Al gade sa k anndan l

LABIB CHANJE LAVI MOUN

“Sanble mwen te gen tout sa mwen te ka swete genyen”

“Sanble mwen te gen tout sa mwen te ka swete genyen”
  • ANE LI FÈT: 1962

  • PEYI KOTE LI SOTI: Kanada

  • ANVAN: Li t ap mennen yon vi ki imoral

VI MWEN T AP MENNEN

 Mwen fèt Monreyal, pi gwo vil nan Kebèk, yon pwovens nan peyi Kanada. Twa frè ak sè m yo ansanm avè m te grandi ak paran nou ki renmen nou nan yon bèl awondisman ki rele Rozmon. Nou gen yon lavi ki trankil e ki pezib.

 Lè m te timoun, mwen te enterese nan Labib. M sonje lè m te gen 12 an, mwen te konn li lavi Jezi nan Nouvo Testaman an e m te renmen sa anpil. Lanmou li te gen pou moun ak konpasyon l te tèlman touche m, sa te fè m anvi vin menm jan avè l. Malerezman, pandan m t ap grandi mwen te vin fè zanmi ak moun ki te gen move enfliyans sou mwen, e m te pèdi anvi sa a.

 Papa m te konn jwe saksofòn e li te ban m saksofòn li an. Mwen te renmen mizik menm jan avè l, e mwen te fè mizik tounen bagay ki pi enpòtan nan lavi m. M te tèlman renmen mizik, mwen te aprann jwe gita yon ti tan apre. Rive yon lè, mwen menm ak kèk zanmi te fè yon gwoup mizik wòk e nou te jwe nan plizyè espektak. Gen kèk pwodiktè mizik moun byen konnen ki te remake m e yo te ofri m pou yo fè pwomosyon mizik mwen. Mwen te siyen yon kontra ak yon gwo konpayi anrejistreman. Mizik mwen jwe yo te vin popilè e yo te konn pase yo souvan nan radyo nan Kebèk.

 Sanble mwen te gen tout sa mwen te ka swete genyen. Mwen te jèn, m te popilè e m t ap fè yon bagay mwen renmen ki t ap ban m anpil kòb. Lajounen, mwen te konn fè spò, bay entèvyou, siyen otograf epi parèt nan televizyon. Lannuit, mwen te konn jwe espektak epi al nan fèt. Lè m te pi jèn, mwen te kòmanse bwè alkòl pou m te ka jere strès fanatik yo te ban mwen, men apre sa mwen te vin pran dwòg. Epitou, mwen te konn pran risk ak lavi m e te imoral.

 Gen moun ki te anvye lavi m t ap mennen an paske mwen te sanble yon moun ki gen kè kontan. Men, pa anndan m, mwen te santi m vid, sitou lè m poukont mwen e sa te kraze m. Mwen te santi m deprime e m te strese. Nan moman mwen te plis ap fè siksè, malerezman de nan pwodiktè m yo mouri ak sida. Mwen te sezi! Se vre mwen te renmen mizik, men mòd lavi ki mache avè l la te ban m degoutans.

FASON LABIB CHANJE LAVI M

 Malgre m te gen siksè, mwen te konnen monn nan pa t ap mache byen. Kòman fè gen tout enjistis sa yo k ap fèt? Mwen t ap mande tèt mwen poukisa Bondye potko pase alaksyon. Anfèt, mwen konn priye Bondye souvan pou m jwenn repons. Yon lè, pandan m pa t gen okenn konsè pou m t al bay, mwen te rekòmanse li Labib. Malgre mwen pa t fin konprann pifò nan sa m te li yo, mwen te rann mwen kont monn sa a pa ta ka ret anpil tan ankò.

 Pandan m t ap li Labib, mwen te vin aprann yon lè, Jezi te fè jèn nan yon dezè pandan 40 jou (Matye 4:1, 2). Mwen te di tèt mwen, si m fè menm bagay la petèt Bondye t ap pale avè m, se sa k fè mwen te fikse yon dat pou m kòmanse fè yon jèn. De semèn anvan m kòmanse fè jèn nan, de Temwen Jewova vin frape pòt mwen, e m te envite yo antre tousuit. Mwen gade youn ladan yo, ki rele Jacques, nan je fiks epi m mande l: “Kòman nou fè konnen n ap viv nan dènye jou monn sa a?” Pou l reponn mwen, li ouvri Bib la epi l li 2 Timote 3:1-5. Mwen te benyen de mesye yo ak lòt kesyon e repons lojik yo te ban mwen yo ki te toujou baze sou Bib la e ki te satisfè m te enpresyone m. Apre yo te vizite m kèk lòt fwa, mwen te vin rann mwen konn mwen pa t bezwen fè jèn.

 Mwen te kòmanse etidye Bib la regilyèman ak Temwen yo. Rive yon lè, mwen te koupe cheve m ki te long e m te kòmanse asiste reyinyon nan Sal Wayòm ki nan zòn nan. Bèl akèy mwen te jwenn nan reyinyon yo te ban m plis konviksyon mwen te resi jwenn laverite.

 Natirèlman, mwen te bezwen fè yon seri gwo chanjman nan lavi m pou m te ka aplike sa m t ap aprann nan etid Labib mwen t ap fè a. Premye bagay pou m te fè se te sispann pran dwòg epi sispann mennen vi imoral mwen t ap mennen an. Epitou, mwen te bezwen sispann konsantre sou tèt mwen epi demontre mwen enterese nan lòt moun. Mwen t ap leve de pitit mwen yo poukont mwen, sa te mande pou m aprann ba yo atansyon ak afeksyon yo bezwen, san konte aprann yo gen yon bon relasyon ak Bondye. Se sa k fè mwen te kite karyè mizisyen an e m te aksepte yon djòb ki pa t byen peye nan yon faktori.

 Li pa t fasil pou m fè tout chanjman sa yo. Lè m t ap fè efò pou m kite dwòg, mwen te konn gen sentòm moun genyen lè kò yo bezwen dwòg e mwen te rekòmanse plizyè fwa (Women 7:19, 21-24). Sa te vrèman difisil pou m sispann mennen vi imoral mwen t ap mennen an. Epitou, nouvo travay mwen an te fatigan e sa m t ap touche a te dekourajan. Fò m te travay twa mwa pou m te rive fè kòb mwen te konn fè nan dezèdtan sèlman lè m te mizisyen.

 Lapriyè te ede m kontinye nan efò pou m te fè chanjman sa yo ki te difisil. Mwen te wè tou li Labib regilyèman te nesesè. Gen kèk vèsè ki te ankouraje m anpil. Youn ladan yo se te 2 Korentyen 7:1 ki ankouraje kretyen yo pou yo “pirifye tèt nou anba tout sa ki ka sal kò a ak lespri a”. Yon lòt vèsè ki te fè m santi li posib pou m sispann move abitid mwen yo se te Filipyen 4:13 ki di: “Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan.” Jewova te reponn priyè m e l te ede m rive konprann verite ki nan Bib la epi aplike l nan lavi m. Sa te pouse m vwe lavi m ba li (1 Pyè 4:1, 2). Mwen te batize kòm Temwen Jewova an 1997.

BYENFÈ MWEN JWENN:

 Mwen sèten si m te kontinye mennen vi mwen t ap mennen an, mwen pa t ap vivan jodi a. Men, kounye a, mwen gen yon lavi ki ban m kè kontan toutbon! Elvie, bon ti madanm mwen an, se vrèman yon benediksyon pou mwen. Antanke moun ki nan sèvis aplentan, nou kontan anseye lòt moun Labib ansanm. Sa fè m gen anpil kè kontan ak satisfaksyon. Mwen vrèman gen Jewova rekonesans dèske li te atire m vin jwenn li. — Jan 6:44.