Al gade sa k anndan l

Èske Temwen Jewova yo se yon relijyon Potestan?

Èske Temwen Jewova yo se yon relijyon Potestan?

 Non. Temwen Jewova yo se kretyen yo ye. Men, nou pa konsidere tèt nou antanke potestan. Sa k fè sa?

 Gen moun ki esplike yon relijyon ki se yon relijyon potestan se yon “relijyon ki opoze ak relijyon Katolik”. Se vre Temwen Jewova yo pa dakò ak sa Legliz katolik anseye, men, nou pa konsidere tèt nou kòm potestan pou rezon ki vin annapre yo:

  1.   Plizyè bagay potestan yo kwè ladan l pa ann amoni ak sa Labib anseye toutbonvre. Pa egzanp, Labib fè konnen “gen yon sèl Bondye”, li pa fè konnen Bondye se yon trinite (1 Timote 2:5; Jan 14:28). Anplis de sa, Labib pa anseye Bondye ap pini moun ki mechan yo nan yon dife lanfè, okontrè, li montre aklè Bondye ap detwi yo pou toutan. — Sòm 37:9; 2 Tesalonisyen 1:9.

  2.   Nou pa leve kanpe kont Legliz katolik e nou pa travay pou fè yo pote chanjman ladan l. Nou pa fè sa pou okenn lòt gwoup relijye nonplis. Okontrè, san bri san kont, nou preche bon nouvèl Wayòm Bondye a pou nou ede lòt moun vin gen yon lafwa solid nan bon nouvèl sa a (Matye 24:14; 28:19, 20). Nou pa chèche fòse okenn gwoup relijye pote chanjman nan relijyon yo. Men, nou enterese ede moun ki gen kè sensè yo aprann laverite sou Bondye ak sou Pawòl li a, Labib. — Kolosyen 1:9, 10; 2 Timote 2:24, 25.