb 22:6.

Li bon pou timoun yo lè n ankouraje yo e lè n felisite yo. Yo bezwen koreksyon ak disiplin tou. Fòmasyon konsa pwoteje yo pou yo pa gen konduit ki ta ka anpeche yo gen kè kontan (Pwovèb 22:15). Men, nou pa ta dwe janm disipline yo yon fason ki di oswa ki brital. — Li Kolosyen 3:21.

Temwen Jewova yo pibliye plizyè liv ki fèt espesyalman pou ede ni paran ni timoun. Liv sa yo baze sou Labib. — Li Sòm 19:7, 11.