Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A

Èske lèzòm ap depafini tè a yon fason ki pa ka repare?

Èske lèzòm ap depafini tè a yon fason ki pa ka repare?

“Yon jenerasyon prale, e yon lòt ap vini, men tè a ap rete la pou tout tan.” — WA SALOMON, 11yèm SYÈK ANV. E. N *.

Dapre ansyen ekriven biblik sa a, gen yon gwo diferans ant ti kantite tan yon moun ka viv ak tè a ki la pou toutan. Anfèt, depi plizyè milye ane, jenerasyon vini jenerasyon ale, men, yon fason remakab, tè a bay prèv li solid e li gen kapasite pou l antretni lavi jis kounye a.

Depi apre Dezyèm Gè mondyal la, kantite chanjman ki fèt nan monn nan ak vitès chanjman sa yo fèt yo san parèy. Nan anviwon 70 an sèlman, lèzòm fè gwo pwogrè nan domèn transpò, kominikasyon ak nan lòt teknoloji, sa lakòz anpil chanjman nan domèn ekonomik e pa t janm gen chanjman konsa anvan. Lontan moun te ka panse li enposib pou moun viv fason anpil moun ap viv jodi a. Anmenmtan, kantite moun k ap viv sou tè a prèske triple.

Sepandan, tout bagay sa yo pa rete san konsekans. Yo di aktivite lèzòm fè yo tèlman andomaje tè a, talè konsa, sik natirèl yo pap fonksyone yon fason nòmal ankò pou tè a antretni lavi. Anfèt, gen kèk syantifik ki di nou antre nan yon nouvo epòk jeyolojik yo rele Antwoposèn, yon epòk kote aktivite lèzòm yo gen gwo konsekans sou planèt la, e konsekans sa yo vin pi grav chak jou.

Bib la te predi yon epòk kote lèzòm t ap ‘depafini tè a’. (Revelasyon 11:18.) Gen kèk moun k ap mande tèt yo si se pa nan epòk sa a n ap viv kounye a. Ki kantite dega lèzòm pral fè ankò? Èske se  yon sitiyasyon ki sanzespwa? Anfèt, èske lèzòm ap depafini tè a yon fason ki pa ka repare?

ÈSKE SITIYASYON AN SANZESPWA?

Èske sitiyasyon tè a sanzespwa? Gen kèk syantifik ki panse li difisil pou yo prevwa efè chanjman yo ap genyen. Sa fè yo enkyè, yo panse li pwobab pou n ap pwoche nan yon epòk kote yon seri chanjman k ap fèt bridsoukou e sanzatann nan klima a ka gen gwo konsekans sou tè a.

Pa egzanp, ann konsidere gwo pil glas ki nan lwès rejyon yo rele Antatik la. Gen kèk moun ki kwè si tanperati tè a ak lanmè a kontinye ogmante, yon lè, pil glas sa yo ap fonn e lèzòm pap ka fè anyen pou sa. Rezon an se paske kouch glas sa a reflete reyon solèy la yon fason ki natirèl. Sepandan, etandone glas yo ap fonn e yo kouvri mwens espas, lanmè a ki pi ba e ki reflete reyon solèy la mwens vin ekspoze. Fon lanmè a absòbe plis chalè, sa ki pral fè glas yo fonn pi plis. Sa ka pwodui yon reyaksyon an chèn k ap lakòz gwo dega, e l ap vin enposib pou lèzòm stope l. Konsa, nivo dlo lanmè a k ap monte akoz glas yo k ap fonn ka reprezante yon gwo danje pou plizyè santèn milyon moun.

YON GWO DÈT EKOLOJIK

Lèzòm pwopoze anpil estrateji pou yo ka fè fas ak sa syantifik yo rele yon “ijans ki gen sou tout planèt” la nan epòk nou an. Gen youn nan estrateji ki pi ansyen yo, yo rele l devlopman dirab, ki ankouraje pwogrè ekonomik ak sosyal nan limit ekolojik planèt la. Ki rezilta sa bay?

Malerezman, menm jan ak dèt ekonomik mondyal la, dèt ekolojik la kontinye ap ogmante san rete. Anvan planèt la jwenn tan pou l restore tèt li yon fason natirèl, lèzòm gentan itilize ti resous planèt la pwodui a. Èske gen yon bagay yo ka fè pou sa? Men sa yon ekolojis te admèt avèk franchiz: “Nan yon sans, nou pa gen okenn ide sou fason pou nou byen jere planèt la.” Sitiyasyon an sanble ak pawòl sa a ki nan Bib la ki di: “Mwen konnen pèsonn pa mèt tèt yo, pèsonn pa ka kontwole kote yo prale.” — Jeremi 10:23.

Yon lòt bò, Bib la ban nou asirans Bondye nou an, ki Kreyatè a, pap kite lèzòm detwi planèt la. Men sa nou li nan Sòm 115:16: “[Bondye] bay moun latè  pou yo.” Wi, se Papa nou ki nan syèl la ki ban nou “bèl don” sa a (Jak 1:17). Èske nou ta ka atann pou Bondye ban nou yon kado ki la pou yon ti tan, kòmsi kado a gen yon dat ekspirasyon sou li? Jamè! Fason Bondye te kreye tè a se prèv klè ki montre li pa t ban nou l pou yon ti tan.

OBJEKTIF KREYATÈ A GENYEN

Liv Jenèz la, ki nan Bib la, bay anpil detay sou jan Bondye te byen fè tè a. Okòmansman, tè a “pa t gen fòm, li pa t gen anyen sou li. Fènwa te kouvri toupatou”. Epoutan, yon fason ki presi, Bib la fè konnen te gen “dlo”, yon bagay ki nesesè pou ka gen lavi sou tè a (Jenèz 1:2). Apre sa Bondye te di: “Se pou limyè fèt.” (Jenèz 1:3). Se sèten, reyon solèy la te antre nan atmosfè a e konsa limyè te vin vizib sou tè a pou premye fwa. Apre sa, Bib la fè konnen te vin gen tè ki sèch ak lanmè (Jenèz 1:9, 10). Ansuit, te vin gen “zèb, plant ki bay grenn, [ak] pyebwa ki bay fwi”. (Jenèz 1:12.) Konsa, bagay ki nesesè nan pwosesis ak nan sik ki endispansab pou gen lavi sou tè a, tankou fotosentèz, te vin egziste. Ki sa k te kache dèyè tout gwo preparasyon sa yo?

Men sa pwofèt Izayi te di konsènan Bondye: “Se li menm ki fè latè, ki ba li fòm li. Se li menm ki fè l chita fèm. Li pa t fè l pou l te tounen yon dezè, men pou l te yon kote pou moun rete.” (Ezayi 45:18). Li klè, objektif Bondye se pou tè a gen moun ki abite sou li pou toutan.

Malerezman, lèzòm mal sèvi ak bèl kado Bondye ba yo a jiskaske yo depafini l. Malgre sa, objektif Kreyatè a pa chanje. Men sa yon moun ki t ap viv nan tan lontan te di: “Bondye pa tankou moun k’ap bay manti. Non! Li pa tankou moun k’ap chanje lide [...]! Depi li pwomèt yon bagay, l’ap fè l.” (Nonb 23:19). Anfèt, olye Bondye kite lèzòm fin depafini tè a, moman an ap pwoche byen vit kote li pral “detwi moun k ap detwi tè a”. — Revelasyon 11:18.

TÈ A AP KAY NOU POU TOUTAN

Men sa Jezi Kris te di nan Sèmon sou montay la: “Byennere moun ki gen tanperaman dou, piske Bondye pral ba yo tè a.” (Matye 5:5). Annapre, nan menm sèmon an, Jezi te fè konnen ki mwayen Bondye pral itilize pou l sove tè a. Li te mande disip yo pou priye konsa: “Se pou wayòm ou an vini. Se pou  volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.” Wi, Wayòm Bondye a, oswa gouvènman l lan pral reyalize objektif Bondye gen pou tè a. — Matye 6:10.

Konsènan bèl chanjman Wayòm nan pral pote yo, men sa Bondye deklare: “Gade! Kounye a, m ap fè tout bagay vin tounèf.” (Revelasyon 21:5). Èske sa vle di Bondye ap ranplase tè sa a ak yon nouvo tè? Non, paske pa gen anyen vrèman ki pa bon nan fason tè a te fèt. Olye de sa, Bondye pral elimine moun ki lakòz gen pwoblèm sou tè a, “moun k ap detwi tè a”, sa vle di gouvènman lèzòm k ap dirije kounye a. Yo pral ranplase gouvènman sa yo ak “yon syèl tounèf”, sètadi yon nouvo gouvènman ki nan syèl la, anpalan de Wayòm Bondye a, ki pral dirije “yon tè tounèf”, sètadi moun ki jis ki pral viv sou tè a. — Revelasyon 21:1.

Pou Bondye ka elimine dèt ekolojik lèzòm lakòz la, li pral fè resous natirèl tè a rejwenn ekilib yo, konsa, tè a ka kontinye gen lavi sou li. Pou Salmis la te dekri sa Bondye pral fè yo, men sa Bondye te enspire l pou l ekri: “Ou moutre jan ou pran swen latè: Ou voye lapli pou wouze l. Ou fè l donnen anpil.” Grasa yon klima stab, e sa k pi enpòtan an, grasa benediksyon Bondye bay, tè a ap vin yon paradi, l ap gen anpil manje sou li. — Sòm 65:9-13.

Dapre Pyarelal, sekretè Mohandas Gandhi a, men sa Mohandas Gandhi, ansyen chèf espirityèl peyi End lan, te fè konnen: “Tè a pwodui ase pou l satisfè bezwen chak moun, men li pa pwodui pou l satisfè avidite chak moun.” Wayòm Bondye a pral atake prensipal koz pwoblèm ki gen sou tè a lè l pral pote yon chanjman nan kè moun yo. Pwofèt Izayi te predi anba dominasyon Wayòm nan pèsonn ‘pap fè mechanste, ni pèsonn pap fè ni moun ni tè a mal’. (Ezayi 11:9.) Anfèt, gen plizyè milyon moun jodi a ki soti nan tout kilti e ki nan tout sitiyasyon ki deja ap aprann konnen prensip wo nivo Bondye bay yo. Y ap aprann yo pou yo renmen Bondye ak pwochen yo, pou yo demontre yon etadespri rekonesan, pou yo pran swen anviwònman an, pou yo pwoteje resous natirèl yo, e pou yo viv ann amoni ak objektif Bondye gen pou lèzòm ak pou tè a. Y ap prepare yo pou y al viv nan yon paradi sou tè a. — Eklezyas 12:13; Matye 22:37-39; Kolosyen 3:15.

Tè a twò enpòtan pou Bondye ta kite lèzòm detwi l.

Men ak ki pawòl liv Jenèz la fini istwa sou kreyasyon an: “Bondye gade sa l te fè a, li wè l bon nèt.” (Jenèz 1:31). Vrèmanvre, tè a twò enpòtan pou Bondye ta kite lèzòm detwi l. Se pa ti rekonfòte nou rekonfòte dèske n konnen avni tè a an sekirite nan men Jewova, Kreyatè nou an ki gen lanmou an. Men sa Jewova pwomèt: “Moun ki jis yo pral posede tè a, e y ap rete sou li pou toutan.” (Sòm 37:29NW). Nou swete w pami moun ki “jis” yo ki pral di tè a se kay yo pou toutan.

^ § 3 Dapre Eklezyas 1:4 ki nan Bib la (NW).