Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 LABIB CHANJE LAVI MOUN

Yo te sèvi ak Bib la pou yo reponn tout kesyon!

Yo te sèvi ak Bib la pou yo reponn tout kesyon!
  • ANE LI FÈT: 1950

  • PEYI KOTE LI SOTI: ESPAY

  • ANVAN: MÈ KATOLIK

VI MWEN T AP MENNEN:

Lè m te fèt, paran m te gen yon ti fèm nan yon vilaj andeyò ki rele Galasi. Li nan nòdwès peyi Espay. Mwen se katriyèm pitit nan yon fanmi ki gen uit timoun. Te gen yon bon anbyans nan fanmi an. Nan epòk sa a, nan peyi Espay, li te kouran pou yon fanmi voye omwen youn nan timoun yo nan seminè oubyen nan kouvan. Nan fanmi pa m, yo te voye nou twa.

Lè m te gen 13 an, mwen t al jwenn sè m nan ki te nan kouvan nan vil Madrid. Anbyans lan pa t bon menm nan kouvan an. Moun pa t zanmi moun, sa k te genyen sèlman se te règ, lapriyè epi tout moun te byen min. Byen bonè nan maten, nou te reyini nan chapèl la pou n medite, byenke souvan lespri m pa t sou bagay konsa. Apre sa, nou chante kantik, yo fè lamès, men, yo te fè tout bagay an laten. M prèske pa t konprann anyen, se kòmsi m te santi Bondye lwen m. Jou ale jou vini, mwen pa t janm jwenn moun pou m pale. Menm lè m te rankontre sè m nan, sèl sa nou te ka di se: “Bonjou sent vyèj Mari.” Mè yo te ban nou demi èdtan sèlman pou n pale apre n fin manje. Se pa ti diferan sa te diferan ak fason m te konn viv nan fanmi m! M te santi m lage poukont mwen e byen souvan m te konn kriye.

Byenke m pa t janm santi m pwòch ak Bondye, m te respekte ve m te fè a. Lè m te gen 17 an, m te vin mè. Franchman, m te jis fè sa yo te atann de mwen. Men yon ti tan apre, m te kòmanse ap mande tèt mwen si se toutbon Bondye te chwazi m pou sa. Mè yo te konn di moun ki gen jan de dout sa yo pral boule nan dife lanfè! Malgre sa, m te vin gen plis dout. M te konnen Jezi Kris pa t konn izole tèt li, okontrè li te toujou okipe, li t ap anseye lòt moun e li t ap ede yo (Matye 4:23-25). Lè m te gen 20 an, m te wè pa t gen okenn rezon pou m rete mè. M te byen sezi lè mè an chèf la te di m si m pa sèten m vle rete mè, li t ap pi bon si m ale pi vit posib. M sispèk se pè li te pè pou m pa t enfliyanse lòt moun yo. Konsa, mwen te kite kouvan an.

 Lè m tounen lakay, paran m te byen konprann mwen. Men, piske pa t gen travay nan vilaj la, m t al jwenn youn nan frè m yo ki te ann Almay. Li te nan yon gwoup kominis ki aktif e se espayòl ki imigre ki te nan gwoup sa a. M te santi m alèz pami moun sa yo ki te konn ap batay pou dwa travayè yo ak pou egalite ant gason ak fi. Konsa, m te vin kominis e m te marye ak yon moun nan gwoup la. M te panse m t ap fè yon bagay ki itil anpil, m te konn distribye liv kominis e m te konn patisipe nan manifestasyon yo te konn fè.

Sepandan, rive yon lè, m te vin dekouraje ankò. M te rann mwen kont, byen souvan, kominis yo pa t fè sa yo te konn preche yo. An 1971, m te vin gen plis dout lè kèk jèn nan gwoup la te met dife nan konsila espayòl la ki nan vil Frankfurt. Yo te fè sa paske yo t ap pwoteste kont enjistis ki te gen ann Espay anba diktati a. Men, m te panse se te yon move fason yo te montre yo pa t kontan pou sa k t ap fèt nan peyi a.

Lè m te fè premye pitit gason m nan, m te di mari m m ap sispann asiste reyinyon kominis yo. M te santi m lage poukont mwen paske okenn nan zanmi m yo pa t vin wè m ak timoun nan. M te konn ap poze tèt mwen kesyon sou bi lavi a. Èske sa vrèman vo lapenn pou yon moun fè efò pou l amelyore sosyete a?

FASON LABIB CHANJE LAVI M:

Nan ane 1976, de Temwen Jewova espayòl te frape nan pòt mwen e yo te ofri m kèk piblikasyon ki baze sou Bib la e m te aksepte yo. Lè yo te retounen vizite m, m te benyen yo ak kesyon sou soufrans, inegalite ak enjistis. M te sezi wè jan yo te sèvi ak Bib la pou yo reponn tout kesyon! Tousuit, m te aksepte yon etid biblik.

Okòmansman, m te jis enterese aprann kèk enfòmasyon. Men, bagay yo te vin chanje lè mari m avè m te kòmanse asiste reyinyon nan Sal Wayòm Temwen Jewova yo. Nan epòk sa a, nou te gen de timoun. Temwen yo te janti, yo te mennen nou nan reyinyon e yo te ede nou pran swen timoun yo pandan reyinyon yo. M te vin devlope bonjan santiman pou Temwen yo.

Malgre sa, m te toujou gen dout sou relijyon. M te deside al wè fanmi m ki ann Espay. Gen yon tonton m ki prèt ki te eseye dekouraje m pou m pa etidye Labib. Sepandan, Temwen nan zòn nan te ede m anpil. Yo te sèvi ak Bib la pou yo reponn kesyon m yo menm jan ak Temwen ann Almay yo. M te deside m ap reprann etid la lè m tounen ann Almay. Byenke mari m te deside kanpe etid pa l la, m te kontinye pa m nan. Nan ane 1978, m te batize antanke Temwen Jewova.

BYENFÈ MWEN JWENN:

Konesans egzak m te vin genyen sou Bib la te ede m gen yon bon objektif nan lavi m e sa te gide m tou. Pa egzanp, 1 Pyè 3:1-4 ankouraje madanm yo pou yo “soumèt” devan mari yo, pou yo gen “gwo respè” pou yo e pou yo gen yon “lespri ki dou e ki pezib, sa ki gen anpil valè nan je Bondye”. Prensip sa yo te ede m vin yon bon madanm e yon bon manman.

Gen anviwon 35 an depi m Temwen. M kontan sèvi Bondye antanke moun ki fè pati vrè fanmi espirityèl li a e m kontan dèske kat pami senk pitit mwen yo ap sèvi Bondye menm jan avè m.