Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo dekouvri yon ansyen trezò nan yon pil fatra

Yo dekouvri yon ansyen trezò nan yon pil fatra

KI SA k vin nan lespri w lè w ap panse ak yon pil fatra? Petèt sa fè w panse ak yon pil bagay moun pa bezwen e ki gen move sant. Konsa, li difisil pou w ta espere jwenn yon bagay ki gen valè yon kote konsa, alewè pou w ta jwenn yon gwo trezò.

Poutan, sa gen yon syèk depi yo te jwenn yon bagay ki tankou yon trezò yon kote konsa, sètadi nan yon pil fatra. Se pa t yon trezò literal yo te jwenn, men se te yon lòt bagay ki gen anpil valè. Ki sa yo te jwenn nan? Poukisa dekouvèt sa a enpòtan pou nou jodi a?

YO DEKOUVRI L SANZATANN

Nan kòmansman 20yèm syèk la, Bernard P. Grenfell ak Arthur S. Hunt, de biblis k ap travay nan inivèsite Oxford, t al vizite Ejip. Lè yo rive bò yon pil fatra ki toupre vale Nil lan, yo te jwenn yon pakèt moso papiris. Kèk tan apre, nan ane 1920, pandan de kòlèg yo t ap travay di pou yo anrejistre bagay yo gen nan koleksyon yo a nan katalòg, Grenfell te jwenn kèk lòt moso papiris yo te detere ann Ejip. Li te achte yo pou bibliyotèk ki rele John Rylands ki nan Mannchestè, ann Angletè. Sepandan, toule de mesye yo te gentan mouri anvan yo fin anrejistre tout bagay nan katalòg la.

Colin H. Roberts, yon lòt biblis ki t ap travay nan inivèsite Oxford, te fin fè travay la. Pandan li t ap klase moso papiris yo, li te remake yon ti moso papiris ki mezire 9 santimèt longè ak 6 santimèt lajè. Li te sezi lè l te wè tèks an grèk yo ekri alamen sou moso papiris la gen mo li abitye avèk yo. Yon bò gen pawòl ki soti nan Jan 18:31-33. Lòt bò a gen yon pati nan pawòl ki nan vèsè 37 ak vèsè 38 la. Roberts te rann li kont li te tonbe sou yon trezò ki gen anpil valè.

Y AP CHÈCHE KONNEN DEPI KI LÈ LI EGZISTE

Roberts te sispèk ti moso papiris sa a la lontan. Men depi ki lè li egziste? Pou l te ka konnen depi ki lè li egziste, li te konpare ekriti ki sou li a ak ekriti ki sou kèk lòt ansyen maniskri ki gen dat sou yo. Yo rele syans sa a paleyografi *. Lè l aplike metòd sa a, li te ka rive bay moso papiris la yon laj apeprè. Men li te vle sèten de sa l ap fè a. Se sa k fè, li te fè foto moso papiris la, e li te voye kèk kopi bay twa papiwològ, moun ki etidye ekriti sou papiris. Li te mande yo pou yo detèmine depi ki lè moso papiris sa a egziste. Ki rezilta espesyalis yo te jwenn?

Lè yo etidye stil ekriti ki gen nan maniskri a ak fason yo fòme lèt yo, toule twa espesyalis yo dakò yo te ekri tèks sa yo nan premye mwatye dezyèm syèk epòk nou an, jis kèk dizèn ane apre lanmò apot Jan. Sepandan, paleyografi se pa yon metòd ki san fay pou yo bay maniskri yo dat. Gen yon lòt biblis ki kwè yo ka te ekri tèks ki sou moso papiris la nenpòt lè nan dezyèm syèk la. Sepandan, vyepti moso papiris sa a se maniskri yo dekouvri ki pi ansyen nan Liv ki te ekri an grèk yo e li toujou maniskri ki pi ansyen ki egziste.

KÈK BAGAY MOSO PAPIRIS RYLANDS LAN PWOUVE

Poukisa moso papiris ki gen Evanjil Jan an gen tout enpòtans sa a pou moun ki renmen Bib la jodi a? Pou omwen de rezon. Premyèman, fason yo ekri tèks ki sou moso papiris la ede nou konprann jan premye kretyen yo te bay Ekriti yo valè.

Poukisa moso papiris ki gen Evanjil Jan an gen tout enpòtans sa a pou moun ki renmen Bib la jodi a?

Nan dezyèm syèk epòk nou an, yo te konn ekri tèks yo sou de fòma, genyen ki te sou fòm woulo, gen lòt ki te sou fòm kodèks. Pou yo te fè woulo yo, yo te koud plizyè moso papiris oubyen pachemen ansanm oubyen yo te kole yo ansanm, konsa yo te vin tounen yon fèy ki long. Apre sa, moun te ka woule fèy yo epi yo te ka dewoule yo lè sa nesesè. Nan pifò ka, se sou yon sèl bò nan woulo a yo te konn ekri.

Sepandan, ti moso papiris Roberts te jwenn nan te gen ekriti sou toule de bò yo. Sa montre, li te soti nan yon kodèks, li pa t soti nan yon woulo. Pou yo te fè yon kodèks yo te koud plizyè fèy pachemen oubyen fèy papiris ansanm, apre sa, yo te pliye yo yon fason ki te fè l sanble ak yon liv.

Ki avantaj kodèks la te genyen parapò ak woulo a? Bon, se evanjelizatè premye kretyen yo te ye (Matye 24:14; 28:19, 20). Yo te konn simaye mesaj ki nan Bib la tout kote yo te ka jwenn moun, nan kay, nan mache ak nan lari (Travay 5:42; 17:17; 20:20). Konsa, li te pi pratik pou yo lontan lè yo te gen Ekriti yo sou yon fòma ki pi piti.

Anplis de sa, grasa kodèks yo, li te pi fasil pou kongregasyon yo ak moun yo gen pwòp kopi Ekriti yo. Konsa, se pa ni youn ni de fwa yo te kopye Evanjil yo, pa gen dout, sa te kontribye pou fè krisyanis lan devlope byen rapid.

Moso papiris Rylands lan, devan ak dèyè

Yon dezyèm rezon ki fè moso papiris Rylands nan enpòtan pou nou jodi a, se paske li montre jan tèks ki te nan Bib orijinal la rive jwenn nou yon fason egzak. Byenke se kèk vèsè sèlman nan Evanjil Jan an ki sou moso papiris la, pawòl ki ladan l lan prèske egzakteman menm ak pawòl ki nan Bib nou gen jodi a. Konsa, moso papiris Rylands lan montre Bib la pa chanje malgre yo te kopye l e yo te rekopye l pandan lontan.

Natirèlman, moso papiris Rylands lan, ki gen kèk vèsè nan Evanjil Jan an, se youn nan prèv pami plizyè milye moso papiris ak maniskri ki genyen ki montre jan tèks ki te nan Bib orijinal la rive jwenn nou yon fason egzak. Men ak ki konklizyon Werner Keller te abouti nan yon liv li te ekri: “Ansyen [maniskri] sa yo se repons ki pi konvenkan ki genyen pou tout moun ki ta gen dout ki ta ap mande si tèks nou gen nan Bib nou yo jodi a se verite e si yo egzat.” — The Bible as History.

Se vre, lafwa kretyen yo pa baze sou dekouvèt akeyològ yo fè. Kretyen yo kwè “tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo”. (2 Timote 3:16.) Sepandan, se pa ti ankourajan sa ankourajan lè yo jwenn trezò sa yo ki te egziste depi lontan e ki gen anpil valè ki kore sa Bib la te toujou di a: “Pawòl Jewova rete la pou tout tan.” — 1 Pyè 1:25.

^ § 8 Selon sa yon liv fè konnen, paleyografi “se syans kote moun yo etidye ansyen ekriti”. (Manuscripts of the Greek Bible.) Apre yon kantite tan, fason moun yo konn ekri chanje. Chanjman sa yo ka montre depi ki lè yon maniskri egziste si yo konpare l ak kèk dokiman moun ka fè konfyans ki gen dat sou yo.