Al gade sa k anndan l

LABIB CHANJE LAVI MOUN

“Mwen t ap fouye pwòp tonm mwen”

“Mwen t ap fouye pwòp tonm mwen”
  • Ane li fèt: 1978

  • Peyi kote li soti: Salvadò

  • Anvan: Manm yon gang ki t ap fè vyolans

VI MWEN T AP MENNEN

 “Si w vle aprann konn Bondye toutbon, rete ansanm ak Temwen Jewova yo.” M te sezi tande pawòl sa yo. Nan epòk sa a, m t ap etidye ak Temwen Jewova yo depi yon ti tan. Men, pou w ka konprann reyaksyon m nan, kite m rakonte w istwa m.

 Mwen fèt nan Quezaltepeque, yon vil nan peyi Salvadò. Mwen te sizyèm pitit pami 15 timoun paran m yo te genyen. Paran m yo te leve m yon fason pou m onèt e pou m obeyi lalwa. Anplis de sa, te gen Leonardo ak kèk lòt Temwen ki te konn vin etidye Labib avèk nou. Men, m pa t suiv sa m t ap aprann yo e m t ap plede pran move desizyon sou move desizyon. A 14 an, m te kòmanse bwè bwason ki gen alkòl epi pran dwòg ak zanmi lekòl mwen yo. Youn apre lòt, yo te kite lekòl pou yo antre nan yon gang, e m te fè menm jan avèk yo. Nou te konn ap pase jounen an nan lari, ap mande moun lajan epi ap vòlè moun pou n te ka kontinye achte dwòg nou te konn pran yo.

 Gang nan te vin fanmi m. M te santi m oblije ret fidèl ak moun nan gang nan. Pa egzanp, yon jou, yon patnè nan gang nan ki te fèk pran dwòg te atake youn nan vwazen m yo. Pandan yo t ap goumen, vwazen m nan te eseye metrize zanmi m nan e l te rele lapolis. Mwen te tèlman an kòlè, mwen te kòmanse frape machin li an ak yon gwo baton pou l te ka kite zanmi m nan ale. Vwazen m nan te sipliye m pou m sispann kraze vit li yo youn apre lòt ak rès machin li an, men m pa t koute l.

 Lè m te gen 18 an, gang mwen an te goumen ak lapolis. Pandan m t apral voye yon bonm nou te fè nou menm, li eksploze nan men m san m pa konnen ki jan sa te fè rive. M sèlman sonje m te wè men m nan ki te sakaje nèt, apre, m te endispoze. Lè m te vin repran konsyans nan lopital la, m aprann m te pèdi men dwat mwen, m pa t ap ka tande nan zòrèy dwat mwen ankò epi m te vin prèske avèg nan je ki sou bò dwat mwen an.

 Malgre tout bagay sa yo, apre m te fin kite lopital la, m te retounen dwat nan gang mwen an. Yon ti tan apre sa, lapolis te arete m e yo te voye m nan prizon. M te vin pi pwòch ak manm gang nan pandan m te nan prizon. Nou te konn pase tout jounen nou ansanm, depi nan ti dejene kote nou te konn ap fimen premye jwen mariwana nou yo pou n rive jis aswè lè n al dòmi.

FASON LABIB CHANJE LAVI M

 Pandan m te nan prizon, Leonardo te konn vizite m. Pandan nou t ap pale, li lonje dwèt li sou yon tatwaj mwen genyen sou bra dwat mwen. Li te mande m: “Èske w konnen ki sa twa senbòl sa yo ye nan tatwaj la e sa yo vle di?” Mwen te reponn: “Mèwi m konnen. Se sèks, dwòg ak mizik wòk.” Men, Leonardo te di m: “M t ap di pito lopital, prizon ak lanmò. Ou te lopital, kounye a ou nan prizon. Ou konnen ki sa pral rive w apre.”

 Sa Leonardo te di m yo te frape m. Li te gen rezon. Mwen t ap fouye pwòp tonm mwen nan fason m t ap viv la. Leonardo te pwopoze m etidye Labib avè l e m te aksepte. Sa m te aprann nan Bib la te pouse m chanje lavi m. Pa egzanp, Bib la di: “Move frekantasyon fè moun pèdi bon abitid yo genyen.” (1 Korentyen 15:33, nòt). Sa te vle di, youn nan bagay m te dwe fè se te chèche gen nouvo zanmi. Donk, sa m te fè, m te sispann al nan reyinyon gang nan te konn fè yo, epi m te kòmanse asiste reyinyon Temwen Jewova yo te konn fè nan prizon an. Nan reyinyon yo, m te rankontre yon prizonye ki rele Andrés ki te batize pandan li nan prizon an pou l vin Temwen Jewova. Li te envite m pou m pran ti dejene an avè l nan maten. Depi lè sa a, m te sispann fimen mariwana pou m kòmanse jounen an. Olye de sa, chak maten, Andrés avè m te pale sou yon vèsè nan Bib la.

 Lòt manm yo nan gang nan pa t pran tan pou yo wè m t ap fè chanjman. Se pou sa, youn nan chèf yo te di li te bezwen pale avè m. Mwen te kraponnen. M pa t konn ki sa l t ap fè m lè l t ap vin konnen sa m te gen entansyon fè, paske sa prèske enposib pou yon moun kite yon gang. Li te di m: “Nou wè ou pa vin nan reyinyon nou yo ankò, men ou pito ale nan reyinyon Temwen Jewova yo. Ki sa w gen nan lide w menm?” Mwen te di l mwen vle kontinye etidye Bib la epi chanje lavi m. M te sezi tande li di m gang nan t ap respekte m toutotan m montre toutbon m vrèman vle vin yon Temwen Jewova. Apre sa li te di m: “Si w vle aprann konn Bondye toutbon, rete ansanm ak Temwen Jewova yo. Sa n ap atann de ou se sispann ou dwe sispann ak vye abitid ou yo. M felisite w. Ou sou bon wout la. Temwen Jewova yo ka ede w toutbon. M te etidye avèk yo lè m te Ozetazini, e m gen kèk fanmi m ki Temwen Jewova. Ou pa bezwen pè. Kontinye sa w ap fè a.” M te toujou kraponnen, men anmenmtan, m te kontan anpil. M te remèsye Jewova nan kè m. M te santi m tankou yon zwazo yo libere sot nan kaj li, konsa m te vin konprann pawòl Jezi yo lè l te di: “N ap konnen laverite, e laverite ap libere nou.” — Jan 8:32.

 Men, gen kèk nan ansyen zanmi m yo ki te eseye ofri m dwòg. M dwe admèt pafwa m te aksepte. Men, tikras pa tikras, apre anpil priyè m te fè ak tout kè m, m te rive kite vye abitid sa yo. — Sòm 51:10, 11.

 Apre m te soti nan prizon, anpil moun te panse m t ap retounen viv jan m te konn viv anvan, men m pa t fè sa. Olye de sa, m te konn al vizite prizonye yo pou m pataje sa m te aprann nan Bib la. Sa k pi enpòtan an, ansyen zanmi m yo te kwè m te chanje toutbon. Malerezman, moun ki te ansyen ènmi m yo pa t kwè sa yo menm.

 Yon jou pandan m t ap preche, bridsoukou gen kèk nèg ki fè pati yon gang rival ki te ansèkle mwen menm ak patnè m nan, zam yo nan men yo, e yo te vle touye m. Patnè m nan te esplike yo avèk anpil kouraj men avèk jantiyès mwen pa fè pati yon gang ankò. Pandan tan sa a, m te eseye ret kalm. Apre yo te fin bat mwen e yo avèti m pou m pa pase nan zòn sa a ankò, yo bese zam yo e te yo kite n ale. Labib te vrèman chanje lavi m. Anvan sa, m t ap chèche vanje tèt mwen. Men kounye a, m suiv konsèy Bib la bay nan 1 Tesalonisyen 5:15 ki di: “Veye pou pèsonn pa rann mal pou mal, men toujou chèche fè sa ki bon youn pou lòt e pou tout moun.”

 Depi lè m vin Temwen Jewova, m fè efò pou m ka yon moun ki onèt. Sa pa t fasil. Men, grasa èd Jewova bay, grasa konsèy ki nan Bib la ak sipò nouvo zanmi m yo ban m, mwen reyisi fè sa. M pa vle janm tounen dèyè nan sa m te konn fè yo. — 2 Pyè 2:22.

BYENFÈ MWEN JWENN

 Mwen te yon moun vyolan e ki te chaje ak kòlè. M konnen m pa t ap vivan jodi a si m te kontinye nan move wout mwen te ye a. Sa m te aprann nan Bib la te ede m chanje nèt. M kite vye abitid mwen te genyen yo. M aprann fè lapè ak ansyen ènmi m yo (Lik 6:27). Kounye a, m kontan gen bon zanmi ki ede m vin gen bèl kalite (Pwovèb 13:20). M ap viv ak kè kontan e lavi m gen yon sans, m ap sèvi yon Dye ki te dispoze padone m pou tout move bagay m te fè yo. — Ezayi 1:18.

 An 2006, m te asiste yon lekòl spesyal yo fè pou frè selibatè yo. Kèk ane apre sa, m marye ak bèl ti madanm mwen an, e n ap leve pitit fi nou an ansanm. Kounye a, m pase pifò nan tan m ap anseye lòt moun prensip nan Bib la ki te ede m yo. M ap sèvi kòm ansyen nan kongregasyon mwen ladan l lan, epi m eseye ede jèn yo pou yo pa fè menm erè m te fè lè m te gen laj yo. Kounye a, olye pou m fouye pwòp tonm mwen, m ap travay pou m viv nètale nan paradi Bondye pwomèt la jan Bib la di sa.