Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske Bib la ka ede w lè gen katastwòf?

Èske Bib la ka ede w lè gen katastwòf?

 Èske w pami plizyè milyon moun ki deja viktim katastwòf natirèl? Move tan ak pwoblèm ki mache avèk yo ka vini sou divès fòm. Byen souvan, ouragan, tifon, siklòn ak tònad konn lakòz tanpèt, inondasyon oswa dega ki fèt akoz gwo van k ap soufle. Gwo lapli konn lakòz glisman teren e tanpèt yo konn mache ak loray ak zèklè ki konn met dife nan forè e ki konn lakòz gwo dega. Sechrès, gwo chalè ak tanpèt nèj konn fè gwo dega tou.

 Anpil kote sou tè a, move tan ki lakòz katastwòf natirèl yo ap vin pi plis chak jou e yo vin pi vyolan. Selon Federasyon entènasyonal Lakwa Wouj ak Kwasan Wouj “kantite moun ki viktim akoz dezas yo kontinye ap vin plis […] paske gen plis inondasyon. Tanpèt ak sechrès fè gwo dega nan lavi moun yo ak nan sa yo genyen pou yo viv. E sa lakòz plizyè milyon moun deplase kite kote y ap viv la chak ane.”

 Lè mòd bagay sa yo rive, nonsèlman moun yo soufri fizikman, men tou yo soufri nan domèn afektif. Yo ka santi yo pa byen paske yo pèdi tout sa yo posede, yo pèdi kay yo oswa yo menm gen moun pa yo ki mouri.

 Si w te viktim akoz move tan ki lakòz katastwòf, Bib la ka ede w. Li bay konsolasyon, espwa ak bonjan konsèy ki ede yon pakèt moun ki viktim dezas ki fèt akoz move tan yo (Women 15:4). Li reponn yon kesyon k ap trakase anpil moun tou: Poukisa Bondye kite sa rive — èske se pini l ap pini m?

Se pa pini Bondye ap pini nou ak move tan sa yo

 Bib la fè konnen Bondye pa responsab soufrans lèzòm. Li ban nou asirans “pèsonn pa ka pase Bondye anba eprèv ak bagay ki mal, e li menm li pa pase pèsonn anba eprèv ak bagay ki mal”. (Jak 1:13.) Sa vle di, se pa li menm ki lakòz move tan sa yo ki fè moun soufri jodi a.

 Bib la fè konnen gen kèk fwa Bondye te sèvi ak fòs lanati yo pou l pini moun ki mechan. Men, sa diferan ak gwo dega k ap fèt jodi a, ki vini sanzatann e ki frape ni bon moun ni move moun. Alòske Bib la montre Bondye te toujou pwoteje moun ki inosan yo, li te bay avètisman alavans e l te esplike pou ki rezon li te fè yo rive. Pa egzanp, Bondye te esplike poukisa li te fè delij sou tout tè a nan epòk Noye a, li te bay avètisman anvan l te fè l e li te pwoteje Noye ak fanmi l. — Jenèz 6:13; 2 Pyè 2:5.

 Pou w aprann plis sou rezon ki fè n konnen katastwòf natirèl yo se pa pinisyon Bondye ban nou, gade atik “Ki sa Bib la di sou katastwòf natirèl?

Bondye gen sousi pou moun ki viktim katastwòf yo

 Bib la fè konnen Jewova a Dye renmen moun e li konn mete l nan plas moun. Gade vèsè ankourajan ki vin apre yo.

  •   Ezayi 63:9: “Pandan tout tan yo t ap soufri a, sa te fè [Bondye] soufri.”

     Sa l vle di: Sa fè Jewova mal anpil lè l wè moun k ap soufri.

  •   1 Pyè 5:7: “Li gen sousi pou nou.”

     Sa l vle di: Jewova vle byen pou nou.

 Lefètke Jewova renmen nou e l konprann nou, sa fè l aji. Li ban nou konsolasyon pa mwayen bonjan konsèy ki nan Bib la e li ban nou espwa alavni pap gen katastwòf akoz move tan ankò. — 2 Korentyen 1:3, 4.

Lè katastwòf yo pap bay pwoblèm ankò

 Bib la fè konnen Jewova pwomèt l ap “ban nou yon avni ak yon espwa”. (Jeremi 29:11.) Li vle pou moun viv ak kè kontan nan yon paradi sou tè a, li pa vle pou yo viv toutpandan yo pè pou move tan pa lakòz yo soufri. — Jenèz 1:28; 2:15; Ezayi 32:18.

 Bondye pral fè sa rive grasa Wayòm li an, yon gouvènman ki nan syèl la ki gen Jezi kòm dirijan (Matye 6:10). Jezi gen pouvwa ak sajès ki nesesè pou l anpeche katastwòf sa yo rive. Lè Jezi te sou tè a li te montre li gen pouvwa pou l kontwole fòs lanati yo (Mak 4:37-41). Li pral dirije avèk bon konprann ak sajès e l ap montre lèzòm fason pou yo pran swen tè a ak fason pou yo viv ann amoni avèk lanati (Ezayi 11:2). Lè Jezi ap dirije, pap janm gen katastwòf k ap fè lèzòm soufri ankò.

 Ou ka ap mande tèt ou: ‘Ki lè Jezi pral itilize pouvwa l pou l kontwole fòs lanati yo?’ Pou w jwenn repons kesyon sa a, gade atik “Ki lè Wayòm Bondye a pral dirije tè a?

Fason n ka fè fas ak katastwòf depi kounye a

 Konsèy Bib la bay ka ede w anvan, pandan ak apre yon katastwòf.

  •   Anvan: Prepare w pou w aji vit.

     Men sa Bib la di: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache, men, moun ki pa gen eksperyans lan kontinye ale tou dwat e li peye sa.” — Pwovèb 22:3.

     Sa l vle di: Chèche konnen ki katastwòf ki ka rive nan zòn bò lakay ou. Konsa, w ap ka aji vit pou w pwoteje fanmi w.

     Temwayaj: “Jou dife te pran nan forè a nou te chape paske nou te prepare pou sa. Nou te gen sak sekou nou, nou te gen medikaman nou, nou te gen rad nou. Moun nan zòn nan te panike, yo pa t ka reflechi byen. Men nou menm, nou te gen tout sa n te bezwen, e sa fè m gen rekonesans!” — Tamara, Kalifòni, Etazini.

  •   Pandan: Konsantre sou sa k pi enpòtan yo.

     Men sa Bib la di: “Menm lè yon moun ap viv nan abondans, lavi l pa depann de bagay li posede yo.” — Lik 12:15.

     Sa l vle di: Lavi pi enpòtan pase byen materyèl.

     Temwayaj: “Lè siklòn Lawin b te detwi kay nou an, m pa t ka reflechi sou sa m te dwe fè. Yon sèl bagay m te fè, se te priye Jewova Dye ak tout kè m. Lè sa a, m te vin rann mwen kont se te byen materyèl nou te pèdi se pa t lavi nou.” — Leslie, Filipin.

  •   Apre: Panse pou jodi a, pa enkyete pou demen.

     Men sa Bib la di: “Pa janm bay tèt nou pwoblèm pou demen, paske demen ap gen pwòp pwoblèm pa l.” — Matye 6:34.

     Sa l vle di: Pa enkyete pou pwoblèm ki ka rive demen.

     Temwayaj: “Se lè kay mwen an te anvayi ak dlo siklòn Irma, m te gen plis desizyon pou m te pran e m te strese anpil. M te fè efò pou m suiv sa Bib la di a sètadi panse pou jodi a, pa enkyete pou demen. M te wè, avèk èd Jewova, m ka andire plis pase sa m te ka imajine.” — Sally, Florid, Etazini.

 Pou w jwenn plis konsèy ki ka itil ou gade atik “Kèk konsèy ki ka sove lavi nou lè gen katastwòf.”

a Jewova se non Bondye. — Sòm 83:18.

b Yo rele l siklòn Haima tou.