Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LABIB CHANJE LAVI MOUN

Verite ki nan Bib la satisfè swaf m te genyen

Verite ki nan Bib la satisfè swaf m te genyen
  • ANE LI FÈT 1987

  • PEYI KOTE LI SOTI AZÈBAYIDJAN

  • ANVAN PAPA M MIZILMAN, MANMAN M JUIF

VI MWEN T AP MENNEN:

Mwen fèt Bakou, yon vil nan peyi Azèbayidjan. Mwen se dezyèm pitit nan yon fanmi ki gen de timoun. Papa m te Mizilman e manman m te Juif. Youn te renmen lòt anpil, e youn te aksepte kwayans lòt menm lè yo pa t nan menm relijyon. Manman m te konn soutni papa m lè papa m t ap fè jèn pandan peryòd yo rele Ramadan an, e papa m te konn soutni manman m lè manman m t ap fete fèt Pak. Nou te gen liv Koran an, Tora a ak Bib la lakay nou.

Mwen te konsidere tèt mwen kòm Mizilman. Byenke mwen pa t janm gen dout sou egzistans Bondye, gen kèk kesyon mwen pa t ka konprann. M te konn mande tèt mwen: ‘Poukisa Bondye te kreye lèzòm, e ki itilite sa genyen pou yon moun soufri pandan tout vi l senpleman pou l al toumante nan lanfè pou toutan?’ Piske anpil moun di kèlkeswa sa k rive se volonte Bondye, m te konn mande tèt mwen: ‘Èske Bondye lakòz lèzòm gen pwoblèm epi li pran plezi ap gade yo k ap soufri?’

Lè m te gen 12 an, mwen te kòmanse fè seremoni priyè yo rele namaz la, yon priyè Mizilman yo fè senk fwa pa jou. Nan epòk sa a, Papa m te voye gran sè m nan avè m nan yon lekòl juif. Pami matyè yo te anseye nou, yo te aprann nou tradisyon Tora yo ak lang ebre. Chak jou, anvan yo kòmanse kou yo, nou te dwe priye selon tradisyon juif yo. Konsa, lè maten mwen te konn fè priyè namaz la lakay mwen, e pita nan jounen an, nan lekòl la, mwen te konn fè priyè juif yo.

Mwen te swaf pou m jwenn repons ki lojik pou kesyon m te genyen yo. Souvan, m te konn poze raben ki nan lekòl la kesyon sa yo: “Poukisa Bondye te kreye lèzòm? Ki jan Bondye konsidere papa m ki Mizilman? Papa m se yon bon moun, donk, poukisa yo konsidere l kòm yon moun ki pa pwòp? Poukisa Bondye te kreye l?” Kèk repons yo te ban mwen yo pa t lojik e yo pa t konvenk mwen.

FASON LABIB CHANJE LAVI M:

Nan ane 2002, m te vin pèdi lafwa m te gen nan Bondye. Nou te apèn imigre nan peyi Almay, sèlman yon semèn apre, papa m te fè yon stwok e l te tonbe an koma. Pandan plizyè ane, m te konn priye pou fanmi m gen lasante e pou tout bagay ale byen pou yo. Piske m te kwè se sèl Toupisan an ki gen pouvwa sou lavi ak lanmò, chak jou, m te sipliye l pou l sove lavi papa m. M te panse ‘se yon ti bagay sa ye pou Bondye pou l reyalize rèv sensè yon tifi genyen’. M te sèten li t ap koute siplikasyon m yo. Sepandan, papa m te mouri.

Mwen te fache dèske Bondye sanble pa t okipe m, m te santi m choke. Men rezònman mwen te fè: ‘Swa fason m priye a pa bon swa Bondye pa egziste.’ Mwen tèlman te choke mwen pa t ka fè priyè namaz la ankò. Okenn lòt relijyon pa t gen sans pou mwen, donk, m te di tèt mwen pa gen Bondye.

Sis mwa apre, Temwen Jewova yo te frape nan pòt kay nou. Piske nou pa t bay Krisyanis la anpil enpòtans, avèk jantiyès, sè m nan avè m te vle montre yo yo nan erè. Nou te mande yo: “Ki jan kretyen yo fè adore Jezi, yo adore kwa, yo adore Mari ak lòt idòl ankò alòske sa kontrè ak Dis Kòmandman yo?” Temwen yo te sèvi ak Bib la pou yo ban nou prèv ki konvenkan ki montre Bib la entèdi vrè kretyen yo adore idòl e se Bondye sèlman yo dwe priye. Sa te fè m sezi.

Ansuit, nou te mande yo: “E pou afè Trinite a menm? Si Jezi se Bondye, ki jan l te fè viv sou tè a epi lèzòm te touye l?” Yon lòt fwa ankò, yo te sèvi ak Bib la pou yo reponn nou e yo te esplike nou Jezi pa Bondye ni li pa egal ak Bondye. Temwen yo te esplike nou se pou rezon sa a yo pa kwè nan Trinite. M te sezi, m te di tèt mwen: ‘Kretyen sa yo vrèman etranj.’

Men, mwen te vle konnen poukisa moun mouri e poukisa Bondye pèmèt soufrans. Temwen yo te montre m liv Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la * ki gen plizyè chapit ki reponn kesyon sa yo. Tousuit, yo te kòmanse etidye Labib avè m.

Pandan chak etid, m te jwenn yon seri repons ki lojik e ki baze sou Bib la pou kesyon m yo. Mwen te aprann non Bondye se Jewova (Sòm 83:18). Prensipal kalite li genyen se lanmou, yon lanmou ki pa egoyis (1 Jan 4:8). Li te kreye lèzòm paske l te vle pataje ak yo lavi ki se yon don. M te vin konprann menmsi Bondye pèmèt enjistis, li rayi sa e talè konsa l ap elimine l pou toutan. M te aprann rebelyon Adan ak Èv la gen move konsekans sou lèzòm (Women 5:12). Pami konsekans tris sa yo nou ka site lanmò moun nou renmen yo, tankou papa m. Sepandan, Bondye pral retire tout trajedi sa yo nan monn nouvo k ap vini an, kote moun ki mouri yo pral tounen viv ankò. — Travay 24:15.

Verite ki nan Bib la satisfè swaf m te genyen pou m jwenn repons kesyon m yo. Mwen te rekòmanse kwè nan Bondye. Toutpandan m ap aprann konnen Temwen Jewova yo pi byen, m te vin rann mwen kont yo se yon fanmi entènasyonal frè ak sè. Inite ak lanmou yo gen nan mitan yo te enpresyone m anpil (Jan 13:34, 35). Sa m te aprann sou Jewova te fè m anvi sèvi l, kidonk, m te deside vin Temwen Jewova. Mwen te batize 8 janvye 2005.

BYENFÈ MWEN JWENN:

Lojik ki gen nan Bib la tèlman konvenkan li te fè m vin gen yon pi bon pwennvi sou lavi. Esplikasyon m te jwenn nan Pawòl Bondye a, yon seri esplikasyon moun ka fè konfyans, fè m santi mwen anpè ak tèt mwen. Espwa m genyen pou m wè papa m ankò grasa rezirèksyon Bondye pwomèt nan Pawòl li a ban mwen anpil jwa ak anpil rekonfò. — Jan 5:28, 29.

Mwen gen sizan depi mwen marye ak Jonathan, yon moun ki gen lakrentif pou Bondye, e m gen kè kontan. Nou toule de konnen laverite sou Bondye se yon bagay ki lojik e ki senp, men anmenmtan se yon trezò ki gen anpil valè. Se poutèt sa nou renmen pataje kwayans nou ansanm ak bèl esperans nou genyen an ak lòt moun. Kounye a, mwen konnen Temwen Jewova yo pa moun ki “etranj” men yo se vrè kretyen.

^ § 15 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a, men yo pa enprime l ankò.