Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Zile Pralen, nan Sechèl, se la jeneral Gordon te jwenn jaden Edenn li an nan ane 1881.

Yon paradi sou tè a: Èske se yon rèv oswa yon reyalite?

Yon paradi sou tè a: Èske se yon rèv oswa yon reyalite?

Paradi! Gen yon seri bèl bwochi ki konn envite nou pou n fè yon vwayaj pou n al yon kote ki lwen yo di ki se yon “paradi” pou n ka rilaks nou e pou n ka bliye tout pwoblèm ak tout tètchaje nou genyen. Men, jan nou tout konn sa, apre vwayaj sa yo, lè nou tounen lakay nou, bagay yo toujou ret menm jan yo te ye a.

Aktout sa, kesyon paradi a enterese tout moun. Nou ka ap mande tèt nou: ‘Èske “paradi” a se yon bèl rèv sèlman li ye? Si se ta sa, poukisa li atire moun konsa? Epi, èske l pap vin yon reyalite?’

YON ERITAJ KI LA DEPI LONTAN

Pandan tout syèk ki pase yo, zafè paradi a te toujou enterese moun. Anpil nan moun sa yo te vin enterese ladan l lè yo te vin konnen Bib la pale de “yon jaden ann Edenn nan direksyon lès”. Ki sa k fè jaden sa a te atire moun konsa? Men ki sa nou li nan istwa sou jaden Edenn nan: “Jewova Dye te fè tout kalite pyebwa ki bèl pou moun gade e ki bay bon fwi.” Jaden sa a se te yon bèl kote pou moun viv alèz. Sa ki pi bèl la, te gen “pyebwa lavi a [...] nan mitan jaden an”. — Jenèz 2:8, 9.

Anplis de sa, liv Jenèz la pale de kat rivyè ki t ap koule nan jaden Edenn nan. Gen de nan rivyè sa yo moun toujou konnen jodi a: Rivyè Tig (oswa Idekèl) ak Rivyè Efrat la (Jenèz 2:10-14; nòt). De rivyè sa yo te koule ale nan Gòlf Pèsik la. Yo pase nan zòn yo rele Irak jodi a ki te fè pati peyi Pès tan lontan an.

Se sa k fè nou ka konprann poukisa kesyon paradi a vrèman fè pati eritaj moun peyi Pès yo. Gen yon tapi atis peyi Pès te fè nan 16yèm syèk la ki nan yon mize nan Pennsilvani, Ozetazini, ki montre yon jaden fèmen ki gen pyebwa ak flè ladan l. Nan lang Pès la, mo yo itilize pou di “jaden fèmen” vle di tou “paradi”, e fason yo desine jaden an sou tapi a sanble ak sa Bib la di sou bèl jaden Edenn nan ki te chaje ak bon bagay.

Anfèt, yo rakonte divès kalite istwa sou paradi a nan anpil lang e nan anpil kilti toupatou sou tè a. Pandan lèzòm t ap deplase sot nan yon zòn al nan yon lòt zòn sou tè a, yo te deplase tou ak istwa pa yo konsènan paradi a. E pandan syèk yo t ap pase, yo te vin melanje vrè istwa konsènan paradi a ak divès kwayans ansanm ak lejann zòn pa yo te genyen. Menm jounen jodi a, an jeneral, depi moun wè bèl kote ki gen bèl jaden, san reflechi yo di se paradi.

RECHÈCH SOU PARADI A

Gen kèk moun ki t ap vwayaje pou yo dekouvri yon seri kote moun pa twò konnen ki te fè kwè yo te jwenn paradi a. Pa egzanp, Charles Gordon, yon jeneral nan lame Grann Bretay la, te tèlman enpresyone lè l te vizite Vallée de Mai, ki bèl anpil, ki nan zile Sechèl, nan ane 1881, yon zòn yo konsidere jodi a kòm yon eritaj mondyal, li te di zòn sa a se jaden Edenn nan. Nan 15yèm syèk la, gen yon navigatè italyen ki te rele Kristòf Kolon ki t ap mande tèt li si l pa t toupre jwenn jaden Edenn nan lè l te rive sou zile Ispanyola a, jodi a ki se Repiblik dominikèn ak Ayiti.

Gen yon liv istwa yo ekri nan epòk nou an (Mapping Paradise) ki gen detay sou plis pase 190 ansyen kat sou peyi sou tè a, e anpil nan yo montre Adan ak Èv nan jaden Edenn nan. Gen youn nan kat yo ki soti nan youn nan liv Beatus de Liébana yo ki te fèt nan 13yèm syèk la. Nan tèt kat la gen yon ti rektang ki gen paradi a nan mitan l. Li montre kat rivyè k ap koule nan paradi a, yo rele yo “Tig”, “Efrat”, “Pichon” ak “Giyon”. Yo chak soti nan youn nan kat kwen nan paradi a, e yo di yo swadizan reprezante fason kretyen yo t apral gaye nan kat kwen tè a. Tout bagay sa yo montre malgre moun pa vrèman konnen kote paradi a te ye, sa yo konnen sou paradi a ba yo plis anvi toujou pou yo konn paradi a.

Te gen yon powèt nan 17yèm syèk la, ki te rele John Milton, anpil moun konnen pou powèm li te ekri a ki gen tit Yo pèdi Paradi a (anglè). Powèm sa a baze sou istwa nou jwenn nan liv Jenèz la sou peche Adan te fè a ak mete yo te mete l deyò nan jaden Edenn nan. Nan powèm sa a, li mete aksan sou lavi ki pap janm fini lèzòm pral rejwenn sou tè a. Men ki sa l te ekri: “Paske lè sa a tout tè a ap vin yon paradi.” Apre sa, Milton te ekri yon lòt powèm ki te makònen ak premye a ki gen tit Yo rejwenn Paradi a (anglè).

YO ANSEYE YON LÒT BAGAY

Sa klè, paradi lèzòm te pèdi a se yon bèl sijè yo pale de li anpil pandan tout istwa lèzòm. Donk, poukisa gen moun ki pa pale de li jodi a? Jan liv istwa nou te pale de li a (Mapping Paradise) fè konn sa, yon premye rezon se paske “teyolojyen yo [...] fè espre pou yo pa pale sou kote paradi a ap ye”.

Yo anseye anpil moun nan legliz yo se nan syèl la yo prale, yo pa pale yo de paradi sou tè a. Epoutan, men sa Bib la di nan Sòm 37:29: “Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” Jodi a, monn nan pa yon paradi menm, donk, èske nou ka atann pou pwomès sa a reyalize? *

SE YON REYALITE: TÈ A PRAL TOUNEN YON PARADI

Jewova, Sila a ki te kreye Paradi a, pwomèt l ap refè paradi nou te pèdi a. Ki jan? Sonje sa Jezi te di nan priyè modèl la: “Se pou Wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.” (Matye 6:10). Wayòm sa a se yon gouvènman ki gen Jezi alatèt li ki pral dirije tout tè a e ki pral ranplase tout gouvènman lèzòm yo (Dànyèl 2:44). Lè Wayòm sa a pral dirije, volonte Jewova pral “fèt”, volonte li te genyen pou tè a tounen yon paradi a.

Bondye te enspire pwofèt Ezayi pou l pale sou jan bagay yo pral ye nan Paradi li pwomèt la, kote tout tètchaje ak tout pwoblèm lèzòm genyen jounen jodi a pral disparèt (Ezayi 11:6-9; 35:5-7; 65:21-23). Nou ankouraje w pou w pran yon ti tan pou w ka li vèsè sa yo nan Bib ou. Lè w fè sa, w ap wè byen klè ki sa Bondye sere pou moun ki obeyi l. Nan moman sa a, moun ki ap la yo ap kapab pwofite sa Adan te pèdi yo, sa vle di paradi a ak favè Bondye. — Revelasyon 21:3.

Poukisa nou ka gen asirans espwa nou genyen pou tè a tounen yon paradi a pa yon rèv, men se yon reyalite? Nou kwè sa, paske men ki sa Bib la di: “Se pou Jewova syèl la ye, men li bay lèzòm tè a.” Espwa pou gen yon paradi a se yon bagay “Bondye, ki pa ka bay manti, te pwomèt depi byen lontan”. (Sòm 115:16; Tit 1:2.) Ala yon bèl espwa Bib la ban nou ki se viv nan Paradi a pou toutan!

^ § 15 Nou jwenn yon pawòl nan liv Koran an ki enteresan. Nan Al-Anbiya’ [Pwofèt yo], nan sourat 21 vèsè 105, men sa yo di: “Moun ki dwat pami sèvitè M yo ap posede tè a.”