Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LABIB CHANJE LAVI MOUN

Mwen pa t janm al pyès kote san zam mwen

Mwen pa t janm al pyès kote san zam mwen
  • ANE LI FÈT 1958

  • PEYI KOTE LI SOTI ITALI

  • ANVAN MANM YON GANG VYOLAN

VI MWEN T AP MENNEN:

Mwen te fèt nan yon zòn ki andeyò vil Wòm, yon zòn ki te gen travayè ki nan klas pòv la e se la m te leve. Lavi a te di. Mwen pa t janm konn manman m, e m pa t gen bon relasyon ak papa m. Toutpandan m ap grandi, m te redi anpil pou m viv nan zòn nan ki te chaje ak vyolans.

Anvan m te gen dizan, m te deja konn vòlè. Lè m te gen 12 an, m te sove kite lakay mwen pou premye fwa. Plizyè fwa, papa m te oblije al chèche m nan pòs polis la pou l mennen m lakay. Se toutan m te konn ap fè kont ak moun. M te vyolan e m te fache kont tout moun. Lè m te gen 14 an, m te kite kay la pou toutbon. M te kòmanse pran dwòg epi m t ap viv nan lari. Piske m pa t gen pyès kote pou m dòmi, m te konn antre nan yon machin e m te kite l bonè nan maten. Apre sa, m te chèche yon kote ki gen yon fontèn dlo pou m ka benyen.

Mwen te vin fò anpil nan vòlè. M te konn vòlè valiz moun, m te konn kase apatman ak gwo kay nan nuit. M te kòmanse gen vye repitasyon, e tousuit m te jwenn envitasyon pou m antre nan yon gwo gang, sa te ban m “opòtinite” pou m pran grad paske m te kòmanse kase bank. Piske m te gen yon tanperaman agresif, sa pa t pran tan pou yo te respekte m nan gang nan. Mwen pa t janm al pyès kote san zam mwen. Anfèt, m te konn dòmi avè l anba zorye m. Tout lavi m se te vyolans, dwòg, vòlè, di betiz ak fè imoralite. Lapolis te toujou ap chèche m. Yo te arete m plizyè fwa, e m te fè plizyè ane ap antre soti nan prizon.

FASON LABIB CHANJE LAVI M:

Yon lè, apre m te fin soti nan prizon, m te deside al wè youn nan matant mwen yo. M te sezi aprann matant mwen ak de nan kouzen m yo te vin Temwen Jewova. Yo te envite m asiste yon reyinyon Temwen yo òganize. Piske m te kirye, m te deside ale avèk yo. Lè n te rive nan Sal Wayòm nan, m te ensiste pou m chita toupre pòt la pou m te ka kontwole moun k ap antre ak moun k ap soti yo. Natirèlman, m te gen zam mwen sou mwen.

Reyinyon sa a te chanje lavi m. M sonje m te di nan kè m genlè m sou yon lòt planèt! Te gen anpil moun ki te vin salye m, yo te kontan, yo te amikal e yo t ap souri. Lè m te gade vizaj Temwen yo, m te wè yo janti, yo onèt e bèl imaj sa a toujou rete nan lespri m. Se sèten, monn sa a pa t menm ditou ak monn m te abitye a!

Temwen yo te kòmanse etidye Labib avè m. Tank mwen t ap aprann konn Bib la se tank m te vin rann mwen kont mwen dwe chanje lavi m nèt. M te pran pawòl ki nan Pwovèb 13:20 an trèzoserye. Men sa l di: “Moun k ap mache ak moun ki saj ap vin saj, men moun ki annafè ak moun ki sòt, sa prale mal pou li.” (NW). M te vin rann mwen kont m te dwe pran distans mwen ak gang nan. Sa pa t fasil pou m fè, men, m te reyisi grasa èd Jewova.

Se premye fwa nan lavi m, m gen kontwòl sou aksyon m.

Mwen te vin pwòp nan domèn fizik tou. Grasa anpil efò m te fè, m te kite fimen sigarèt e m te sispann pran dwòg. M te koupe cheve long mwen yo, m te retire zanno ki te nan zòrèy mwen yo e m te sispann di betiz. Se premye fwa nan lavi m m gen kontwòl sou aksyon m.

Mwen pa t janm renmen ni li ni etidye, konsa, se te yon gwo defi pou m konsantre sou sa m t ap aprann nan etid la e pou m aplike yo. Sepandan, piske m te fè efò, tikras pa tikras, m te vin renmen Jewova e te gen yon bagay ki te kòmanse chanje nan mwen. Konsyans mwen te kòmanse ap ban m pwoblèm. Byen souvan, m te gen kèk panse negatif. M te gen dout, m te panse Jewova pap janm padone m pou tout bagay mal m te fè yo. Nan moman sa yo, m te jwenn anpil rekonfò lè m te li nan Bib la jan Jewova te padone wa David apre l te fin fè kèk peche grav. — 2 Samyèl 11:1–12:13.

Yon lòt difikilte m te jwenn se te pataje lafwa mwen ak lòt moun nan travay predikasyon kay an kay la (Matye 28:19, 20). M te pè anpil pou m pa t rankontre yon moun m te fè soufri oubyen yon moun m te fè yon move bagay lontan! Men, tikras pa tikras m te venk laperèz mwen yo. M te jwenn bonjan satisfaksyon lè m te ede lòt moun konnen bon Papa nou ki nan syèl la, li menm ki renmen padone anpil.

BYENFÈ MWEN JWENN:

Lefètke m aprann konnen Jewova, sa te sove lavi m! Pifò nan ansyen zanmi m yo mouri oubyen yo nan prizon, men mwen menm, m gen yon vi ki bay bonjan satisfaksyon e m gen yon bèl avni k ap tann mwen. M aprann pou m gen imilite, pou m obeyisan e pou m metrize tanperaman vyolan m te genyen an. Kòm rezilta, m gen pi bon relasyon ak moun ki nan anviwònman m. Mwen kontan marye ak yon bèl fi ki rele Carmen. Nou jwenn anpil jwa lè n ede lòt moun konnen Bib la.

Kounye a, mwen onèt nan travay mwen, pafwa l gen rapò ak bank, men, se pa vòlè m al vòlè nan bank se netwaye m al netwaye yo pito.