Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske l posib pou gen yon sistèm ekonomik kote tout moun jwenn sa yo bezwen?

Èske l posib pou gen yon sistèm ekonomik kote tout moun jwenn sa yo bezwen?

 Nan anpil peyi, moun nan pèp la ap fè manifestasyon paske yo santi kondisyon ekonomik yo pa bon pou yo. Akoz pandemi COVID-19 la, sitiyasyon an vin pi mal. Moun yo pi fache akoz peyi yo ki fèmen, pa gen ase manje e moun pa ka rive jwenn swen sante lè yo bezwen sa. Sa vin fè diferans ki egziste ant moun rich ak moun pòv parèt pi klè.

 Èske pwoblèm ekonomik monn nan genyen yo ap janm rezoud? Wi. Labib fè konnen sa Bondye pral fè pou l rezoud pwoblèm n ap rankontre yo.

Pwoblèm ekonomik Bondye pral rezoud

 Pwoblèm: Lèzòm pa rive mete yon sistèm ekonomik ki pèmèt tout moun jwenn sa yo bezwen.

 Solisyon: Bondye pral mete gouvènman pa l nan plas gouvènman lèzòm yo e yo rele gouvènman sa a Wayòm Bondye a. Gouvènman sa a nan syèl la e l pral dirije tout tè a. — Dànyèl 2:44; Matye 6:10.

 Rezilta sa pral bay: Wayòm Bondye a pral dirije tout tè a e l ap fè sa trè byen. Pap janm gen moun pòv ankò oswa moun k ap enkyete yo pou yo konnen si y ap jwenn sa yo bezwen pou yo viv (Sòm 9:7-9, 18). Men pito, tout moun ap pwofite rezilta travay yo e yo menm ak fanmi yo ap gen yon vi ki bay kè kontan ak satisfaksyon. Men pwomès Bib la fè: “Y ap bati kay e y ap abite ladan yo. Y ap plante jaden rezen e y ap manje fwi yo bay. Yo pap bati pou lòt moun abite, e yo pap plante pou lòt moun manje.” — Ezayi 65:21, 22.

 Pwoblèm: Pèsonn pa ka anpeche sitiyasyon ki lakòz yo soufri oswa sitiyasyon ki lakòz yo vin nan nesesite.

 Solisyon: Pa mwayen Wayòm nan, Bondye pral retire tout sa ki lakòz moun pè e ki lakòz yo pa an sekirite.

 Rezilta sa pral bay: Lè Bondye pral dirije tè a, pap janm gen sitiyasyon ki lakòz moun ak fanmi yo viv nan nesesite. Pwoblèm tankou lagè, manke manje ak epidemi pap janm egziste ankò (Sòm 46:9; 72:16; Ezayi 33:24). Bondye di: “Pèp mwen an ap rete yon kote ki gen lapè, yon kote yo an repo, y ap abite kote ki gen sekirite e ki trankil.” — Ezayi 32:18.

 Pwoblèm: Byen souvan moun ki egoyis e ki ava eksplwate lòt moun.

 Solisyon: Moun ki pral viv anba dominasyon Wayòm Bondye a pral aprann demontre bonjan lanmou lè yo mete enterè pa lòt moun anvan enterè pa yo. — Matye 22:37-39.

 Rezilta sa pral bay: Lè Wayòm Bondye a pral dirije, tout moun pral demontre yon lanmou menm jan ak lanmou Bondye genyen an, sa vle di yon lanmou ki pa “pa chèche pwòp enterè l”. (1 Korentyen 13:4, 5.) Men sa Bib la di: “Yo pap fè okenn mal, ni okenn ravaj okenn kote sou mòn mwen an ki sakre, paske, san mank, tè a pral plen konesans sou Jewova a menm jan lanmè a plen dlo.” — Ezayi 11:9.

 Labib b fè konnen n ap viv nan dènye jou monn sa a e talè konsa, Bondye pral mete yon fen nan tout pwoblèm ekonomik, jan l pwomèt sa (Sòm 12:5). Annatandan, prensip ki nan Bib la kapab ede w fè fas ak pwoblèm ekonomik w ap rankontre kounye a. Pa egzanp, gade atik “Fason w ka aprann viv ak mwens lajan” ak atik “L’argent et vous”.

a Jewova se non Bondye jan li parèt nan Bib la. — Sòm 83:18.

b Pou w ka konnen rezon ki fè w kapab fè Bib la konfyans, gade atik “Labib se yon sous verite nou ka fè konfyans”.