Al gade sa k anndan l

LABIB CHANJE LAVI MOUN

“Mwen te renmen fè gwo kòlè”

“Mwen te renmen fè gwo kòlè”
  • Ane li fèt: 1975

  • Peyi kote li soti: Meksik

  • Anvan: Li te vyolan; li te pran prizon

VI MWEN T AP MENNEN

 Mwen fèt Sannwann Channkalayito, yon ti vil nan eta Tchyapas, nan Meksik. Fanmi m fè pati tribi Chol, ki desandan Maya yo. Papa m ak manman m te gen 12 pitit, e mwen se senkyèm nan. Lè m te timoun, Temwen Jewova yo te etidye Labib avèk mwen menm ansanm ak frè m ak sè m yo. Malerezman, mwen pa t suiv konsèy mwen te jwenn nan Bib la lè m te jèn.

 Lè m te gen 13 an, m te kòmanse pran dwòg e m te kòmanse vòlè. Lè sa a, m te kite kay la e m pa t rete yon kote fiks. Lè m te gen 16 an, mwen te kòmanse travay nan yon jaden mariwana. Apre anviwon ennan nan travay la, gen yon nuit, nou t ap transpòte yon gwo kagezon mariwana nan yon bato, lè yon seri mesye ki te fè pati yon lòt gwoup ki te nan menm aktivite a e ki te kont nou te vin atake nou ak gwo zam. M te plonje nan rivyè a pou m te chape poul mwen pou m pa t pran bal e dlo a te mennen m byen lwen. Apre sa, mwen te sove al Etazini.

 Pandan m Etazini, m te kontinye vann dwòg e m te tonbe nan plis pwoblèm. Lè m te gen 19 an, yo te arete m e yo mete m nan prizon pou vòl e poutèt m te eseye touye moun. Pandan m nan prizon an, m te rantre nan yon gang e m te fè lòt zak vyolans ankò. Kòm rezilta, otorite yo te transfere m nan yon prizon ki gen gwo sistèm sekirite nan Lewisbèg, Pennsilvani.

 Pandan m te nan prizon Lewisbèg la, konpòtman m te vin pi mal. Etandone m te deja gen tatwaj gang sou mwen, m te rantre nan menm gang nan nan prizon sa a byen fasil. M te vin pi vyolan pase anvan, se te kite yon batay al nan yon lòt. Gen yon lè, m te nan yon goumen ki t ap fèt nan lakou prizon an. Nou t ap goumen tankou bèt, nou te sèvi ak baton bezbòl e ak altè. Pou gad prizon yo te ka mete yon fen nan batay la, yo te sèvi ak gaz lakrimojèn. Apre sa, otorite nan prizon yo te mete m nan yon seksyon espesyal pou prizonye ki danjere. M te konn fè gwo kòlè fasil e m te malelve. M te konn bat moun pou tikrik tikrak. An reyalite, m te pran plezi nan sa. M pa t gen okenn remò pou jan m te konn aji a.

FASON LABIB CHANJE LAVI M

 Nan seksyon espesyal sa a, yo te fèmen m nan selil mwen pandan pifò jounen an, donk, pou m pase tan, m te kòmanse li Bib la. Annapre, te gen yon gad nan prizon an ki te ban m yon liv Ou ka viv pou toutan nan yon paradi sou tè a (anglè) a. Toutpandan m t ap li liv etid biblik sa a, m te vin sonje anpil nan sa m te aprann lè m te piti lè m t ap etidye ak Temwen Jewova yo. Annapre, m te reflechi sou jan vi m te mizerab akoz pèsonalite vyolan m te genyen an. E m te panse ak fanmi m tou. Antretan, de nan sè m yo te vin Temwen Jewova. Gen yon panse ki te vin nan lespri m, ‘yo pral viv pou toutan’. Epi m mande tèt mwen: ‘E mwen menm?’ Se depi lè sa a m te pran desizyon pou m chanje.

 Sepandan, m te konnen pou m te chanje, m t ap bezwen èd. Donk, premye sa m te fè, m te priye Jewova Dye, mwen sipliye l pou I ede m. Apre sa, m te ekri biwo filyal Temwen Jewova ki Ozetazini an pou m mande yon etid biblik. Biwo filyal la te fè aranjman pou yon kongregasyon nan zòn nan kontakte m. Nan epòk sa a, moun ki pa t fanmi m pa t gen dwa vizite m. Donk, yon Temwen Jewova nan kongregasyon an te kòmanse voye lèt ankourajan ak piblikasyon ki baze sou Bib la pou mwen. Sa ki te ban m plis anvi pou m chanje.

 M te fè yon gwo pa annavan lè m te deside kite gang mwen te ladan l depi plizyè ane a. Chèf gang nan te nan seksyon espesyal la tou. Donk, yon lè, pandan yo te ban n rekreyasyon, m te pwoche bò kote l e m te di l m vle vin yon Temwen Jewova. Mwen te sezi lè l te di m: “Si w serye, ou mèt fè l. M pa ka opoze ak Bondye. Men, si se jis pou w ka kite gang nan, ou konn sa k ap rive w.”

 Pandan dezan ki te vin annapre yo, moun ki travay nan prizon an te remake chanjman ki te fèt nan pèsonalite m. Kòm rezilta, yo te vin gen plis konsiderasyon pou mwen. Pa egzanp, gadyen yo pa t mete minòt nan men m ankò lè yo te konn pral mennen m al benyen. Gen youn ladan yo ki te menm vin kote m pou l ankouraje m kontinye fè chanjman m t ap fè yo. Anfèt, pandan dènye ane m te pase nan prizon an, otorite nan prizon an te transfere m nan yon ti prizon ki pa gen gwo sistèm sekirite ki te toupre prizon prensipal la. Apre m te fin pase dizan nan prizon, yo te lage m an 2004, epi yo te depòte m Meksik nan yon bis prizon an.

 Yon tikras tan apre m fin rive Meksik, mwen te chèche jwenn yon Sal Wayòm Temwen Jewova yo. Mwen te asiste premye reyinyon an ak inifòm prizon an sou mwen, paske se sèl rad ki te kòrèk mwen te genyen. Malgre aparans mwen, Temwen yo te byen resevwa m. Lè m te wè jantiyès yo, mwen te santi mwen pami vrè kretyen yo (Jan 13:35). Pandan m nan reyinyon an, ansyen yo te fè aranjman pou yon moun etidye Labib avè m jan yo abitye fè sa a. Mwen te batize antanke Temwen Jewova sou ennan, jou ki te 3 septanm 2005 lan.

 An janvye 2007, mwen te kòmanse sèvi antanke pyonye pèmanan, sa vle di m te pase 70 èdtan chak mwa ap anseye lòt moun Labib. An 2011, mwen te gradye nan Lekòl biblik pou frè selibatè (kounye a, yo rele lekòI sa a Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan). Lekòl sa a te ede m anpil pou m fè travay mwen nan kongregasyon an.

Kounye a mwen pran plezi anseye lòt moun pou yo renmen fè lapè.

 An 2013, mwen te marye ak Pilar, madanm mwen mwen renmen anpil. Li konn di m, an blag, li difisil pou l kwè sa m rakonte l sou mwen yo. Mwen pa t janm tounen nan sa m te konn fè anvan yo. Mwen menm ak madanm mwen kwè moun mwen ye jodi a se yon prèv klè ki montre pouvwa Labib genyen pou l chanje lavi moun. — Women 12:2.

BYENFÈ MWEN JWENN

 Mwen santi pawòl Jezi te di ki nan Lik 19:10 yo se pou mwen li te di yo. Men sa l di: “Se moun ki pèdi yo [mwen] vin chèche, se yo [m] vin sove.” Mwen pa santi m tankou yon moun pèdi ankò. Nitou mwen pa chèche fè moun mal ankò. Grasa Bib la, mwen byen kontan lavi m gen pi bon sans ki ta ka genyen an, mwen viv anpè ak lòt moun e sa k pi enpòtan an, mwen gen yon bon relasyon ak Jewova, Kreyatè m nan.

[NÒT]

a Se Temwen Jewova yo ki pibliye liv sa a, men yo pa enprime l ankò. Kounye a, prensipal liv yo itilize pou etidye Labib ak moun se liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an.