Al gade sa k anndan l

LABIB CHANJE LAVI MOUN

Lavi m te vin pa gen okenn kontwòl

Lavi m te vin pa gen okenn kontwòl
  • Ane li fèt: 1971

  • Peyi kote li soti: Tonga

  • Anvan: Li te konn pran dwòg, li te pran prizon

VI MWEN T AP MENNEN

 Mwen se moun Tonga, yon peyi ki gen anviwon 170 zile, ki nan zòn sidwès oseyan Pasifik. Nan Tonga, nou pa t gen anpil mwayen. Nou pa t gen machin ni nou pa t gen kouran, men nou te gen dlo epi n te konn gade poul. Lè te gen vakans mwen menm ak de frè m yo te konn ede papa nou pran swen jaden l ki te gen bannann, yanm, manyòk ak tayo, yon plant ki sanble ak malanga. Lè rekòt yo te bon, papa m te konn vann yo pou l mete sou ti kòb li te konn touche nan lòt ti travay li te fè pou l ede fanmi an. Menm jan ak anpil moun nan zile Pasifik yo, fanmi nou te gen anpil respè pou Bib la, epi nou te toujou konn al legliz. Yon lòt bò, nou te kwè sèl fason nou te ka mennen yon bèl vi se si n t al viv nan yon peyi ki rich.

 Lè m te gen 16 an, tonton m te ede fanmi an deplase pou n al viv Kalifòni, Ozetazini. Se pa ti difisil sa te difisil pou nou, pou n te rive adapte n ak nouvo kilti sa a! Byenke sitiyasyon ekonomik nou te vin amelyore, nou te viv nan yon katye kote ki te gen anpil krim ak dwòg. Souvan, leswa nou te tande bri bal k ap tire, e pifò nan vwazen nou yo te pè moun ki nan gang yo. Anpil moun te pote zam sou yo pou pwoteje tèt yo oswa pou yo ka regle pwoblèm yo gen ak lòt moun. Jiska prezan m gen yon bal ki ret kole nan pwatrin mwen akoz kalite pwoblèm sa yo.

 Lè m te nan klas segondè, mwen te vle parèt tankou lòt jèn yo. Tikras pa tikras mwen te vin gen abitid al nan banbòch, bwè anpil alkòl, m te vin vyolan e m te menm tonbe nan pran dwòg. Rive yon lè, mwen te vin esklav kokayin. Pou m te ka achte dwòg, mwen te vin antre nan vòlè. Menmsi fanmi m yo te toujou mache legliz, mwen pa t janm jwenn enstriksyon nan men yo pou m reziste kont presyon lòt jèn te konn fè sou mwen pou m fè sa ki mal. Yo te arete m plizyè fwa akoz vyolans mwen te konn fè ak zam sou lòt moun. Lavi m te vin pa gen okenn kontwòl! Finalman, yo te mete m nan prizon.

FASON LABIB CHANJE LAVI M

 An 1997, pandan m te nan prizon, yon lòt prizonye te wè m ak yon Bib nan men m. Se te nan peryòd nwèl, yon peryòd abitan k ap viv nan Tonga konsidere kòm yon epòk sakre. Li te mande m si m konnen sa Bib la di toutbonvre konsènan nesans Jezi, men m pa t konn anyen sou sa. Li te montre m fason senp Bib la rakonte nesans Jezi, epi m te wè tradisyon konsènan nwèl yo pa t menm mansyone nan Bib la (Matye 2:1-12; Lik 2:5-14). Mwen te vrèman sezi, epi m te mande tèt mwen ki lòt bagay ankò Bib la anseye. Mesye a te konn asiste reyinyon Temwen Jewova yo te konn fè nan prizon an chak semèn, e m te vin deside asiste tou. Lè sa a, se liv Revelasyon an yo t ap etidye. Byenke m pa t konprann twòp bagay sou sijè a, sa m te wè sèke tout sa yo t ap anseye yo te soti nan Bib la.

 Lè Temwen yo te ofri m yon etid Labib, mwen te byen kontan aksepte etid la. Se te pou premye fwa, mwen te aprann pwomès Bib la fè konsènan yon paradi ki pral tabli sou tè a (Ezayi 35:5-8). Mwen te vin konprann pou m fè Bondye plezi, mwen te bezwen fè gwo chanjman nan lavi m. Mwen te rann mwen kont Jewova pa t ap aksepte vye abitid mwen te genyen yo nan paradi l pwomèt la (1 Korentyen 6:9, 10). Donk, mwen te pran detèminasyon pou m met kontwòl sou vye konpòtman m te genyen yo e pou m kite ni fimen ni bwè anpil alkòl ni pran dwòg.

 An 1999, anvan yo te libere m nan prizon an, otorite yo te transfere m nan yon kan pou imigran, sa vle di yon kote yo konn met moun pou depòte yo. M pa t gen kontak Temwen yo ankò pandan plis pase yon ane. Men, m te detèmine pou m fè chanjman nan lavi m. An 2000, gouvènman an te sispann otorizasyon m te genyen an pou m rete Ozetazini, se konsa yo te depòte m Tonga.

 Lè m retounen Tonga, san pèdi tan m te chèche jwenn ak Temwen Jewova yo e m te vin reprann etid biblik mwen an. M te renmen sa m t ap aprann yo, e sa k te siprann mwen se lè m te wè Temwen yo sou zile a te toujou baze ansèyman yo a sou Bib la, menm jan ak Temwen yo nan Etazini.

 Papa m te konn vizite m chak ane sou zile a. Tout moun nan kominote a te konnen l paske li te okipe yon gwo plas nan legliz li te mache a. Okòmansman, fanmi m pa t twò kontan lefètke m te etidye ak Temwen Jewova yo e sa te menm deranje yo. Men, pi devan, paran m yo te kontan wè prensip ki nan Bib la te ede m kanpe sou vye abitid mwen yo e met lòd nan lavi m.

Menm jan anpil mesye nan Tonga konn fè, m te konn pase plizyè èdtan ap bwè yon bwason yo rele kava.

 Chanjman ki te pi difisil pou m te fè a se te kite bwè yon bwason moun nan peyi m konn pran aleksè. Anpil moun nan Tonga, sitou mesye yo, kapab pase plizyè èdtan chak semèn ap bwè yon bwason yo rele kava, ki fèt avèk rasin yon varyete pye pwav, e bwason sa a gen efè sou moun k ap bwè l la. Konsa, tounen m tounen nan peyi m, m te vin pran abitid al nan ba prèske chak swa pou m bwè kava jiskaske m vin gaga. Youn nan rezon ki fè sa te konn rive, se akoz m te mache ak zanmi ki pa t gen respè pou prensip Bondye yo. Pi devan, frè yo te vin ede m konprann abitid sa a m te genyen an pa t montre m gen respè pou Bondye. Se konsa, m te vin fè chanjman ki t ap pèmèt mwen jwenn apwobasyon Bondye ak benediksyon l.

 M te kòmanse ale nan tout reyinyon Temwen Jewova yo fè. Se paske m te frekante moun ki t ap chèche jwenn apwobasyon Bondye ki fè m te vin kapab reziste devan tantasyon. Finalman an 2002, m te batize antanke Temwen Jewova.

BYENFÈ MWEN JWENN

 M benefisye pasyans Bondye genyen an jan Bib la esplike sa: “Jewova [...] pran pasyans avèk nou, paske li pa ta renmen pèsonn moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti.” (2 Pyè 3:9). Sa klè, Jewova te kapab mete yon fen depi lontan nan sistèm sa a ki chaje ak koripsyon, men li pa t fè sa, okontrè li pèmèt pou moun tankou m ka chèche vin zanmi l. M vin konprann Bondye kapab sèvi avè m pou ede lòt moun fè menm bagay la tou, e sa vrèman enteresan.

 Grasa èd Jewova, m vin gen plis kontwòl sou lavi m. Kounye a, m pa esklav dwòg ankò e m pa vòlè zafè moun pou m achte dwòg ankò, men pito, m chèche ede vwazen m yo pou yo menm tou ka vin zanmi Jewova. Se pandan m nan òganizasyon Temwen Jewova yo, m vin rankontre ak Tea, bèl ti madanm mwen an. Ansanm ak pitit gason nou an, fanmi an gen yon vi vrèman agreyab. Nou tout ap anseye lòt moun sa Bib la di sou espwa nou genyen pou n viv nan yon paradi kote ap gen lapè pou toutan.