Al gade sa k anndan l

LABIB CHANJE LAVI MOUN

“Krim ak lanmou pou lajan te fè m soufri anpil”

“Krim ak lanmou pou lajan te fè m soufri anpil”
  • Ane li fèt: 1974

  • Peyi kote li soti: Albani

  • Anvan: Li te konn vòlè e l te konn vann dwòg, li te pran prizon

VI MWEN T AP MENNEN

 Mwen fèt nan vil Tirane, ki se kapital peyi Albani, fanmi m te pòv. Papa m te yon moun onèt e l te konn travay anpil pou l pran swen fanmi an. Men, se apèn si n te konn jwenn ase pou n manje. Lè m te timoun, lefètke n te pòv, sa te konn fè m tris anpil. Souvan m pa t gen soulye pou m met nan pye m e pa t toujou gen ase manje pou m manje.

 Mwen te kòmanse vòlè depi lè m te piti. M te panse se ede mwen t ap ede fanmi m jwenn sa yo bezwen. Avèk letan, lapolis te kenbe m. Donk, an 1988, lè m te gen 14 an, papa m te voye m nan yon lekòl pou timoun ki dezòd. M te pase dezan nan lekòl sa a e m te aprann soudi. Lè m te kite lekòl la, m te vle mennen yon vi ki onèt. Men, m pa t ka jwenn travay. Nan moman an, te gen pwoblèm politik ann Albani e pifò moun pa t ka jwenn travay. Mwen te vin santi m dekouraje, se sa k fè m te kòmanse pase tan ak ansyen zanmi m yo e m te kòmanse vòlè ankò. Avèk letan, yo te arete ni mwen menm, ni zanmi m yo e yo te kondane nou pou n fè twazan prizon.

 Lè yo te lage m, m te kontinye fè krim. Systèm ekonomik la pa t bon ditou ann Albani, e peyi a te tèt anba. Nan moman tètchaje sa a, m te konn fè anpil lajan nan fè zak ki ilegal. Yon lè, lapolis te arete de nan moun m t al vòlè avè yo a. Mwen te kouri kite peyi a pou yo pa t mete m nan prizon pou plis tan fwa sa a. Nan moman an, mwen te marye ak Julinda e nou te gen yon tigason.

 Nou t al viv ann Angletè. Mwen te gen entansyon kòmanse yon nouvo vi ansanm ak madanm mwen ak pitit gason m nan, men li te difisil pou m chanje ansyen abitid mwen yo ki te byen anrasinen lakay mwen. Sa pa t pran tan pou m te rekòmanse fè zak kriminèl. Men, fwa sa a, m te kòmanse vann dwòg e m te konn ap jere anpil lajan.

 Ki jan Julinda te santi l lefètke m te konn ap vann dwòg? M ap kite l reponn: “Toutpandan mwen t ap grandi ann Albani, m te reve pou n pa pòv ankò. M te dakò fè nenpòt bagay pou n gen yon lavi miyò. Mwen te panse lajan t ap fè n viv pi byen, donk m te dakò san pousan ak nenpòt sa Artan te dwe fè pou l ka fè lajan, kit se twonpe moun, vòlè oswa vann dwòg.”

“M te dakò san pousan ak nenpòt sa Artan te dwe fè pou l fè lajan, kit se twonpe moun, vòlè, oswa vann dwòg.” — Julinda

 Men, an 2002, lavi nou te chanje nèt, tout plan ak tout espwa nou te gen pou lavni te disparèt. Lapolis te kenbe m ak yon gwo kagezon dwòg nan men m e yo te mete m nan prizon ankò.

FASON LABIB CHANJE LAVI M

 Labib te kòmanse enfliyanse lavi m menm anvan m te rann mwen kont. Anvan sa, an 2000, Julinda te rankontre Temwen Jewova yo e yo te kòmanse etidye Labib avè l. Mwen pa t enterese nan pale sou Labib paske m te panse sa te raz. Men, Julinda te renmen sa anpil. Men sa l di: “Mwen soti nan yon fanmi ki bay relijyon anpil enpòtans, m te renmen Bib la e m te respekte l. M te toujou vle konnen sa l anseye, donk m te kontan etidye Labib ak Temwen yo. Anpil nan sa m t ap aprann nan Bib la te fè sans pou mwen. Sa m te aprann yo te ede m fè kèk chanjman nan lavi m. Men, m te toujou panse se lajan ki t ap fè n gen kè kontan. Se lè yo te arete Artan m te vin wè bagay yo yon lòt jan. Bridsoukou, m te vin rann mwen kont sa Bib la di sou lajan se verite. Nou te fè tout sa n kapab pou n vin rich, men lajan pa t fè n gen kè kontan. Se lè sa a mwen te vin konprann m bezwen suiv tout prensip Bondye bay yo.”

 An 2004, yo te lage m e sa pa t pran tan pou m te eseye retounen nan vann dwòg. Men, Julinda te vin wè bagay yo yon lòt jan e l te di yon bagay ki te fè m reflechi anpil. Li te di: “M pa vle lajan w ankò. M vle mari m la avè m e m vle papa pitit mwen yo la avèk yo.” Mwen te sezi, men l te gen rezon. M te pase plizyè ane lwen fanmi m. Epitou, m te reflechi sou jan m te soufri lefètke m t ap kouri dèyè lajan yon fason ki pa t onèt. Donk, mwen te deside chanje fason m t ap viv la e m te deside koupe kontak ak ansyen zanmi m yo.

 Sa k te gen pi gwo efè sou mwen se lè m te asiste yon reyinyon Temwen Jewova yo ak madanm mwen ansanm ak de pitit gason m yo. Sa te touche m anpil lè m te wè jan moun yo janti. Avèk letan, mwen te kòmanse etidye Labib.

Anvan, m te konn panse si n te gen anpil lajan, nou t ap gen kè kontan.

 Grasa Labib, mwen te aprann “lanmou pou lajan se youn nan rasin tout kalite move bagay, e gen kèk moun, piske yo kiltive lanmou sa a [...] yo pèse kò yo toupatou avèk anpil soufrans”. (1 Timote 6:9, 10.) Mwen byen konnen verite pawòl ki nan vèsè sa a! Mwen te vrèman regrèt erè m te fè anvan yo, paske yo te lakòz soufrans ni pou mwen, ni pou fanmi m (Galat 6:7). Lè m te aprann jan Jewova ak pitit gason l lan, Jezi Kris, renmen nou, m te kòmanse chanje pèsonalite m. Mwen te kòmanse panse ak lòt moun plis olye m te panse ak tèt mwen e m te pase plis tan ak fanmi m.

BYENFÈ MWEN JWENN

 Mwen jwenn byenfè lefètke m suiv konsèy Bib la ki di: “Se pou fason n ap viv pa gen lanmou pou lajan ladan l. Kontante nou ak sa nou genyen.” ​(Ebre 13:5). Kounye a, lespri m anpè e konsyans mwen klè. Sa fè m gen yon kè kontan m pa t janm genyen anvan. Maryaj mwen vin pi solid e fanmi m vin gen yon relasyon ki pi sere.

 Anvan, m te konn panse si n te gen anpil lajan, nou t ap gen kè kontan. Men kounye a, m wè aklè jan krim ak lanmou pou lajan te fè m soufri anpil. Nou pa rich nan domèn materyèl, men m panse nou jwenn yon bagay ki pi enpòtan lontan nan lavi n, ki se yon relasyon sere ak Jewova Dye. Lè n sèvi l ansanm antanke fanmi, sa fè n gen vrè kè kontan an.

Mwen menm ak fanmi m nan yon kongrè Temwen Jewova yo.