Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lè w viktim anba katastwòf natirèl

Lè w viktim anba katastwòf natirèl

“Okòmansman, nou te santi nou dezespere anpil. Inondasyon ak deboulonnay tè te detwi tout sa nou te posede.” — Andre, Syera Leyòn.

“Apre siklòn nan te fin pase, nou te retounen lakay nou. Nou pa t ret anyen menm. Nou pa t gen bouch pou n pale. Lè sa a, pitit fi m nan met de jenou l atè e li pete kriye.” — David, Ilvyèj.

SI W te viktim anba yon katastwòf natirèl, ou ka konprann santiman lòt moun ki te viv sitiyasyon sa a: yo sezi, yo pa vle aksepte reyalite a, yo nan konfizyon, yo enkyè e yo plede fè move rèv. Anpil nan moun sa yo ki dekouraje e ki about pa menm anvi kontinye lite nan lavi a.

Si lavi w te vin tèt anba akoz yon katastwòf natirèl, petèt ou menm tou ou santi w prèske krake. Ou ka menm kòmanse santi w pa gen rezon pou w kontinye viv ankò. Sepandan, Labib fè konnen ou bezwen kontinye viv e w gen bonjan rezon pou w gen espwa gen yon bèl avni k ap tann ou.

LÈ N KONNEN VERITE KI NAN BIB LA SA FÈ LAVI A GEN SANS

Eklezyas 7:8 di: “Jan yon bagay fini pi bon pase jan l kòmanse.” Apre w fèk fin viktim anba yon katastwòf natirèl, ou ka gen enpresyon lavi w pa gen sans. Men, tank w ap fè efò pou w kontinye viv, tikras pa tikras, sitiyasyon an kapab amelyore.

Labib anonse yon moman kote “yo pap tande bri moun k ap kriye oswa ki nan malè [...] ankò.” (Ezayi 65:19). Pawòl sa yo pral reyalize lè Wayòm Bondye a pral dirije tè a k ap vin yon paradi (Sòm 37:11, 29). Lè sa a, pap janm gen katastwòf natirèl ankò. Tout souvni ki konn fè n soufri ak tout vye bagay nou te viv ki make nou yo, yo tout nèt pral efase pou toutan, paske Bondye toupisan an pwomèt: “Ansyen bagay yo pap vin nan lespri moun yo” ankò. — Ezayi 65:17.

Imajine sa: Kreyatè a pran dispozisyon “pou [l] ban nou yon avni ak yon espwa”, yon lavi san kè sote, lè Wayòm li an, ki pafè, pral dirije tè a (Jeremi 29:11). Lefètke w aprann verite sa a, èske sa pa ba w anvi kontinye viv? Samantha, nou te pale de li nan atik anvan an, fè konnen: “Lè w toujou ap panse ak tout bèl bagay Wayòm Bondye a pral fè pou nou alavni, sa ka ede w sispann panse ak sa k te pase a, epi kontinye viv.”

Sa w panse si w chèche aprann plis bagay toujou sou sa Wayòm Bondye a pral fè pou limanite talè konsa? Sa kapab ba w asirans lavi w gen sans depi kounye a, byenke w te viktim anba yon katastwòf natirèl, epi tann ak anpil enpasyans moman kote pap gen katastwòf natirèl ankò. Annatandan, Bib la gen bonjan konsèy ki ka ede nou andire dega katastwòf yo lakòz. Ann wè kèk egzanp.