Al gade sa k anndan l

Èske sa Bib la di sou lavi Jezi yo egzak?

Èske sa Bib la di sou lavi Jezi yo egzak?

Repons Bib la bay

 Men sa Lik, yon ekriven ki ekri nan Bib la di sou pati istwa li rakonte sou lavi Jezi a: “Mwen te chèche konnen tout bagay avèk presizyon depi nan kòmansman.” — Lik 1:3.

 Gen kèk moun ki di istwa lavi Jezi yo rakonte nan Evanjil yo, sa kèk moun ki t ap viv nan menm epòk avè l te ekri yo, sa vle di Matye, Mak, Lik ak Jan, se istwa yo te chanje ozanviwon 4yèm syèk la.

 Sepandan, yo te jwenn yon pati enpòtan anpil nan Evanjil Jan an nan Ejip nan okòmansman 20yèm syèk la. Se li yo rele kounye a Papyrus Rylands 457 (P52) yo konsève l nan yon bibliyotèk, ki nan vil Mannchestè nan peyi Angletè. E se ladan l li genyen pati yo mete pou Jan 18:31-33, 37, 38 nan kèk tradiksyon Bib ki gen jodi a.

 Se maniskri sa a ki la pi lontan nan tout maniskri ki gen Liv ki te ekri an grèk yo ki egziste jodi a. Anpil espesyalis kwè yo te ekri l ozanviwon ane 125 epòk nou an, sa vle di sèlman 25 an konsa apre yo te fin ekri Evanjil orijinal la. Pawòl ki nan maniskri sa a prèske egzakteman menm bagay ak pawòl ki nan lòt maniskri yo vin jwenn annapre yo.