Al gade sa k anndan l

Ki sa lanfè ye? Èske se yon kote yo toumante moun pou toutan?

Ki sa lanfè ye? Èske se yon kote yo toumante moun pou toutan?

Repons Bib la bay

 Gen kèk tradiksyon Labib ki sèvi ak mo “lanfè” a pou yo tradui mo ebre “Cheyòl” la ak mo grèk “Adès” la e toule de fè referans ak tonm kote tout moun ki mouri ale (Sòm 16:10; Travay 2:27). Gen anpil moun ki kwè nan yon dife lanfè, jan sa parèt nan desen ki nan atik sa a. Men, Labib pa anseye sa.

  1.   Moun ki mouri yo pa konn anyen e yo pa ka soufri. “Pa gen ni travay, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Tonm kote w prale a.” — Eklezyas 9:10.

  2.   Bon moun al nan lanfè. Jakòb ak Jòb, de gason ki te fidèl te konnen yo t apral nan lanfè. — Jenèz 37:35; Jòb 14:13.

  3.   Se lanmò ki konsekans peche, se pa toumante nan yon dife lanfè. “Yon moun ki mouri peye pou peche l.” — Women 6:7.

  4.   Kesyon toumante moun pou toutan an pa ann amoni ak jistis Bondye (Detewonòm 32:4). Lè Adan, premye gason an, te fin peche, Bondye te fè l konnen, kòm pinisyon, l ap senpleman sispann egziste: “Se pousyè w ye, w ap retounen nan pousyè.” (Jenèz 3:19). Nan ka sa a, si se nan lanfè dife Bondye t ap voye Adan, sa t ap vle di Bondye te bay manti.

  5.   Bondye pa t menm gen nan tèt li pou l toumante moun pou toutan. Lide pou Bondye ta boule moun nan yon dife lanfè kòm pinisyon depaman nèt ak sa Bib la anseye sou Bondye. Li fè konnen “Bondye se lanmou”. — 1 Jan 4:8; Jeremi 7:31.