Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE W TA RENMEN ETIDYE LABIB?

Poukisa ou dwe etidye Labib?

Poukisa ou dwe etidye Labib?
  • Ki bi lavi a?

  • Poukisa moun soufri e yo mouri?

  • Ki sa demen sere pou mwen?

  • Èske Bondye gen sousi pou mwen?

Èske w konn poze tèt ou kesyon sa yo? Si wi, se pa ou menm sèl ki konn fè sa. Moun toupatou nan monn nan konn ap poze tèt yo kèk kesyon enpòtan sou lavi a. Èske w ka jwenn repons kesyon sa yo?

Gen plizyè milyon moun k ap reponn “wi!” Poukisa? Paske nan Bib la yo jwenn repons ki satisfè yo pou kesyon yo genyen. Èske w ta renmen konnen sa Bib la di? Si wi, w ap byen kontan pwofite pwogram Temwen Jewova yo genyen pou yo etidye Labib ak tout moun ki vle gratis *.

Se vre, depi se afè etidye Labib gen kèk moun ki konn di: “Mwen twò okipe.” “Li twò difisil.” “Mwen pè pran angajman.” Men, gen lòt moun ki gen lòt opinyon sou sa. Yo byen kontan posiblite yo genyen pou yo aprann sa Labib anseye. Ann egzamine kèk egzanp:

  • “Mwen konn al nan Legliz katolik, m al nan Legliz potestan, m al nan tanp sik, m al nan monastè boudis e mwen etidye teyoloji nan yon inivèsite. Poutan, pifò kesyon m genyen sou Bondye te rete san repons. Yon jou, gen yon Temwen Jewova ki vin lakay mwen. Mwen te dakò etidye Labib avè l paske m te sezi wè jan repons li te ban mwen yo te baze sou Bib la.” — Gill, Angletè.

  • “Mwen te gen anpil kesyon sou lavi a, men repons pastè nan legliz mwen mache a te ban mwen yo pa t satisfè m. Sepandan, gen yon Temwen Jewova ki te sèvi ak Bib la sèlman pou l reponn tout kesyon m yo. Lè li te mande m si m vle aprann plis bagay, mwen te kontan aksepte òf li a.” — Koffi, Benen.

  • “Mwen te anvi konnen nan ki kondisyon mò yo ye. Mwen te kwè moun ki mouri yo ka fè moun ki vivan yo ditò, men mwen te vle konnen sa Bib la di sou sa. Konsa mwen te kòmanse etidye Labib ak yon zanmi m ki Temwen Jewova.” — José, Brezil.

  • “Mwen te fè efò pou m li Bib la men mwen pa t ka konprann li. Yon lè, gen Temwen Jewova ki pase lakay mwen e yo te byen esplike m plizyè pwofesi ki nan Bib la. Mwen te vle wè ki lòt bagay yo ka aprann mwen.” — Dennize, Meksik.

  • “Mwen te konn ap mande tèt mwen si Bondye gen sousi pou mwen toutbonvre. Se sa k fè, mwen te deside priye Bondye Bib la pale de li a. Nan demen, Temwen yo te frape nan pòt mwen e mwen te aksepte yo etidye Labib avè m.” — Anju, Nepal.

Eksperyans sa yo fè nou sonje pawòl Jezi te di: “Byennere moun ki rann yo kont yo bezwen Bondye.” (Matye 5:3). Wi, lèzòm fèt ak bezwen pou yo konnen Bondye. Se Bondye sèlman ki ka konble bezwen sa a lakay yo e li sèvi ak Bib la, Pawòl li a, pou l fè sa.

Kidonk, ki sa sa mande pou yon moun fè yon etid biblik? Ki jan sa ka pwofitab pou ou? Nou pral reponn kesyon sa yo nan atik ki vin apre a.

^ § 8 Jewova se non Bondye jan Bib la fè konnen sa.